BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w03 1/2 p. 15
  • Yo “ tande ” mesaj Wayòm nan o Brezil

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo “ tande ” mesaj Wayòm nan o Brezil
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Annou montre nou renmen frè n ak sè n ki soud yo!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Jewova fè yo santi li la avèk yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Se pou w toujou enterese ap chèche moun ki soud nan tèritwa w la
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Fason Bondye pran swen moun ki soud yo
    Kèk lòt sijè
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
w03 1/2 p. 15

Eksperyans pwoklamatè yo fè

Yo “ tande ” mesaj Wayòm nan o Brezil

NAN objektif pou bon nouvèl Wayòm nan preche nan kominote moun soud yo, anpil Temwen Jewova o Brezil aksepte aprann lang siy brezilyen an ki pa yon bagay fasil. Efò frè yo fè bay trè bon rezilta, jan eksperyans nou pral rakonte yo demontre sa.

Gen yon dam soud ki rele Evaa nan vil Sawo Polo ki te kòmanse aprann lang siy. Sa te rive apre li menm ak twa pitit li te deplase al viv ak yon mesye ki soud tou. Eva ak mesye l la te rankontre yon gwoup Temwen ki soud nan yon konplèks komèsyal, e Temwen yo te envite yo nan yon reyinyon nan Sal Wayòm nan. Yo te aksepte envitasyon an, paske yo te panse sa t ap yon bèl okazyon pou yo rankontre lòt moun.

Kòm Eva pa t twò fò nan lang siy, li pa t konprann anpil bagay nan sa k t ap di nan reyinyon an. Apre sa, de Temwen te envite yo al goute yon bagay avèk yo lakay yo. Temwen yo te sèvi ak foto ki nan bwochi Viv alèz sou tè a pou tou tan ! nan pou yo esplike yo pwomès Bondye fè pou l fè tè a tounen yon paradi. Eva te renmen sa l aprann yo e li vin kòmanse ap asiste reyinyon regilyèman.

Yon ti tan apre, Eva te kite mesye li t ap viv avè l la pou l kapab viv selon prensip ki nan Bib la. Malgre fanmi l te fache anpil, li te kontinye fè pwogrè e li te batize an 1995. Sis mwa apre, Eva vin pyonye, sa vle di pwoklamatè Wayòm a plen tan. Depi lè sa a, li etidye Labib ak kat moun soud jiskaske yo vwe vi yo e yo batize.

Carlos li menm te fèt soud. Depi l te tou piti li te gentan enplike nan zafè dwòg, nan imoralite ak nan vòl. Yon lè, manm yon lòt gang te fè l menas. Sa te fè l chape poul li al viv Sawo Polo e li te abite ansanm ak João pandan yon sèten tan. João te soud tou e li t ap mennen yon vi imoral menm jan ak Carlos.

Kèk ane apre, Carlos te aprann mesaj Wayòm nan. Sa vin motive l pou l fè chanjman nan lavi l e pou l legalize maryaj li. Carlos te vin ap viv dapre prensip ki nan Bib la, apre sa li te vwe vi l bay Jewova e li te batize. Nan menm moman an, san Carlos pa t konnen, João te vin aksepte bon nouvèl la tou e li te fè gwo chanjman nan lavi l. Lè João aprann Jewova pa aksepte pou moun itilize imaj, li voye tout yon koleksyon “ sen ” li te genyen jete. Li menm tou, li te vin kite fason l t ap viv la, e li te batize.

Se pa ti kontan Carlos ak João te kontan lè yo te rankontre nan yon Sal Wayòm e youn te wè chanjman lòt te fè nan lavi l. Kounye a, yo toule de se de chèf fanmi ki gen matirite e y ap sèvi kòm moun ki zele nan preche Wayòm nan.

O Brezil, gen 30 kongregasyon lang siy ak 154 gwoup. Yo gen plis pase 2 500 pwoklamatè e ladan yo gen anviwon 1 500 moun ki soud. Nan kongrè distri “ Moun k ap anseye Pawòl Bondye ” yo te fè o Brezil pou moun soud nan ane 2001 an, te gen plis pase 3 000 moun e te gen 36 ki te batize. Avèk benediksyon Jewova, yo espere ap gen anpil lòt moun soud ankò k ap aksepte mesaj Wayòm nan.

[Nòt anba paj]

a Yo chanje non moun yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje