BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/5 p. 15
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Èske Bondye ap padone m?
    Repons Bib la bay
  • Bondye “dispoze padone” nou
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan kesyon padone
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Ki byenfè w jwenn lefètke Jewova padone w?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/5 p. 15

REPONS BIB LA BAY

Èske nou ka jwenn padon pou peche nou yo?

Li pa twò difisil pou nou gen favè Bondye.

Dapre Labib, tout moun peche. Nou eritye peche nan men premye moun ki te egziste sou tè a anpalan de Adan. Konsa, pafwa nou ka fè yon bagay ki pa bon epi pi devan nou vin regrèt sa n te fè a. Lè Jezi Kris, Pitit Bondye a, te mouri pou nou, li te peye pou peche nou yo. Sakrifis Jezi te bay kòm ranson an fè li vin posib pou moun jwenn padon pou peche yo. Ranson an se yon kado Bondye bay. — Li Women 3:23, 24.

Gen moun ki te fè peche grav k ap mande tèt yo si Bondye ap janm padone yo. Nou kontan aprann sa Pawòl Bondye a di sou koze sa a. Men sa Bib la fè nou konnen: “San Jezi, Pitit li a, pirifye nou anba tout peche.” ​(1 Jan 1:7). Jewova dispoze padone moun ki fè peche grav si yo montre yo repanti toutbonvre pou sa yo te fè. — Li Izayi 1:18.

Ki sa nou dwe fè pou nou jwenn padon?

Si nou vle Jewova Dye padone nou, nou bezwen aprann konnen ki jan de moun li ye, tankou konprann fason l aji, aprann konsèy li ban nou yo ak sa li vle nou fè (Jan 17:3). Se ak tout kè l Jewova padone moun ki repanti pou peche yo te fè epi ki fè gwo efò pou yo chanje. — Li Travay 3:19.

Li pa twò difisil pou nou gen favè Bondye. Jewova konnen nou gen feblès lakay nou. Li gen mizèrikòd e li gen bonte. Lefètke li gen bonte ki plen lanmou an, èske sa pa pouse w aprann plis toujou sou sa w dwe fè pou w fè l plezi? — Li Sòm 103:13, 14.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje