BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 15/10 p. 12-16
  • “Travay tankou esklav pou Jewova”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Travay tankou esklav pou Jewova”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “MWEN RENMEN MÈT MWEN TOUTBON”
  • NOU LIB MEN NOU TOUJOU ESKLAV
  • YON KARYÈ KI BAY SATISFAKSYON
  • GWO ETID OSWA PI BON FÒMASYON AN?
  • PWOFITE PI BON FÒMASYON AN
  • REKONPANS ESKLAV LA AP JWENN
  • “ Yo achte nou pou yon pri ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 15/10 p. 12-16

“Travay tankou esklav pou Jewova”

“Se pou nou zele, pa fè parès. [...] Travay tankou esklav pou Jewova.” — WOM. 12:11.

KI SA W PANSE?

  • Ki sa esklavaj yo pale de li nan Women 12:11 lan gen ladan l?

  • Ki jan nou kapab evite vin esklav Satan ansanm ak monn li an?

  • Ki rekonpans Jewova pwomèt esklav li yo?

1. Montre diferans ki genyen ant fason pifò moun wè kesyon esklavaj la ak esklavaj yo pale de li nan Women 12:11 lan.

ESKLAVAJ kretyen yo ladan l lan diferan anpil ak fason anpil moun konsidere esklavaj. Pou anpil moun, yon esklav se yon moun y ap domine sou li yon fason ki di, e se yon moun y ap maltrete. Sepandan, Pawòl Bondye enspire a pale de yon fòm esklavaj kote esklav la chwazi sèvi Mèt li ki gen lanmou. Anfèt, lè apot Pòl t ap konseye kretyen nan premye syèk la pou yo “travay tankou esklav pou Jewova”, se ankouraje li t ap ankouraje yo pou yo bay Jewova yon sèvis sakre paske yo renmen l (Wom. 12:11). Ki sa esklavaj sa a enplike? Ki jan n ka evite vin esklav Satan ansanm ak monn li an? Ki rekonpans yon moun k ap travay tankou esklav pou Jewova ap jwenn lè l ret fidèl nan sèvis l ap ba l la?

“MWEN RENMEN MÈT MWEN TOUTBON”

2. a) Ki sa k te ka pouse yon Izrayelit refize opòtinite l te genyen pou l vin lib? b) Ki sans sa te genyen lefètke se zòrèy esklav la yo te pèse?

2 Lwa Bondye te bay pèp Izrayèl la aprann nou ki kalite esklav Jewova vle nou ye. Yon esklav ebre te dwe jwenn libète l apre l fin fè setan ap sèvi mèt li (Egz. 21:2). Sepandan, Jewova te pran yon dispozisyon ki estrawòdinè nan ka yon esklav ki te renmen mèt li toutbon e ki te vle kontinye sèvi l. Mèt la te dwe mennen esklav la bò kot yon pòt oswa bò kot montan yon pòt, epi li te dwe pèse zòrèy esklav la ak yon pwenson (Egz. 21:5, 6). Sa gen anpil sans lefètke se zòrèy esklav la yo te pèse. Nan lang ebre a, obeyisans gen rapò ak tande epi koute. Esklav la te vle kontinye sèvi mèt li epi obeyi l. Egzanp sa a ede n konprann sa sa enplike lè n vwe lavi n bay Jewova, sa vle di nou chwazi obeyi l paske lanmou nou gen pou li a pouse n fè sa.

3. Ki rezon prensipal ki fè nou vwe lavi nou bay Bondye?

3 Anvan nou te batize pou n vin kretyen, nou te gentan pran desizyon pou n sèvi Jewova oswa pou n vin esklav li. Se dezi nou genyen pou n obeyi Jewova e pou n fè volonte l ki te pouse n vwe lavi nou ba li. Pa gen pèsonn ki te fòse n fè sa. An reyalite, menm jèn ki batize yo, se apre yo te fin vwe lavi yo bay Jewova yo te fè sa, yo pa t annik fè sa pou yo fè paran yo plezi. Rezon prensipal ki fè kretyen yo vwe lavi yo bay Jewova, Mèt nou an ki nan syèl la, se paske yo gen lanmou pou li. Apot Jan te ekri: “Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo.” — 1 Jan 5:3.

NOU LIB MEN NOU TOUJOU ESKLAV

4. Ki sa nou bezwen pou n ka vin “esklav sa ki jis”?

4 Se pa ti rekonesan nou rekonesan anvè Jewova dèske l ban nou posiblite pou n vin esklav li! Lafwa nou nan sakrifis ranson Kris la pèmèt nou soti anba jouk peche. Byenke nou toujou enpafè, nou chwazi pou se Jewova ak Jezi ki Mèt nou. Pòl te esplike sa byen klè nan yon lèt Bondye te pouse l ekri lè l te di: “Konsidere tèt nou kòm moun ki mouri toutbon parapò ak peche, men k ap viv pou Bondye grasa Kris Jezi.” Apre sa, li te bay avètisman ki vin annapre a: “Èske nou pa konnen si nou kontinye prezante tèt nou bay yon moun kòm esklav pou nou obeyi l, nou se esklav moun sa a paske nou obeyi l? Si se peche nou esklav, se lanmò n ap jwenn, men si se obeyisans nou esklav, n ap ka vin jis. Men, mèsi Bondye dèske kounye a nou vin obeyi modèl ansèyman yo te konfye nou an ak tout kè nou, alòske nou te esklav peche. Wi, piske nou libere anba peche, nou vin esklav sa ki jis.” ​(Wom. 6:11, 16-18). Remake apot la fè referans ak ‘obeyisans ki soti nan kè’. Vrèmanvre, lè nou vwe lavi nou bay Jewova sa fè n vin “esklav sa ki jis”.

5. Ki konba nou tout ap mennen, e poukisa?

5 Sepandan, gen kèk obstak nou bezwen venk pou n rive respekte ve n te fè a. N ap goumen kont de bagay. Premye a se konba Pòl t ap fè fas avè l la. Men sa l te ekri: “Nan fon kè m, mwen vrèman jwenn plezi nan lwa Bondye a, men, nan kò mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap fè lagè ak lwa ki nan lespri m nan e k ap mennen m kòm prizonye bay lalwa peche ki nan kò m nan.” ​(Wom. 7:22, 23). Nou menm tou nou eritye peche. Se sa k fè, nou toujou gen yon konba n ap mennen kont dezi lachè ki nan nou yo. Men ki egzòtasyon apot Pyè ban nou: “Se pou nou tankou moun ki lib. Men, pa pran libète nou genyen an pou fè l sèvi kouvèti pou nou fè sa ki mal, men, sèvi avè l antanke esklav Bondye.” — 1 Pyè 2:16.

6, 7. Ki fason Satan fè monn sa a parèt atiran?

6 Dezyèm konba n ap mennen an se kont monn sa a ki anba enfliyans demon yo. Satan, chèf monn nan, sèvi ak tout zam li genyen yo pou l eseye anpeche nou rete fidèl anvè Jewova ak Jezi. L ap chèche fè nou vin esklav li lè l tante nou pou l fè n tonbe anba move enfliyans li. (Li Efezyen 6:11, 12.) Youn nan fason Satan rive fè sa se lè l fè monn nan parèt atiran. Men ki avètisman apot Jan te ban nou: “Si yon moun renmen monn nan, lanmou pou Papa a pa nan li. Paske tout sa ki nan monn nan, tankou dezi lachè, dezi je ak egzibisyon yon moun ap fè ak mwayen l genyen pou l viv, pa soti nan Papa a, men yo soti nan monn nan.” — 1 Jan 2:15, 16.

7 Dezi moun yo genyen pou yo vin rich kòwonp monn nan. Satan fè moun kwè lajan bay kè kontan. Gwo magazen ap boujonnen pasipala. Piblisite yo ankouraje moun mennen yon vi ki konsantre sou chèche byen materyèl ak plezi. Byen souvan, ajans vwayaj yo ofri moun yo posiblite pou y al yon seri bèl kote ansanm ak moun ki gen pwennvi monn nan. Vrèmanvre, tout sa ki toutotou nou fèt yon fason pou pèmèt nou vin swadizan pi byen, men, yo toujou fè sa selon prensip monn nan.

8, 9. Ki gwo danje ki egziste, e poukisa?

8 Men ki avètisman apot Pyè te bay konsènan moun nan kongregasyon premye syèk la ki te adopte pwennvi monn nan: “Pou yo menm, mennen yon vi nan liks pandan lajounen se sa ki plezi. Moun sa yo se tach e yo se mak nan mitan nou. Se tout plezi yo pou yo lage kò yo san rezèv nan ansèyman y ap bay pou twonpe moun, toutpandan y ap fete ansanm ak nou. Paske y ap fè grandizè, y ap di pawòl ki pa gen sans, e yo sèvi ak dezi lachè ak konduit deregle pou yo sedui moun ki fèk chape anba moun k ap viv nan erè. Y ap pwomèt moun yo libète, alòske yo menm yo se esklav koripsyon. Paske, si yon moun venk yon lòt moun, moun yo venk lan tounen esklav moun ki venk li an.” — 2 Pyè 2:13, 18, 19.

9 Lè yon moun satisfè “dezi je” l sa pap fè l jwenn libète pou sa. Olye de sa, li vin esklav Satan Ledyab, chèf envizib monn nan (1 Jan 5:19). Vrèmanvre, se yon gwo danje sa ye pou yon moun vin esklav byen materyèl, yon kalite esklavaj ki difisil anpil pou moun soti ladan l.

YON KARYÈ KI BAY SATISFAKSYON

10, 11. Jodi a, ki moun Satan plis vize, e ki jan gwo etid kapab bay moun sa yo anpil difikilte?

10 Jodi a tou, Satan vize moun ki gen mwens eksperyans yo menm jan l te fè sa ann Edenn. Se sitou jèn yo Satan renmen atake. Satan pa kontan lè l wè yon jèn, oubyen kèlkeswa moun nan, chwazi vin esklav Jewova. Ènmi Bondye a ta renmen pou kèlkeswa moun ki vwe lavi yo bay Jewova, pa ret atache ak Jewova e pou yo pa ret fidèl anvè l.

11 Ann fè yon ti pale ankò konsènan egzanp esklav ki te aksepte yo pèse zòrèy li a. Esklav sa a dwe te santi kèk doulè pandan yon ti tan, men, mak li te vin genyen an te montre li se yon esklav pou toutan. Menm jan an tou, li kapab difisil anpil pou yon jèn pran yon desizyon ki diferan ak sa anpil moun t ap pran, e sa kapab menm fè l soufri. Satan fè moun konprann lè yo fè karyè nan monn nan y ap jwenn satisfaksyon, sepandan, kretyen yo dwe pran an konsiderasyon enpòtans sa genyen pou yo chèche gen yon bon relasyon ak Bondye. Men sa Jezi te di: “Byennere moun ki rann yo kont yo bezwen Bondye.” ​(Mat. 5:3). Kretyen yo vwe lavi yo bay Bondye pou yo fè volonte l, men yo pa vwe lavi yo pou yo fè volonte Satan. Yo pran plezi nan Lwa Jewova a, e yo medite sou li lajounen kou lannuit. (Li Sòm 1:1-3.) Sepandan, jodi a, anpil nan gwo etid yo pa bay sèvitè Jewova yo ase tan pou yo medite sou Pawòl Bondye a e pou yo vin gen yon bon relasyon avè l.

12. Jodi a, ki desizyon anpil jèn dwe pran?

12 Yon moun ki gen otorite nan monn nan kapab rann lavi a difisil anpil pou yon kretyen ki esklav Bondye. Men ki kesyon apot Pòl te poze kretyen Korent yo nan premye lèt li te ekri yo a: “Èske w te yon esklav lè Bondye te rele w la?” Apre sa, li te ba yo konsèy ki vin annapre a: “Pa chaje tèt ou pou sa. Men, si w ka vin lib, ou mèt pwofite okazyon an.” ​(1 Kor. 7:21). Li t ap pi bon pou yon esklav jwenn libète l si l te gen yon mèt nan monn nan ki t ap fè l pase mizè. Jodi a, nan anpil peyi, lalwa egzije jèn yo al lekòl pandan kèk ane. Apre sa, yo lib pou yo deside sa y ap fè. Lè yon moun kontinye ap fè gwo etid nan objektif pou l fè karyè nan monn nan, sa ka fè l pèdi nan libète l genyen pou l sèvi Jewova aplentan. — Li 1 Korentyen 7:23.

Pou ki mèt w ap travay tankou esklav?

GWO ETID OSWA PI BON FÒMASYON AN?

13. Ki kalite fòmasyon k ap pi bon pou sèvitè Jewova yo?

13 Men ki avètisman Pòl te bay kretyen ki t ap viv nan vil Kolòs yo: “Veye pou pèsonn pa pran nou nan pyèj ak filozofi ak twonpri ki san valè ki chita sou tradisyon lèzòm, sou bagay monn nan baze sou yo, e ki pa baze sou Kris.” ​(Kol. 2:8). Jodi a, “filozofi ak twonpri ki san valè ki chita sou tradisyon lèzòm” yo parèt byen klè nan fason anpil entèlektyèl nan monn nan reflechi. Byen souvan, moun ki fè gwo etid yo pa gen ase konpetans pou yo fè fas ak reyalite lavi a. Yon lòt bò, sèvitè Jewova yo chwazi fòmasyon k ap ede yo vin gen konpetans ki nesesè yon fason pou yo ka kontinye mennen yon vi senp nan sèvis y ap bay Bondye a. Yo pran konsèy Pòl te bay Timote a trèzoserye. Men sa Pòl te di: “Se vre, n ap jwenn gwo avantaj si nou gen atachman pou Bondye, men se si nou kontante nou ak sa nou genyen. Se sa k fè, si nou gen manje ak rad ak yon kote pou nou rete, n ap kontante nou ak bagay sa yo.” ​(1 Tim. 6:6, 8). Olye pou vrè kretyen yo ap chèche gen gwo diplòm oswa y ap chèche met tit devan non yo, yo konsantre yo pito nan chèche jwenn “lèt rekòmandasyon” nan men Bondye, lè yo patisipe otank posib nan travay predikasyon an. — Li 2 Korentyen 3:1-3.

14. Dapre Filipyen 3:8, ki jan Pòl te konsidere privilèj li te genyen pou l travay antanke esklav pou Bondye ak Kris la?

14 Ann konsidere egzanp apot Pòl. Li te resevwa fòmasyon nan men Gamalyèl, yon moun ki t ap anseye Lwa Juif yo. Nou kapab konpare fòmasyon Pòl te resevwa a ak fòmasyon yo bay nan inivèsite yo jodi a. Men, ki jan Pòl te konsidere fòmasyon sa a lè l te konpare l ak privilèj li te genyen pou l travay antanke esklav pou Bondye ak Kris la? Men sa l te ekri: “M aksepte [...] pèdi tout bagay poutèt kokenn enpòtans konesans sou Kris Jezi, Seyè m nan, genyen an.” Men sa l te ajoute: “Poutèt li menm, mwen aksepte pèdi tout bagay e mwen konsidere yo tankou yon pil fatra, yon fason pou m ka gen Kris.” ​(Fil. 3:8). Deklarasyon sa a ap ede jèn kretyen yo ansanm ak paran ki gen lakrentif pou Bondye yo pou yo pran yon desizyon ki saj anrapò ak fòmasyon. (Gade foto yo.)

PWOFITE PI BON FÒMASYON AN

15, 16. Ki fòmasyon òganizasyon Jewova bay, e ki prensipal objektif fòmasyon sa a?

15 Ki anbyans ki genyen nan anpil enstitisyon ki pèmèt moun fè gwo etid nan monn nan? Èske pafwa yo pa pouse moun revòlte nan domèn politik ak sosyal (Efe. 2:2)? Yon lòt bò, òganizasyon Jewova a bay pi bon fòmasyon ki te ka genyen an nan yon anbyans ki ankouraje lapè anndan kongregasyon an. Chak semèn, chak moun gen opòtinite pou yo byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la. Kounye a, gen yon kou espesyal yo fè pou frè selibatè ki pyonye yo (Lekòl biblik pou frè selibatè) ansanm ak moun ki marye ki pyonye yo (Lekòl biblik pou mari ak madanm ki kretyen). Fòmasyon sa yo ede n obeyi Jewova, Mèt nou an ki nan syèl la.

16 Nou kapab fouye pou n jwenn anpil trezò espirityèl nan Index des publications des Témoins de Jéhovah oswa nan Watchtower Library sou CD-ROM. Prensipal objektif fòmasyon sa a se ede n adore Jewova. Fòmasyon sa a montre n fason nou kapab ede lòt moun rekonsilye ak Bondye (2 Kor. 5:20). Anretou, sa ap ede yo pou yo anseye lòt moun. — 2 Tim. 2:2.

REKONPANS ESKLAV LA AP JWENN

17. Ki byenfè yon moun ap jwenn lè l chwazi pi bon fòmasyon an?

17 Nan parabòl talan Jezi te bay la, de esklav ki fidèl yo te jwenn felisitasyon e yo te pataje jwa mèt la piske l te konfye yo plis travay toujou. (Li Matye 25:21, 23.) Jodi a, lè yon moun chwazi pi bon fòmasyon an, moun sa a jwenn lajwa ak anpil byenfè. Ann pran egzanp Michael. Li te tèlman konn travay byen lekòl, pwofesè l yo te envite l nan yon reyinyon pou yo pale avè l sou posiblite l genyen pou l al nan yon inivèsite. Yo te sezi lè Michael te di yo li prefere aprann yon bagay ki pap pran anpil tan e k ap pèmèt li kapab pran swen tèt li pou l vin pyonye pèmanan. Èske Michael te santi l pran yon move desizyon? Men sa l te di: “Fòmasyon mwen resevwa antanke pyonye a ak fòmasyon m ap resevwa kounye a antanke ansyen nan kongregasyon an, se bagay ki pa gen pri. Benediksyon ak privilèj mwen jwenn yo gen plis valè lontan pase nenpòt kantite lajan mwen te kapab fè. Mwen vrèman kontan dèske m pa t chwazi fè gwo etid.”

18. Poukisa w ta dwe chwazi pi bon fòmasyon an?

18 Pi bon fòmasyon ki te ka genyen an aprann nou volonte Bondye epi l ede n travay antanke esklav pou li. Li ban nou posiblite pou n libere “anba esklavaj yon kò k ap depafini”, e finalman, l ap fè n jwenn “libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa”. (Wom. 8:21.) Sa k pi enpòtan an, li aprann nou pi bon fason pou n montre nou vrèman renmen Jewova, Mèt nou an ki nan syèl la. — Egz. 21:5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje