Labib chanje lavi moun
POUKISA yon mesye ki te leve nan yon fanmi ki fran katolik e ki te reyisi karyè l antanke jij te deside vin Temwen Jewova? Ki sa ki te pouse yon teworis pou l sispann fè vyolans epi pou l vin yon moun k ap preche Pawòl Bondye a? Annou wè sa yo gen pou yo di nou.
“Mwen vin pi byen konprann sa ki byen ak sa ki mal.” — SEBASTIÃO ALVES JUNQUEIRA
ANE LI FÈT: 1946
PEYI KOTE L SOTI: BREZIL
ANVAN: LI TE YON FRAN KATOLIK
VI MWEN T AP MENNEN: Fanmi m te rete nan yon pwovens ki nan yon distans sis kilomèt parapò ak yon vil ki rele Piquete. Paran m te gen yon bitasyon kote yo fè jaden e yo te konn sèvi ak pwodui yo rekòlte yo pou yo pran swen nou. Mwen te lekòl Piquete, pou m te ka sot lakay mwen pou m al lekòl la pi fasil mwen te oblije achte yon vye bekàn. Moun ki t ap viv nan zòn nan te pòv, men zòn nan te pwòp e yo pa t fè anpil move zak ladan l. Pifò gason ki t ap viv nan zòn nan t ap travay nan yon faktori ki te fè zam pou lame.
Mwen te yon elèv ki te konn travay byen lekòl. Mwen te antre nan yon lekòl militè ki nan yon vil ki toupre lakay mwen pou m te ka vin pilòt. Nan ane 1966 mwen te gradye kòm sèjan. Apre sa, mwen t al lekòl pou m etidye dwa kote mwen te resevwa lisans mwen. Kèk tan apre, mwen te fè aplikasyon pou yon pòs chèf polis. Nan ane 1976, mwen te pase yon egzamen leta e yo te ban m pòs la. Pafwa mwen te konn travay antanke administratè nan yon prizon. Pandan tan sa a, byen souvan Temwen Jewova yo te konn mande m pèmisyon pou yo preche prizonye yo. Yo te toujou pataje mesaj ki nan Bib la avè m tou. Mwen te gen anpil respè pou Bondye. Mwen te sezi lè m aprann Bondye gen yon non, li rele Jewova, e nou ka vin zanmi l.
Tikras pa tikras, mwen te pran pwomosyon nan travay mwen. Nan ane 1981, mwen te pase yon lòt egzamen leta e yo te nome m jij. Ansuit, an 2005, yo te nome m jij nan koudapèl, nan vil Sawo Polo.
FASON LABIB CHANJE LAVI M: Yon ti tan apre m fin diplome nan lekòl mwen te aprann dwa a, mwen te kòmanse li Bib la, sa te chanje fason m panse nèt. Mwen te yon fran katolik. Te gen plizyè prèt nan fanmi m e te gen yon evèk tou. Mwen te konn travay ansanm ak prèt la lè gen Mès. Anvan prèt la te kòmanse pale, mwen te konn li yon pati nan liv priyè a yo te chwazi alavans. Nan fanmi kote moun yo katolik yo pa t gen abitid li Bib la. Manman m te fache anpil lè l te aprann m ap li Bib la. Li te eseye dekouraje m, li di m ap vin fou. Men, mwen te kontinye li l paske m pa t wè gen anyen mal nan sa.
Kiryozite m te pouse m kontinye li Bib la. Mwen te vle konnen plis bagay sou prèt yo ak sou wòl yo jwe nan Legliz la. Anplis de sa, mwen te kòmanse li liv ki pale sou teyoloji liberasyon an. Men, lojik ak rezònman moun k ap soutni mouvman sa a fè te tèlman flou, mwen pa t ka menm konprann sa yo t ap di.
Nan epòk sa a, dantis mwen an ki te yon Boudis te fè m kado yon liv yon moun te ba li. Liv sa a te gen tit: L’homme est-il le produit de l’évolution ou de la création?a Mwen te pran liv la, mwen te panse li t ap enteresan pou m li l ansanm ak liv ki gen tit: L’origine des espèces la. Liv sa a se Charles Darwin ki te ekri l. Rezònman yo fè nan liv L’homme est-il le produit de l’évolution ou de la création? an lojik e yo konvenkan. Mwen pa t gen okenn dout nan lespri m teyori evolisyon an pa kanpe sou anyen.
Lè m te fin li liv ki pale sou kreyasyon an sa te fè m gen plis kiryozite toujou. Mwen te vle jwenn lòt liv Temwen Jewova yo pibliye. Mwen te aprann gen yon mekanisyen nan lekòl m te aprann pilòt la ki Temwen Jewova. Mwen te pale avè l, epi li te pote kèk liv pou mwen. Nan epòk sa a, mwen pa t vle etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Mwen te panse mwen ka etidye Bib la poukont mwen.
Lè m kòmanse li Bib la, mwen te deside sa t ap saj pou m li l ak fanmi m tou piske m se yon moun marye. Chak semèn, mwen te etidye Bib la ansanm ak fanmi m e nou te li l ansanm tou. Antanke katolik, tout sa fanmi m te konn fè te depann de sa prèt yo ak evèk yo di. Konsa, lè m te li Jan 14:6, sa te atire atansyon m anpil, men sa l di: “Jezi di l [disip ki rele Toma]: ‘Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a e se mwen ki lavi a. Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.’” Apre m fin fè bonjan rechèch sou sijè a, mwen te vin kwè se Jewova k ap ban nou delivrans lan, men li sèvi ak Jezi pou l fè sa. Alòske yo te fè nou kwè se prèt yo k ap ban nou delivrans lan.
Gen de lòt vèsè ki te fè m chanje opinyon m genyen sou Legliz katolik ak sou ansèyman l yo. Premye vèsè a se Pwovèb 1:7, men sa l di: “Lakrentif pou Jewova se kòmansman konesans. Sajès ak disiplin se bagay moun ki sòt meprize.” (NW). E dezyèm vèsè a se Jak 1:5 ki di: “Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, e l ap ba li l, paske l donan ak tout moun, e li pa fè repwòch.” Se pa ti swaf mwen te swaf pou m gen konesans e pou m gen sajès, men lè m t ap mache legliz swaf sa a pa t pase. Se sa k fè mwen te sispann mache legliz.
Nan ane 1980, madanm mwen te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Depi m te nan kay la lè yo t ap fè etid la, mwen te konn chita pou m suiv. Men, nou te pran anpil tan anvan nou te deside batize pou nou vin Temwen Jewova. Madanm mwen te batize an 1994, e mwen te batize an 1998.
BYENFÈ MWEN JWENN: Kat pitit nou yo jwenn anpil byenfè lefètke nou te aprann yo prensip Jewova yo e yo te aplike yo nan lavi yo (Efezyen 6:4). Mwen gen de pitit gason, yo toule de travay di pou yo pran swen lòt Temwen ki nan kongregasyon kote yo ye a nan domèn espirityèl. De pitit fi m yo zele pou yo preche lòt moun mesaj ki nan Bib la. Madanm mwen pase plizyè èdtan chak mwa ap ede lòt moun aprann verite ki nan Bib la, e mwen kontan sèvi kòm ansyen nan kongregasyon kote m ye a.
Se lè m vin Temwen Jewova, mwen vin pi byen konprann sa ki byen ak sa ki mal. Antanke jij, lè m ap jije yon moun nan tribinal la, mwen fè efò pou m imite fason Jewova aji nan diferan sitiyasyon. Mwen pran an konsiderasyon tout aspè ki gen nan yon sitiyasyon, mwen rezonab e mwen demontre konpasyon lè gen detay ki ede m pi byen konprann sitiyasyon an.
Mwen jije plizyè moun pou vyolans, pou krim, pou abi yo fè sou timoun ak lòt move zak ankò. Malgre sa, sa pa fè m gen kè di. Lè m ap gade nouvèl yo bay nan televizyon, mwen gen degoutans pou monn sa a k ap degrade nan domèn moral. Mwen gen anpil rekonesans anvè Jewova paske li ede m konprann rezon ki fè moun ap fè plis move zak chak jou. Anplis de sa, li ban nou espwa bagay yo pral bon pi devan.
“Prizon pa t ede m chanje lavi m.” — KEITH WOODS
ANE LI FÈT: 1961
PEYI KOTE L SOTI: ILANN DINÒ
ANVAN: LI TE YON TEWORIS
VI MWEN T AP MENNEN: Mwen te fèt nan ane 1961 ann Ilann dinò, nan yon vil ki te gen anpil aktivite. Mwen te leve nan yon fanmi potestan. Mwen te abite nan yon kay ki pou leta, e vwazen m yo se te katolik ak potestan. Pifò fanmi ki nan zòn nan pa t gen gwo mwayen. Pyès moun pa t gen anpil kòb men nou te viv byen youn ak lòt.
Mwen pa t renmen fason m t ap viv la. Nan ane 1974, te gen dezòd ann Ilann dinò e m te pami moun ki t ap simen latwoublay yo. Nan epòk sa a, bagay yo te vin pi mal nan zòn nan. Pa egzanp, papa m te manadjè nan yon faktori ki fè kapèt ann Ilann dinò. Yon jou nan aswè, pandan l te nan travay la li t ap fòme de jèn gason katolik ki vwazen nou, gen yon moun ki voye yon bonm ki pase nan fenèt lakay ti mesye yo e k al tonbe nan salon an. Li touye papa yo, manman yo ak frè yo a.
Pwoblèm yo te vin pi rèd, e moun yo te kòmanse fè lagè. Katolik te boule kay potestan ki t ap viv nan zòn pa yo e potestan te maltrete katolik ki te abite nan zòn pa yo tou. Pifò moun ki te rete nan zòn nou an se te potestan. Piske m te konn lage bonm, sa pa t pran tan yo te arete m e yo te mete m nan prizon pou twazan.
Pandan m te nan prizon, m te vin bon zanmi ak yon prizonye tout moun byen konnen kòm manm yon mouvman politik yo te rele lwayalis. Nou te vin tankou de frè e kèk tan apre se mwen ki te temwen maryaj li. Prizon pa t chanje lavi m e l pa t chanje lavi zanmi m nan tou. Lè yo te lage nou, nou te retounen nan aktivite politik nou ankò, men fwa sa a nou te fè pi gwo zak. Sa te fè yo mete zanmi m nan nan prizon ankò. Pandan li te nan prizon yo te asasinen l.
Gen moun ki te konn atake m tou. Gen yon lè yo te sote machin mwen ak yon bonm. Men evènman sa yo te fè m pi detèmine toujou pou m soutni kanpay nou t ap mennen “pou Bondye ak pou Ilann dinò” a.
Pandan epòk sa a, mwen te patisipe nan yon emisyon yo t ap fè sou “dezòd” ki te genyen yo e yo te pase emisyon an sou yon chenn televizyon an Grann Bretay. Akoz emisyon sa a, mwen te vin gen plis pwoblèm toujou. Pa egzanp, yon jou swa, lè m tounen lakay mwen, se gade m gade m wè madanm mwen kite m. Yon ti tan apre, yo te pran pitit gason m nan nan men m. M sonje yon lè m t ap gade nan yon glas e m di: “Bondye, si w egziste vre, ede m.”
Nan samdi apre a, mwen te rankontre yon moun mwen konnen ki rele Pòl. Li te vin Temwen Jewova. Pòl te kòmanse pale de Bib la avè m. De jou apre, li voye yon Toudegad ban mwen. Nan peryodik sa a, te gen yon atik ki site pawòl Jezi di nan Jan 18:36 la. Men sa vèsè sa a di: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a. Si wayòm mwen an te fè pati monn sa a, sèvitè m yo t ap goumen pou yo pa livre m bay Juif yo. Men vwala, se pa la wayòm mwen an soti.” Pawòl sa yo te touche m anpil. Depi jou sa a, lavi m te kòmanse chanje.
FASON LABIB CHANJE LAVI M: Pòl te kòmanse etidye Labib avè m. Apre sa, se yon lòt Temwen ki rele Bill ki te kontinye etid la. Mwen konnen mwen te yon etidyan difisil. Mwen te chaje ak kesyon! Anplis de sa, mwen te envite plizyè chèf relijye ki te nan legliz mwen an lakay mwen pou yo ka montre Bill sa l ap di yo se manti. Men verite ki nan Pawòl Bondye a te parèt klè.
Mwen sonje yon lè mwen te di Bill li pa bezwen vin fè etid la paske yo te bloke wout nan zòn lakay mwen yo. Si l vini, yo t ap pran machin nan e yo t ap boule l. Men Bill te vin fè etid la kanmenm. Li te kite machin li lakay li epi l te vin sou bekàn. Ki moun ki t ap pran yon bekàn? Gen yon lòt lè, pandan Bill t ap fè etid la lakay mwen, lapolis ak lame te vin arete m. Pandan yo pral avè m, Bill di m byen fò: “Met konfyans ou nan Jewova!” Evènman sa yo make m anpil.
Premye fwa mwen te asiste yon reyinyon Temwen Jewova yo fè nan Sal Wayòm nan, m panse m te choke kèk moun. Cheve m te long, mwen te gen yon grenn zanno nan zòrèy mwen e m te gen yon djakèt ki fèt an kui ki montre mwen nan pati politik mwen te ye a. Men, m te sezi wè jan Temwen yo te trete m byen. Jantiyès yo te montre anvè m te touche m anpil.
Malgre m t ap etidye Labib, mwen te toujou pran kontak ak zanmi m yo. Men, tikras pa tikras, verite mwen t ap aprann nan Bib la te kòmanse anrasinen byen fon nan kè m. Mwen te rann mwen kont si m vle sèvi Jewova, m te dwe chanje pwennvi m sou kesyon politik e m te dwe kite move zanmi m m te genyen yo. Sa pa t fasil pou mwen. Men, ofiramezi konesans mwen gen sou Bib la t ap ogmante e m te konte sou fòs Jewova bay, m te rive fè chanjman nan lavi m. Mwen koupe cheve m, mwen retire grenn zanno a e mwen achte yon kostim. Anplis de sa, sa m t ap aprann yo te ede m amelyore fason m konpòte m ak lòt moun.
BYENFÈ MWEN JWENN: Mwen te konn fè anpil move zak e mwen te yon teworis. Lapolis nan zòn nan te konnen m trè byen. Kounye a lavi m chanje. Pa egzanp, premye fwa mwen asiste kongrè Temwen Jewova yo t ap fè, lapolis te akonpaye m pandan tout vwayaj la soti Ilann dinò rive jis nan Repiblik Ilann nan yon vil ki rele Navan. Men kounye a, mwen ka ale nan kongrè san polisye pa bezwen akonpaye m. Anplis de sa, kounye a mwen lib pou m patisipe nan travay predikasyon an ak lòt Temwen parèy mwen yo, Pòl ak Bill ansanm ak rès kongregasyon an.
Tank mwen t ap fè chanjman nan lavi m se tank mwen te santi m fè pati kongregasyon an. Se la mwen te rankontre yon Temwen ki rele Louise, e apre sa nou marye. Anplis de sa, yo te ban m pitit gason m nan.
Lè m reflechi sou lavi mwen t ap mennen anvan an, mwen regrèt m te konn fè moun mal e m te konn fè moun soufri. Mwen se yon prèv ki montre se toutbon Bib la ka chanje lavi moun ki te konn fè move zak tankou m yo, pou l fè yo vin moun ki gen bonjan objektif nan lavi yo e k ap viv ak espwa.
[Nòt anba paj]
a Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a, men yo pa enprime l ankò.
[Antrefilè nan paj 19]
Manman m te fache anpil lè l te aprann m ap li Bib la.