BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w09 1/4 p. 5
  • Èske Bondye se yon moun toutbon?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Bondye se yon moun toutbon?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Èske Bondye toupatou?
    Repons Bib la bay
  • Èske se yon sèl kote Bondye abite?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Èske Bondye ap viv yon kote byen presi?
    Repons Bib la bay
  • Laverite sou Bondye ak Kris
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
w09 1/4 p. 5

Èske Bondye se yon moun toutbon?

Repons moun yo konn bay:

◼ “Li tout kote nèt, li nan tout bagay. Li menm jan ak van an.”

◼ “Li se yon fòs ki entèlijan, men li pa gen yon fòm e li pa yon moun toutbon.”

Ki sa Jezi te di?

◼ “Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete.” ​(Jan 14:2). Jezi te pale de Bondye kòm yon moun ki gen yon kay senbolik, yon kote li rete.

◼ “Mwen soti nan Papa a, mwen vin sou latè. Kounyeya, m’ap wete kò m sou latè a, mwen pral jwenn Papa a.” ​(Jan 16:28). Jezi te kwè Bondye se yon moun toutbon ki rete yon kote fiks.

JEZI pa t janm pale de Bondye kòm yon fòs ki pa gen okenn fòm e ki pa yon moun toutbon. Okontrè, li te konn pale ak Bondye e li te konn priye l. Souvan, li te konn rele Jewova Papa l. Sa te montre jan l te gen yon relasyon sere sere ak Bondye. —Jan 8:19, 38, 54.

An reyalite, “pèsonn pa janm wè Bondye”, e “Bondye, se Lespri li ye”. (Jan 1:18; 4:24.) Men, sa pa vle di li pa gen yon kò. Men sa Labib di nou: “Si gen yon kò lachè, gen yon kò espirityèl tou.” ​(1 Korentyen 15:44, NW). Donk, èske Jewova gen yon kò espirityèl?

Wi. Apre Jezi te fin resisite, li te “antre nan syèl la menm, kote li kanpe kounyeya devan Bondye pou nou”. (Ebre 9:24.) Sa aprann nou de bagay enpòtan sou Bondye. Premyèman, gen yon kote li rete. Dezyèmman, li se yon moun toutbon, li pa tou senpleman yon fòs ki tout kote.

Kidonk, ki jan Bondye kapab sèvi ak fòs li pou l kontwole bagay k ap fèt tout kote? Bondye kapab voye lespri sen l, ki se fòs aktif li, nenpòt kote nan linivè. Menm jan yon papa kapab lonje men l pou l ankouraje pitit li e pou l soutni l, se konsa tou Bondye kapab sèvi ak lespri sen l pou l akonpli tout sa l vle. —Sòm 104:30; 139:7.

Piske Bondye se yon moun toutbon, li gen yon pèsonalite, li gen bagay li renmen e li gen bagay li pa renmen. Li gen santiman tou. Labib di nou li renmen sèvitè l yo, li kontan pou travay li fè, li rayi idolatri e sa fè l mal lè l wè mechanste k ap fèt yo (Jenèz 6:6; Detewonòm 16:22; 1 Wa 10:9; Sòm 104:31). Nan 1 Timote 1:11, yo rele l “Bondye ki gen kè kontan an” ​(NW). Se sa k fè li nòmal pou Jezi di nou pou nou renmen Bondye ak tout kè nou. —Mak 12:30a.

[Nòt anba paj]

a Pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou pwen sa a, gade chapit 1 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Antrefilè nan paj 5]

Menm jan yon papa kapab lonje men l pou l ankouraje pitit li e pou soutni l, se konsa tou Bondye sèvi ak lespri sen l pou l akonpli tout sa l vle.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje