BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/6 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa lèzòm pa ka fè lapè? — Ki sa Bib la di?
    Kèk lòt sijè
  • Poukisa li difisil pou gen lapè nan monn nan konsa?
    Repons Bib la bay
  • Lapè: Ki jan nou ka jwenn li?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/6 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Poukisa pa gen lapè nan monn nan?

Monn nan ap rive gen lapè sèlman lè gen yon gouvènman ki rive chanje sa k nan fon kè moun.

Labib fè konnen gen de rezon prensipal ki fè sa. Premyèman, Bondye pa t kreye lèzòm ak kapasite pou yo dirije tèt yo, byenke yo rive fè anpil bagay ki estrawòdinè. Dezyèmman, plan lèzòm yo pa rive mache paske “lemonnantye anba pouvwa Mechan an”, sètadi Satan Ledyab. Se sa k fè, malgre efò lèzòm fè yo, yo pa rive mete lapè nan monn nan. — Li Jeremi 10:23; 1 Jan 5:19.

Anplis de sa, lefètke lèzòm gen anbisyon e y ap chèche pwòp avantaj pa yo, sa fè yo pa ka rive mete lapè nan monn nan. Monn nan ap rive gen lapè sèlman lè gen yon gouvènman ki dirije tout moun sou tè a e ki aprann yo pou yo renmen sa ki dwat e pou yo gen sousi youn pou lòt. — Li Izayi 32:17; 48:18, 22.

Kiyès ki pral mete lapè sou tè a?

Bondye Toupisan an pwomèt li pral mete yon sèl gouvènman ki pral dirije tout limanite. Li pral ranplase gouvènman lèzòm yo (Dànyèl 2:44). Jezi, Pitit Bondye a, pral dirije antanke Prens lapè a. Li pral elimine mechanste sou tout tè a e li pral anseye moun yo chemen lapè a. — Li Izayi 9:6, 7; 11:4, 9.

Depi kounye a, gen plizyè milyon moun sou tout tè a ki anba direksyon Jezi k ap sèvi ak Pawòl Bondye a, Labib, pou yo anseye moun yo fason pou yo viv anpè ak tout moun. Talè konsa, pral gen lapè sou tout tè a toutbonvre. — Li Izayi 2:3, 4; 54:13.

Pou plis enfòmasyon, gade chapit 3 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova yo ki pibliye l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje