BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w08 1/10 p. 11-12
  • Kiyès ki kapab konnen lavni ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kiyès ki kapab konnen lavni ?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Èske gen moun ki ka predi lavni?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Pwofesi yo te anonse sou Mesi a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Labib: yon liv Bondye ban nou
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
w08 1/10 p. 11-12

Kiyès ki kapab konnen lavni ?

“ Se mwen menm sèl ki Bondye. [...] Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki ta pral rive. ” — Izayi (Ezayi) 46:9, 10.

NAN tan n ap viv la, yon tan ki enstab anpil, moun k ap fè analiz nan domèn politik, nan domèn ekonomik ak nan domèn sosyal yo etidye listwa e yo etidye tandans ki gen nan monn nan jodi a, yon fason pou yo eseye konnen sa k pral pase alavni. Gen lòt moun ki tèlman bezwen konnen sa lavni sere pou yo k al chèche repons nan astwoloji oswa nan espiritis. Byen souvan, moun sa yo pa jwenn rezilta ki satisfè yo. Èske li enposib toutbonvre pou nou konnen sa demen sere pou monn sa a, pou fanmi nou e pou nou menm pèsonèlman ? Anfennkont, èske gen moun ki ka vrèman konnen sa k pral pase alavni ?

Jewova, Bondye Toupisan an, te di pwofèt Izayi pawòl ki site pi wo a. Nan pawòl sa yo, li montre kapasite li genyen pou l anonse sa k pral pase alavni. Pa mwayen Izayi, Bondye te anonse li t apral libere Izrayelit tan lontan yo nan kaptivite nan Babilòn e li te anonse yo t ap retounen pou yo rebati Jerizalèm ak tanp li a. Èske pwofesi sa a te reyalize jan yo te anonse l la ? Anviwon 200 an alavans, Izayi te bay avèk presizyon non moun ki t apral pran Babilòn nan, anpalan de Siris. Anplis, Izayi te byen dekri estrateji Siris t apral itilize pou l fè sa. Li te di li t apral detounen flèv Efrat la ki te pwoteje vil la. Li te menm anonse lè Siris rive nan vil la, li t ap jwenn yo kite kokenn pòt ki gen de batan yo ouvri pa neglijans, sa ki t ap pèmèt Siris pote laviktwa byen fasil. — Izayi 44:24–45:7.

Bondye gen pouvwa pou l wè sa k pral rive alavni, men lòm pa gen pouvwa sa a. Men sa wa Salomon, yon wa ki te saj te ekri : “ Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen. ” ​(Pwovèb 27:1). Jis kounye a, sa l te di a se verite. Pa gen okenn imen ki ka konnen menm pwòp avni pa l. Men, ki sa k fè Bondye kapab anonse lavni ? Se paske li konnen tout bagay li kreye yo byen, sa gen ladan l lanati ak tandans lòm genyen. Lè Jewova vle, li kapab konnen egzakteman ki jan moun yo pral aji oubyen fason nasyon yo pral aji. Anplis, li gen yon kapasite san limit pou l fè bagay yo reyalize jan l vle. Lè li anonse, pa mwayen pwofèt li yo, gen yon bagay ki pral rive, li fè l rive vre. Se sa k fè l di : ‘ Lè sèvitè m’ pale, lè mesaje m’ yo bay yon pawòl, mwen fè l’ rive vre. ’ ​(Izayi 44:26). Se sèl Jewova Dye ki ka di yon bagay konsa an tout verite !

Byenke Izayi te viv plis pase 700 an anvan Jezi, Mesi a, li te anonse yon seri pwofesi konsènan lè Mesi a ta vini. Sepandan, apati 18yèm syèk la, moun k ap kritike Bib la te pretann liv Izayi a pa veridik. Yo te pretann pwofesi Izayi yo pa t ekri alavans toutbon, men se apre evènman yo te fin rive yo te ekri yo. Èske se vre ? An 1947, yo te dekouvri yon kopi liv Izayi a ansanm ak yon seri lòt woulo nan yon gwòt ki toupre lanmè Mòt. Moun ki gen konesans nan domèn akeyoloji ak nan istwa Izrayèl tan lontan an te fè konnen kopi sa a te fèt plis pase santan anvan nesans Mesi a oswa Kris yo te anonse ki t ap vini an. Pa gen dout nan sa, se alavans Labib te anonse bagay ki t apral rive yo !

Izayi ak lòt moun ki te patisipe nan ekri Bib la pa t ap ka anonse evènman ki te gen pou rive alavni grasa pwòp konesans pa yo. Men, “ se Sentespri ki te pouse yo lè yo t’ap bay mesaj ki soti nan Bondye ”. (2 Pyè 1:21.) Nan atik ki vin apre yo, nou pral mete aksan sou kèk bagay ki te rive nan lavi Jezi Izayi te anonse. Apre sa, nou pral konsidere yon seri evènman Jezi ak disip li yo te anonse pou epòk pa nou an e pou epòk k ap vini yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje