BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w02 1/12 p. 3
  • Èske se pou nou bay plis pase sa n kapab ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske se pou nou bay plis pase sa n kapab ?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2002
  • Sou menm sijè a
  • Èske Temwen Jewova yo bay ladim?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Ki sa Bib la di konsènan ladim?
    Repons Bib la bay
  • Ki jan w ka bay ak kè kontan ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2002
  • “ Montre nou rekonesan ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2002
w02 1/12 p. 3

Èske se pou nou bay plis pase sa n kapab ?

“OU GENDWA di se mande m ap mande, men sa pa deranje m. Si m ap mande, se pou Jezi. ” Se yon pastè potestan ki te di sa, e sa tou montre diskisyon ki konn genyen sou mwayen relijyon yo konn itilize pou yo jwenn kòb. Lè w byen gade, sanble gwo relijyon yo pa ka rive kenbe si yo pa gen anpil anpil kòb. Gen salè pou yo peye, gen tanp pou yo bati e pou yo kenbe ann eta, gen kanpay evanjelizasyon pou yo finanse. Kote pou tout kòb sa a soti ?

Pou anpil legliz, se pa lòt kote, se nan ladim.a Dapre yon evanjelis yo rele Norman Robertson, “ se grasa ladim, Bondye finanse wayòm Li genyen sou tè a. Se yon sistèm ekonomik Li mete anplas pou yo preche Levanjil. ” Sa pa fè evanjelis sa a jennen ditou pou l raple fidèl yo responsablite yo genyen pou yo bay. Kareman, men ki sa li di : ‘ Bay ladim, se pa yon bagay ou ka fè paske w gen mwayen pou sa. Se yon kesyon obeyisans. Lè w pa bay ladim, se kòmandman Bondye ou vyole, pa gen dout sou sa. Se yon vòl. ’ — Dim : Dispozisyon Bondye pran pou l founi kòb (anglè).

Siman ou menm tou ou dakò ak sa : bay ta sipoze nan lis bagay yon kretyen dwe fè nan adorasyon l ap bay Bondye. Men, èske sa pa konn deranje w lè w wè se tout tan y ap plede mande kòb ? Èske sa pa konn menm choke w ? Gen yon teyolojyen ki rele Inácio Strieder ki akize legliz yo dèske yo sèvi ak kesyon peye dim nan kòm mwayen “ pou yo rezoud yon seri pwoblèm yo genyen lakay yo ”. Pou li menm, pratik sa yo se pratik ki “ ilegal, ki egzajere e ki an kontradiksyon ak sa teyoloji a di. ” Ki rezilta sa bay ? Mesye Strieder di sa fè “ moun ki pa menm ap travay, vèv, moun k ap viv nan bidonvil ak moun ki pa reflechi ase, wi, moun sa yo kwè Bondye abandone yo. E sa fè yo santi yo oblije bay ‘ pastè a ’ tout ti kòb yo posede, menmsi yo kite fanmi yo grangou ”.

Kesyon siman w ap poze, se : ‘ Legliz k ap ensiste konsa sou kesyon peye dim nan, èske se Labib y ap suiv ? Oubyen, piske gen moun ki pè pou Bondye pa pini yo, èske se woulib kèk relijyon ap pran sou sa pou yo dechèpiye twoupo a ? Pou n pi klè, èske Bondye atann li pou nou bay plis pase sa nou kapab ?

[Nòt anba paj]

a Dapre definisyon yo bay, ladim se 10 pousan nan kòb yon moun touche oubyen nan benefis li fè.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje