BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lmd leson 5
  • Montre w gen konsiderasyon pou lòt moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Montre w gen konsiderasyon pou lòt moun
  • Renmen moun, epi fè disip
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa Pòl te fè
  • Ki sa nou aprann sou Pòl?
  • Imite Pòl
  • “Chèche Bondye [...] pou yo jwenn li vre”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Montre w gen imilite
    Renmen moun, epi fè disip
  • Ki jan w konsidere moun yo nan tèritwa a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • ‘Kontinye konsantre w sou ansèyman w’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Renmen moun, epi fè disip
lmd leson 5

FASON POU W KÒMANSE KONVÈSASYON

Apot Pòl k ap rezone ak moun Atèn yo.

Tra. 17:​22, 23

LESON 5

Montre konsiderasyon pou lòt moun

Prensip: “Se pou pawòl nou toujou bèl.” — Kol. 4:6.

Sa Pòl te fè

Apot Pòl k ap rezone ak moun Atèn yo.

VIDEYO: Pòl preche moun Atèn yo

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Travay 17:​22, 23. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1. Ki jan Pòl te santi l lè l t ap gade move bagay moun Atèn yo t ap fè nan relijyon yo a? — Gade Travay 17:16.

  2. Olye Pòl te kondane moun Atèn yo, ki jan l te demontre konsiderasyon pou yo lè l te sèvi ak sa yo kwè pou l preche yo bon nouvèl la?

Ki sa nou aprann sou Pòl?

2. Moun yo pi fasil koute nou lè nou byen chwazi sa n ap di yo, e nou chwazi tou ki fason ak ki lè n ap di yo.

Imite Pòl

3. Byen chwazi mo w ap itilize yo. Pa egzanp, lè w ap pale ak yon moun ki pa nan yon relijyon kote moun yo di yo se kretyen, ou ka bezwen chanje fason w ap entwodui Bib la oswa sa w ap di pou w pale sou Jezi.

4. Pa kouri korije yon moun. Kite l pale alèz. Si l di yon bagay ki pa mache ak ansèyman ki nan Bib la, pinga w fè diskisyon avè l sou sa (Jak 1:19). Lè w koute l, w ap vin konnen sa l kwè ak rezon ki fè l kwè yo. — Pwo. 20:5.

5. Dakò ak moun nan lè sa posib epi felisite l. Petèt li panse ak tout kè l kwayans li yo bon. Pale sou bagay ou menm avè l dakò anvan, epi ede l konprann sa Bib la anseye tikras pa tikras.

GADE TOU

Pwo. 25:15; 2 Tim. 2:​23-26; 1 Pyè 3:15

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje