Souvrènte Jewova ak Wayòm li an
“ Se ou menm, o Jewova, ki gen grandè, fòs, bote, ekselans ak diyite [...]. Wayòm nan se pou ou, o Jewova. ” — 1 KWONIK 29:11.
1. Ki sa k fè se Jewova ki gen dwa pou l dirije linivè antanke Souvren ?
“ SE JEWOVA menm ki tabli twòn li nan syèl la byen fèm, e l ap domine antanke wa sou tout bagay. ” (Sòm 103:19). Se avèk pawòl sa yo salmis lan te atire atansyon sou yon verite fondamantal nan kesyon dominasyon. Piske Jewova se Kreyatè linivè, se li ki gen dwa pou l dirije linivè antanke Souvren.
2. Ki deskripsyon Dànyèl te fè konsènan monn espirityèl Jewova a ?
2 Natirèlman, pou yon dirijan egzèse souvrènte l, fòk li gen moun l ap dirije. Pou kòmanse, Jewova te egzèse souvrènte l sou kreyati espirityèl li te fè yo. Toudabò, li te egzèse l sou sèl Pitit li te fè a, ansuit sou tout lòt zanj yo (Kolosyen 1:15-17). Apre yon bon valè tan, Jewova te bay pwofèt Dànyèl yon vizyon sou sa k ap pase nan syèl la. Men sa Dànyèl rapòte : “ Mwen kontinye ap gade jiskaske yo ranje twòn yo e Ansyen an jou a chita. [...] Te gen mil milye ki t ap sèvi l, e te gen dimil fwa dimil ki te kanpe la devan l. ” (Dànyèl 7: 9, 10). Depi yon kantite tan moun pa ka konte, Jewova, “ Ansyen an jou ” a, ap dirije antanke Souvren sou gwo fanmi pitit espirityèl li yo fòme a, yon fanmi ki byen òganize, k ap sèvi antanke “ minis ” li e k ap fè volonte l. — Sòm 103:20, 21.
3. Ki jan Jewova te vin etann souvrènte l sou inivè fizik la ?
3 Kèk tan apre sa, Jewova te vin etann souvrènte l, li kreye inivè fizik la ki gen latè ladan l tou, yon inivè ki gran e ki konplike (Jòb 38:4, 7). Kò selès yo tèlman fonksyone nan lòd e yo tèlman fè sa ak presizyon, yon moun sou tè a k ap obsève ta ka panse yo pa bezwen pèsòn pou kontwole fonksyònman yo. Poutan, gen yon salmis ki di : “ [Jewova] te bay lòd e yo te kreye. E li etabli yo pou toutan, pou tan endefini. Li bay yon dekrè, e dekrè sa a pap pase. ” (Sòm 148:5, 6). Depi okòmansman, Jewova toujou egzèse souvrènte l ni sou monn espirityèl la ni sou inivè fizik la. Li fè sa lè l dirije sa k ap fèt ladan yo, li bay lwa sou fonksyònman yo e li gouvène yo. — Neyemya 9:6.
4. Ki jan Jewova egzèse souvrènte l sou lèzòm ?
4 Lè Bondye te kreye de premye moun yo, li te egzèse souvrènte l yon lòt fason ankò. Nonsèlman Jewova te bay lèzòm tout sa yo bezwen pou yo mennen yon vi ki gen yon objektif e ki bay kè kontan, men tou li te pèmèt yo domine sou lòt kreyati ki gen sou tè a, kreyati ki enferyè parapò ak yo, konsa, li te bay yo yon sèten otorite (Jenèz 1:26-28 ; 2:8, 9). Donk li klè, nonsèlman Bondye egzèse dominasyon l yon fason ki byenveyan e ki pote byenfè pou moun l ap dirije yo, men tou li ba yo onè e li ba yo diyite. Toutotan Adan ak Èv te soumèt yo devan souvrènte Jewova, yo te gen pèspektiv pou yo viv pou toutan nan yon paradi sou tè a. — Jenèz 2:15-17.
5. Ki sa nou ka di konsènan fason Jewova egzèse souvrènte l ?
5 Ki konklizyon nou ka tire nan tout sa ? Premyèman, Jewova toujou egzèse souvrènte l sou tout kreyasyon l lan. Dezyèmman, Bondye egzèse dominasyon l yon fason ki byenveyan e ki montre li respekte diyite kreyati l yo. Twazyèmman, si nou soumèt anba dominasyon Jewova e nou soutni l, n ap jwenn benediksyon etènèl. Li pa etonan pou David, yon wa nan Izrayèl tan lontan an, te santi l pouse pou l di : “ Se ou menm, o Jewova, ki gen grandè, fòs, bote, ekselans ak diyite, paske tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a se pou ou. Wayòm nan se pou ou, o Jewova, Ou menm ki mete tèt ou chèf sou tout bagay. ” — 1 Kwonik 29:11.
Yon Wayòm : poukisa ?
6. Ki rapò ki genyen ant Souvrènte Bondye ak Wayòm li an ?
6 Piske Jewova, Souvren linivè a, toujou egzèse otorite l ak pisans li, poukisa li oblije itilize yon Wayòm ? Jeneralman, yon souvren sèvi ak yon wayòm oswa ak yon gouvènman pou l egzèse otorite l sou moun l ap dirije yo. Se sa k fè, antanke Souvren linivè a, Bondye itilize Wayòm li an pou l egzèse otorite l sou kreyati l yo. Kidonk, Wayòm nan se mwayen Bondye itilize pou l dirije.
7. Poukisa Jewova te deside mete sou pye yon nouvo fason pou l egzèse souvrènte l ?
7 Jewova egzèse souvrènte l diferan fason nan diferan epòk. Li te deside mete sou pye yon nouvo fason pou l egzèse souvrènte l paske te gen yon nouvo sitiyasyon ki te vin prezante. Youn nan zanj Jewova yo ki te vin enfidèl, anpalan de Satan, te rebele kont dominasyon Jewova, e li te pouse Adan ak Èv rebele tou. Rebelyon sa a se te yon atak kont souvrènte Bondye. Nan ki sans ? Lè Satan te di Èv ‘ li pap mouri pyès ’ si li manje fwi Bondye te defann li manje a, li te vle fè konprann Jewova pa t di Èv laverite, pakonsekan Èv pa t dwe fè Jewova konfyans. Anplis de sa, Satan te di Èv : “ Bondye konnen lejou nou manje ladan l, je nou pap manke pa ouvri, e san mank, n ap vin tankou Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal. ” Konsa, Satan te fè Adan ak Èv konprann li t ap pi bon pou yo si yo pa obeyi kòmandman Bondye yo e si yo pa chèche direksyon nan men Bondye (Jenèz 3:1-6). Se te yon atak dirèk kont dwa Bondye genyen pou l dirije e kont fason li dirije. Ki sa Jewova t apral fè ?
8, 9. a) Ki jan yon dirijan imen t ap aji si ta gen trèt ki rebele kont dominasyon l ? b) Ki sa Jewova te fè apre rebelyon ki te fèt ann Edenn nan ?
8 Ki sa nou ka atann yon dirijan t ap fè si ta gen trèt ki rebele ouvètman kont dominasyon l ? Moun ki konnen listwa byen ka sonje kèk sitiyasyon konsa. Jeneralman, olye pou dirijan an annik inyore sa, menmsi se yon dirijan ki byenveyan, l ap jije rebèl yo, l ap deklare yo koupab pou trayizon. Apre sa, li ka bay yon moun otorite pou l disipline rebèl yo epi pou l retabli lapè. Menm jan an tou, Jewova te montre li byen metrize sitiyasyon an. Li te aji tousuit, li pwononse yon jijman kont rebèl yo. Li deklare Adan ak Èv pa diy ankò pou yo resevwa lavi etènèl kòm kado, e li te mete yo deyò nan jaden Edenn nan. — Jenèz 3:16-19, 22-24.
9 Lè Jewova t ap pwononse jijman l kont Satan, li te tou revele yon nouvo fason li t apral egzèse souvrènte l, yon mwayen li t apral itilize pou l retabli lapè ak lòd nan tout kreyasyon l lan. Men sa l te di Satan : “ M ap mete yon rayisman ant ou menm ak madanm nan, ant semans pa w ak semans pa l. L ap mètri w nan tèt, e ou menm w ap mètri l nan talon. ” (Jenèz 3:15). Konsa, Jewova te revele objektif li te genyen pou l bay yon “ semans ” otorite pou l kraze Satan ansanm ak akolit li yo e pou semans sa a jistifye souvrènte L. — Sòm 2:7-9 ; 110:1, 2.
10. a) Kiyès ki te “ semans ” lan ? b) Ki sa Pòl te di konsènan reyalizasyon premye pwofesi a ?
10 “ Semans ” sa a se te Jezi Kris ansanm ak yon ti gwoup dirijan ki asosye avè l. Ansanm, yo fòme Wayòm mesyanik Bondye a (Dànyèl 7:13, 14, 27 ; Matye 19:28 ; Lik 12:32 ; 22:28-30). Sepandan, Jewova pa t revele tout bagay sa yo imedyatman. Anfèt, reyalizasyon premye pwofesi a te rete yon “ sekrè sakre yo te kenbe sou silans pandan lontan ”. (Women 16:25.) Pandan plizyè syèk, avèk enpasyans, moun ki te gen lafwa yo t ap tann epòk kote Bondye t apral revele “ sekrè sakre ” a, e kote premye pwofesi a t apral reyalize pou l jistifye souvrènte Jewova. — Women 8:19-21.
Jewova revele “ sekrè sakre a ” pwogresivman
11. Ki sa Jewova te revele Abraram ?
11 Ofiramezi tan t ap pase, Jewova te revele diferan aspè nan “ sekrè sakre Wayòm ” li an pwogresivman (Mak 4:11). Youn nan moun Bondye te revele sa se Abraram, nan Bib la yo rele l “ zanmi Jewova ”. (Jak 2:23.) Jewova te pwomèt Abraram li t ap fè l “ tounen yon gwo nasyon ”. Apre sa, men sa Bondye te di Abraram ankò : “ Ap gen wa k ap soti nan ou ”, e “ grasa semans ou, tout nasyon sou tè a pap manke pa beni tèt yo paske w te koute vwa mwen ”. — Jenèz 12:2, 3 ; 17:6 ; 22:17, 18.
12. Apre delij la, kòman semans Satan an te vin parèt aklè ?
12 Menm anvan epòk Abraram nan, te gentan gen moun ki t ap chèche dirije lòt moun. Pa egzanp, men sa Bib la di konsènan Nimwod ki te yon desandan Noye : “ Se li menm ki te premye moun ki te vin pisan sou tè a. Li te montre li se yon pisan chasè ann opozisyon ak Jewova. ” (Jenèz 10:8, 9). Li klè, ni Nimwod ni lòt moun ki te pwoklame tèt yo dirijan, yo tout se te maryonèt nan men Satan. Yo menm ansanm ak tout moun ki t ap soutni yo te vin fè pati semans Satan an. — 1 Jan 5:19.
13. Ki sa Jewova te predi pa mwayen Jakòb ?
13 Malgre Satan fè efò pou l etabli dirijan imen, Jewova kontinye reyalize objektif li. Men sa Jewova te revele pa mwayen Jakòb, yon pitit pitit Abraram : “ Baton wa a pap kite Jida, ni baton kòmandan an pap kite mitan pye l, jiskaske Chilo vini. E se li menm pèp yo ap obeyi. ” (Jenèz 49:10). Mo “ Chilo ” a vle di : “ Moun se pou li li ye a, moun ki mèt li a. ” Kidonk, pawòl pwofetik sa yo montre t ap gen yon moun ki t ap vini e ki t ap gen dwa legal pou l resevwa “ sèp la ”, oswa “ baton kòmandan an ”. Ki moun sa a ?
“ Jiskaske Chilo vini ”
14. Ki alyans Jewova te fè avèk David ?
14 Premye moun Jewova te chwazi pami desandan Jida yo pou vin wa sou pèp li a se te David, yon bèje, ki te pitit Jesea (1 Samyèl 16:1-13). Malgre David te peche e li te fè erè, li te jwenn favè Jewova paske li te soutni souvrènte Jewova fidèlman. Pou Jewova fè plis limyè jayi sou pwofesi li te bay ann Edenn nan, li te fè yon alyans ak David. Men sa l di : “ Se sèten m ap fè semans ou an leve apre w, semans k ap soti nan ou menm ; e vrèman m ap etabli wayòm li an byen solid. ” Se pa t sèlman Salomon, pitit David ki te ranplase l antanke wa a, pwomès la te konsène, piske men sa Jewova te di nan alyans lan : “ Mwen pral etabli twòn wayòm li an byen solid pou tan endefini. ” Alyans sa a Jewova te fè ak David la te montre aklè se pami desandan David yo “ semans ” Wayòm nan t ap soti avèk letan. — 2 Samyèl 7:12, 13.
15. Poukisa nou ka di wayòm Jida a te reprezante Wayòm Bondye a ?
15 David te kòmanse yon dinasti wayal, e moun ki t apral vin wa nan dinasti sa a, se gran prèt la ki te dwe wenn yo ak lwil. Konsa, yo te ka rele wa sa yo, wa yo wenn, oubyen mesi (1 Samyèl 16:13 ; 2 Samyèl 2:4 ; 5:3 ; 1 Wa 1:39). Yo te konn di wa sa yo chita sou twòn Jewova a e y ap reye antanke wa pou Jewova nan Jerizalèm (2 Kwonik 9:8). Nan sans sa a, wayòm Jida a te reprezante Wayòm Bondye a, yon mwayen Jewova te itilize pou l egzèse souvrènte l.
16. Ki sa k te rive dominasyon wa Jida yo ?
16 Lè wa a ansanm ak pèp la te soumèt devan souvrènte Bondye, yo te jwenn pwoteksyon ak benediksyon nan men l. Rèy Salomon an an patikilye, se te yon peryòd ki te gen lapè ak sekirite san parèy. Sa te bay yon apèsi sou dominasyon Wayòm Bondye a, kote Satan ansanm ak enfliyans l ap egzèse kounye a pral disparèt nèt e souvrènte Jewova pral jistifye (1 Wa 4:20, 25). Malerezman, pifò nan wa ki te soti nan desandan David yo pa t obeyi kòmandman Jewova yo kòmsadwa, e pèp la te tonbe nan idolatri ak nan imoralite. Finalman, Jewova te kite Babilonyen yo detwi wayòm nan an 607 anvan epòk nou an. Satan ta sanble ranpòte laviktwa nan efò li t ap fè pou l lage diskredi sou souvrènte Jewova.
17. Ki sa ki montre Jewova te toujou gen kontwòl sitiyasyon an malgre dinasti wa ki soti pami desandan David yo te tonbe ?
17 Lefètke dinasti a te tonbe, dinasti wa ki soti pami desandan David yo, e lefètke wayòm ki te nan nò a, wayòm Izrayèl la, te tonbe anvan sa, sa pa vle di souvrènte Jewova te echwe. Men se yon prèv ki montre move konsekans enfliyans Satan ak endepandans lèzòm parapò ak Bondye pote (Pwovèb 16:25 ; Jeremi 10:23). Pou Jewova montre li te toujou ap egzèse souvrènte l, men sa li te di pwofèt Ezekyèl pou l pwofetize : “ Wete bando a, e retire kouwòn nan [...] Yon mazi, yon mazi, yon mazi, se sa m ap fè l tounen. Kanta pou sa a tou, li pap vin pou pèsonn jiskaske sila ki gen dwa legal la vini, e m ap ba li l san mank. ” (Ezekyèl 21:26, 27). Pawòl sa yo montre “ semans ” Jewova te pwomèt la, moun “ ki te gen dwa legal la ” potko vini.
18. Ki sa zanj Gabriyèl te anonse Mari ?
18 Annou tounen nan ane 2 anvan epòk nou an. Bondye voye zanj Gabriyèl kot Mari, yon jèn fi vyèj ki te abite Nazarèt, yon vil nan Galile, nan nò peyi Palestin. Men sa zanj lan di l : “ Ou pral pote yon pitit nan matris ou, w ap fè yon pitit gason, w ap ba l non Jezi. Li gen pou l gran, y ap rele l Pitit Gason Trèwo a, e Jewova Dye ap ba li twòn David papa l, li pral gouvène antanke wa sou mezon Jakòb la pou toutan, e wayòm li an pap gen fen. ” — Lik 1:31-33.
19. Ki evènman estrawòdinè ki t ap pwoche ?
19 Finalman, lè a te rive pou yo revele “ sekrè sakre a ”. Prensipal Moun ki t ap “ semans ” yo te pwomèt la t apral parèt nan yon ti tan (Galat 4:4 ; 1 Timote 3:16). Satan t ap gen pou l mètri l nan talon. Men li menm “ semans ” lan, li t ap gen pou l kraze tèt Satan, sa vle di, li t apral mete ni Satan ni akolit li yo nan yon eta kote yo pa ka nui moun ankò. Anplis de sa, li t apral fè konnen grasa Wayòm Bondye a tout dega Satan lakòz yo pral repare e souvrènte Jewova pral jistifye (Ebre 2:14 ; 1 Jan 3:8). Ki jan Jezi t apral akonpli tout bagay sa yo ? Ki egzanp li kite pou nou imite ? Nou pral jwenn repons kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.
[Nòt anba paj]
a Sayil, premye wa Bondye te chwazi pou reye ann Izrayèl, te soti nan tribi Benjamen. — 1 Samyèl 9:15, 16 ; 10:1.
Èske w ka esplike ?
• Ki sa k fè se Jewova ki gen dwa pou l Souvren linivè ?
• Poukisa Jewova te deside mete yon Wayòm sou pye ?
• Ki jan Jewova te revele “ sekrè sakre ” a pwogresivman ?
• Ki sa k montre Jewova te toujou gen kontwòl sitiyasyon an malgre dinasti wa ki soti pami desandan David yo te tonbe ?
[Foto nan paj 5]
Ki sa Jewova te revele Abraram ?
[Foto nan paj 7]
Lefètke dinasti wa ki soti pami desandan David yo te tonbe, poukisa sa pa vle di souvrènte Jewova echwe ?