Sa Jezi aprann nou
Fason nou ka suiv Kris
Lè moun yo te konn montre yo gen lafwa nan Jezi, souvan li te konn di yo: “Vin suiv mwen.” (Matye 9:9, NW; 19:21). Ki sa sa mande pou yon moun suiv Jezi, oubyen pou l vin yon kretyen? Annou egzamine repons twa kesyon enpòtan ki vin apre yo.
Ki fason ou dwe boule ak lòt moun?
▪ Yon bon disip Jezi dwe suiv konsèy Jezi bay sou fason li dwe boule ak lòt moun. Pa egzanp, Jezi te di: “Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l pou yo.” E si yon moun blese santiman w? Jezi te di: “Si yon moun pote plent pou ou nan tribinal, prese mete ou dakò avè l.” Li te di disip li yo tou: “Si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p’ap padonnen peche nou yo nonplis.”—Matye 5:25; 6:15; 7:12.
Men konsèy Jezi te bay moun ki marye yo: “Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Piga ou janm fè adiltè. Mwen menm, men sa m’ap di nou: Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” Yon vrè kretyen dwe kite ansèyman Jezi yo aji sou lespri l ak sou kè l.—Matye 5:27, 28.
Vrè Kretyen yo sakrifye konfò yo pou yo ede lòt moun. Jezi te gen lespri sakrifis. Pa egzanp, pandan yo t ap fè yon vwayaj byen long pou y al preche, Jezi ak apot li yo te fatige anpil e yo pa t menm gen tan pou yo manje. Se konsa Jezi pran yon ti kannòt avèk yo pou y al pran yon ti repo yon kote ki pa t gen moun. Men, moun yo te tande ki kote li t aprale e yo kouri pran devan Jezi. Gade sa istwa a rakonte: “Lè Jezi rive pou l debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l fè l mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay.” (Mak 6:30-34). Ou kapab imite Jezi lè w fè sa Bondye mande w, menmsi ou ta jwenn difikilte.
Poukisa ou dwe preche bon nouvèl la?
▪ Jezi te anseye disip li yo pou yo preche bon nouvèl la. Men sa li te di apot li yo: “Pandan nou prale, preche, di: ‘Wayòm syèl la pre rive.’” (Matye 10:7, Bib Kreyòl La). Disip Jezi yo gen yon mesaj ki gen anpil valè. Jezi te priye konsa: “Lavi ki p’ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an.” —Jan 17:3.
Jezi te predi yon travay plizyè milyon moun t apral patisipe ladan l. Li te di: “Bon nouvèl wayòm sa a ap preche nan lemonn antye pou li sèvi kòm temwayaj bay tout nasyon.” (Matye 24:14, Bib Kreyòl La). Si w te deja aprann kèk bagay konsènan Wayòm Bondye a e w gen konfyans nan sa Labib anseye sou li, sandout, se ap yon vrè plezi pou w pataje sa w aprann yo ak lòt moun. Anpil nan disip Jezi yo te kòmanse pale sou sa yo te aprann konsènan Wayòm Bondye a ak manm fanmi yo.—Jan 1:40, 41.
Poukisa ou dwe batize?
▪ Lè yo te batize Jezi nan rivyè Jouden an, li posib pou se nan moman sa a li te fè priyè sa a: “Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou.” (Ebre 10:7). Si w vle fè volonte Bondye, ou menm tou, ou dwe batize. Jezi te bay lòd sa a: “Fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo.”—Matye 28:19.
Ki responsablite e ki avantaj ki genyen lè yon moun batize? Disip Jezi ki batize yo ap sèvi Bondye ak tout nanm yo. Jezi te site sa Lalwa Bondye a te di: “Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou.” (Matye 22:37). Men sa l te di ankò: “Si yon moun vle suiv mwen, se pou l nye tèt li.” (Matye 16:24, NW). Lè yon moun batize, li montre li pran desizyon pou li nye tèt li e li chwazi Bondye kòm Mèt li pito. Moun ki nan yon relasyon espesyal konsa ak Bondye kapab priye l pou yo mande l yon bon konsyans.—1 Pyè 3:21.
Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 18 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? Se Temwen Jewova ki pibliye l.