“Reflechi sou ki jan de moun nou dwe ye”
“Piske tout bagay sa yo gen pou yo fonn konsa, reflechi sou ki jan de moun nou dwe ye: nou dwe gen yon konduit ki sen e nou dwe montre nan aksyon nou nou gen atachman pou Bondye.” —2 PYÈ 3:11, NW.
1. Poukisa konsèy Pyè te bay nan dezyèm lèt enspire l la te vin atan pou kretyen nan epòk li a?
LÈ APOT Pyè te ekri dezyèm lèt enspire l la, kongregasyon kretyen an te gentan andire anpil pèsekisyon, men sa pa t diminye zèl frè ak sè yo, ni sa pa t anpeche plis moun vin fè pati kongregasyon an. Donk, Dyab la te eseye yon lòt taktik, yon taktik li te gen siksè avè l plizyè fwa deja. Jan Pyè fè nou konn sa, Satan sèvi ak fo anseyan ki gen “je yo plen ak adiltè” e “kè yo byen antrene nan fè ava” pou l eseye kòwonp pèp Bondye a (2 Pyè 2:1-3, 14, Bib Kreyòl La; Jid 4). Se sa k fè, nan dezyèm lèt enspire Pyè a, Pyè ankouraje frè ak sè yo pou yo rete fidèl.
2. Sou ki sa 2 Pyè chapit 3 mete aksan, e ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou?
2 Men sa Pyè te ekri: ‘Toutotan mwen poko mouri, mwen kwè se yon devwa pou m fè nou chonje bagay sa yo pou dòmi pa pran nou. Paske mwen konnen mwen pa lwen mouri, m’ap fè tout posib mwen pou nou pa janm bliye bagay sa yo lè m fin ale.’ (2 Pyè 1:13-15). Pyè te konnen lanmò l pa t lwen e li te vle pou kretyen yo sonje konsèy li te ba yo ki te vin atan. Vrèmanvre, konsèy sa yo te vin fè pati Bib la e nou tout nou kapab li yo jodi a. Nou pral pale sitou sou chapit 3 dezyèm lèt Pyè a paske li mete aksan sou “dènye jou” sistèm ki la jodi a e sou destriksyon syèl ak tè senbolik yo (2 Pyè 3:3, 7, 10). Ki konsèy Pyè ban nou nan sa l te ekri yo? Ki jan lè nou aplike konsèy li yo, sa ap pèmèt nou jwenn favè Jewova?
3, 4. a) Ki sa Pyè te di, e ki avètisman li te bay? b) Ki twa pwen nou pral egzamine kounye a?
3 Apre Pyè fin pale de monn Satan an ki pral detwi, men sa li di: “Reflechi sou ki jan de moun nou dwe ye: nou dwe gen yon konduit ki sen e nou dwe montre nan aksyon nou nou gen atachman pou Bondye.” (2 Pyè 3:11, 12, NW). Pyè te konnen se sèlman moun ki fè volonte Jewova yo e ki kiltive kalite ki fè l plezi k ap chape nan ‘jou Bondye pral tire revanj’ lan, yon jou ki pa lwen vini (Iza. 61:2). Se sa k fè li te di: “Frè mwen renmen anpil yo, kounyeya nou tou avèti. Pran prekosyon nou pou nou pa kite mechan sa yo [fo anseyan yo] trennen nou ale ak manti yo, pou nou pa pèdi pozisyon kote nou kanpe fèm lan.” —2 Pyè 3:17.
4 Lefètke Pyè te fè pati moun ki te jwenn ‘avètisman’ yo, li te konnen, nan dènye jou yo, kretyen yo t ap bezwen veye sitou pou yo kenbe entegrite yo. Annapre, apot Jan te montre poukisa. Li te wè davans yo t apral mete Satan deyò nan syèl la e Satan t ap vin “ankòlè anpil” kont “moun k ap obeyi kòmandman Bondye yo e ki gen kòm travay pou yo bay temwayaj sou Jezi”. (Rev. 12:9, 12, 17, NW.) Sèvitè Jewova ki wen yo ansanm ak konpayon yo, “lòt mouton” yo, ki fidèl, ap ranpòte laviktwa (Jan 10:16). Men, e nou chak pèsonèlman, èske n ap kenbe entegrite nou? N ap rive fè sa si nou fè tout sa nou kapab pou nou: 1) kiltive kalite ki fè Bondye plezi, 2) rete san okenn fot, ni okenn defo nan domèn moral ak nan domèn espirityèl, epi 3) gen yon bon pwennvi sou eprèv yo. Ann egzamine pwen sa yo kounye a.
Annou kiltive kalite ki fè Bondye plezi
5, 6. Ki kalite nou dwe fè efò pou nou kiltive, e poukisa sa mande “bonjan efò”?
5 Men sa Pyè te ekri nan dezyèm lèt li a: “Fè bonjan efò, mete bèl kalite sou lafwa nou, sou bèl kalite nou genyen, mete konesans, sou konesans nou, mete metriz, sou metriz nou, mete andirans, sou andirans nou, mete atachman pou Bondye, sou atachman nou gen pou Bondye, mete afeksyon pou frè yo, sou afeksyon nou gen pou frè yo, mete lanmou. Paske, si bagay sa yo egziste nan nou ann abondans, y ap anpeche nou rete san nou pap fè anyen oswa san nou pa pwodui, anrapò ak konesans egzak Jezi Kris, Seyè nou an.” —2 Pyè 1:5-8, NW.
6 An reyalite, pou nou fè aktivite k ap ede nou kiltive kalite ki fè Bondye plezi, sa mande “bonjan efò”. Pa egzanp, nou bezwen fè efò pou nou asiste tout reyinyon yo, pou nou li Labib chak jou e pou nou kenbe yon bon pwogram etid pèsonèl. Anplis, pou nou fè adorasyon an fanmi regilyèman, pou l enteresan e pou l enstriktif, sa mande anpil preparasyon. Men, yon fwa nou fin etabli yon bon pwogram, li pi fasil pou nou vin gen bon abitid e pou nou kenbe yo, sitou lè nou wè byenfè nou jwenn.
7, 8. a) Ki sa kèk moun di konsènan sware Adorasyon an fanmi an? b) Ki byenfè w jwenn grasa Adorasyon an fanmi an?
7 Men sa yon sè di konsènan dispozisyon pou fanmi yo adore Bondye ansanm nan: “Sa pèmèt nou etidye anpil sijè.” Men sa yon lòt sè di: “Alaverite, mwen pa t vle pou pa gen reyinyon etid liv kongregasyon an ankò. Se reyinyon sa a mwen te pi renmen. Men, kounye a, adorasyon nou fè an fanmi fè m rann mwen kont Jewova konnen sa nou bezwen e li konnen ki lè pou li ban nou l.” Men sa yon chèf fanmi di: “Adorason an fanmi an ede nou anpil anpil. Lefètke nou gen yon reyinyon ki adapte ak bezwen nou antanke moun marye, nou tire anpil pwofi! Nou toule de santi nou amelyore nan fason nou demontre fwi lespri sen an e nou gen plis lajwa nan ministè nou.” Men sa yon lòt chèf fanmi di: “Pitit nou yo fè pwòp rechèch yo e yo aprann anpil bagay, anplis, yo pran plezi pou yo fè sa. Dispozisyon sa a fè nou gen plis konfyans Jewova konnen enkyetid nou e li reponn priyè nou.” Èske w gen menm apresyasyon ak frè ak sè sa yo pou dispozisyon sa a?
8 Pinga nou kite nenpòt ti bagay lakòz nou pa fè adorasyon an fanmi an. Men sa de moun marye di: “Pandan kat dènye semèn yo, chak jedi swa, gen yon bagay ki fè fanmi nou te manke pa fè etid familyal la ansanm, men nou pa t kite l anpeche nou fè etid la.” An reyalite, pafwa nou ka bezwen fè chanjman nan pwogram nou. Men, se pou nou pran detèminasyon pou nou pa pase menm yon semèn san nou pa fè sware Adorasyon an fanmi an!
9. Ki jan Jewova te nouri Jeremi nan domèn espirityèl, e ki leson nou tire nan egzanp li a?
9 Pwofèt Jeremi se yon bon egzanp pou nou. Li te bezwen pou Jewova nouri l nan domèn espirityèl e li te apresye manje sa a. Manje sa a te pèmèt li gen andirans pandan li t ap preche yon pèp ki te gen kou rèd. Men sa li te di: “Mesay [Jewova] yo te tankou yon dife nan zo m k’ap boule tout anndan m.” (Jer. 20:8, 9). Manje sa a te ede l andire moman difisil li te rankontre lè Jerizalèm te detwi. Jodi a, nou gen Pawòl Bondye a ann antye. Lè nou etidye l afon e nou fè sa regilyèman, n ap vin gen pwennvi Bondye, konsa, n ap kapab kontinye patisipe nan ministè a avèk jwa, n ap kapab kenbe fidelite nou lè nou rankontre eprèv e n ap kapab rete pwòp ni moralman ni espirityèlman. —Jak 5:10.
Rete ‘san okenn fot, ni okenn defo’
10, 11. Poukisa nou bezwen fè tout sa nou kapab pou nou rete “san okenn fot, ni okenn defo”, e ki sa sa mande pou nou fè?
10 Antanke kretyen, nou konnen n ap viv nan dènye jou yo. Se sa k fè nou pa sezi lè nou wè jan moun yo nan monn nan gen gwo tanta, yo imoral e yo renmen vyolans, alòske Jewova rayi moun ki konsa yo. Nou kapab rezime estrateji Satan yo konsa: ‘Si m pa kapab fè sèvitè Bondye yo pè, petèt m ap kapab kòwonp yo.’ (Rev. 2:13, 14). Se sa k fè nou bezwen pran oserye konsèy Pyè te ban nou avèk amou an lè l te di: ‘Fè tout sa nou kapab pou Bondye ka jwenn nou ap viv ak kè poze, san okenn fot, ni okenn defo.’ —2 Pyè 3:14.
11 Ekspresyon ‘fè tout sa nou kapab’ la sanble ak sa Pyè te di anvan an lè l te di kretyen yo bezwen fè “bonjan efò”. Sa montre aklè, Jewova, ki te enspire Pyè pou l bay konsèy sa yo, konnen nou bezwen fè anpil efò pou nou rete “san okenn fot, ni okenn defo” e pou nou pa kite monn Satan an sal nou. Nan efò n ap fè yo, nou bezwen veye pou kè nou pa vin gen move dezi ladan l. (Li Pwovèb 4:23; Jak 1:14, 15.) Sa mande tou pou nou rete tennfas menm lè moun ki pa konprann vi n ap mennen antanke kretyen an “pale nou mal”. —1 Pyè 4:4.
12. Ki asirans Lik 11:13 ban nou?
12 Lefètke nou enpafè, nou bezwen kontinye lite pou nou fè sa ki dwat (Wom. 7:21-25). Nou kapab gen espwa n ap reyisi fè sa ki dwat sèlman si nou konte sou Jewova k ap ban nou lespri sen l avèk jenewozite, depi nou mande l li avèk senserite (Lik 11:13). Lespri sen an li menm ap pwodui yon seri kalite lakay nou k ap fè nou gen apwobasyon Bondye, k ap ede nou reziste devan tantasyon nou jwenn e k ap ede nou andire anba eprèv yo ki gendwa ogmante ofiramezi jou Jewova a ap pwoche pi pre.
Annou kite eprèv yo fòtifye nou
13. Lè nou jwenn eprèv nan lavi nou, ki sa k ap ede nou andire yo?
13 Toutotan n ap viv nan sistèm sa a, l ap difisil pou nou pa jwenn eprèv yon fason oswa yon lòt. Men, olye nou kite eprèv yo fè nou dekouraje, l ap pi bon si nou konsidere yo kòm yon okazyon pou nou montre Bondye nou renmen l ak yon okazyon pou nou fè lafwa nou nan li ak nan Pawòl li a vin pi solid. Men sa disip Jak te ekri: “Frè mwen yo, lè nou tonbe nan divès kalite eprèv, konsidere sa tankou yon lajwa total. Paske, nou konnen lè eprèv teste lafwa nou, rezilta a se andirans.” (Jak 1:2-4, Bib Kreyòl La). Sonje tou, “Bondye konnen ki jan pou l delivre moun k’ap sèvi l yo nan mitan eprèv”. —2 Pyè 2:9.
14. Nan ki sans egzanp Jozèf la ankouraje w?
14 Ann pran egzanp Jozèf, youn nan pitit Jakòb yo. Frè l yo te vann li, sa ki fè li te vin yon esklav (Jen. 37:23-28; 42:21). Èske Jozèf te kite zak mechanste sa a fè l pèdi lafwa? Èske li te vin ankòlè kont Bondye poutèt Li te kite malè sa a rive l? Pawòl Bondye a montre byen klè sa pa t rive. Men, eprèv Jozèf yo pa t rete la. Annapre, yo te akize l kòmkwa li te eseye vyole yon fi e yo te mete l nan prizon, sepandan, akizasyon sa a te fo. Eprèv sa a tou pa t fè l pèdi atachman l pou Bondye (Jen. 39:9-21). Olye de sa, li te kite eprèv sa yo fòtifye lafwa l, sa ki te fè l jwenn anpil benediksyon.
15. Ki sa nou ka aprann nan egzanp Nawomi an?
15 Lè nou rankontre eprèv, sa kapab fè nou tris e sa ka menm lage nou nan gwo lapenn. Petèt Jozèf te santi sa pafwa. Gen lòt sèvitè Bondye ki te santi yo konsa. Ann pran Nawomi, pa egzanp, ki te pèdi mari l ak de pitit gason l yo. Men sa li te di: “Pa rele m Naomi. Pito nou rele m Mara [ki vle di “anmè”, nòt anba paj, NW], paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè m soufri anpil.” (Rit 1:20, 21). Li natirèl pou Nawomi te santi l konsa e nou konprann rezon an. Sepandan, menm jan ak Jozèf, li pa t pèdi lafwa l ak relasyon l ak Bondye, ni li pa t pèdi entegrite l. Se sa k fè Jewova te rekonpanse fi estrawòdinè sa a (Rit 4:13-17, 22). Anplis, nan paradi ki pral gen sou tè a, l ap repare tout dega Satan ak monn mechan li a fè. “Pèsonn p’ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p’ap janm vin nan tèt yo ankò.” —Iza. 65:17.
16. Ki jan nou dwe konsidere lapriyè, e poukisa?
16 Kèlkeswa eprèv nou ta rankontre, Bondye ap la pou l soutni nou avèk amou. (Li Women 8:35-39.) Byenke Satan pap sispann chèche dekouraje nou, li pap reyisi fè sa si nou “kenbe tèt nou anplas” e nou ‘veye pou n lapriyè’. (1 Pyè 4:7.) Men sa Jezi te di: “Rete je klè. Se pou nou toujou ap fè siplikasyon yon fason pou nou ka rive chape anba tout bagay sa yo ki gen pou rive, e pou nou ka kanpe devan Pitit lòm nan.” (Lik 21:36, NW). N ap remake Jezi te pale de “siplikasyon”, ki se yon priyè yon moun ka fè ak tout kè l e avèk senserite. Lefètke Jezi te bay konsèy pou nou fè siplikasyon pou nou ka kanpe devan Pitit lòm nan, li te montre se lemoman pou nou reflechi seryezman sou relasyon nou gen avè l ansanm ak Papa a. Se sèlman moun ki gen bon relasyon ak Jewova k ap gen esperans pou yo sove nan jou l la.
Annou rete aktif nan sèvis Jewova a
17. Si tèritwa w ap preche a difisil, ki jan bon egzanp pwofèt tan lontan yo kapab ede w?
17 Lè nou patisipe nan aktivite espirityèl yo, sa ban nou fòs ak satisfaksyon. Sa fè nou sonje kèk pawòl Pyè te di: “Reflechi sou ki jan de moun nou dwe ye: nou dwe gen yon konduit ki sen e nou dwe montre nan aksyon nou nou gen atachman pou Bondye.” (2 Pyè 3:11, NW). Predikasyon bon nouvèl la se aksyon ki pi enpòtan nou kapab fè k ap montre atachman nou pou Bondye (Mat. 24:14). Travay predikasyon an kapab difisil nan kèk tèritwa, petèt paske moun ki nan tèritwa sa yo pa enterese nan bon nouvèl la, yo opoze ak nou, oswa yo tou senpleman pa gen tan tèlman yo enkyete yo pou bezwen yo gen chak jou. Sèvitè Jewova yo nan tan lontan te konn rankontre moun konsa tou. Sepandan, yo pa t bay legen e yo te aksepte pou Bondye ‘voye yo e pou l voye yo ankò’ (NW) pou y al bay mesaj li. (Li 2 Kwonik 36:15, 16; Jer. 7:24-26.) Ki sa ki te ba yo andirans? Yo te gen andirans paske yo te wè asiyasyon yo a selon pwennvi Jewova, non pa selon pwennvi monn nan. Anplis, pou yo, se te yon kokennchenn privilèj pou yo pote non Bondye. —Jer. 15:16.
18. Ki jan travay predikasyon Wayòm nan pral fè yo glorifye non Jewova alavni?
18 Nou menm tou nou gen privilèj pou nou ede moun yo konnen non Jewova e pou nou fè yo konnen objektif li. Fè yon ti reflechi sou sa nou pral di la a: Lefètke n ap fè travay predikasyon an, ènmi Bondye yo pap kapab di yo pa t janm tande pale de Jewova ak objektif li lè gwo jou Jewova a rive sou yo. Menm jan ak Farawon, y ap konnen se Jewova k ap aji kont yo (Egz. 8:1, 20; 14:25). Anmenmtan tou, Jewova pral onore sèvitè l ki fidèl yo lè l fè wè aklè se reprezantan l yo te ye toutbonvre. —Li Ezekyèl 2:5; 33:33.
19. Ki jan nou kapab montre nou vle pwofite pasyans Jewova?
19 Prèske nan fen dezyèm lèt Pyè a, men sa li te ekri disip parèy li yo: “Se pou nou ka sove kifè Senyè a ap pran tout pasyans sa a ak nou.” (2 Pyè 3:15). Kidonk, annou kontinye pwofite pasyans Jewova. Ki jan? Nou fè sa lè nou kiltive kalite ki fè Bondye plezi yo, lè nou rete ‘san okenn fot, ni okenn defo’, lè nou gen yon bon pwennvi sou eprèv yo ak lè nou rete aktif nan sèvis Wayòm nan. Lè nou fè tout bagay sa yo, nou mete tèt nou nan yon pozisyon pou nou resevwa benediksyon ki makònen ak “lòt syèl ak lòt tè” yo, benediksyon k ap dire pou toutan. —2 Pyè 3:13.
Èske nou sonje?
• Ki jan nou ka kiltive kalite ki fè Bondye plezi yo?
• Ki jan nou ka rete ‘san okenn fot, ni okenn defo’?
• Ki sa nou kapab aprann nan men Jozèf ak Nawomi?
• Poukisa se yon kokennchenn privilèj sa ye pou nou patisipe nan travay predikasyon an?
[Foto nan paj 9]
Ki sa k ap ede mari yo ak manm fanmi yo kiltive kalite ki fè Bondye plezi yo?
[Foto nan paj 10]
Lè nou wè fason Jozèf te fè fas ak eprèv li te jwenn yo, ki sa sa aprann nou?