Lanmou Kris genyen an pouse nou renmen lòt moun
“[Jezi] pa t manke renmen moun pa l yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo nèt ale.”—JAN 13:1.
1, 2. a) Ki sa ki estrawòdinè nan fason Jezi te demontre li gen lanmou? b) Ki aspè nou pral egzamine anrapò ak lanmou nan atik sa a?
NAN domèn lanmou, Jezi kite yon egzanp pafè pou nou. Tout bagay li te fè, tankou fason li te pale ak fason li te konpòte l , ansèyman li te bay ak lavi l li te bay kòm sakrifis la demontre lanmou li genyen pou nou. Jiskaske Jezi te mouri sou tè a, li te montre li renmen moun li te rankontre yo, sitou moun ki te disip li yo.
2 Nan domèn lanmou, Jezi te kite yon egzanp estrawòdinè, e moun k ap suiv li yo bezwen fè anpil efò pou yo suiv egzanp li nan domèn sa a. Anplis, egzanp sa a ankouraje nou pou nou montre nou gen yon lanmou konsa pou frè ak sè nou yo nan domèn espirityèl e pou tout lòt moun. Nan atik sa a, nou pral egzamine sa ansyen nan kongregasyon an ka aprann nan men Jezi konsènan fason pou yo demontre lanmou pou moun ki fè fot, menm lè fot yo fè a grav. Nou pral egzamine tou ki jan lanmou Jezi te montre li genyen an pouse kretyen yo pou yo ede frè ak sè yo nan moman difisil, lè gen dezas ak lè yo malad.
3. Malgre Pyè te gen gwo defo, ki jan Jezi te aji avè l?
3 Lannuit anvan Jezi te mouri a, Pyè, youn nan apot li yo, te nye l twa fwa (Mak 14:66-72). Men, yonfwa Pyè te repanti, Jezi te konfye l kèk gwo responsablite (Lik 22:32; Tra. 2:14; 8:14-17; 10:44, 45). Ki sa nou aprann nan atitid Jezi te montre anvè moun ki te montre yo gen gwo defo?
Montre w gen menm mantalite ak Kris anvè moun ki peche yo
4. Ki sitiyasyon ki vrèman mande pou ansyen yo montre yo gen menm mentalite ak Kris?
4 Gen anpil sitiyasyon kote nou bezwen demontre nou gen menm mantalite ak Kris. Youn ladan yo ki kapab fè nou vrèman soufri se lè yon moun fè yon peche grav, kit se yon manm fanmi nou, kit se yon moun nan kongregasyon an. Malerezman, tank fen sistèm Satan an ap vin pi pre, se tank lespri monn nan fè moun nan monn nan vin pi kòwonpi nan domèn moralite. Konduit imoral yo genyen an kapab detenn ni sou jèn ni sou granmoun, yon fason pou l febli detèminasyon yo te pran pou yo mache nan wout ki jennen an. Nan premye syèk la, gen kèk moun yo te oblije eskominye nan kongregasyon kretyen an e gen lòt yo te oblije reprimande. Sa rive jodi a tou (1 Kor. 5:11-13; 1 Tim. 5:20). Sepandan, lè ansyen k ap trete jan de ka sa yo montre yo gen lanmou menm jan ak Kris, sa kapab gen yon gwo efè sou moun ki peche yo.
5. Ki sa ansyen yo dwe fè pou yo gen menm mantalite ak Kris anvè moun ki peche yo?
5 Menm jan ak Jezi, ansyen yo dwe soutni prensip jis Jewova yo nan tout sitiyasyon. Lè yo fè sa, yo imite Jewova nan domèn dousè, bonte ak lanmou. Lè yon moun vrèman repanti, li gen ‘yon kè ki brize’ ak ‘yon lespri ki kraze’ akoz peche li fè, li pa difisil pou ansyen yo mete l ‘nan bon chemen avèk dousè’. (Sòm 34:18, NW; Gal. 6:1.) Men, ki jan yo ta dwe trete yon moun ki rebèl e ki pa vrèman montre li regrèt sa l fè a oswa ki pa montre li gen regrè ditou?
6. Ki sa ansyen yo pa dwe fè lè y ap jije ka moun ki peche, e poukisa yo pa dwe fè sa?
6 Lè yon moun ki peche rejte konsèy yo ba li ki soti nan Bib la oswa li eseye bay lòt moun responsab peche l, ansyen yo ak lòt moun ankò ka fache. Piske yo konnen ki kantite mal aksyon moun sa a deja lakoz, yo ka anvi eksprime santiman yo parapò ak aksyon moun sa a komèt la e parapò ak etadespri l. Sepandan, si yo reyaji avèk kòlè, sa ap bay pwoblèm e sa pap reflete “panse Kris”. (1 Kor. 2:16, NW; li Jak 1:19, 20.) Jezi te bay kèk moun nan epòk li a avètisman ki te byen klè, men li pa t janm di yo bagay ki te ka fè yo panse li rayi yo oswa nan entansyon pou l blese yo (1 Pyè 2:23). Okontrè, ni nan pawòl li, ni nan aksyon li, li te montre moun ki te peche yo te kapab repanti e yo te kapab rejwenn favè Jewova. Anfèt, youn nan rezon prensipal ki fè Jezi te vin nan monn nan se “pou delivre moun k’ap fè peche”. —1 Tim. 1:15.
7, 8. Ki sa ki ta dwe gide ansyen yo lè y ap trete ka moun ki devan komite disiplin relijye?
7 Ki enfliyans egzanp Jezi bay nan domèn sa a ta dwe genyen sou atitid nou anvè moun ki merite resevwa disiplin nan kongregasyon an? Sonje sa, dispozisyon yo pran selon Ekriti yo pou yon moun resevwa disiplin devan yon komite disiplin relijye nan kongregasyon an se yon dispozisyon ki la pou pwoteje twoupo a e ki ka pouse yon moun ki peche repanti (2 Kor. 2:6-8). Li tris lè nou wè gen moun ki pa repanti e yo oblije eskominye yo, men li ankourajan tou pou nou konnen annapre anpil ladan yo retounen vin jwenn Jewova e yo retounen nan kongregasyon l lan. Lè ansyen yo demontre yo gen menm mantalite ak Kris, yo fè l pi fasil pou moun ki peche yo repanti, e finalman, pou yo retounen. Alavni, nan moun ki te peche yo, genyen ki gendwa pa fin sonje tout konsèy biblik ansyen yo te ba yo, men se sèten y ap sonje jan ansyen yo te montre yo respekte diyite yo e jan yo te trete yo avèk amou.
8 Se poutèt sa ansyen yo dwe demontre “fwi Lespri a”. Avantou, yo dwe demontre yo gen lanmou menm jan ak Kris, menm lè moun ki peche a pa vle kowopere avèk yo (Gal. 5:22, 23, Bib Kreyòl La). Yo pa ta dwe janm twò prese pou yo mete yon moun ki peche deyò nan kongregasyon an. Yo dwe montre, nan atitid yo, yo ta renmen moun ki peche a retounen vin jwenn Jewova. Se sa k fè lè yon moun ki te peche repanti annapre, tankou anpil moun fè sa, petèt l ap vin gen anpil rekonesans pou Jewova e pou “gason kòm kado” yo ki te fè l pi fasil pou l retounen nan kongregasyon an. —Efe. 4:8, 11, 12, NW.
Montre w gen lanmou menm jan ak Kris nan tan lafen an
9. Bay yon egzanp kote Jezi te montre lanmou li pou disip li yo yon fason pratik.
9 Lik rapòte yon bèl egzanp kote Jezi te montre lanmou li yon fason pratik. Jezi te konnen, avèk letan, sòlda women yo t ap antoure vil Jerizalèm, ki te kondane pou l detwi, e yo pa t ap kite pèsonn chape. Se sa k fè, avèk amou, li te bay disip li yo avètisman sa a: “Lè nou va wè lame ansèkle Jerizalèm, lè sa a, konnen lè a rive pou yo devaste Jerizalèm.” Ki sa l te di yo ta dwe fè? Li te di: “Lè sa a tou, se pou moun ki nan Jide sove al nan mòn yo; e se pou moun ki nan mitan Jerizalèm pati. E, moun ki nan jaden, se pa pou y al antre nan vil la. Paske, jou sa yo se va jou revanch, kote tout sa ki ekri yo ap akonpli.” (Lik 21:20-22, Bib Kreyòl La). Apre lame women an te fin ansèkle Jerizalèm nan ane 66 nan epòk nou an, moun ki te obeyisan yo te suiv enstriksyon sa yo.
10, 11. Lè nou reflechi sou lè premye kretyen yo te kouri kite Jerizalèm nan, ki jan sa prepare nou pou “gwo tribilasyon” an?
10 Lè kretyen yo t ap kouri kite Jerizalèm, yo te bezwen montre yo renmen youn lòt, menm jan Kris te montre li renmen yo. Pa gen dout, yo te dwe pataje sa yo te genyen youn ak lòt. Men, pwofesi Jezi te bay anrapò ak destriksyon vil Jerizalèm tan lontan an gen yon akonplisman ki ale pi lwen toujou. Men sa li te di: “Pral gen yon gwo tribilasyon, yon tribilasyon ki potko janm rive depi monn nan egziste pou jiska prezan, non, e ki pap janm rive ankò.” (Mat. 24:17, 18, 21, NW). Petèt ni anvan ni pandan “gwo tribilasyon” sa a ki gen pou vini an, nou menm tou n ap jwenn difikilte e nou pap jwenn sa nou bezwen. Si nou gen menm mantalite ak Kris, sa ap ede nou andire sitiyasyon sa yo.
11 Lè sa a, n ap bezwen suiv egzanp Kris, n ap bezwen demontre yon lanmou ki pa chèche enterè pa l. Nan sans sa a, men konsèy Pòl te bay: “Se pou nou chak fè pwochen nou plezi nan sa ki bon pou ankouraje l. Paske, menm Kris la pa t fè tèt li plezi. [...] Kounye a, mwen swete pou Bondye ki bay andirans ak konsolasyon an pèmèt nou gen menm mantalite Kris Jezi te genyen an nan mitan nou.” —Wom. 15:2, 3, 5, NW.
12. Ki kalite lanmou nou bezwen genyen nan tan n ap viv la, e poukisa?
12 Pyè, ki te benefisye lanmou Jezi, te ankouraje lòt kretyen yo tou pou yo kiltive “yon renmen sensè pou frè yo” e pou yo “obeyi verite a”. Kretyen yo dwe ‘renmen youn lòt ak tout kè yo e ak tout fòs yo’. (1 Pyè 1:22.) Nan tan n ap viv la, nou bezwen gen kalite Kris te genyen yo plis toujou paske tout moun k ap sèvi Bondye yo kontinye jwenn plis presyon chak jou. Pèsonn pa ta dwe mete konfyans li nan okenn pati nan monn nan, e sistèm ekonomik la ki vin tèt anba tou dènyèman montre sa byen klè. (Li 1 Jan 2:15-17.) Okontrè, tank lafen sistèm sa a ap pwoche, nou bezwen pwoche bò kote Jewova plis toujou e nou bezwen vin pi pwòch youn ak lòt lè nou kiltive bonjan amitye nan kongregasyon an. Pòl te bay konsèy sa a: “Se pou lanmou nou gen pou frè nou yo makònen ak afeksyon ki pwofon nou gen youn pou lòt. Pran devan nan onore youn lòt.” (Wom. 12:10, NW). Pyè te mete plis aksan sou pwen sa a toujou, li te di: “Anvan tout bagay, se pou nou youn renmen lòt san rete. Paske lamou kouvri yon bann peche.” —1 Pyè 4:8, Bib Kreyòl La.
13-15. Ki jan kèk frè te montre yo gen lanmou menm jan ak Kris apre kèk katastwòf te frape yon zòn?
13 Toupatou atravè lemonn, yo rekonèt Temwen Jewova yo kòm moun ki gen lanmou menm jan ak Kris e ki demontre sa nan aksyon yo. Annou konsidere fason Temwen yo te reyaji lè siklòn ak tanpèt te ravaje anpil zòn nan sid Etazini an 2005. Egzanp Jezi bay nan kesyon lanmou an te pouse yo aji. Te gen plis pase 20 000 frè ak sè ki te pote tèt yo volontè. Anpil ladan yo te kite bèl kay yo ak bon travay yo te genyen pou y al ede frè yo ki te nan pwoblèm.
14 Nan youn nan zòn yo, pandan tanpèt la, dlo lanmè a te avanse yon distans 80 kilomèt parapò ak kote l te ye a e li te kouvri zòn nan. Dlo lanmè a t ap avanse tankou yon miray ki mezire 10 mèt wotè. Lè dlo a te bese, gen yon tyè nan kay moun yo ak lòt konstriksyon ki te sou wout dlo a ki te kraze. Temwen ki te sèvi kòm volontè yo te soti nan divès peyi. Yo te vini ak konesans yo, ak zouti ansanm ak materyo konstriksyon e yo te dispoze fè tout kalite travay ki te nesesè. Gen de sè chanèl, ki te vèv, ki te pran tout sa yo posede epi yo mete yo nan yon pikòp. Yo te pakouri plis pase 3 000 kilomèt pou y al bay èd yo. Youn ladan yo te rete nan zòn nan pou l kontinye ede komite sekou a toutpadan l t ap sèvi kòm pyonye pèmanan.
15 Yo te rekonstwi oswa yo te repare plis pase 5 600 kay Temwen ak kay lòt moun nan zòn nan. Ki jan Temwen ki nan zòn sa a santi yo lè yo wè fason estrawòdinè frè yo te demontre yo gen lanmou pou yo? Gen yon sè kay li te kraze nèt ki t al rete nan yon ti kay ki te koule, yon ti kay yo rale dèyè machin yo. Ti kay sa a te gen yon fou ladan l, men fou a pa t mache. Frè yo te konstwi yon kay byen senp pou li, men ki te byen konfòtab. Pandan l te kanpe devan bèl kay yo te fè pou li a, li te pran kriye tèlman li te gen rekonesans poutèt sa Jewova ak frè l yo te fè pou li. Gen anpil Temwen ki te oblije al rete yon lòt kote pandan yon ti tan. Nan anpil ka, yo te rete kote sa a pou ennan oubyen pou plis tan toujou. Poukisa? Yo te fè sa pou yo te ka kite moun ki te vin pote sekou yo rete nan nouvo kay yo te bati pou yo a. Sa se yon bèl fason Temwen yo te demontre yo gen menm mantalite ak Kris!
Annou montre nou gen menm atitid ak Kris anvè moun ki malad yo
16, 17. Ki jan nou kapab demontre menm mentalite ak Kris anvè moun ki malad yo?
16 Se pa anpil nan nou ki pase anba yon gwo katastwòf natirèl. Men, sandout, nou tout oblije fè fas ak pwoblèm sante, swa se pwoblèm sante pa nou, swa se pwoblèm sante moun nan fanmi nou. Jan Jezi te reyaji devan moun ki te malad yo sèvi nou egzanp. Lanmou li te genyen te fè l gen pitye pou yo. Lè yon foul moun te pote moun pa yo ki te malad ba li, “li te geri tout moun malad yo”. —Mat. 8:16; 14:14.
17 Jodi a, kretyen yo pa gen pouvwa Jezi te genyen pou l geri moun nan, men se sèten yo demontre menm konpasyon Jezi te demontre pou moun ki malad yo. Ki jan yo demontre sa? Pa egzanp, ansyen yo montre yo gen menm mantalite ak Kris lè yo pran dispozisyon pou moun ki malad nan kongregasyon an resevwa èd, e yo veye pou sa fèt. Lè yo aji konsa, prensip ki nan Matye 25:39, 40 lan aplike sou yoa. (Li l.)
18. Ki jan de sè te demontre bonjan lanmou anvè yon lòt sè, e ki rezilta sa te bay?
18 Natirèlman, yon moun pa oblije ansyen pou l fè byen pou lòt moun. Annou konsidere ka Charlene ki te gen 44 an. Li te gen yon kansè e yo te di l li rete dis jou sèlman pou l viv. De sè nan kongregasyon an, Sharon ak Nicolette, ki te wè li te bezwen èd e ki te wè jan sa te difisil pou mari l, ki te devwe, pran swen l, te dispoze tout tan yo pou yo ede l nan dènyè jou difisil li te rete pou l viv yo. Sa te dire sis semèn, men de sè sa yo te demontre lanmou yo jiska lafen. Men sa Sharon fè remake: “Se yon bagay ki di anpil lè w ap pran swen yon malad ou konnen ki pap geri, men Jewova te ban nou fòs.” Sitiyasyon sa a te fè nou vin pi pwòch ak Jewova e nou te vin pi pwòch youn ak lòt.” Mari Charlene nan di: “Mwen pap janm bliye jan de sè sa yo te ede nou avèk bonte. Bon mobil yo ak bon etadespri yo te genyen te fè li pi fasil pou Charlene, madanm mwen, yon sè ki te fidèl, sipòte dènye eprèv sa a. Anplis, yo te pèmèt mwen jwenn soulajman fizik ak soulajman mantal mwen te bezwen toutbon. M ap toujou genyen yo rekonesans. Espri sakrifis yo te demontre a te ranfòse lafwa m nan Jewova ak lanmou m pou tout kominote frè nou yo.”
19, 20. a) Ki senk aspè nan mantalite Kris nou te egzamine? b) Ki sa w detèmine pou w fè?
19 Nan seri twa atik sa yo, nou te egzamine senk aspè nan mantalite Jezi, nou te wè tou ki jan nou ka panse menm jan avè l e ki jan nou ka aji menm jan avè l. Annou fè tout efò nou pou nou ‘gen tanperaman dou e pou nou gen imilite nan kè nou’ menm jan ak Jezi (Mat. 11:29). Annou fè tout sa nou kapab tou pou nou trete lòt moun avèk bonte, menm lè enpèfeksyon yo ak feblès yo parèt byen klè. Lè nou devan eprèv, annou obeyi tout kòmandman Jewova yo avèk kouraj.
20 Finalman, annou demontre nou gen menm lanmou Kris te genyen an pou tout frè nou yo “nèt ale”. Yon lanmou konsa ap fè moun yo wè nou se vrè disip Jezi yo (Jan 13:1, 34, 35). Wi, ‘se pou nou yonn toujou renmen lòt tankou frè’. (Ebre 13:1.) Pinga w ezite fè sa! Itilize lavi w pou w louwe Jewova e pou w ede lòt moun. Jewova ap beni bonjan efò ou fè nan sans sa a.
[Nòt anba paj]
a Gade atik “Ne vous contentez pas de dire: ‘Tenez-vous au chaud et continuez à bien vous nourrir’” nan Toudegad 15 oktòb 1986 (fransè).
Èske w ka esplike?
• Ki jan ansyen yo ka demontre yo gen menm mantalite ak Kris anvè moun ki peche yo?
• Sa k fè li enpòtan pou nou gen lanmou menm jan ak Kris, sitou nan tan lafen n ap viv la?
• Ki jan nou kapab demontre nou gen menm mantalite ak Kris anvè moun ki malad yo?
[Foto nan paj 17]
Ansyen yo vle ede moun ki peche yo retounen vin jwenn Jewova.
[Foto nan paj 18]
Ki jan kretyen yo te montre yo gen menm mantalite ak Kris lè yo t ap kite Jerizalèm?
[Foto nan paj 19]
Yo rekonèt Temwen Jewova yo kòm moun ki gen lanmou menm jan ak Kris e ki demontre sa nan aksyon yo.