BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w08 1/7 p. 4-9
  • Fason w ka sipòte lapenn ou genyen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason w ka sipòte lapenn ou genyen
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa lapenn ye ?
  • Sipòte lapenn ou genyen an
  • Pwoche bò kot Bondye
  • Esperans rezirèksyon an
  • Ki jan m ka rive viv ak lapenn mwen genyen an?
    Lè lanmò pase pran yon moun pa w...
  • “Kriye ak moun k ap kriye”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Nan peryodik sa a: Èd pou moun ki nan gwo lapenn
    Reveye n! — 2018
  • Entwodiksyon
    Reveye n! — 2018
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
w08 1/7 p. 4-9

Fason w ka sipòte lapenn ou genyen

“ Tout pitit gason ak pitit fi [Jakòb] yo te vin konsole l, men li te derefize kite yo konsole l. Li te di : ‘ Non, se nan tristès m ap desann nan tonm al jwenn pitit gason m nan. ’ Donk, papa l te kriye pou li. ” — JENÈZ 37:35, The Holy Bible — New International Version.

PATRIYACH Jakòb te gen anpil lapenn akoz yon pitit li li panse ki te mouri. Li te panse li t ap rete nan lapenn sa a jiskaske li mouri. Menm jan ak Jakòb, ou ka santi lapenn ou genyen akoz yon moun pa w ki mouri tèlman anpil li pap janm fini. Èske lefètke ou nan lapenn konsa, sa vle di ou manke lafwa nan Bondye ? Non.

Labib montre Jakòb se yon moun ki te gen lafwa. Li fè elòj pou lafwa estrawòdinè Jakòb, Izarak, papa l, ak Abraram, granpapa l, te genyen (Ebre 11:8, 9, 13). Yon fwa, li te menm lite ak yon zanj pandan tout yon nuit pou l te jwenn yon benediksyon nan men Bondye (Jenèz 32:24-30) ! Sa klè, Jakòb se te yon moun ki te gen yon relasyon ki solid anpil avèk Jewova. Donk, ki sa lapenn li te genyen an aprann nou ? Li aprann nou lè yon moun gen gwo lapenn ak gwo tristès pou yon moun pa l ki mouri, sa pa vle di li pa gen yon lafwa ki solid nan Bondye. Lapenn se yon reyaksyon ki nòmal e ki natirèl pou nou genyen lè yon moun pa nou mouri.

Ki sa lapenn ye ?

Lapenn ka afekte yon moun plizyè fason, men pifò moun konn plis santi yon gwo tristès nan kè yo. Annou konsidere sa k te rive Leonardo ki te gen 14 an lè papa l te mouri sibit akoz yon pwoblèm kè ak yon pwoblèm respirasyon. Li pap janm bliye jou sa a lè matant li te ba l nouvèl la. Okòmansman, li te derefize kwè sa rive. Li te wè kò papa l nan antèman an, men pou li, se pa t yon reyalite. Leonardo te pase simwa anviwon li pa t ka kriye. Souvan, li konn rann li kont l ap tann ki lè pou papa l antre sot travay. Ennan te pase anvan l te resi aksepte papa l te mouri toutbonvre. Lè sa a, li te santi l vrèman poukont li. Nenpòt ti bagay te fè l sonje papa l pa t la. Pa egzanp, lè l te antre lakay li e kay la te vid. Nan moman sa yo, souvan, li te pete kriye. Se pa ti sonje li te sonje papa l !

Jan eksperyans Leonardo a montre sa byen, ou ka gen gwo lapenn lè yon moun pa w mouri. Sepandan, ou kapab retabli, menmsi sa ka pran tan. Menm jan yon gwo blese pran tan pou l geri, se konsa tou, lè yon moun nan lapenn akoz yon moun pa l ki mouri, sa pran tan pou l pase. Pou moun nan retabli, sa ka pran plizyè mwa, plizyè ane e menm plis tan toujou. Sepandan, avèk letan, gwo lapenn ou te genyen okòmansman an ap diminye, e tikras pa tikras, bagay yo ap amelyore pou ou.

Annatandan sa fèt, gen moun ki di lapenn yon moun genyen an enpòtan pou l kapab retabli e l ap ede l adapte l ak nouvo sitiyasyon li ladan l lan. Moun ki mouri a vin kite yon vid e w ap bezwen aprann viv san li. Li nesesè pou w eksprime santiman w. Lapenn ou genyen an kapab pèmèt ou fè sa. Se vre, tout moun pa eksprime lapenn yo menm jan. Men, yon bagay ki sanble toujou vre sèke lè nou pa eksprime lapenn nou, sa ka kapab nuizib pou sante mantal nou, pou sante fizik nou e sa ka boulvèse nou. Donk, ki fason ou ka eksprime lapenn ou genyen an ? Labib bay kèk konsèy ki kapab itil oua.

Sipòte lapenn ou genyen an

Gen anpil moun ki nan lapenn ki santi lè yo pale de sa, sa ede yo jwenn soulajman. Pa egzanp, remake sa Jòb, yon moun yo pale de li nan Bib la, te di lè l te pèdi dis pitit li yo e li te rankontre lòt pwoblèm ankò . Men sa l te di : “ M’ degoute ak lavi a. M’ pa ka kenbe ankò. Kite m’ plenn sò mwen ! Kite m’ di tout lapenn ki nan kè mwen ! ” ​(Jòb 1:2, 18, 19; 10:1). W ap remake Jòb te bezwen “ plenyen sò [l] ”. Ki jan li t ap ka fè sa ? Men sa l te esplike : “ Kite m’ di tout lapenn ki nan kè mwen. ”

Paulo te pèdi manman l. Men sa l te di : “ Youn nan bagay ki te ede m, sèke m te konn pale de manman m. ” Donk, si w pale ak yon zanmi ou fè konfyans konsènan sa w santi, sa kapab soulaje w (Pwovèb 17:17). Apre Yone te fin pèdi manman l, li te mande frè kretyen li yo pou yo vizite l pi souvan. Men sa l sonje : “ Lè m te pale de sa, sa te soulaje doulè m. ” Ou menm tou, si w pale de sa w santi ak yon moun k ap koute w avèk konpasyon, petèt sa kapab fè li vin pi fasil pou w sipòte lapenn ou genyen an.

Yon lòt bagay ki kapab ede nou jwenn soulajman se lè nou ekri sa nou santi. Kèk moun ki twouve li difisil pou yo pale de santiman yo kapab twouve li pi fasil pou yo ekri yo. Apre lanmò Yonatàn ak Sayil, David, ki te yon nonm fidèl, te ekri yon chan ki pwofon kote l te rakonte tristès li te genyen. Finalman, chan sa a te vin fè pati liv 2 Samyèl la ki nan Bib la. — 2 Samyèl 1:17–27.

Yon lòt bagay ankò ki kapab ede nou jwenn soulajman se lè nou kriye. Labib di : ‘ Gen yon lè pou chak bagay, [...] gen yon lè pou ou kriye. ’ ​(Eklezyas 3:1, 4). Lè nou gen yon moun nou renmen ki mouri se yon ‘ lè pou nou kriye ’. Nou pa bezwen jennen fè sa lè nou nan lapenn. Labib gen anpil egzanp moun fidèl, fi kou gason, ki pa t wont kriye devan moun lè yo te nan lapenn (Jenèz 23:2 ; 2 Samyèl 1:11, 12). Jezi Kris te “ kriye ” lè l t ap pwoche bò kot tonm Laza, yon zanmi li te renmen anpil ki pa t gen lontan depi l mouri. — Jan 11:33, 35.

Pou w rive nan pwen pou w pa genyen lapenn ankò, sa mande pasyans, paske lapenn nan kapab boulvèse w pandan yon bon bout tan. Sonje sa, ou pa bezwen wont poutèt w ap kriye. Anpil moun ki gen lafwa twouve se yon bagay ki nòmal pou yo kriye lè yo nan lapenn e se yon bagay ki enpòtan pou yo ka rive nan pwen pou yo pa genyen lapenn nan ankò.

Pwoche bò kot Bondye

Labib di nou : “ Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. ” ​(Jak 4:8). Lapriyè se yon bon mwayen pou nou pwoche bò kot Bondye. Pinga w souzestime valè l. Men yon pwomès rekonfòtan Labib fè nou : “ Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa. ” ​(Sòm 34:18). Li ban nou asirans sa a tou : “ Renmèt sò ou nan men Seyè a, l’a kenbe ou fèm. ” ​(Sòm 55:22). Ou bezwen reflechi sou sa. Jan nou te pale de sa anvan, anpil moun wè li bon pou yo pale sou sa yo santi ak yon zanmi yo fè konfyans. Èske l pa t ap pi bon toujou pou w fè Bondye konnen sa w santi, li menm ki pwomèt pou l konsole w ? — 2 Tesalonisyen 2:16, 17.

Paulo, mesye nou te pale de li anvan an, te di : “ Lè m pa t ka sipòte soufrans lan ankò, mwen te mete ajenou e mwen te priye Bondye. Mwen te sipliye I pou l ede m. ” Paulo gen konfyans priyè l yo te fè l jwenn èd nan men Bondye. Ou menm tou, lè w pèsiste nan lapriyè, w ap wè jan “ Bondye tout konsolasyon an ” ap ba w kouraj ak fòs pou w andire. — 2 Korentyen 1:3, 4, NW ; Women 12:12.

Esperans rezirèksyon an

Men sa Jezi te di : “ Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. ” ​(Jan 11:25). Labib anseye moun ki mouri yo pral reviv ankòb. Lè Jezi te sou tè a, li te montre li gen pouvwa pou l resisite mò yo. Yon lè, li te resisite yon tifi ki te gen 12 an. Ki jan paran tifi sa a te reyaji ? “ Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa. ” ​(Mak 5:42). Lè Wayòm nan ap dirije tè a, Wa a ki nan syèl la, Jezi Kris, pral resisite yon kantite moun nou pa ka konte e l ap ba yo lavi sou tè a kote lapè ak jistis pral blayi (Travay 24:15 ; 2 Pyè 3:13). Imajine kantite kè kontan ki pral genyen lè moun ki te mouri yo resisite e yo rankontre moun pa yo !

Claudete, dam ki te pèdi pitit gason l yo rele Renato a nan aksidan avyon an, mete yon foto pitit gason l lan sou frijidè l. Souvan, li gade foto a e li di : ‘ N ap wè ankò, lè rezirèksyon an. ’ Leonardo li menm imajine papa l ki pral retounen viv ankò nan monn nouvo Bondye a. Wi, esperans rezirèksyon an se yon vrè sous konsolasyon pou yo e pou yon pakèt lòt moun ki gen moun pa yo ki mouri. Li kapab ba w konsolasyon tou !

[Nòt anba paj]

a Pou w egzamine ki jan ou kapab ede pitit ou sipòte lapenn li genyen lè nou gen yon moun pa nou ki mouri, gade atik “ Ede pitit ou sipòte lapenn li genyen ” ki nan paj 18-20 nan peryodik sa a.

b Pou w jwenn plis enfòmasyon sou esperans rezirèksyon Labib bay la, gade chapit 7 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

[Kare/Foto nan paj 7]

“ Bondye tout konsolasyon an ”

“ Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Seyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an [“ Bondye tout konsolasyon an ”, NW]. ” — 2 Korentyen 1:3.

Vèsè biblik sa a montre nou Bondye anmezi pou l ede sèvitè fidèl li yo andire nenpòt pwoblèm oswa nenpòt difikilte yo ka rankontre. Jewova ka sèvi ak yon zanmi oswa yon moun pa nou ki gen menm kwayans avèk nou pou l ban nou konsolasyon.

Leonardo te pèdi papa l. Li sonje yon eksperyans ki te ba l fòs e ki te konsole l. Li te fèk rive lakay li, men lè l te sonje pa t gen moun nan kay la, li te pran kriye san rete. Li t ale sou yon plas ki toupre a, li chita sou yon ban epi li kontinye kriye. Pandan l ap kriye a, li sipliye Bondye pou l ede l. Menm moman an, yon machin vin kanpe toupre l la. Lè Leonardo gade li wè moun k ap kondui l la se yon frè, yon kretyen parèy li. Frè a t ap fè livrezon machandiz, men li te pran yon move wout. E prezans li sèlman te kont pou konsole Leonardo.

Yon fwa, te gen yon mesye ki te pèdi madanm li ki te santi l poukont li e ki te santi l deprime anpil. Li pa t ka sispann kriye paske tout bagay te parèt sonm anpil pou li. Li te sipliye Bondye pou l mande èd li. Li potko menm fin priye, telefòn nan te sonnen. Se yon pitit pitit fi l ki te rele l. Men sa l sonje : “ Nou te fè yon ti konvèsasyon tou kout, e sa te sifi pou reban m kouraj. Mwen te santi apèl li a se te repons priyè mwen te fè pou m mande Bondye èd li. ”

[Kare nan paj 9]

Yo konsole lòt moun

“ [Bondye] ankouraje [“ konsole ”, NW] nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n’a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an. ” — 2 Korentyen 1:4.

Gen anpil vrè kretyen ki wè reyalizasyon pawòl sa yo pèsonèlman. Yo te jwenn konsolasyon ki te ede yo sipòte lapenn yo te genyen lè yo te gen yon moun pa yo ki mouri. Sa te fè yo vin anmezi pou yo bay lòt moun ankourajman e pou yo konsole yo.

Annou pran egzanp Claudete. Li toujou vizite lòt moun pou l pataje kwayans li ki baze sou Labib ak yo. Anvan l te pèdi pitit gason l lan, li te konn al vizite yon dam ki te gen yon pitit gason l ki te mouri akoz pitit gason sa a te fè lesemi, yon fòm kansè nan san. Dam nan te apresye vizit yo, men, li te santi Claudete pa t ap janm ka byen konprann lapenn li te santi an. Sepandan, yon ti tan apre pitit gason Claudete la te mouri, dam sa a t al vizite Claudete e li te di l li vin wè si l toujou gen lafwa nan Bondye. Li te sezi wè lafwa Claudete te rete djanm toujou. Sa te fè l aksepte Claudete fè yon etid biblik avè l regilyèman. Li te jwenn anpil konsolasyon nan Pawòl Bondye a.

Apre Leonardo te fin pèdi papa l, li te deside aprann lang siy yon fason pou l te ka pataje mesaj rekonfòtan ki gen nan Bib la avèk moun ki soud. Li te santi efò l fè pou l ede moun ki soud yo fè l jwenn anpil byenfè. Men sa l di : “ Youn nan bagay ki ede m andire lapenn mwen te genyen an, se dezi mwen genyen pou m ede moun ki soud yo aprann konnen Bondye. Mwen pase anpil tan ap ede yo e mwen depanse anpil enèji pou m fè sa. Lè m te wè premye moun mwen te etidye avè l la t ap batize, sa te fè lajwa pran plas tristès mwen te genyen an ! Anfèt, depi apre lanmò papa m, se premye fwa mwen te santi kè m kontan konsa. ” — Travay 20:35.

[Foto nan paj 5]

Lè w pale de sa w santi, sa kapab soulaje w.

[Foto nan paj 6]

Lè w li sa Labib di konsènan esperans rezirèksyon an, sa kapab yon vrè sous konsolasyon pou ou.

[Foto nan paj 6]

Ou kapab eksprime lapenn ou, lè w ekri sa w santi, e sa kapab ede w.

[Foto nan paj 8, 9]

Jezi te pwomèt moun ki gen lafwa nan li yo ap resisite.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje