BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/3 p. 7
  • Rezirèksyon Jezi a ap fè nou jwenn lavi!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Rezirèksyon Jezi a ap fè nou jwenn lavi!
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Rezirèksyon an se yon esperans ki solid!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • “Men espwa mwen gen nan Bondye”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Rezirèksyon : Yon ansèyman ki konsène w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Rezirèksyon Jezi a: Sa l vle di pou nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/3 p. 7

Rezirèksyon Jezi a ap fè nou jwenn lavi!

REZIRÈKSYON Jezi a se pa premye rezirèksyon ki te fèt e li pa yon senp evènman ki te fèt nan tan lontan ki prèske pa vle di anyen pou nou jodi a. Men sa apot Pòl te ekri pou l fè konnen enpòtans rezirèksyon an genyen: “Kris leve sot nan lanmò, li menm ki resisite an premye pami moun k ap dòmi nan lanmò yo. Paske, etandone se yon moun ki fè gen lanmò, se yon moun tou ki fè gen rezirèksyon. Paske, menm jan nan Adan tout moun mouri, se konsa tou, nan Kris, yo tout pral retounen jwenn lavi.” — 1 Korentyen 15:20-22.

Jezi te resisite 16 nizan ane 33 epòk nou an. Se nan jou sa a nan ane a Juif yo te konn pote premye fwi nan premye rekòt yo, nan sangtyè tanp lan nan Jerizalèm, pou yo ofri yo bay Jewova. Lè apot Pòl te di Jezi te resisite an premye pami moun k ap dòmi nan lanmò yo, sa te montre t ap gen lòt moun ki t ap gen pou leve sot nan lanmò.

Pawòl apot Pòl di annapre a ede nou konprann byenfè rezirèksyon Jezi a ka fè nou jwenn. Men sa Pòl te di: “Paske, etandone se yon moun ki fè gen lanmò, se yon moun tou ki fè gen rezirèksyon.” Akoz peche ak enpèfeksyon nou eritye nan men Adan, nou tout mouri. Men, lefètke Jezi te bay vi pafè li a kòm ranson pou limanite, li vin posib pou moun leve sot nan lanmò e konsa y ap ka soti anba esklavaj peche ak lanmò. Nan Women 6:23, men ki jan apot Pòl ede nou pi byen konprann sijè sa a: “Sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò, men kado Bondye bay se lavi ki pap janm fini an grasa Kris Jezi, Seyè nou an.”

Jezi te esplike ki enpòtans lanmò l ak rezirèksyon l t ap gen pou lèzòm. Men ki jan li te pale de tèt li: “Yo dwe leve Pitit lòm nan anlè, yon fason pou tout moun ki kwè nan li ka gen lavi ki pap janm fini an. Paske, Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” — Jan 3:14-16.

Imajine jan lavi ki pap janm fini an ap ye: nou pap gen ni doulè, ni soufrans, ni lapenn (Revelasyon 21:3, 4)! Ala yon bèl avni k ap tann nou! Men ki jan yon biblis esplike sa: “Si simityè fè nou sonje jan lavi a kout, rezirèksyon an ban nou asirans talè konsa lanmò pap la ankò.” Wi, rezirèksyon Jezi a ap fè nou jwenn lavi!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje