BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lmd leson 9
  • Mete w nan plas lòt moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Mete w nan plas lòt moun
  • Renmen moun, epi fè disip
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa Jezi te fè
  • Ki sa nou aprann sou Jezi?
  • Imite Jezi
  • Mete nou nan plas lòt moun
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Mete w nan plas lòt moun
    Reveye n! — 2020
  • ‘ Li te pran pitye pou yo ’
    “Vin suiv mwen”
  • Pale epi aji avèk bonte
    Renmen moun, epi fè disip
Gade plis
Renmen moun, epi fè disip
lmd leson 9

POUSUIV ENTERÈ MOUN YO

Jezi ak disip li yo k ap sot nan bato yo te ye a pou y al jwenn yon foul moun ki t ap tann yo bò lanmè a.

Mak 6:​30-34

LESON 9

Mete w nan plas lòt moun

Prensip: “Rejwi ak moun k ap rejwi. Kriye ak moun k ap kriye.” — Wom. 12:15.

Sa Jezi te fè

Jezi ak disip li yo k ap sot nan bato yo te ye a pou y al jwenn yon foul moun ki t ap tann yo bò lanmè a.

VIDEYO: Jezi gen pitye pou yon foul moun

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Mak 6:​30-34. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1. Poukisa Jezi ak apot li yo te vle pou yo “poukont yo”?

  2. Ki sa k te pouse Jezi anseye foul moun nan?

Ki sa nou aprann sou Jezi?

2. Lè nou mete nou nan plas lòt moun, nou pa sèlman ba yo mesaj la, men nou dispoze ede yo tou.

Imite Jezi

3. Byen koute. Kite moun nan di w sa l panse. Pa koupe l, ni pa minimize sa l santi, sa k enkyete l, kesyon l poze, sa l di oswa reyaksyon l genyen ki ka parèt negatif. Lè w byen koute l, ou montre l ou bay sa l panse anpil valè.

4. Panse ak moun ki enterese a. Selon konvèsasyon ou te gen avè l la, mande tèt ou:

  1. ‘Poukisa l bezwen aprann laverite?’

  2. ‘Ki jan etid Labib la ka ede l viv pi byen epi gen yon pi bèl avni?’

5. Pale sou enfòmasyon k ap ede l. Kou sa posib, montre l ki jan yon etid Labib ka ede l jwenn repons kesyon l genyen epi ede l nan lavi l chak jou.

GADE TOU

Wom. 10:​13, 14; Flp. 2:​3, 4; 1 Pyè 3:8

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje