KANTIK 161
Mwen pran plezi fè volonte w
(Sòm 40:8)
1. Lè Jezi te sot anba dlo a,
Ou te fè’l konnen jan’w renmen’l.
Li te vle toujou fè volonte’w,
Pou’l montre jan li renmen’w.
Li te ret fidèl anba eprèv
Pou’l te defann non’w, Papa.
Li te ba’w tout fòs li, tout lavi’l.
Mwen vle suiv li pazapa.
(REFREN)
Mwen pran plezi fè volonte’w.
Tout sa mwen vle se onore’w.
Mwen vle sèvi’w, m’ap obeyi’w.
Mwen vle fè sa tout lavi’m.
Mwen pran plezi fè volonte’w.
Ou ban’m espwa e ou gide’m.
Ou renmen mwen, wi, mwen sèten.
E mwen vle sèvi’w tout vi’m,
Sèvi’w tout vi’m!
2. Se yon gwo onè pou’m pote non’w.
Mwen kontan paske’w fè’m konnen’w.
M’vle fè moun konnen ou vrèman bon.
M’ap montre jan mwen renmen’w.
Ou ban’m frè ak sè ki gen lanmou.
M’ap di’w mèsi Jewova.
E mwen vle chante ak tout kè mwen
Pou’m louwe’w, pou’m ba ou glwa.
(REFREN)
Mwen pran plezi fè volonte’w.
Tout sa mwen vle se onore’w.
Mwen vle sèvi’w, m’ap obeyi’w.
Mwen vle fè sa tout lavi’m.
Mwen pran plezi fè volonte’w.
Ou ban’m espwa e ou gide’m.
Ou renmen mwen, wi, mwen sèten.
E mwen vle sèvi’w tout vi’m,
Sèvi’w tout vi’m!
Mwen vle sèvi’w tout vi’m!