BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • brwp120301
  • “Pa fè pati monn nan”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Pa fè pati monn nan”
  • What Are the Marks of True Christianity?
  • Sou menm sijè a
  • Temwen Jewova yo lè Olokos la — Ki sa Bib la di?
    Kèk lòt sijè
  • Pou ki rezon olokos la te rive? Sa k fè Bondye pa t anpeche sa fèt?
    Repons Bib la bay
  • “ Yo pa fè pati monn nan ”
    Adore sèl vrè Dye a
  • Netralite : Ki jan sa ye pou kretyen k ap viv nan dènye jou yo ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2002
Gade plis
What Are the Marks of True Christianity?
brwp120301

“Pa fè pati monn nan”

“Monn nan rayi yo, paske yo pa fè pati monn nan.” — JAN 17:14.

Sa sa vle di: Etandone Jezi pa t fè pati monn nan, li pa t pran pozisyon sou pwoblèm sosyal ak politik ki te genyen nan epòk li a. Li te di: “Si Wayòm mwen an te fè pati monn sa a, sèvitè m yo t ap goumen pou yo pa livre m bay Juif yo. Men, se pa la Wayòm mwen an soti.” ​(Jan 18:36). Li te ankouraje disip li yo tou pou yo evite tout etadespri, fason moun pale ak konduit Pawòl Bondye a kondane. — Matye 20:25-27.

Fason premye kretyen yo te rive fè sa: Selon Jonathan Dymond, yon moun ki ekri sou relijyon, premye kretyen yo “pa t dakò patisipe nan [lagè]; kèlkeswa konsekans sa te pote, tankou kritik lòt moun, prizon oswa lanmò”. Yo te pito soufri olye yo patisipe nan zafè monn nan. Fason yo te viv tou te fè yo diferan ak rès moun yo. Men sa Bondye te di kretyen yo: “Etandone nou pa kontinye kouri avèk yo nan chemen ki mennen nan menm ma labou debòch la, sa boulvèse yo, e yo pale nou mal.” ​(1 Pyè 4:4). Will Durant, yon istoryen, te fè konnen “atachman [kretyen yo] te demontre pou Bondye ak fason yo te respekte prensip moral yo te deranje moun ki pa t enterese nan Bondye e ki te renmen plezi”.

Kiyès ki fè menm bagay la jodi a? Anrapò ak kesyon pou kretyen yo pa mele nan zafè monn nan, men sa yon ansiklopedi (New Catholic Encyclopedia) fè konnen: “Se yon bagay ki mal pou yon moun refize fè sèvis militè akoz konsyans li.” Gen yon òganizasyon pou dwa moun (African Rights) ki fè yon rapò konsènan jenosid ki te fèt nan peyi Wannda an 1994 la. Selon rapò sa a, jounal Reformierte Presse fè konnen yo te dekouvri tout legliz yo te patisipe nan masak sa a, “eksepte Temwen Jewova yo”.

Anrapò ak Olokos Nazi yo te fè a, gen yon pwofesè nan lekòl segondè ki te di “pa gen okenn gwoup oswa òganizasyon ki te kanpe kont tout manti Nazi yo te bay, kont tout mechanste ak zak kriminèl yo te fèt”. Apre l te verifye ak mize sou Olokos ki Ozetazini an, men sa l te ekri: “Kounye a, m jwenn repons mwen t ap chèche a.” Li te aprann Temwen Jewova yo te kenbe pozisyon yo malgre sa te lakòz yo maltrete yo.

Ki konduit yo genyen? Men sa yon jounal katolik (U.S. Catholic) fè konnen: “Jodi a, pifò katolik ki jèn pa dakò ak ansèyman legliz bay konsènan kesyon viv ansanm ak fè sèks san yo pa marye a.” Menm jounal sa a site pawòl yon dyak. Men sa l di: “Dapre sa m wè, gen yon gwo kantite moun, m ta di plis pase 50 pousan, ki te deja ap viv ansanm anvan yo vin marye.” Gen yon ansiklopedi (The New Encyclopædia Britannica) ki fè konnen Temwen Jewova yo “mete anpil aksan sou prensip moral wo nivo nan fason y ap viv”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje