BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w09 15/12 p. 15-19
  • Annou bat pou nou kenbe jwa nou menm lè nou gen pwoblèm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou bat pou nou kenbe jwa nou menm lè nou gen pwoblèm
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Jewova, “Bondye ki gen kè kontan an”
  • Li enpòtan pou nou rezonab
  • Pran plezi nan fè volonte Bondye
  • “Byennere pèp ki gen Jewova pou Bondye [li]” a!
  • Kite Jewova soulaje w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Fè “Bondye tout konsolasyon an” konfyans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Li te vide kè l bay Bondye nan lapriyè
    Annou imite lafwa yo
  • Met kouraj sou nou pou n fè fas ak pwoblèm yo jodi a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
w09 15/12 p. 15-19

Annou bat pou nou kenbe jwa nou menm lè nou gen pwoblèm

‘Tout moun ki mete konfyans yo nan [Jewova], kè yo pral kontan. Yo pral chante san rete tèlman yo kontan.’ —SÒM 5:11.

1, 2. a) Ki bagay ki fè anpil moun soufri jodi a? b) Anplis kalamite ki frape tout moun an jeneral yo, anba ki sa vrè kretyen yo bezwen andire?

TEMWEN JEWOVA YO pa epaye anba kalamite ki frape lèzòm an jeneral. Anpil moun ki fè pati pèp Bondye a viktim anba krim, lagè ak lòt enjistis. Katastwòf natirèl, povrete, maladi ak lanmò fè yo soufri anpil. Apot Pòl te gen rezon lè l te di: “Wi, nou konn sa: jouk jòdi a, tout kreyasyon an ap plenn, l’ap soufri tankou yon fanm ki gen doulè tranche.” ​(Wom. 8:22). Nou soufri tou akoz pwòp enpèfeksyon nou. Menm jan ak wa David ki t ap viv nan tan lontan, nou kapab di: “Peche m yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y’ap kraze m tankou yon chay ki twò lou pou mwen.” —Sòm 38:4.

2 Anplis kalamite ki frape tout moun an jeneral yo, nan yon sans senbolik, vrè kretyen yo gen yon poto soufrans y ap pote (Lik 14:27). Wi, menm jan yo te rayi Jezi e yo te pèsekite l, se konsa tou yo rayi disip li yo e yo pèsekite yo (Mat. 10:22, 23; Jan 15:20; 16:2). Se sa k fè, pou nou suiv Jezi, pandan n ap ret tann benediksyon ki gen pou vini nan monn nouvo a, sa mande pou nou fè gwo efò e pou nou gen anpil andirans. —Mat. 7:13, 14; Lik 13:24.

3. Ki jan nou fè konnen yon kretyen pa oblije soufri pandan tout vi l pou l fè Jewova plezi?

3 Èske sa vle di lavi kretyen yo ap mennen an se yon vi ki pa bay kè kontan? Èske se sèlman tristès ak soufrans nou ta dwe jwenn nan lavi nou jiskaske lafen an vini? Yon bagay ki sèten, sèke Jewova vle pou kè nou kontan pandan n ap tann li reyalize pwomès li yo. Gen anpil kote nan Labib yo dekri vrè adoratè yo kòm moun ki gen kè kontan. (Li Izayi 65:13, 14.) Men sa Bib la di nan Sòm 5:11: ‘Tout moun ki mete konfyans yo nan Jewova, kè yo pral kontan. Yo pral chante san rete tèlman yo kontan.’ Wi, li posib pou nou jwenn anpil lajwa, pou lespri nou anpè e pou nou santi nou satisfè menm lè gen kalamite k ap frape nou. Ann wè ki jan Bib la kapab ede nou andire eprèv nou rankontre yo e ki jan li kapab ede nou kontinye gen lajwa.

Jewova, “Bondye ki gen kè kontan an”

4. Ki jan Bondye santi l lè kreyati l yo pa fè volonte l?

4 Ann pran egzanp Jewova. Antanke Dye Toupisan, tout linivè anba otorite l. Li pa manke anyen e li pa bezwen pèsonn. Sepandan, malgre pisans estrawòdinè Jewova genyen an, li dwe te santi l desi lè youn nan pitit espirityèl li yo te rebele kont li e li te vin tounen Satan. Annapre lè lòt zanj ankò te rebele menm jan ak Satan, sa dwe te gen yon efè sou Bondye tou. Reflechi tou sou doulè li te dwe santi lè Adan ak Èv, de chedèv estrawòdinè li te fè sou tè a, te vire do ba li. Depi lè sa a, gen plizyè milya nan desandan yo ki rejte souvrènte Jewova. —Wom. 3:23.

5. Ki bagay ki fè Jewova lapenn an patikilye?

5 Rebelyon Satan te fè a ap kontinye jis jounen jodi a. Jewova gen anviwon 6 000 an depi l ap gade moun k ap adore zidòl, k ap fè vyolans, k ap touye moun e k ap pratike imoralite seksyèl (Jen. 6:5, 6, 11, 12). Anplis, li tande manti kri ak blasfèm moun ap fè sou li. Menm vrè adoratè l yo konn fè l lapenn pafwa. Men ki jan Bib la pale de youn nan okazyon kote sa te rive: “Se pa ni youn ni de fwa yo rebele kont li nan dezè a, yo fè l lapenn nan savann nan! E se tout tan yo te konn ap mete Bondye aleprèv, yo te konn atriste Sen Izrayèl la.” ​(Sòm 78:40, 41, NW). Se sèten Jewova santi anpil lapenn lè moun ki fè pati pèp li a vire do ba li (Jer. 3:1-10). Pa gen dout nan sa, anpil bagay mal rive nan lavi a, e lè sa fèt, sa fè Jewova lapenn anpil. —Li Izayi 63:9, 10.

6. Ki jan Jewova fè fas ak sitiyasyon ki fè l lapenn yo?

6 Sepandan, lè gen bagay ki fè Jewova lapenn e ki fè l desi, yo pa anpeche l aji. Lè gen pwoblèm, li aji rapidman pou l redui move konsekans yo. Li pran dispozisyon tou k ap pèmèt li reyalize objektif li finalman. Akoz bonjan dispozisyon Jewova pran yo, l ap ret tann avèk jwa moman kote souvrènte l pral jistifye a e kote moun k ap sèvi l fidèlman yo pral jwenn benediksyon (Sòm 104:31). Wi, malgre tout sa yo lage sou do Jewova, li toujou rete “Bondye ki gen kè kontan an”. —1 Tim. 1:11; Sòm 16:11.

7, 8. Lè gen bagay mal ki rive nou, ki jan nou kapab imite Jewova?

7 Se vre nou pa kapab konpare kapasite nou genyen pou nou rezoud pwoblèm ak kapasite Jewova genyen pou li rezoud pwoblèm. Sepandan, lè nou rankontre pwoblèm, nou kapab imite Jewova. Lè bagay mal rive nou, se nòmal pou nou santi moral nou yon jan ba, men nou pa ta dwe rete nan eta sa a. Lefètke Bondye te kreye nou pòtre ak li, nou gen kapasite pou nou reflechi e nou gen sajès pratik. Se sa k fè li posib pou nou analize pwoblèm yo epi poze aksyon pou nou rezoud yo si sa posib.

8 Yon bagay enpòtan ki kapab ede nou jere pwoblèm nou jwenn nan lavi a se lè nou konprann gende pwoblèm nou gendwa pa ka rezoud. Lè nou enkyete nou twòp pou pwoblèm sa yo, sa kapab ban nou plis tètchaje e sa kapab fè nou pèdi tout lajwa nou nan vrè adorasyon an. Lè nou fin fè sa nou kapab pou nou rezoud yon pwoblèm nou genyen, li bon pou nou bliye pwoblèm nan epi konsantre nou sou aktivite nou genyen ki pi enpòtan. Istwa yo mansyone apre a ki soti nan Bib la montre sa byen.

Li enpòtan pou nou rezonab

9. Ki jan Ana te montre li rezonab?

9 Ann pran egzanp Ana, ki te vin manman pwofèt Samyèl. Li te dekouraje lefètke li pa t ka fè pitit. Yo te konn pase l nan rizib poutèt sa. Pafwa, li te tèlman dekouraje, sa te konn fè l ap kriye e sa te konn fè l pa manje (1 Sam. 1:2-7). Yon lè, pandan Ana t al nan sangtyè Jewova a, li “te gen anpil lapenn. Li t’ap lapriyè nan pye Senyè a, dlo t’ap koule nan je l”. (1 Sam. 1:10.) Apre li te fin di Jewova tout sa ki nan kè l, Eli, gran prèt la, te pwoche bò kote l epi li te di l: “Ale ak kè poze. Mwen mande Bondye pèp Izrayèl la pou l ba ou sa ou mande l la.” ​(1 Sam. 1:17). Nan moman sa a, Ana te vin konprann li te fè tout sa li kapab. Pwoblèm li te genyen pou l fè pitit la te depase l. Ana te montre li rezonab. Apre sa, l “ale fè wout li e li manje, epi figi l vin pa enkyè ankò”. —1 Sam. 1:18.

10. Ki jan Pòl te montre li rezonab lè l te rankontre yon pwoblèm li pa t ka rezoud?

10 Apot Pòl te montre li rezonab tou parapò ak yon pwoblèm li te genyen ki te ba l anpil tètchaje. Li te di pwoblèm sa a te tankou “yon pikan nan chè [l]”. (2 Kor. 12:7, NW.) Nou pa konnen ki sa l te ye egzakteman, men, Pòl te fè tout sa li kapab pou l rezoud li. Li te konn priye Jewova pou l jwenn soulajman. Konbyen fwa li te fè sa? Pòl te pale ak Jewova twa fwa konsènan pwoblèm nan. Apre twazyèm fwa a, Jewova di Pòl li pap fè okenn mirak pou l rezoud pwoblèm li an ki te tankou “yon pikan nan chè [l]” la. Pòl te aksepte sa e li te konsantre sou sèvi Jewova ak tout li menm. —Li 2 Korentyen 12:8-10.

11. Ki wòl lapriyè ak siplikasyon jwe nan ede nou andire anba pwoblèm nou yo?

11 Egzanp sa yo pa vle di nou ta dwe sispann priye Jewova konsènan pwoblèm nou genyen ki fè nou lapenn (Sòm 86:7). Okontrè, men sa Pawòl Bondye a di nou: “Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n’ap lapriyè.” Ki jan Jewova ap reponn siplikasyon ak demann nou fè l yo? Men sa Bib la di apre sa: “Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann; la kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.” ​(Fil. 4:6, 7). Wi, Jewova ka pa efase pwoblèm nou an, men li ka reponn priyè nou fè l yo lè li kenbe lespri nou fèm. Apre nou fin priye konsènan yon bagay, nou ka wè jan sa danjere pou nou kite enkyetid pote nou ale.

Pran plezi nan fè volonte Bondye

12. Poukisa lè yon kretyen rete dekouraje pandan lontan, sa kapab danjere pou li?

12 Men sa Pwovèb 24:10 (NW) di: “Èske w montre w dekouraje nan jou detrès? Fòs ou ap piti.” Gen yon lòt pwovèb ki di: “Lè ou nan lapenn, ou kagou.” ​(Pwo. 15:13). Gen kretyen ki tèlman dekouraje, yo sispann li Bib la e yo sispann medite sou li. Yo ka vin ap priye san yo pa reflechi sou sa y ap di, e yo gendwa menm izole tèt yo parapò ak lòt kretyen yo. Pa gen dout nan sa, si yo rete nan eta sa a, sa kapab danjere pou yo. —Pwo. 18:1, 14.

13. Bay kèk aktivite ki kapab ede nou konbat dekourajman e ki kapab ban nou lajwa.

13 Yon lòt bò, si nou gen yon atitid pozitif, sa ap ede nou konsantre sou aspè nan lavi nou ki kapab fè nou jwenn plezi e ki kapab ban nou lajwa. Men sa David te ekri: “Bondye mwen, mwen pran plezi m nan fè sa ou vle m fè.” ​(Sòm 40:8). Lè bagay yo ale mal pou nou, nou pa dwe janm kanpe sou aktivite k ap ban nou fòs ki fè pati adorasyon n ap bay Jewova a. Yon bagay ki kapab ede nou konbat dekourajman se lè nou patisipe nan aktivite k ap fè kè nou kontan. Jewova di nou nou kapab pran plezi nan li Pawòl li a regilyèman e nan etidye l regilyèman e nou kapab jwenn lajwa ladan yo tou (Sòm 1:1, 2; Jak 1:25). Nou jwenn “bon pawòl” ki kapab ankouraje nou e ki kapab fè kè nou kontan ni nan Ekriti Sakre yo, ni nan reyinyon yo. —Pwo. 12:25; 16:24.

14. Ki pwomès Jewova fè nou ki ban nou lajwa depi kounye a?

14 Bondye ban nou anpil rezon pou nou gen lajwa. Pwomès li fè pou li sove nou an se yon pwomès ki vrèman ban nou lajwa (Sòm 13:5). Nou konnen Bondye ap rekonpanse moun ki chèche l ak tout kè yo finalman, kèlkeswa sitiyasyon n ap viv jodi a. (Li Eklezyas 8:12.) Pwofèt Abakouk montre li te gen konviksyon sa a tou lè li te di: “Pye fig frans yo te mèt pa donnen, pye rezen yo te mèt pa bay rezen, rekòt oliv yo te mèt pa bon, jaden yo te mèt pa bay manje, mouton yo te mèt mouri nan sèka [pak] yo, bèf yo te mèt mouri nan pak yo, mwen menm, m’ap toujou kontan poutèt Senyè a. M’ap fè fèt pou Bondye k’ap delivre m lan.” —Aba. 3:17, 18.

“Byennere pèp ki gen Jewova pou Bondye [li]” a!

15, 16. Bay kèk nan kado Bondye ban nou nou kapab pran plezi ladan yo pandan n ap tann benediksyon nou gen pou nou jwenn alavni yo.

15 Pandan n ap tann bèl avni ki sere pou nou an, Jewova vle pou nou pran plezi nan bon bagay li ban nou yo. Men sa Bib la di: “Mwen vin aprann pa gen anyen ki pi bon pou yo [lèzòm] pase pou yon moun rejwi l epi pou l fè sa ki byen diran lavi l, epitou, pou chak moun manje, wi, pou l bwè epi pou l wè sa ki bon pou tout travay di li fè. Sa se kado Bondye bay.” ​(Ekl. 3:12, 13, NW). Lè yo di pou nou “fè sa ki byen”, sa gen ladan l tou fè byen ak lòt moun. Jezi te di gen plis kè kontan lè yon moun bay pase lè li resevwa. Lè nou aji avèk bonte avèk konjwen nou, pitit nou, paran nou ak lòt manm nan fanmi nou, sa ban nou satisfaksyon (Pwo. 3:27). Lè nou montre nou gen tandrès, lè nou akeyi moun byen, nou padone frè ak sè espirityèl nou yo, sa bay anpil jwa tou. Anplis, sa fè Jewova plezi (Gal. 6:10; Kol. 3:12-14; 1 Pyè 4:8, 9). Lè nou akonpli ministè nou avèk espri sakrifis, sa vrèman ban nou satisfaksyon.

16 Pawòl nou site pi wo yo ki soti nan liv Eklezyas la pale de plezi byen senp ki gen nan lavi a tankou manje ak bwè. Wi, menm lè nou anba eprèv, nou kapab pran plezi nan kèlkeswa bagay materyèl nou resevwa kòm kado nan men Jewova. Mete sou sa yon bèl kouche solèy, yon bèl panorama, ti zannimo k ap jwe ansanm ak lòt bèl bagay ki gen nan lanati pa koute nou anyen, men, yo ka fè nou emèveye e yo ka ban nou lajwa. Lè nou reflechi sou bagay sa yo, nou vin gen plis lanmou pou Jewova, paske se li ki ban nou tout bon bagay.

17. Ki sa k pral fè nou jwenn yon soulajman total anba tout pwoblèm nou yo, e ki sa ki ban nou konsolasyon annatandan?

17 Finalman, si nou gen lanmou pou Bondye, nou obeyi kòmandman l yo, nou montre nou gen lafwa nan sakrifis Jezi te bay kòm ranson an, bagay sa yo pral fè nou jwenn yon soulajman total anba tout pwoblèm nou genyen nan vi enpafè sa a e yo pral fè nou jwenn yon lajwa ki pap janm fini (1 Jan 5:3). Annatandan, nou jwenn konsolasyon lefètke nou konnen Jewova byen konnen tout bagay k ap fè nou soufri yo. Men sa David te Ekri: “M’ap kontan, m’ap fè fèt, paske ou renmen m. Ou wè jan m’ap soufri, ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye.” ​(Sòm 31:7). Lanmou Jewova genyen pou nou an ap fè li sove nou anba tout kalamite. —Sòm 34:19.

18. Poukisa se lajwa ki ta dwe plis genyen nan mitan pèp Bondye a?

18 Pandan n ap tann pou Jewova reyalize pwomès li yo, annou imite l, li menm ki se Bondye ki gen kè kontan an. Lè nou gen santiman negatif ki anvayi nou, annou pa kite yo anpeche nou fè sèvis Bondye a. Lè nou rankontre pwoblèm, annou sèvi avèk kapasite nou genyen pou nou reflechi ansanm ak sajès pratik nou pou nou rezoud yo. Jewova ap ede nou gen kontwòl santiman nou e l ap ede nou pran desizyon ki kapab redui move efè bagay ki fè nou soufri yo ka gen sou nou. Annou pran plezi nan bon bagay li ban nou yo, ni bagay materyèl yo, ni bagay espirityèl yo. Lè nou rete kole ak Bondye, n ap kapab viv ak kè kontan paske Bib la di: “Byennere pèp ki gen Jewova pou Bondye [li]” a! —Sòm 144:15, NW.

Ki sa nou aprann?

• Lè nou gen pwoblèm, ki jan nou kapab imite Jewova?

• Lè nou rezonab, ki jan sa ka ede nou andire pwoblèm yo?

• Lè nou gen pwoblèm, ki jan nou kapab pran plezi nan fè volonte Bondye?

[Foto nan paj 16]

Move bagay k ap rive jodi a fè Jewova lapenn.

[Liy kredi]

© G.M.B. Akash/Panos Pictures

[Foto nan paj 18]

Jewova ban nou mwayen pou nou kenbe jwa nou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje