BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w05 1/9 p. 3-6
  • Nou jwenn byenfè lè nou fidèl

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou jwenn byenfè lè nou fidèl
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Fidelite nan maryaj : yon bezwen fondamantal
  • Fidelite fè maryaj dire
  • Fidelite ant paran ak pitit
  • Fidelite endispansab nan amitye
  • Nou kapab aprann fidelite
  • “Se ou sèl ki fidèl”
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Respekte maryaj ki se yon kado Bondye bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Ann apresye kalite Jewova yo: Li fidèl e li konn padone
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
w05 1/9 p. 3-6

Nou jwenn byenfè lè nou fidèl

NAN kèk peyi, gen timoun ki renmen takinen timoun y ap jwe avèk yo, yo konn kole ti grenn pikan nan chanday ki sou yo. Ti grenn pikan yo kole poukont yo sou twal an lèn, e kèlkeswa sa timoun nan fè, kit li mache, kit li kouri, kit li souke kò l, kit li vole anlè, ti grenn pikan an ret kole la. Sèl fason pou l libere anba yo se retire yo youn pa youn. Ti jèn yo pran anpil plezi nan sa.

Natirèlman, se pa tout moun ki renmen lè pikan kole sou rad yo, men moun admire fason pikan yo kole san pwoblèm. Se konsa moun ki fidèl la ye tou. Li rete pwòch yon lòt moun, li gen yon relasyon dirab ansanm avè l. Li rete atache fidèlman ak responsablite ak obligasyon ki gen nan relasyon sa a, menm lè sikonstans yo rann sa difisil. Mo “ fidelite ” a fè nou sonje bèl kalite tankou senserite, atachman ak devouman. Sepandan, byenke ou ka renmen lè moun fidèl anvè w, èske ou gen ase detèminasyon pou w fidèl anvè lòt moun ? Si wi, anvè kiyès ou dwe fidèl ?

Fidelite nan maryaj : yon bezwen fondamantal

Maryaj se yon domèn kote fidelite esansyèl, men malerezman se kote byen souvan ou pa jwenn sa. Yon mari ak yon madanm ki rete fidèl ak ve yo te fè lè yo t ap marye a, sa vle di ki rete ansanm e youn ap travay pou byennèt lòt, yo franchi yon etap enpòtan nan chèche bonè ak sekirite. Poukisa ? Se paske lèzòm te kreye avèk bezwen pou yo montre yo fidèl e pou lòt moun demontre fidelite anvè yo. Lè Bondye t ap marye Adan ak Èv nan jaden Edenn nan, li te deklare : “ Yon gason ap kite papa l ak manman l, e li dwe atache ak madanm li. ” Se ta dwe menm bagay la tou pou yon madanm. Li dwe atache ak mari li. Mari ak madanm dwe fidèl youn ak lòt e yo dwe kowopere youn ak lòt. — Jenèz 2:24 ; Matye 19:3-9.

Se vre, plizyè milye ane gentan pase depi yo te di pawòl sa yo. Èske sa vle di fidelite nan maryaj jounen jodi a se bagay ki pase mòd ? Pifò moun t ap reponn non. Dapre rechèch ki fèt ann Almay, yo jwenn gen 80 pousan moun ki konsidere fidelite nan maryaj kòm yon bagay ki enpòtan anpil. Gen yon dezyèm ankèt yo te fè pou yo dekouvri pi bèl karakteristik ki egziste lakay gason ak fi. Gen yon gwoup mesye yo te mande pou yo mete nan yon lis senk kalite yo pi renmen lakay fi, e yo te mande yon gwoup fi pou yo fè lis senk kalite yo pi renmen lakay gason. Kalite ki pot premye pri ni pou gason ni pou fi se fidelite.

Wi, fidelite se youn nan baz solid pou yon maryaj reyisi. Sepandan, an jeneral, moun plis pale de fidelite pase yo pratike l. Pa egzanp, kantite divòs ki fèt nan anpil peyi pwouve jan enfidelite gaye. Ki jan moun ki marye yo kapab reziste kont tandans sa a e ki jan yo ka rete fidèl youn ak lòt ?

Fidelite fè maryaj dire

De moun ki marye demontre fidelite lè youn chèche okazyon pou l pwouve lòt la li atache ak li. Pa egzanp, jeneralman li pi bon pou nou di “ nou ” olye pou nou di “ mwen ”. Li ta bon pou nou di “ zanmi nou ”, “ pitit nou ”, “ kay nou ”, “ sa k te rive nou ”, eksetera. Lè n ap planifye oswa lè n ap pran desizyon, kit se konsènan lojman, travay, edikasyon pitit nou, detant, vakans oswa aktivite relijye, li bon pou mari ak madanm pran an konsiderasyon santiman ak opinyon youn lòt. — Pwovèb 11:14 ; 15:22.

De moun ki marye demontre fidelite lè youn fè lòt la santi li bezwen l e li itil. Yon moun marye pa santi li an sekirite lè konjwen li nan twòp zanmitay ak yon moun lòt sèks. Labib konseye mesye yo pou yo atache “ ak madanm [yo] genyen depi lè [yo] te jèn ”. Yon mari pa dwe kite kè l anvi yon atansyon espesyal nan men yon lòt fi, apa madanm li. Asireman, li pa dwe gen relasyon seksyèl ak yon lòt fi. Men avètisman Bib la bay : “ Nenpòt moun ki fè adiltè ak yon fi se yon moun ki manke kè, moun ki fè sa se pwòp nanm li l ap detwi. ” Menm prensip elve sa a sou fidelite, yo atann pou yon fi genyen l tou. — Pwovèb 5:18 ; 6:32.

Èske sa vo lapèn pou yon moun fidèl nan maryaj li ? Sètènman. Sa fè maryaj la pi stab e li fè l kenbe, e chak patnè yo pèsonèlman ap jwenn byenfè. Pa egzanp, lè yon mari toujou ap chèche byennèt madanm li, madanm nan gen yon santiman sekirite ki pouse l demontre bèl kalite li gen lakay li. Si madanm nan aji menm jan an, se menm efè sa ap gen sou mari a tou. Detèminasyon mari a pran pou li fidèl ak madanm li ede l devlope fidelite pou prensip jis yo nan tout aspè nan lavi li.

Si yon mari ak yon madanm ap travèse yon peryòd difisil, fidelite ap fè yo pa santi maryaj yo menase. Yon lòt bò, nan maryaj ki manke fidelite, reyaksyon ki plis genyen devan pwoblèm, se separasyon oswa chèche divòse. Yon demach konsa, olye l rezoud pwoblèm yo, souvan se nan lòt pwoblèm li mennen. Nan ane 1980 yo, gen yon espesyalis byen koni nan zafè mòd ki te separe ak madanm li ak fanmi l. Èske li te jwenn bonè etan li t al mennen yon vi selibatè ? Ventan apre, li vin admèt separasyon sa a fè l vin “ poukont li e sa te boulvèse l, e lè l kouche leswa, li pa gen dòmi, li ta renmen di timoun [li] yo bòn nui ”.

Fidelite ant paran ak pitit

Lè paran yo fidèl youn ak lòt, li posib pou pitit yo aprann reflete kalite sa a. Timoun ki te leve nan yon fanmi ki fidèl e ki gen lanmou ap twouve li pi fasil, pi devan nan lavi a, pou yo montre yo responsab anvè konjwen yo e anvè paran yo ki vin enfim akoz laj. — 1 Timote 5:4, 8.

Natirèlman, se pa toujou paran ki vin enfim anvan. Pafwa se yon pitit ki bezwen pou yo pran swen l avèk fidelite. Se nan sitiyasyon sa a Herbert ak Gertrud te ye pandan plis pase 40 an. Yo toule de te Temwen Jewova. Pitit gason yo, Dietmar, te pase tout vi l ap soufri ak yon maladi ki fè mis nan kò l ap depafini. Pandan sèt dènye ane anvan Dietmar mouri an novanm 2002, li te bezwen swen ak atansyon an pèmanans. Paran l te pran swen l avèk amou. Yo te menm enstale ekipman medikal lakay yo e yo te resevwa fòmasyon medikal. Ala yon bèl egzanp fidelite nan fanmi !

Fidelite endispansab nan amitye

Men sa yon dam ki rele Birgit deklare : “ Yon moun kapab ere san yon konjwen, men li difisil pou l ere san yon zanmi. ” Petèt ou dakò avè l. Kit ou marye, kit ou selibatè, fidelite yon bon zanmi ap chofe kè w e sa ap anrichi lavi w. Natirèlman, si w marye, se konjwen w ki dwe pi bon zanmi w.

Yon zanmi se pa yon moun ou jis rekonèt. Ou ka rekonèt yon pakèt moun, tankou vwazen w, kòlèg ou, ak moun ou rankontre detanzantan. Vrè amitye mande pou yon moun dispoze tan, enèji e pou l dispoze demontre afeksyon. Se yon onè pou nou zanmi yon moun. Amitye pote byenfè, men sa mennen responsablite tou.

Bon kominikasyon ak zanmi nou se yon bagay ki endispansab. Pafwa se konn yon bezwen ki egzije pou gen yon bon kominikasyon. Men sa Birgit di : “ Si youn nan nou gen yon pwoblèm, mwen menm ak zanmi m nan, youn telefone lòt youn ou de fwa pa semèn. Sa rekonfòte m lè m konnen li la e li dispoze koute. ” Distans pa fèt pou tounen yon baryè pou amitye. Gerda ak Helga gen plizyè milye kilomèt ki separe kote y ap viv, men yo se bon zanmi depi plis pase 35 an. Gerda di : “ Youn ekri lòt regilyèman. Nou rakonte eksperyans nou fè, kit yo jwaye, kit yo tris, e nou eksprime jan nou santi nou nan fon kè nou. Lèt Helga voye ban mwen yo fè m kontan anpil. Nou tou senpleman wè bagay yo menm jan. ”

Fidelite esansyèl nan amitye. Yon aksyon enfidèl kapab kraze menm amitye ki egziste depi lontan. Li fasil pou w wè zanmi k ap bay zanmi konsèy menm sou kesyon konfidansyèl. W ap jwenn zanmi k ap vide kè yo san yo pa pè pou zanmi yo pa denigre yo oswa pou yo pa mete zafè yo nan lari. Labib di : “ Yon vrè konpayon renmen tout tan, e se yon frè ki fèt pou lè gen malè. ” — Pwovèb 17:17.

Piske zanmi enfliyanse panse nou, santiman nou ak aksyon nou, li enpòtan pou nou fè zanmi ak moun fason y ap viv ann amoni ak fason nou menm n ap viv. Pa egzanp, veye pou w fè zanmi ak moun ki gen menm kwayans ak ou, menm pwennvi ak ou sou kesyon moralite, menm prensip ak ou sou sa ki byen ak sa ki mal. Zanmi konsa ap ede w atenn objektif ou genyen. Epitou, poukisa pou w ta vle pwòch ak yon moun ou pa gen ni menm prensip, ni menm moralite avè l ? Labib montre enpòtans pou nou byen chwazi ak kiyès n ap fè zanmi. Men sa l di : “ Moun k ap mache ak moun ki saj ap vin saj, men moun ki annafè ak moun ki san konprann ap tonbe nan pwoblèm. ” — Pwovèb 13:20.

Nou kapab aprann fidelite

Lè yon timoun aprann kole ti grenn pikan sou rad moun, sandout l ap vle fè jwèt sa a toutan. Nou kapab di menm bagay la tou pou yon moun ki fidèl. Poukisa ? Paske plis n ap fè pratik nan montre fidelite, se plis sa ap vin fasil. Si byen bonè nan lavi yon moun li aprann pou li fidèl avèk fanmi l, pi devan l ap vin twouve li pi fasil pou l devlope amitye ki baze sou fidelite. Pi devan, amitye ki solid e ki dirab konsa kapab prepare chemen pou l fidèl nan maryaj li. Sa ap ede l tou pou l fidèl nan amitye ki gen plis enpòtans pase tout amitye.

Jezi di pi gwo kòmandman an se renmen Jewova Dye ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou, e ak tout fòs nou (Mak 12:30). Sa siyifi nou dwe Bondye yon fidelite total. Lè nou fidèl ak Jewova Dye sa pote anpil rekonpans. Li pap janm lage nou, li pap janm fè nou desi, paske men sa li di konsènan pwòp tèt li : “ Mwen fidèl . ” ​(Jeremi 3:12). Vrèmanvre, fidelite anvè Bondye pote rekonpans ki etènèl. — 1 Jan 2:17.

[Antrefilè nan paj 5]

Fidelite yon bon zanmi ap chofe kè w.

[Foto nan paj 4]

Nan yon fanmi ki fidèl, youn pran swen lòt.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje