Èske Wayòm Bondye a se nan kè moun li ye?
Nan liv pap Benwa 16 te ekri a, ki gen tit Jezi moun Nazarèt (anglè), li fè konnen: “Wayòm Bondye a vini lè yon moun aksepte [Jezi] ak tout kè l.” Pou kèk moun, Wayòm Bondye a se sèlman yon chanjman ki fèt anndan yon moun lè l aksepte Jezi e lè l mete lafwa nan li. Èske Wayòm Bondye a se jis yon chanjman ki fèt nan yon moun? Èske se ‘sèlman anndan kè yon moun’ li ye?
WAYÒM Bondye a te enpòtan anpil pou Jezi. Pap Benwa rekonèt Wayòm sa a se te “tèm prensipal predikasyon Jezi a”. Nan ti tan Jezi te pase ap preche a, li te pase pifò ladan l ap vwayaje nan tout peyi Izrayèl “ap preche bon nouvèl wayòm nan”. (Matye 4:23). Sa Jezi t ap anseye yo ak mirak li te fè yo te montre aklè Wayòm nan pa vini lè yon moun aksepte Bondye ak lè l obeyi Bondye, men, Wayòm nan pral dirije, li pral jije moun e li pral pote benediksyon pou toutan.
Li pral dirije e li pral jije moun
Yon lè, prèske nan fen ministè Jezi, manman Jan ak Jak, de disip ki te pwòch Jezi anpil, t al jwenn Jezi e li te di l: “Bay lòd pou de pitit gason m yo chita bò kote w nan wayòm ou an, youn adwat ou e lòt la agoch ou.” (Matye 20:21). Se sèten li pa t ap pale de yon bagay ki te nan kè pitit li yo. Li te konnen Jezi te gen pou l dirije antanke Wa nan Wayòm nan, e li te vle pou pitit li yo dirije ansanm ak Jezi. An reyalite, Jezi te pwomèt onz apot fidèl li yo yo t ap gen pou yo “chita sou twòn” e pou yo “jije” moun avè l nan Wayòm li an (Lik 22:30). Donk, pou disip Jezi yo, Wayòm Jezi a te yon gouvènman toutbon ki t ap gen pou l dirije.
Men, èske lòt moun nan epòk Jezi yo te panse Wayòm nan se jis yon chanjman ki fèt anndan yon moun, oubyen yo te panse se te yon lòt bagay? Yon ti tan anvan fèt Pak ane 33 epòk nou an, lè Jezi t ap antre Jerizalèm sou do yon ti bourik, moun yo te akeyi l pandan yo t ap di byen fò: “Sove Pitit David la!” (Matye 21:9). Poukisa yo t ap rele konsa? Sandout yo te vin rann yo kont Jezi se te Mesi Bondye te pwomèt la e Bondye t apral ba li yon Wayòm k ap dire pou toutan, anpalan de “twòn David, papa li”. Yo te swaf pou Wayòm nan sove yo e pou yo jwenn lapè ak jistis Wayòm sa a ap pote. — Lik 1:32; Zekarya [Zakari] 9:9.
Benediksyon pou toutan
Menm moun ki pa t twò enterese nan mesaj Jezi a te konnen sa l te anseye sou Wayòm nan. Lè Jezi te sou poto a, youn nan bandi ki te bò kote l yo te sipliye l, li te di l: “Jezi, sonje m lè w vin wa.” Ki repons Jezi te ba li? Li te ba l asirans sa a: “W ap avèk mwen nan Paradi a.” — Lik 23:42, 43.
Pawòl vòlè sa a te di yo montre li te kwè yonfwa Jezi te resisite, li t apral resevwa yon Wayòm. Jezi pap sèlman gen pouvwa pou l resisite mesye sa a epi fè l vin yon pi bon moun, menm jan li gen pou l fè sa pou plizyè milyon lòt moun, men tou, l ap anvi fè sa. Donk, lè Jezi t ava resevwa pouvwa nan syèl la, li t ap gen pou l pote benediksyon pou tout moun sou tè a anba dominasyon Wayòm nan pou toutan. — Jan 5:28, 29.
Wayòm nan te nan mitan yo
Èske Jezi pa t di: “Wayòm Bondye a nan mitan nou”? Wi. Nou jwenn pawòl sa yo nan Lik 17:21. Gen kèk tradiksyon Labib ki di Wayòm Bondye a “sé anndan nou” li ye (pa egzanp, Nouvo Testaman Sin an avèk Sòm e Provèb Yo). Ki sa Jezi te vle di lè l te di Wayòm Bondye a nan mitan nou?
Lè Jezi te di pawòl sa yo, li t ap pale ak yon seri Juif ki te kont li e ki te fè pati yon gwoup yo te rele Farizyen. Juif sa yo te gen panse pa yo sou Mesi a ak Wayòm li an. Pou yo menm, Mesi a t ap gen pou l vini “sou tèt nyaj yo nan syèl la” antanke yon Wa ki gen glwa ki t apral delivre Juif yo anba men Women yo epi etabli Wayòm Izrayèl la ankò (Dànyèl 7:13, 14). Men, Jezi te montre yo te nan erè lè l te di yo: “Wayòm Bondye a pap vini yon fason pou tout moun wè l.” Li te kontinye pou l di yo: “Gade! wayòm Bondye a nan mitan nou.” — Lik 17:20, 21.
Pandan Jezi t ap anseye e li t ap fè mirak ki te montre aklè se li menm ki t apral Wa nan Wayòm Bondye a, Farizyen yo ki te gen move entansyon nan kè yo e ki pa t gen lafwa nan Jezi te vin kont li pi plis toujou. Yo pa t kwè se Jezi ki te Mesi a. Se sa k fè, Jezi te di yo aklè Wa ki t apral gouvène nan Wayòm nan te “nan mitan [yo]”. Lè l te di sa a, li pa t ap mande yo pou yo gade anndan yoa, paske Jezi ak disip li yo te kanpe devan yo. Se sa k fè, gen yon lòt tradiksyon Labib ki tradui pawòl Jezi te di yo konsa: “Wayòm Bondye a avèk nou.” — Lik 17:21, Contemporary English Version.
Wayòm nan gen enpòtans pou nou
Se vre nou enpafè e Wayòm nan pa anndan kè nou, men, li dwe gen enpòtans pou nou. Jezi te travay di pou l ede moun ki t ap koute l yo vin gen yon lafwa solid nan yon gouvènman ki jis k ap pote lapè ak sekirite toutbon. Li te fè sa pa mwayen ansèyman l yo ak gwo mirak li te fè yo. Li te vle yo vin gen yon lafwa ki t ap gen yon bon enfliyans sou lavi yo. Se sa k fè, li te montre yo pou yo priye konsa: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” (Matye 6:9, 10). Pawòl Jezi yo te touche anpil nan moun ki t ap koute l yo, e moun sa yo te vin gen yon lafwa ki te pouse yo suiv Jezi nan objektif pou yo jwenn benediksyon Wayòm Bondye a ap pote yo.
Èske w ta renmen gen yon lafwa konsa? Si se sa, ki sa w ta dwe fè? Sonje pawòl Jezi te di nan kòmansman Sèmon sou montay la, yon diskou anpil moun konnen. Jezi te di: “Byennere moun ki rann yo kont yo bezwen Bondye, piske wayòm syèl la se pou yo.” (Matye 5:3). Poukisa w pa aksepte yon etid biblik ak Temwen Jewova yo ki te ba w peryodik sa a? Konsa, w ap vin gen esperans nan Wayòm Bondye a ki pa yon chanjman ki fèt anndan kè moun, men ki se yon gouvènman ki jis, ki pral pot lapè ak sekirite pou tout moun.
[Nòt anba paj]
a Lè Jezi te di Wayòm nan “nan mitan nou” an, piske se ak Farizyen yo li t ap pale, mo “nou” li te itilize a te reprezante Farizyen yo. Li klè, Jezi pa t ap pale de yon chanjman ki te fèt anndan kè Farizyen yo kòmkwa yo te vin gen lafwa nan li.
[Antrefilè nan paj 19]
Èske Wayòm Bondye a te nan kè moun ki te opoze ak Jezi yo e ki te vle touye l yo?