Nou gen rezon pou nou kontan
GEN lòd nan tout bagay Jewova kreye moun ka wè yo. Sa pa fè nou sezi, paske Kreyatè a “pa yon Bondye dezòd”. (1 Kor. 14:33.) Fason Jewova òganize pèp li a pou yo adore l se yon bagay ki enpresyone moun. Ann egzamine sa Jewova fè. Li fòme yon òganizasyon ki fèt ak plizyè milyon kreyati, anpalan de moun ak zanj, ki gen libète pou yo deside e ki ini nan vrè adorasyon an. Ala yon bèl bagay!
Nan Izrayèl tan lontan an, se Jerizalèm ki te reprezante pati òganizasyon Bondye a sou tè a e se la tanp Jewova a ak wa li te chwazi a te ye. Men ki jan yon Izrayelit, ki te prizonye nan Babilòn, te pale de santiman li genyen pou vil sakre a: “Si nou pa chonje ou [Jerizalèm], si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou, se pou lang nou kole nan fon bouch nou.” — Sòm 137:6.
Èske se menm santiman sa a ou genyen pou òganizasyon Bondye a jodi a? Èske li ba w plis kè kontan pase tout lòt bagay? Èske pitit ou konprann istwa pati òganizasyon Bondye a ki sou tè a ak fason l fonksyone? Èske yo byen konprann yo fè pati fanmi entènasyonal Temwen Jewova yo fòme a e èske yo bay sa valè (1 Pyè 2:17)? Li t ap bon si w ta sèvi ak konsèy ki vin annapre yo nan sware adorasyon an fanmi an, yon fason pou nou vin gen plis apresyasyon pou òganizasyon Jewova a.
Rakonte yo bagay “tan lontan” yo
Fanmi izrayelit yo te konn reyini chak ane pou yo fete fèt Pak la. Premye fwa Bondye te vin ak fèt sa a, Moyiz te di pèp la: “Denmen, lè pitit gason nou yo va mande nou poukisa nou fè sa, n’a di yo: Se paske se ak fòs ponyèt li Senyè a te fè nou sòti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la.” (Egz. 13:14). Fason Jewova te boule ak Izrayelit yo se pa yon bagay moun te dwe bliye. Se sèten gen anpil papa pitit ann Izrayèl ki te suiv sa Moyiz te di a. Paske, men sa yon Izrayelit te di nan yon priyè plizyè jenerasyon annapre: “Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan.” — Sòm 44:1.
Jèn yo jodi a ka konsidere istwa Temwen Jewova yo pandan plis pase santan ki sot pase yo kòm istwa “tan lontan”. Ki jan w ka fè istwa sa yo parèt vivan pou pitit ou? Gen kèk paran ki sèvi ak liv Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu a, Annuaire yo, istwa lavi frè ak sè ki parèt nan peryodik yo ak lòt rapò sou istwa Temwen yo, san wete nouvo DVD nou te resevwa sou pèp Bondye a nan epòk nou an, pou yo anseye timoun yo istwa òganizasyon an. Videyo ki gen rapò ak pèsekisyon frè nou yo nan ansyen Inyon sovyetik ak nan Almay nazi montre fanmi yo kòman pou yo konte sou Jewova lè yo nan eprèv. Sèvi ak bagay sa yo nan sware adorasyon an fanmi an. Sa ap ranfòse lafwa timoun yo si yo ta nan sitiyasyon k ap teste entegrite yo.
Men, si se yon diskou ou fè sou istwa Temwen Jewova yo, jèn yo pap pran tan pou yo santi yo raz. Donk, fè yon fason pou timoun yo patisipe. Pa egzanp, ou ka mande yo pou yo chwazi yon peyi ki enterese yo, pou yo chèche istwa teyokratik peyi sa a e pou yo prezante fanmi an kèk nan bagay yo te aprann yo. Si gen moun nan kongregasyon an ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova avèk fidelite, ou ta ka envite yo patisipe avèk ou nan adorasyon an fanmi an. Petèt timoun yo ka poze yo kèk kesyon, fè yo di sa yo panse epi fè yo rakonte eksperyans yo. Oswa ou ka fè timoun yo fè desen pou yo esplike kèk gwo evènman ki te pase nan òganizasyon an, tankou konstriksyon yon filyal, yon asanble entènasyonal oswa fason yo te konn sèvi ak fonograf nan predikasyon kay an kay.
Aprann yo ki jan “chak pati fè travay pa yo”
Apot Pòl te konpare kongregasyon an ak kò yon moun, li te di “tout pati kò a grandi pou li bati tèt li nan lamou. Li grandi nan mezi, chak pati fè travay pa yo. Paske, kò a byen òganize, byen sentre, grasa sipò chak jwenti.” (Efe. 4:16, Bib Kreyòl La). Lè nou aprann fason kò moun fonksyone, sa fè nou vin gen plis apresyasyon ak respè pou Kreyatè nou an. Menm jan an tou, lè nou egzamine fason kongregasyon an fonksyone nan lemonnantye, nou ret bouch ouvè devan “divès aspè ki gen nan sajès Bondye” a. — Efe. 3:10.
Jewova fè konnen ki jan òganizasyon l lan, san wete pati ki nan syèl la, fonksyone. Pa egzanp, li fè nou konnen li te bay Jezi Kris yon revelasyon, apre sa, Jezi “voye zanj li, e pa mwayen zanj sa a, li sèvi ak senbòl pou l bay Jan, esklav li a, revelasyon an. Se Jan [ki] bay temwayaj” sa a (Rev. 1:1, 2). Si Bondye fè nou konnen ki jan pati envizib òganizasyon l lan mache, èske w pa panse li vle nou konprann ki jan “chak pati fè travay pa yo” sou tè a?
Pa egzanp, si w pral gen vizit siveyan sikonskripsyon talè konsa, ou ta ka egzamine ansanm ak fanmi w travay yon siveyan sikonskripsyon gen pou l fè ak benediksyon l jwenn. Ki sa yo fè pou yo ede nou chak? Men lòt kesyon nou ka egzamine: Poukisa nou dwe remèt yon rapò? Kote òganizasyon Bondye a jwenn kòb pou l fonksyone? Kòman Kolèj santral la òganize l epi kòman li bay manje espirityèl?
Lè nou rive konprann fason pèp Bondye a òganize, nou jwenn benediksyon omwen twa fason diferan: nou vin gen plis apresyasyon pou moun k ap travay di pou nou yo (1 Tes. 5:12, 13). Nou vin gen plis anvi pou nou soutni dispozisyon frè ki alatèt nan òganizasyon Jewova a pran (Tra. 16:4, 5). Epitou, plis nou wè desizyon ak dispozisyon moun k ap dirije yo pran baze sou Bib la, se plis nou vin gen konfyans nan moun sa yo. — Ebre 13:7.
‘Vizite tout pòs santinèl yo’
“Mache, fè tout tou [Siyon]. Konte konbe fò li genyen. Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonè [santinèl] yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen.” (Sòm 48:12, 13). Moun ki te ekri sòm sa a te ankouraje Izrayelit yo pou y al vizite Jerizalèm. Imajine bèl souvni fanmi Izrayelit yo te genyen lè yo te konn vwayaje al nan vil sakre a pou fèt ki te konn fèt chak ane yo e lè yo te wè bèl tanp ki nan vil sa a! Siman yo te anvi ‘fè pitit pitit yo konn sa’.
Sonje, nan yon premye tan, rèn Cheba a pa t ka kwè sa l te tande sou fason estrawòdinè wa Salomon t ap dirije e sou kokenn sajès wa a te genyen. Ki sa k te ba l konviksyon sa l te tande yo se te laverite? Li te di: “Mwen pat vle kwè toutotan mwen pat vini wè ak je pa mwen.” (2 Kwo. 9:6). Wi, sa nou wè ak ‘je pa nou’ ka gen gwo efè sou nou.
Ki jan w ka ede pitit ou wè bèl bagay ki nan òganizasyon Jewova a ak ‘je pa yo’? Si filyal Temwen Jewova ki nan peyi kote w ye a pa lwen w, fè yon efò pou w vizite l. Pa egzanp, Mandy ak Bethany te grandi nan yon zòn ki te gen yon distans apeprè 1 500 kilomèt ak Betèl peyi kote yo te ye a. Poutan, paran yo te pran dispozisyon pou yo vwayaje al vizite Betèl la souvan, sitou pandan timedam yo t ap grandi. Men sa medam yo di: “Anvan nou te vizite Betèl la, nou te panse se yon kote tout moun yo serye anpil e se granmoun sèlman ki la. Men, nou te rankontre jèn moun k ap travay di pou Jewova e ki te pran plezi nan sa! Nou te wè se pa nan ti bout zòn kote nou te rete a òganizasyon Jewova a ye sèlman, e chak fwa nou te vizite Betèl la, sa te fè nou vin pi pwòch Jewova e sa te fè nou anvi sèvi l pi plis.” Lefètke Mandy ak Bethany te vizite Betèl la, sa ki te pèmèt yo pi byen wè òganizasyon Jewova a, sa te pouse yo pran sèvis pyonye, e yo te menm envite yo vin travay nan Betèl la kòm volontè pandan yon ti tan.
Gen yon lòt fason nou ka “wè” òganizasyon Jewova a, yon fason Izrayèl tan lontan an pa t ka wè l. Nan dènye ane ki sot pase yo, pèp Bondye a te resevwa videyo ak DVD ki pale de divès aspè nan òganizasyon Bondye a. Gen DVD tankou: Jusqu’aux extrémités de la terre, Les Témoins de Jéhovah: organisés pour prêcher la bonne nouvelle, Toute la communauté des frères et Unis grâce à l’enseignement divin. Lè ou menm ak fanmi w wè travay di Betelit yo ap fè ansanm ak travay moun k ap pote sekou yo, misyonè yo, ak frè ki prepare asanble yo e ki òganize yo ap fè, se sèten n ap vin gen plis apresyasyon pou fanmi entènasyonal nou fòme a.
Chak kongregasyon pèp Bondye a sou tè a jwe yon wòl enpòtan nan preche bon nouvèl la e nan soutni kretyen ki nan zòn li ye a. Men, ou menm ak fanmi w, pran tan pou nou panse ak “tout frè nou yo nan monn nan”. Sa ap ede ou menm ak pitit ou pou nou rete “fèm nan lafwa” paske nou rekonèt nou gen rezon pou nou kontan. — 1 Pyè 5:9.
[Kare/Foto nan paj 18]
Òganizasyon Bondye a — Yon sijè ki merite pou nou etidye l
Nou gen anpil bagay ki ka ede nou tout aprann plis sou istwa òganizasyon Jewova a ak fason l fonksyone. Kesyon ki vin annapre yo kapab ede w kòmanse fè sa.
☞ Kòman travay siveyan sikonskripsyon ak siveyan distri yo te kòmanse nan epòk nou an? — Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu, paj 222-227.
☞ Ki sa k te remakab nan dènye jou asanble ki te fèt an 1941 an, ki te yon “jou pou timoun yo”? — Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu, paj 86, 88.
☞ Ki metòd Kolèj santral la suiv pou l pran desizyon? — ‘Rends pleinement témoignage au sujet du Royaume de Dieu’, paj 108-114.