BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lmd leson 6
  • Montre w gen kran

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Montre w gen kran
  • Renmen moun, epi fè disip
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa Jezi te fè
  • Ki sa nou aprann sou Jezi?
  • Imite Jezi
  • Lè nou preche avèk kran, nou imite Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Èske w gen kran pou w preche ?
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • “Pale Pawòl Bondye a avèk kran”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Annou kontinye pale Pawòl Bondye a avèk kran
    Ministè Wayòm nan — 2005
Gade plis
Renmen moun, epi fè disip
lmd leson 6

FASON POU W KÒMANSE KONVÈSASYON

Jezi k ap di Zache desann yon pyebwa, sa fè moun k ap gade yo sezi.

Lik 19:​1-7

LESON 6

Montre w gen kran

Prensip: “Nou te mete kran sou nou grasa Bondye nou an, pou nou fè nou konnen bon nouvèl Bondye a.” — 1 Tes. 2:2.

Sa Jezi te fè

Jezi k ap di Zache desann yon pyebwa, sa fè moun k ap gade yo sezi.

VIDEYO: Jezi preche Zache

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Lik 19:​1-7. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1. Poukisa kèk moun te ka evite Zache?

  2. Ki sa k te pouse Jezi preche l bon nouvèl la kanmenm?

Ki sa nou aprann sou Jezi?

2. Nou bezwen gen kran pou n preche mesaj Wayòm Bondye a san patipri.

Imite Jezi

3. Konte sou Jewova. Lespri Bondye te bay Jezi fòs li te bezwen pou l preche, e lespri sa a kapab fè menm bagay la pou ou tou (Mat. 10:​19, 20; Lik 4:18). Mande Jewova pou l ba w kran pou w preche moun ki ka fè w pè yo. — Tra.4:29.

4. Pinga w gen prejije sou moun yo. Nou ka renka pou n pale ak kèk moun akoz aparans yo, ran sosyal yo, nivo ekonomik yo, kwayans yo oswa fason yo viv. Men, sonje:

  1. Jewova ak Jezi kapab li nan kè moun yo; nou menm nou pa ka fè sa.

  2. Jewova ka fè nenpòt moun mizèrikòd.

5. Se pou w gen kran toutpandan w demontre respè pou moun yo epi w pridan. (Mat. 10:16) Evite fè diskisyon ak moun yo. Si yon moun pa vle koute bon nouvèl la oswa si w pa santi w an sekirite, avèk jantiyès, mete yon fen nan konvèsasyon w ap fè avè l la. — Pwo. 17:14.

GADE TOU

Tra. 4:31; Efe. 6:​19, 20; 2 Tim. 1:7

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje