“ Pa janm bliye predikasyon kay an kay la ”
Dapre Jacob Neufeld
“ Kèlkeswa sa k rive, pa janm bliye predikasyon kay an kay la. ” Pawòl sa yo te nan lespri m pandan anviwon senk kilomèt mwen te fè ap mache pou m rive nan vilaj ki te pi pre m nan. Lè m rive, mwen pa t gen kouraj pou m al nan premye pòt la pou m preche. Kòm sa te difisil pou mwen, m t al nan yon rak bwa e m te priye Bondye ak tout fòs mwen pou l ban m kouraj pou m preche. Finalman, mwen te santi m gen fòs pou m tounen nan premye pòt la pou m fè prezantasyon m nan.
KI SA ki te mennen m nan dezè sa a nan Paragwe, nan vilaj kote m t ap eseye preche poukont mwen an ? Kite m rakonte nou istwa a depi nan kòmansman. Mwen fèt an novanm 1923 nan yon kominote menonit alman, nan yon vilaj ki rele Kronstal, ann Ikrèn. Nan fen ane 1700 yo, Menonit yo te kite Almay pou y al ann Ikrèn. Yo te gen anpil dwa, tankou libète pou yo adore (men yo pa t ka preche moun lòt relijyon), posiblite pou yo fè pwòp règ pa yo anndan kominote a, e yo pa t oblije fè sèvis militè.
Lè pati kominis la te pran pouvwa a, yo te pèdi tout avantaj sa yo. Nan fen ane 1920 yo, yo te pran plizyè gwo pwopriyete kote menonit yo t ap fè agrikilti ak elvaj e yo te mete yo anba kontwòl leta. Toutotan yon moun pa t kowopere avèk leta, yo pa t ba l manje. Yo te trete tout moun k ap fè rezistans avèk britalite. Pandan ane 1930 yo, KGB a (Komite sekirite pou Leta sovyetik) te arete anpil gason e se jeneralman nan nuit li te fè sa. Yo te tèlman arete moun, nan anpil vilaj, se kèk grenn gason ki te rete. Se konsa, an 1938, lè m te gen 14 an, yo te arete papa m e mwen pa t janm wè l ankò, ni mwen pa t janm tande pale de li ankò. Dezan apre, yo te arete gran frè m nan tou.
Ozanviwon ane 1941, twoup Hitler yo te okipe Ikrèn. Nou te libere anba rejim kominis la. Men, te gen uit fanmi juif ki t ap viv nan vilaj nou an ki te disparèt toudenkou. Tout eksperyans sa yo te kite anpil kesyon nan lespri m. Poukisa bagay sa yo te rive ?
Lefètke m te onèt, sa te sove lavi m
An 1943, twoup alman yo te kite Ikrèn, men yo te ale ak pifò fanmi alman yo, san wete rès fanmi pa m, pou y al bay koutmen nan lagè a. Lè sa a, yo te gentan anwole m nan lame alman an, nan kò yo rele SS la (Schutzstaffel, kò elit Hitler te fòme a), e yo te gentan voye m Woumani. Gen yon bagay tou senp ki te pase nan moman sa a ki te gen yon gwo enfliyans sou lavi m.
Kapitèn ki te responsab gwoup sòlda mwen te ladan l lan te vle wè si m onèt. Li mande m pote inifòm li nan dray pou li, men, li te mete yon ti kòb nan youn nan pòch yo. Mwen te jwenn kòb la. Lè m pote l ba li, li di m li pa t kite anyen nan pòch inifòm nan. Mwen te ensiste, mwen te di l kòb la se nan pòch inifòm nan li soti. Yon ti tan apre sa, li te pran m pou m ede l nan travay li. Mwen te responsab tout papye. Se mwen tou ki te dwe met sòlda yo nan pòs yo e ki te responsab kòb gwoup la.
Yon jou swa, lame ris la te pran tout gwoup mwen te ladan l lan, sof mwen ; mwen pa t avèk yo paske mwen t ap fè kèk travay pou kapitèn nan. Dapre sa m konnen, mwen se sèl moun yo pa t pran. Se Paske mwen te onèt ki fè yo te ban m fè travay espesyal sa a. Si se pa t sa, yo t ap pran m tou.
Se konsa, an 1944, mwen te jwenn pèmisyon pou m kanpe sou sèvis mwen nan lame alman an jiska nouvèl òd. Mwen te tounen lakay mwen al vizite manman m. Pandan m t ap tann yon lòt asiyasyon, mwen te vin aprann mason, e pi devan fòmasyon sa a te itil mwen. Ann avril 1945, kèk twoup ameriken te okipe vilaj nou an ki te toupre Magdeburg. Yon mwa apre, lagè a te fini ofisyèlman. Nou te vivan. Nou te gen yon bèl avni devan nou.
Yon jou nan mwa jen, nou te tande moun ki te gen responsablite pou bay anons nan vil la ki t ap bay anons sa a : “ Twoup ameriken yo ale yè swa, e twoup ris yo ap rive jodi a a 11 è dimaten. ” Lè nou tande sa, kè nou ale paske nou te rann nou kont nou te tonbe anba kontwòl kominis yo ankò. Menm kote a, mwen menm ak yon kouzen m te kòmanse fè plan pou nou sove. Nan mitan sezon ete a, nou te travèse al nan zòn ki anba kontwòl ameriken yo. Apre sa, an novanm, nou te pran gwo risk e nou te jwenn anpil difikilte pou nou tounen nan zòn ris la. Nou t al chèche fanmi nou e nou te fè yo janbe fwontyè a an sekrè.
“ Koute avèk anpil atansyon epi fè konparezon ”
Nou t al viv nan ansyen Almay de lwès la. Avèk letan, mwen te vin renmen Labib. Ledimanch, mwen te konn al nan yon rak bwa pou m li Labib, men, sa m t ap li yo te parèt etranj anpil pou mwen, yo te parèt bagay ki te pase lontan. Anmenmtan tou, mwen te konn al nan kou katechis pou m te ka batize kòm menonit. Nan liv katechis la, mwen te sezi wè yo di : “ Papa a se Bondye, Pitit la se Bondye, e Lespri sen an se Bondye. ” Apre sa yo te poze kesyon sa a : “ Èske yo se twa Bondye ? ” Men repons yo te mete anba kesyon an : “ Non, yo twa a se youn. ” Mwen te mande responsab legliz la kòman sa fè posib. Men sa l te di m : “ Jenòm, yon moun pa ta dwe reflechi twòp sou sa ; gen moun ki pèdi tèt yo afòs yo reflechi sou sa. ” Menm lè a, mwen te deside pa batize ankò.
Kèk jou apre sa, mwen t ap koute yon moun ki t ap pale ak yon kouzin mwen. Nan koute sa yo t ap di a, mwen te antre nan konvèsasyon an e mwen te poze kèk kesyon. Lè sa a mwen pa t konnen si moun sa a se te Erich Nikolaïzig, yon moun ki te soti vivan nan kan konsantrasyon Wewelsburg la. Li te mande m si m ta renmen konprann Labib. Lè m reponn li wi, li te ban m asirans li t ap pwouve m tout sa li t ap anseye m yo nan pwòp bib pa m.
Apre kèk vizit sèlman, Erich te envite m nan yon asanble Temwen Jewova yo. Mwen panse se te premye asanble yo te òganize apre gè a. Mwen te enpresyone anpil e mwen te ekri tout vèsè oratè yo te li oswa yo te site. Yon ti tan apre, mwen te vin konprann sa Labib anseye yo mete kèk responsablite sou do yon moun, e sa te fè m deside kanpe etid la. Li te difisil pou mwen tou pou m konprann se yon sèl vrè relijyon ki genyen. Lè Erich te wè mwen te detèmine pou m retounen nan ansyen legliz mwen an, li te ban m yon konsèy, li te di m : “ Koute avèk anpil atansyon epi fè konparezon. ”
Mwen te vizite pastè legliz mwen yo de fwa sèlman, e sa te sifi pou m te rann mwen kont nonsèlman yo pa t konn sa yo t ap di a, men tou yo pa t gen laverite. Mwen te ekri kèk manm klèje a e mwen te poze yo kesyon sou Labib. Men sa youn te reponn mwen : “ Ou pa gen dwa etidye Labib paske ou pa fèt yon dezyèm fwa. ”
Mwen te renmen ak yon jèn fi ki te oblije m fè yon chwa difisil. Li te manm yon gwoup menonit ki kwè yo te fèt yon dezyèm fwa. Akoz presyon fanmi l ki te rayi Temwen Jewova yo te fè sou li, li te fè m konnen si m pa bliye relijyon sa a, l ap kraze renmen an avè m. Antretan, laverite te vin tèlman klè nan lespri m, mwen te konnen sèl bon chwa mwen te ka fè se kraze renmen an.
Yon ti tan apre, Erich te rekòmanse vizite m. Li te di m yo te pwograme yon batèm pou semèn apre a e li te mande m si m ta renmen batize. Mwen te gentan konprann Temwen Jewova yo anseye laverite e mwen te vle sèvi Jewova Dye. Se sa k fè mwen te aksepte envitasyon l te fè m nan e mwen te batize an me 1948 nan yon gwo gwo benywa.
Tousuit apre batèm mwen, fanmi m te deside al viv Paragwe, ann Amerik disid, e manman m te mande m pou m ale tou. Mwen te yon jan renka paske mwen te bezwen etidye Labib plis e mwen te bezwen plis fòmasyon. Mwen te rankontre August Peters pandan m t ap vizite filyal Temwen Jewova yo nan Wiesbaden. Li te fè m sonje responsablite mwen genyen pou m pran swen fanmi m. Li te ban m yon konsèy tou, li te di m : “ Kèlkeswa sa k rive, pa janm bliye predikasyon kay an kay la. Si w bliye l, w ap vin menm jan ak manm relijyon lakretyente yo. ” Jis kounye a, mwen konprann enpòtans konsèy sa a ak enpòtans pou moun preche “ kay an kay ” oswa pòt an pòt. — Travay 20:20, 21.
Yon “ fo pwofèt ” nan Paragwe
Yon ti tan apre m te fin rankontre August Peters, mwen menm ak fanmi m te pran bato pou n al Amerik disid. Finalman, nou te twouve nou nan yon zòn nan Paragwe ki rele Gran Chaco, toujou nan yon kominote menonit. De semèn apre nou fin rive, mwen te fè eksperyans difisil mwen te rakonte nan kòmansman an nan vilaj ki te toupre vilaj pa nou an. Byen vit pawòl la te gaye kòmkwa te gen yon “ fo pwofèt ” pami moun ki te fèk vini yo.
Nan moman sa a, fòmasyon mwen te genyen kòm mason an te vin itil. Chak fanmi ki te fèk rive te bezwen yon kay. Kay yo te fèt an brik e yo te kouvri ak pay. Pandan sis mwa ki te vin apre yo, mwen te gen anpil travay e sa te ban m anpil posiblite pou m preche moun yo. Moun yo te byen janti avèk mwen, men, yonfwa m te fin fè mi kay yo, yo te kontan wè m al fè wout mwen.
Antretan, te gen lòt bato ki te vini ak lòt refijye menonit ki te sot ann Almay. Pami yo, te gen yon jèn fi ki te rele Katerina Schellenberg ki te rankontre Temwen yo an brèf kèk fwa e ki te gentan rekonèt, prèske tousuit, sa yo t ap di yo se laverite. Malgre li potko batize, pandan l te sou bato a, li te idantifye tèt li kòm Temwen Jewova. Poutèt sa, yo te pouse do l pou l pa t fè pati kominote menonit alman sa a ankò. Yo te kite l poukont li Asunción, kapital peyi Paragwe. Li te jwenn yon travay kòm sèvant, li te aprann espayòl, li te chèche Temwen yo e li te batize. Ann oktòb 1950, jèn fi sa a ki gen anpil kran te vin madanm mwen. Li te yon gwo sipò ak yon èd pou mwen nan tout sa ki te rive nou ofiramezi ane yo t ap pase.
Nan yon tikras tan, mwen te ekonomize ase kòb pou m achte yon charyo ak de cheval. Mwen te konn sèvi avèk yo nan travay predikasyon an, paske mwen pa t janm bliye konsèy frè Peters te ban mwen an. Pandan tan sa a, ti sè m nan ki te vin Temwen tou, te vin jwenn nou. Souvan, nou te konn leve a katrè dimaten pou n al preche. Lè konsa nou pase katrèdtan nan wout, nou preche pandan de a twazèdtan e apre sa nou retounen lakay nou.
Nan piblikasyon nou yo, mwen te aprann frè yo konn fè diskou piblik nan kongregasyon yo, se sa k fè mwen te fè youn tou. Mwen pa t janm ale nan yon reyinyon kongregasyon an ann Almay, donk, mwen te devine ki jan pou diskou piblik la fèt e mwen te pale konsènan Wayòm Bondye a. Te gen uit moun ki te asiste reyinyon sa a. Pastè nan legliz menonit yo te wè se te twòp atò. Yo te òganize yon kanpay pou ranmase depi se piblikasyon nou te bay moun yo e yo te di yo pou yo pa janm salye nou.
Apre sa, yo te rele m nan biwo administrasyon kominote a, e administratè a ansanm ak de pastè ki te soti Kanada ki te vin vizite te poze m kesyon pandan plizyè èdtan. Finalman, youn nan yo di m konsa : “ Jenòm, ou mèt kwè sa w vle, men, pwomèt nou ou pap pale ak pèsonn de kwayans ou yo. ” Mwen pa t ka fè yon pwomès konsa. Donk, yo te mande m kite kominote a paske yo pa t vle yon “ fo pwofèt ” rete nan mitan “ frè fidèl ” yo. Lè m te refize, yo te ofri m pou yo peye transpò pou mwen ak tout fanmi m nèt. Mwen te kanpe sou pozisyon m e mwen te refize ale.
Nan peryòd ete 1953, mwen te ale nan yon asanble nan Asunción. Mwen te pale ak Nathan Knorr ki te soti nan syèj mondyal Temwen Jewova yo nan Bwouklin, Nouyòk. Li te konseye m pou m al viv nan kapital la pou m te ka preche ak ti gwoup misyonè ki te asiyen nan vil sa a, etandone mwen pa t jwenn gwo rezilta nan predikasyon mwen t ap fè nan kominote menonit la.
Mwen bay Wayòm nan premye plas nan lavi m
Nan epòk sa a, te gen anviwon 35 Temwen sèlman nan tout Paragwe. Mwen te pale ak madanm mwen, e malgre li pa t twò chofe pou l bwote al viv nan yon gwo vil, li te dispoze rekòmanse lavi l yon lòt kote. An 1954, mwen menm ak Katerina te bati yon kay an brik. Se nou de a sèlman ki te konstwi kay la e nou te fè sa nan tan lib nou. Nou pa t janm rate okenn reyinyon e nou te toujou pale ak lòt moun konsènan Labib nan wikenn yo.
Youn nan asiyasyon m te genyen, se te pou m akonpaye siveyan sikonskripsyon an, yon minis k ap vwayaje, pou m sèvi l entèprèt pandan l ap vizite kèk nan kominote ki pale alman yo nan peyi Paragwe. Kòm mwen pa t fò nan espayòl, premye fwa mwen te entèprete yon diskou espayòl ann alman, sa te difisil anpil pou mwen. Petèt se asiyasyon ki pi difisil mwen te resevwa.
Akoz sante madanm mwen, an 1957, nou t al viv Kanada. Apre sa, an 1963, nou kite Kanada pou n al Ozetazini. Men, kèlkeswa kote nou ye, nou toujou fè efò pou nou mete enterè Wayòm nan an premye nan lavi nou (Matye 6:33). Mwen gen anpil rekonesans pou Jewova Dye paske l te ban m opòtinite pou m aprann verite ki nan Pawòl li a, Labib, pandan m te jèn. Fòmasyon espirityèl mwen te resevwa a te ede m anpil pandan tout vi m !
Se yon gwo onè pou mwen pou m ede lòt moun aprann konnen bèl verite ki nan Bib la ki rekonfòte m anpil. Men, sa k plis fè kè m kontan an, se lefètke pitit mwen yo ak pitit pitit mwen yo benefisye fòmasyon nan Bib la depi lè yo toupiti. Yo tout ap suiv konsèy frè Peters te ban m nan, sa gen lontan, lè l te di m : “ Kèlkeswa sa k rive, pa janm bliye predikasyon kay an kay la. ”
[Antrefilè nan paj 22]
Sa k plis fè kè m kontan an, se lefètke pitit mwen yo ak pitit pitit mwen yo benefisye fòmasyon nan Bib la depi lè yo toupiti.
[Foto nan paj 20, 21]
Mwen menm ak Katerina an 1950, yon ti tan anvan nou marye.
[Foto nan paj 21]
Nou menm ansanm ak premye pitit nou an, nan kay nou an nan peyi Paragwe, an 1952.
[Foto nan paj 23]
Mwen menm ansanm ak tout fanmi m jodi a.
[Liy kredi]
Se Keith Trammel ki fè foto a © 2000
[Liy kredi pou foto nan paj 19]
Se Keith Trammel ki fè foto a © 2000