BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w07 1/8 p. 2-3
  • Lèzòm ap chèche gen espirityalite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lèzòm ap chèche gen espirityalite
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Èske w kite dezi w mennen w oubyen w kite lespri Bondye gide w?
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Ki jan yon moun ka jwenn vrè espirityalite a ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Kontinye fè pwogrè antanke moun ki kite lespri Bondye gide w!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Ki sa sa mande pou yon moun kite lespri Bondye gide l?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
w07 1/8 p. 2-3

Lèzòm ap chèche gen espirityalite

NAN Sèmon selèb Jezi te fè sou montay la, li te di : “ Byennere moun ki konsyan yo pòv espirityèlman. ” ​(Matye 5:3). Petèt, ou dakò ak deklarasyon sa a. Moun tout kote rekonèt li enpòtan pou moun gen espirityalite, e selon yo menm, lè yo genyen l, sa ap ba yo kè kontan. Men, ki sa mo “ espirityalite ” a vle di ?

Selon yon diksyonè, yon moun ki gen espirityalite se yon moun “ ki konnen li bezwen prensip relijye oswa ki atache ak prensip sa yo ”. Diksyonè sa a di tou yon moun ki gen espirityalite se yon moun “ ki espirityèl ”. Konsa, yo konsidere mo “ espirityalite ” a ak mo “ espirityèl ” la kòm mo ki gen menm sans. Donk, lè yon moun bay bagay espirityèl oswa bagay ki gen rapò ak relijyon anpil valè, yo di moun sa a se yon moun ki espirityèl.

Men, ki jan yon moun ka rive gen vrè espirityalite a ? Prèske tout relijyon pretann yo konnen chemen ki ka mennen yon moun nan vrè espirityalite a, men yo chak fè yon bagay diferan. Pa egzanp, yon potestan ki nan yon revèy deklare li sove. Yon katolik chèche kominyon ak Bondye nan lamès. Yon boudis chèche atenn, pa mwayen meditasyon, yon nivo espirityèl kote li konprann tout bagay. Yon endou chèche pou l sispann reyenkane lè l renye tèt li. Èske tout relijyon sa yo sou chemen ki mennen nan vrè espirityalite a ? Oswa èske gen menm youn ladan yo ki sou chemen an ?

Pou anpil moun, repons lan se non. Pou yo menm, espirityalite gen sans “ kwè san w pa atache ak anyen ”, sa vle di, kwè nan yon dye san w pa fè pati yon legliz. Gen lòt moun ki santi kesyon espirityalite a pa depann de relijyon, men li gen rapò pito ak dezi yon moun genyen pou lespri l anpè e pou lavi l gen yon sans. Yo fè konnen moun k ap chèche gen espirityalite pa bezwen fè pati okenn relijyon. Men depreferans, se nan yo menm yo dwe chèche l. Men deklarasyon yon ekriven te fè : “ Vrè espirityalite a se yon bagay yon moun ka jwenn fon nan li menm. Se fason ou renmen monn nan ak moun ki antoure w, fason w aksepte yo e fason w viv avèk yo. Se pa yon bagay yon moun ka jwenn lè l fè pati yon relijyon oswa lè l kwè nan kèk ansèyman relijye. ”

Li klè, moun yo gen konsepsyon ki depaman nèt sou kesyon espirityalite a. Gen plizyè milye liv ki pretann yo ka montre moun chemen k ap pèmèt yo rive gen espirityalite a. Men, byen souvan, moun ki li liv sa yo santi yo pa satisfè e yo santi yo nan konfizyon. Sepandan, gen yon liv moun ka fè konfyans ki bay direksyon nan domèn espirityèl. Liv sa a, Labib, montre aklè se Bondye ki enspire l (2 Timote 3:16). Annou gade sa l di sou sa espirityalite a ye e sou enpòtans li genyen.

[Liy kredi pou foto nan paj 2]

KOUVÈTI : Fon an : © Mark Hamblin/age fotostock

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje