BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w11 1/7 p. 17
  • Konsolasyon pou moun ki dekouraje

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Konsolasyon pou moun ki dekouraje
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Jewova koute moun ki kraze yo lè y ap rele nan pye l
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Annou egzalte non Jewova ansanm
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Fè “Bondye tout konsolasyon an” konfyans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Toujou konte sou lespri Bondye nan tout chanjman ki fèt nan lavi w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
w11 1/7 p. 17

Annou pwoche bò kote Bondye

Konsolasyon pou moun ki dekouraje

‘MWEN pa kwè Jewova ap janm renmen m.’ Se sa yon kretyèn ki t ap lite anba depresyon pandan yon bon pati nan vi l te di. Li te di tèt li se sèten Jewova pa enterese nan li. Èske vrèmanvre Jewova lwen adoratè l k ap lite anba depresyon yo? Nou jwenn yon repons rekonfòtan nan pawòl Bondye te enspire salmis David pou l ekri nan Sòm 34:18 la.

David te konnen ki efè gwo detrès ka genyen sou yon moun fidèl k ap adore Jewova. Lè David te jèn, li t ap viv nan mawon, paske Sayil, yon wa ki te jalou e ki te detèmine pou touye l, te lage koukouwouj dèyè l. David te chèche refij yon kote li te konnen Sayil pa t ap janm al chèche l. Se te nan vil Gat, nan tèritwa Filisten yo, yon tèritwa ènmi. Sepandan, lè yo te vin rekonèt David, yo te manke touye l, men li te pran pòz moun fou l pou l te ka chape. David te bay Bondye glwa poutèt Li te delivre l, e li te baze sou eksperyans sa a pou l ekri Sòm 34 la.

Èske David te kwè Bondye lwen moun ki dekouraje yo e ki panse Bondye rejte yo oswa ki santi yo pa merite pou l ba yo konsiderasyon? Men sa David te ekri: “[Jewova] kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.” ​(Vèsè 18). Annou wè ki jan pawòl sa yo bay konsolasyon ak espwa.

“[Jewova] kanpe toupre.” Gen yon ouvraj referans ki di pawòl sa a se “yon fason klè pou yo di Seyè a ap suiv pèp li a e l ap voye je sou yo, li toujou pare pou l ede yo e pou l sove yo”. Sa vrèman rekonfòtan pou nou konnen Jewova ap voye je sou pèp li a. Li wè pwoblèm yo rankontre nan ‘tan di’ sa yo e li konnen santiman yo gen nan fon kè yo. — 2 Timote 3:1; Travay 17:27.

“Moun ki dekouraje yo.” Dapre yon biblis, pawòl salmis la fè referans ak “yon tristès oswa yon chagren moun konn genyen an jeneral”. Wi, pafwa, menm adoratè fidèl Bondye yo ka rankontre gwo difikilte ki fè yo dekouraje.

“Moun ki te pèdi espwa.” Moun ki dekouraje yo ka vin tèlman santi yo pa vo anyen, sa ka fè yo pèdi tout espwa pandan yon ti tan. Gen yon liv yo fè pou moun k ap tradui Labib ki di yo ka rann ekspresyon sa a konsa: “Moun ki pa atann anyen ki bon.”

Ki jan Jewova aji ak moun ki “dekouraje yo” e ki “pèdi espwa”? Èske li rete lwen yo paske li panse yo pa merite pou l renmen yo e pou l ba yo atansyon? Okontrè! Menm jan ak yon papa oswa yon manman ki renmen pitit li ki pran pitit la nan bra l pou l konsole l paske pitit la gen yon pwoblèm, se konsa Jewova toupre moun k ap adore l k ap rele nan pye l. Li tou pare pou l konsole e pou l soulaje moun ki dekouraje e ki pèdi espwa yo. Li kapab ba yo sajès ak fòs yo bezwen pou yo fè fas ak kèlkeswa difikilte yo ta rankontre. — 2 Korentyen 4:7; Jak 1:5.

Sa w panse si w ta chèche pwoche pi pre Jewova? Li se yon Dye ki gen konpasyon. Men pwomès li fè: “Mwen kanpe la [...] avèk moun ki gen lapenn tout bon [...], pou m ka remoute kouray yo, pou m ba yo konfyans ankò.” — Ezayi (Izayi) 57:15.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje