BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w03 1/1 p. 7-12
  • “ Pwoche bò kote Bondye ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Pwoche bò kote Bondye ”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Kontinye “ aprann konnen ” Bondye
  • Demontre ou renmen Jewova
  • Lapriyè se mwayen pou w vin entim ak Bondye
  • Kouman pou w pwoche kote Bondye
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
  • “ L ap pwoche bò kote nou ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou”
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Jis nan ki pwen relasyon w gen ak Jewova a reyèl?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
w03 1/1 p. 7-12

“ Pwoche bò kote Bondye ”

“ Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. ” — JAK 4:8.

1, 2. a) Ki sa lèzòm pretann byen souvan ? b) Ki egzòtasyon Jak te bay, e poukisa sa te nesesè ?

“BONDYE avèk nou. ” Mo sa yo sèvi pou dekore anblèm nasyonal. Yo menm mete yo sou inifòm sòlda pote. Kanta pawòl ki di “ se nan Bondye nou mete konfyans nou ”, yo grave pawòl sa yo sou yon pakèt pyès monnen ak biyè lajan. Byen souvan, gen moun ki pretann relasyon yo ak Bondye se dis sou dis. Men, èske nou pa dakò, pou yon moun gen yon bonjan relasyon konsa ak Bondye, se pa di pou l rete ap di sa nan bouch sèlman oswa pou l ap fè reklam ak sa ?

2 Dapre Bib la, li pa enposib pou yon moun devlope relasyon avèk Bondye. Toutfwa, sa mande efò. Menm kèk kretyen pami kretyen wen nan premye syèk la te bezwen fè relasyon yo avèk Jewova Dye vin pi sere. Kèk ladan yo te gen tandans chanèl e yo te vin pa pwòp espirityèlman. Jak, yon siveyan kretyen te oblije avèti yo. Li te ba yo yon kokenn egzòtasyon. Li di : “ Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. ” ​(Jak 4:1-12). Sa Jak te vle di, lè l te di : “ Pwoche bò kote ” a ?

3, 4. a) Ki sa espresyon “ pwoche bò kote Bondye ” a dwe te raple kèk lektè nan premye syèk la ki te li lèt Jak te ekri a ? b) Poukisa nou mèt sèten li posib pou nou pwoche bò kote Bondye ?

3 Jak te sèvi ak yon mo pifò lektè l yo te byen konnen. Lalwa Moyiz la te bay prèt yo yon seri enstriksyon espesyal sou fason pou yo “ pwoche ” bò kote Jewova an favè pèp li a (Egzòd 19:22). Men ki pwen Jak dwe te fè lektè l yo sonje : pwoche bò kote Jewova, se pa yon bagay yo ta dwe pran alalejè. Jewova se pi gwo otorite nan linivè.

4 Yon lòt bò, tankou yon biblis di sa, “ egzòtasyon sa a [sa nou jwenn nan Jak 4:8 la,] gen yon kokenn espwa ladan l. ” Jak te konnen, menmsi lèzòm gen defo, avèk amou Jewova te toujou envite yo pou yo pwoche bò kote l (2 Kwonik 15:2). Sakrifis Jezi a fè li vin pi fasil toujou pou nou pwoche bò kote Jewova (Efezyen 3:11, 12). Jodi a, se pa milyon moun jwenn posiblite pou yo pwoche bò kote Bondye. Men, ki jan nou ka pwofite bèl dispozisyon sa a ? Nou pral konsidere twa mwayen k ap pèmèt nou pwoche bò kote Jewova.

Kontinye “ aprann konnen ” Bondye

5, 6. Ki jan egzanp Samyèl la demontre tout sa sa gen ladan l pou yon moun “ aprann konnen ” Bondye ?

5 Selon sa yo rapòte nan Jan 17:3, Jezi te di : “ Men sa lavi etènèl la siyifi : se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Bondye a ak sila ou te voye a, Jezi Kris. ” Anpil tradiksyon Bib gen yon ti diferans avèk Traduction du monde nouveau nan jan yo tradui vèsè sa a. Olye pou yo di : “ aprann konnen ” Bondye, yo annik mete “ konnen ” Bondye sèlman. Sepandan, dapre remak kèk biblis fè, sans mo yo itilize nan grèk orijinal la al pi lwen toujou : se yon etap k ap kontinye, ki kapab mennen w konnen yon moun yon fason entim.

6 Nan epòk Jezi a, konnen Bondye yon fason entim pa t yon ide ki te fèk parèt. Pa egzanp, nan Ekriti ebrayik yo, nou li lè Samyèl te yon ti gason, li “ potko rive konnen Jewova ”. (1 Samyèl 3:7.) Èske sa vle di Samyèl pa t konnen anpil bagay sou Bondye ? Now. Paran l yo ak prèt yo te konn anseye l anpil bagay sou Bondye, pa gen dout sou sa. Toutfwa, selon yon biblis, mo ebre yo itilize nan vèsè sa a ka sèvi tou pou pale de “ fason ki pi entim yon moun ka konn yon moun ”. Samyèl potko rive konnen Jewova yon fason entim, tankou sa t ap rive annapre, lè l t apral sèvi kòm pòtpawòl Jewova. Ofiramezi Samyèl te kontinye ap grandi, li vin rive konn Jewova toutbon, e li vin gen yon relasyon pèsonèl sere kole avèk li. — 1 Samyèl 3:19, 20.

7, 8. a) Poukisa nou pa ta dwe pè etidye ansèyman pwofon ki nan Bib la ? b) Bay kèk nan ansèyman pwofon ki nan Pawòl Bondye a nou ta sipoze etidye.

7 Èske w ap chèche aprann konnen Jewova yon fason entim ? Pou w rive fè sa, ou bezwen “ anvi ” manje manje espirityèl Bondye bay la “ ak tout fòs ”. (1 Pyè 2:2.) Pa kontante w avèk ansèyman fondamantal yo. Chèche aprann nan ansèyman pwofon ki nan Bib la (Ebre 5:12-14). Èske bagay sa yo parèt twòp pou ou, kòmsi w panse yo twò difisil pou w aprann ? Si se konsa, pa bliye se Jewova ki “ Gran Pwofesè ” a (Izayi 30:20). Li konnen ki jan pou l mete verite ki pwofon nan lespri moun ki enpafè. Epi li ka beni efò w ap fè ak tout kè w pou w byen konprann sa l ap montre w la. — Sòm 25:4.

8 Poukisa w pa fè rechèch sou “ bagay pwofon Bondye yo ” ? (1 Korentyen 2:10.) Sijè sa yo pa raz tankou deba teyolojyen oswa manm klèje a konn fè. Se yon seri ansèyman byen itil ki ede nou pi byen konprann santiman ak panse Papa nou ki renmen nou an. Ann pran pa egzanp sijè tankou ranson an, “ sekrè ki sakre ” a, divès kalite kontra Jewova itilize pou l beni pèp li a, pou l akonpli objektif li. Tout pwen sa yo ak lòt ankò se bèl sijè pou nou fè rechèch. N ap jwenn kè kontan ak byenfè pandan n ap etidye yo. — 1 Korentyen 2:7.

9, 10. a) Poukisa ògèy gen danje ladan l, e ki sa k ap ede nou rejte l ? b) Lè se an rapò ak konesans Jewova bay, poukisa nou dwe fè efò pou nou toujou enb ?

9 Ofiramezi konesans ou sou verite biblik ki pwofon yo ap ogmante, fètatansyon pou konesans sa a pa monte w nan tèt (1 Korentyen 8:1). Gen danje lè yon moun ògeye, paske sa ka fè moun sa a vin lwen Bondye (Pwovèb 16:5 ; Jak 4:6). Pa bliye sa, pèsonn pa gen rezon pou l vante tèt li pou konesans li genyen. Pou ede nou konprann sa, annou reflechi sou yon pawòl yo ekri nan entwodiksyon yon liv sou pwogrè syantifik lèzòm fè. Li di : “ Plis n ap aprann, se plis nou rann nou kont sa nou konnen an piti anpil. [...] Tout sa nou aprann yo pa reprezante anyen devan sa nou rete pou n aprann. ” Yon kòmantè ki fèt avèk imilite konsa byen tonbe. Men, lè n ap konsidere pi gwo sòm konesans ki egziste a, konesans Jewova Dye, nou gen plis rezon toujou pou nou rete enb. Poukisa ?

10 Gade kèk deklarasyon Bib la fè sou Jewova. “ Panse w yo fon anpil anpil. ” ​(Sòm 92:5). “ Moun pa ka fin esplike entèlijans [Jewova]. ” ​(Sòm 147:5). “ Yon moun pa ka fouye entèlijans [Jewova]. ” ​(Izayi 40:28). “ O ala pwofon richès ak sajès ak konesans Bondye pwofon ! ” ​(Women 11:33). Pa gen diskisyon posib : nou pap janm fin konnen tout sa ki posib pou yon moun konnen sou Jewova (Eklezyas 3:11). Menmsi li gentan aprann nou yon pakèt bèl bagay, n ap toujou genyen yon pil ak yon pakèt bagay ankò devan nou pou nou aprann. Èske sa a se pa yon bagay ki pou fè kè nou kontan e ki pou fè nou rete enb ? Se sa k fè, tank n ap aprann, annou toujou sèvi ak konesans nou an kòm yon mwayen pou nou pwoche bò kote Jewova e pou nou ede lòt moun fè sa tou. Pinga nou janm sèvi ak konesans nou pou nou pran pòz siperyè nou sou lòt moun. — Matye 23:12 ; Lik 9:48.

Demontre ou renmen Jewova

11, 12. a) Ki efè konesans nou genyen sou Jewova ta dwe fè sou nou ? b) Ki jan w ka rekonèt si yon moun renmen Bondye toutbonvre ?

11 Lapot Pòl te montre gen yon relasyon ant konesans ak lanmou, e sa te byen tonbe. Men sa l te ekri : “ E men sa mwen kontinye ap mande nan priyè mwen, se pou lanmou nou ogmante plis toujou avèk konesans egzak e avèk yon disènman total. ” ​(Filipyen 1:9). Olye pou nou ta kite ògèy plen tèt nou, kèlkeswa bèl verite nou aprann sou Jewova, sou objektif li yo, sa ta dwe fè nou pi renmen Papa nou ki nan syèl la.

12 Fòk nou rekonèt sa, anpil moun ki di yo renmen Bondye pa renmen l vrèman. Petèt sa yo kwè a, yo kwè l ak tout konviksyon yo. Li bon lè yon moun konsa, e moun sa a merite felisite, si sa l kwè a baze sou yon konesans egzak. Men se pa sa ki vle di moun nan renmen Bondye toutbonvre. Sa k fè nou di sa ? Gade ki jan Pawòl Bondye a defini bonjan lanmou an. Li di : “ Men sa lanmou pou Bondye vle di : se pou nou obsève kòmandman l yo. ” ​(1 Jan 5:3). Kidonk, bonjan lanmou pou Jewova a se pa pawòl nan bouch sa ye, men sa makònen ak obeyisans.

13. Ki jan krent pou Bondye ap ede nou demontre lanmou nou genyen pou Jewova ?

13 Krent pou Bondye ap ede nou obeyi l. Se konesans nou ranmase sou Jewova epi aprann nou aprann li gen yon sentete, yon glwa, yon pouvwa, yon jistis, yon sajès ak yon lanmou ki san limit, k ap fè nou gen gwo krent sa a pou li, yon krent ki melanje ak yon pwofon respè. Nou vrèman bezwen krent sa a pou nou pwoche bò kote l. Gade pou w wè ki pawòl nou jwenn nan Sòm 25:14. Men sa l di : “ Entimite avèk Jewova se pou moun ki gen krentif pou li. ” Kidonk, si nou gen bonjan krent pou nou pa deplè Papa nou ki nan syèl la, li menm nou renmen anpil la, n ap ka pwoche bò kote l. Krent pou Bondye ap ede nou pou nou suiv yon konsèy nou jwenn nan Pwovèb 3:6. Li di : “ Nan tout wout ou, sonje li la, epi li menm l ap fè chemen w yo dwat pou ou. ” Ki sa pawòl sa yo vle di ?

14, 15. a) Bay kèk egzanp sou desizyon nou dwe pran chak jou nan lavi nou. b) Ki jan nou ka demontre, nan desizyon n ap pran, nou gen krent pou Bondye ?

14 Chak jou, nou gen desizyon pou nou pran, kit se gwo desizyon, kit se ti desizyon. Pa egzanp, sou ki sa w pral pale ak kòlèg travay ou, ak kamarad lekòl ou oswa ak vwazen w (Lik 6:45) ? Si w gen yon travay pou w fè, èske w ap travay di pou w fè l oswa èske w ap chèche kalbende ladan l (Kolosyen 3:23) ? Èske w ap chèche frekante moun ki pa renmen Jewova oswa èske w ap chèche vin zanmi moun ki renmen Jewova (Pwovèb 13:20) ? Ki sa w ap fè, piti kou l ye, pou w travay nan enterè Wayòm Bondye a (Matye 6:33) ? Si w kite prensip biblik tankou prensip sa yo gide w nan desizyon w ap pran chak jou nan lavi w, se lè sa a ou ka di ou sonje Jewova “ nan tout wout ou ”.

15 Annefè, chak fwa n ap pran yon desizyon, men ki kesyon ki ta dwe gide nou : ‘ Ki sa Jewova vle mwen fè ? Ki sa ki t ap fè l plis plezi ? ’ ​(Pwovèb 27:11). Lè nou demontre nou gen krent pou Bondye nan fason sa a, se yon bèl mwayen nou pwouve nou renmen Jewova. Epitou, krent sa a ap ede nou rete pwòp espirityèlman, moralman, fizikman. Li ta bon pou nou sonje pwen sa a : nan menm vèsè Jak ankouraje kretyen yo pou yo “ pwoche bò kote Bondye ” a, li ba yo egzòtasyon sa a tou : “ Netwaye men nou, pechè, epi pirifye kè nou, moun ki gen de lide. ” — Jak 4:8.

16. Ki sa nou pap janm rive fè, menmsi nou bay Jewova nan sa nou genyen ? Epoutan, ki sa nou ka toujou rive fè ?

16 Natirèlman, evite fè sa ki mal pa sifi pou nou demontre nou renmen Jewova. Lanmou ankouraje nou tou pou nou fè sa ki dwat. Pa egzanp, piske Jewova demontre li donan anpil, ki efè sa gen sou nou ? Men sa Jak te ekri : “ Tout bèl don ak tout bonjan kado sot anlè, paske li desann sot nan Papa limyè ki nan syèl yo. ” ​(Jak 1:17). An reyalite, lè nou bay Jewova nan sa nou posede, nou pa fè l vin rich pou sa. Tout sa ki egziste, se pou li yo deja ye (Sòm 50:12). E lè nou bay Jewova nan tan nou, nan fòs nou, sa pa fè nou endispansab pou sa. Sipozon nou ta refize al preche bon nouvèl Wayòm Bondye a, li ta ka menm fè wòch yo pale ! Piske se konsa, poukisa li bon pou nou bay Jewova nan sa nou posede, nan tan nou ak nan fòs nou ? Prensipal rezon an, se yon fason pou nou demontre nou renmen l ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou. — Mak 12:29, 30.

17. Ki sa ki ka motive nou pou nou bay Jewova ak kè kontan ?

17 Lè n ap bay Jewova nan sa nou genyen, nou dwe fè sa ak kè kontan, “ paske Bondye renmen moun ki bay ak lajwa. ” ​(2 Korentyen 9:7). Gen yon prensip nou jwenn nan Detewonòm 16:17 ki ka ede nou bay ak kè kontan. Vèsè sa a di : “ Kado ki sot nan men chak moun dwe koresponn ak benediksyon Jewova Bondye w la ba ou. ” Lè nou reflechi sou fason Jewova montre l donan anvè nou, nou santi nou ta dwe ba li san nou pa fè chich. Lè nou bay nan fason sa a, sa fè kè l kontan, menm jan lè yon timoun bay paran li yon ti kado, sa fè kè paran an louvri. Lè nou demontre lanmou nou nan fason sa a, sa ede nou pou nou pwoche bò kote Jewova.

Lapriyè se mwayen pou w vin entim ak Bondye

18. Poukisa sa vo lapenn pou nou analize ki jan nou ka amelyore fason n ap priye ?

18 Moman nou genyen pou nou priye Jewova an prive ban nou bèl okazyon pou nou pale ti koze entim nou, ti sekrè nou ak Papa nou ki nan syèl la (Filipyen 4:6). Piske lapriyè se yon mwayen enpòtan pou nou pwoche bò kote Bondye, sa vo lapenn pou nou pran san nou pou nou medite sou fason n ap priye. Sa pa vle di priyè nou yo oblije fèt ak mo ki enpresyonan, e sa pa vle di yo oblije suiv yon plan ki san fay, men nou ta dwe sensè nan priyè nou yo e pawòl n ap di yo ta dwe soti nan kè nou. Ki jan nou ka amelyore fason n ap priye ?

19, 20. Poukisa li bon pou nou medite anvan nou priye, e sou ki sa meditasyon nou an ka chita ?

19 Nou ta ka eseye medite anvan nou priye. Si nou fè sa, priyè nou yo ap gen plis presizyon, y ap gen plis sans, e sa ap pèmèt nou evite repete yon seri pawòl nou konnen pa kè e ki toujou prèt pou soti nan bouch nou san nou pa reflechi (Pwovèb 15:28, 29). Petèt li ta bon pou nou medite sou sa Jezi te di nan modèl priyè li te kite pou nou an e pou nou wè ki jan nou ka adapte sa l te di a ak pwòp sitiyasyon pa nou (Matye 6:9-13). Pa egzanp, nou ka mande tèt nou ki patisipasyon nou konte bay, piti kou l ye, nan fè volonte Jewova sou tè a. Èske nou pa ka fè Jewova konnen entansyon nou genyen pou nou fè tout sa nou kapab pou nou sèvi l ? Èske nou pa ka mande l pou l ede nou nan kèlkeswa travay li ban nou fè a ? Èske nesesite vin fè lavi a tounen yon fado pou nou ? Pou kilès peche nou bezwen mande padon, e ki moun nou bezwen padone plis toujou ? Ki tantasyon nou jwenn k ap ban nou pwoblèm ? Èske nou rann nou kont ki jan li enpòtan pou nou benefisye pwoteksyon Jewova sou pwen sa a ?

20 Yon lòt bò, li ta bon pou nou reflechi sou moun nou konnen ki bezwen yon èd espesyal nan men Jewova (2 Korentyen 1:11). Men, fò n pa bliye di Jewova mèsi tou. Si nou fè yon ti reflechi, nou pap pa jwenn rezon pou nou remèsye Jewova e pou nou louwe l chak jou pou jan li bon (Detewonòm 8:10 ; Lik 10:21). Si nou fè sa, sa ka gen yon lòt avantaj : sa ka ede nou pou nou wè lavi a yon fason pozitif, epi pou nou gen plis rekonesans pou sa nou benefisye ladan l.

21. Ki priyè nou jwenn nan Bib la ki ban nou kèk bon fason pou nou priye Jewova ?

21 Priyè nou yo ka pi anfòm grasa etid nou fè. Pawòl Bondye a gen bonjan egzanp priyè gason ak fi ki fidèl te fè. Pa egzanp, sipozon nou anba yon pwoblèm ki rèd, sa fè nou enkyete, e nou rive menm pè pou tèt nou oswa pou fanmi nou. Nou ka li priyè Jakòb te fè etan l t apral rankontre frè li Ezayi, ki te vle tire revanj sou li (Jenèz 32:9-12). Nou kapab egzamine tou priyè wa Aza te fè lè yon milyon Etyopyen anviwon t apral atake pèp Bondye a (2 Kwonik 14:11, 12). Si nou santi nou boulvèse akoz yon pwoblèm ki menase pou l sal bèl non Jewova a, nan ka sa a, l ap bon pou nou medite sou priyè Eliya te fè devan adoratè Baal yo sou mòn Kamèl. Menm jan an tou, nou ka egzamine priyè Neyemya te fè konsènan eta lamantab Jerizalèm te twouve l (1 Wa 18:36, 37 ; Neyemya 1:4-11). Lè nou li priyè sa yo, lè nou medite sou yo, sa ka fòtifye fwa nou, e sa ka ban nou kèk ide sou fason ki pi bon pou nou pale ak Jewova lè nou gen pwoblèm ki twòp pou nou.

22. Ki tèks k ap sèvi pou ane 2003 a, e ki sa nou ta dwe ap mande tèt nou detanzantan diran ane a ?

22 Vrèman, pa gen pi gwo onè, pa gen pi bèl objektif pase sa : suiv konsèy Jak bay la pou nou “ pwoche bò kote Bondye ”. (Jak 4:8.) Nou swete pou nou fè sa grasa pwogrè nou fè nan konesans Bondye bay la, grasa lanmou nou genyen pou Bondye, yon lanmou nou demontre nou genyen chak jou pi plis, e grasa priyè entim nou fè regilyèman. Pandan ane 2003 a, etan n ap toujou sonje tèks pou ane a, tèks nou jwenn nan Jak 4:8, annou kontinye egzamine tèt nou pou nou wè si toutbonvre n ap pwoche bò kote Jewova. Men, sa nou panse de rès vèsè a ? Nan ki sans Jewova ap “ pwoche bò kote nou ”, e ki jan sa se yon benediksyon pou nou ? Atik ki vini apre a ap egzamine pwen sa a.

Èske nou sonje ?

• Poukisa pwoche bò kote Jewova se yon bagay nou dwe pran oserye ?

• Pandan n ap aprann konnen Jewova, ki objektif nou ka chèche atenn ?

• Ki jan nou ka demontre nou renmen Jewova toutbonvre ?

• Ki fason nou ka vin gen plis entimite avèk Jewova nan priyè nou ?

[Antrefilè nan paj 11]

Men tèks pou ane 2003 a : “ Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. ” — Jak 4:8.

[Foto nan paj 8]

Etan Samyèl t ap grandi, li te rive konnen Jewova yon fason entim.

[Foto nan paj 11]

Priyè Eliya te fè sou mòn Kamèl la se yon bèl egzanp pou nou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje