BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 15/10 p. 21-25
  • Kèk leson nou aprann nan yon priyè ki te byen prepare

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk leson nou aprann nan yon priyè ki te byen prepare
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • YON MWA KI TE ESPESYAL
  • YON JOU POU YO TE KONFESE PECHE YO
  • YO TE FÈ LWANJ POU NON BONDYE KI CHAJE AK GLWA
  • YO TE RAKONTE TOUT SA JEWOVA FÈ YO
  • LI TE NESESÈ POU JEWOVA TE DISIPLINE YO
  • Se Jewova ki tout mwen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 15/10 p. 21-25

Leson nou aprann nan yon priyè ki te byen prepare

“Se pou nou tout fè lwanj non li ki gen pouvwa.” — NEY. 9:5.

ÈSKE NOU KA REPONN?

  • Ki bon bagay Izrayelit yo te fè lè Levit yo te reyini yo ansanm?

  • Ki egzanp ki montre Bondye toujou aji ann amoni ak non l genyen an?

  • Ki leson nou aprann nan priyè Levit yo te fè a?

1. Ki rasanbleman pèp Bondye a te fè nou pral egzamine, e ki kesyon sa soulve?

“LEVE non, mezanmi! Fè lwanj Senyè a, Bondye nou an, pou toutan toutan!” Se pawòl ki gen anpil fòs sa yo pèp Bondye ki t ap viv nan tan lontan an te di pou yo te rasanble fè yon sèl pou yo priye. Priyè yo te fè a se youn nan priyè ki pi long ki ekri nan Bib la (Ney. 9:4, 5). Rasanbleman sa a te fèt Jerizalèm, nan ane 455 anvan epòk nou an, nan 24yèm jou setyèm mwa juif ki rele Tichri a. Toutpandan nou pral egzamine kèk evènman ki te mennen nan jounen espesyal sa a, mande tèt ou: ‘Ki bon abitid pèp la te genyen ki te pèmèt yo reyisi moman sa a? Ki lòt leson mwen ka aprann nan priyè sa a ki te byen prepare?’ — Sòm 141:2.

YON MWA KI TE ESPESYAL

2. Ki bèl egzanp nou ka aprann nan rasanbleman Izrayelit yo te fè apre yo te fin rebati miray Jerizalèm nan?

2 Juif yo te gentan fin rebati miray Jerizalèm nan yon mwa anvan rasanbleman an (Ney. 6:15). Pèp Bondye a te fè travay sa a nan 52 jou sèlman, epi, annapre, yo te kòmanse konsantre yo sou bezwen espirityèl yo. Se sa k fè, nan premye jou nouvo mwa a, sa vle di mwa Tichri a, yo te rasanble sou plas piblik la pou yo koute Ezra ansanm ak lòt Levit yo k ap li e k ap esplike Lwa Bondye a awotvwa . Tout fanmi yo nèt, san wete “tout moun ki te ase entèlijan pou koute” yo, te kanpe e yo t ap koute “depi solèy leve jiska midi”. Ala yon bèl egzanp moun sa yo kite pou moun k ap asiste reyinyon nan Sal Wayòm ki konfòtab jodi a! Nan okazyon sa yo, èske sa konn rive nou pa konsantre sou sa k ap di yo epi nou kòmanse ap reflechi sou bagay ki pa gen anpil enpòtans? Si sa konn rive n, panse ak egzanp Izrayelit nan tan lontan yo. Nonsèlman yo t ap koute, men tou, yo te tèlman bay sa yo t ap koute a enpòtans, yo te kòmanse kriye lè yo te rann yo kont jan yo pa t obeyi Lwa Bondye a antanke nasyon. — Ney. 8:1-9, NW.

3. Ki konsèy Izrayelit yo te suiv?

3 Sepandan, piske se te yon jou fèt, se pa t yon moman pou pèp la konfese peche yo. Men, se te moman pito pou yo rejwi nan adorasyon y ap bay Jewova a (Nonb 29:1). Se sa k fè, Neyemya te di pèp la: “Ale, manje [manje] ki gra epi bwè [bwason] ki dous, epi voye moso pou sila yo yo pa t prepare anyen pou yo a. Paske jounen sa a se yon [jou] ki sen pou Seyè nou an. Se pa pou nou pran lapenn, paske lajwa Jewova a se fòtrès nou.” Pèp la te merite felisitasyon paske yo te obeyi, epi jou sa a te tounen yon jou kote yo te “rejwi byen rejwi”. — Ney. 8:10-12, NW.

4. Ki sa chèf fanmi Izrayelit yo te fè, e ki evènman enpòtan ki te genyen nan fèt Joupa a?

4 Nan jou ki vin apre a, tout chèf fanmi yo te reyini ansanm pou yo wè ki sa pèp la ka fè pou yo byen suiv Lwa Bondye a . Nan etid yo te fè nan Ekriti yo, yo te rann yo kont, yo te dwe selebre fèt Joupa a, ki te konn gen yon gwo reyinyon yo te konn òganize pou yo fèmen fèt sa a, nan setyèm mwa a, soti 15yèm jou mwa Tichri a pou rive 22yèm jou a. Donk, yo te kòmanse fè preparasyon pou fèt la . Fèt sa a te vin tounen pi bèl fèt Joupa yo te selebre depi epòk Jozye a, e sa te pote “yon gwo gwo rejwisans” pou yo. Youn nan bagay enpòtan ki te gen nan fèt sa a se te lekti piblik yo te fè nan Lwa Bondye a “jou apre jou, soti premye jou a rive dènye jou a”. — Ney. 8:13-18, NW.

YON JOU POU YO TE KONFESE PECHE YO

5. Ki sa pèp Bondye a te fè yon ti tan anvan Levit yo te priye Jewova pou yo?

5 De jou annapre, moman an te rive pou pèp Izrayèl la konfese, devan tout moun, yo pa t obeyi Lwa Bondye a. Jou sa a pa t yon jou fèt. Olye de sa, pèp Bondye a t ap fè jèn e yo te abiye ak twal sak yon fason pou yo montre jan yo nan lapenn. Yon lòt fwa ankò, nan maten, yo te li Lwa Bondye a pou pèp la pandan anviwon twazèdtan. Nan aprèmidi, pèp la te konfese “tout peche yo te fè, epi yo tonbe ajenou ap adore Senyè a, Bondye” yo a . Apre sa, Levit yo te fè yon priyè ki te byen prepare pou pèp la . — Ney. 9:1-4.

6. Ki sa k te pèmèt Levit yo fè yon priyè ki gen anpil sans, e ki leson nou aprann nan sa?

6 Pa gen dout nan sa, lefètke Levit yo te konn li Lwa Bondye a souvan, sa te ede yo prepare priyè sa a ki gen anpil siyifikasyon. Dis premye vèsè yo pale espesyalman sou travay Jewova yo ak kalite l yo. Nan rès priyè a, byen souvan, Levit yo te met aksan sou ‘pitye Bondye gen lakay li ann abondans’ epi, yo te esplike byen klè jan Izrayelit yo pa t diy pou Bondye te trete yo avèk bonte (Ney. 9:19, 27, 28, 31). Si nou medite chak jou sou Pawòl Bondye a yon fason pou n kite Jewova pale avè n anvan nou priye l, priyè nou yo ap enteresan e y ap gen anpil sans menm jan ak priyè Levit yo. — Sòm 1:1, 2.

7. Ki sa Levit yo te mande Bondye, e ki leson nou aprann nan sa?

7 Nan priyè sa a, Levit yo te mande Bondye yon sèl bagay, e se te yon bagay ki senp. Nou jwenn demann sa a nan dènye pati vèsè 32 a kote nou li: “Kounyeya, Bondye nou, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki gen fòs kouray, yon Bondye ki fè moun respekte l. W’ap toujou kenbe kontra ou te pase a, ou p’ap janm sispann gen bon kè. Tanpri, chonje lafliksyon ki te tonbe sou nou tout, sou wa nou yo, sou chèf nou yo, sou prèt nou yo, sou pwofèt nou yo, sou zansèt nou yo ak sou tout pèp la, depi lè wa peyi Lasiri yo t’ap peze nou an rive jouk kounyeya.” Konsa, Levit yo kite yon bèl egzanp pou nou ki montre, nan priyè n ap fè yo, nou dwe toujou fè lwanj pou Jewova epi remèsye l anvan nou mande l yon bagay pou tèt nou.

YO TE FÈ LWANJ POU NON BONDYE KI CHAJE AK GLWA

8, 9. a) Kòman fason Levit yo te kòmanse priyè yo a montre yo gen imilite? b) Levit yo te pale konsènan de lame, ki lame sa yo?

8 Byenke Levit yo te byen prepare priyè yo a, yo te montre yo gen imilite e yo te konnen pawòl yo te di nan priyè a pa t ap sifi pou yo eksprime louwanj Jewova merite toutbon an. Se sa k fè, nan kòmansman priyè a, yo te mande pèp Bondye a pou yo fè yon bagay ki byen senp. Men sa yo te di: “Se pou nou tout fè lwanj non li ki gen pouvwa, malgre moun p’ap janm ka rive fin di li mèsi ni fè lwanj li jan li merite l la.” — Ney. 9:5.

9 Men sa yo te kontinye di nan priyè a: “Se ou menm sèl ki Jewova, se ou menm ki fè syèl la ansanm ak tout lame l yo. Se ou menm ki fè tè a ak tout sa ki sou li, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan l. Ou fè tout rete an vi, epi lame syèl la pwostène devan w.” ​(Ney. 9:6, NW). Vrèmanvre, se Jewova Dye ki kreye kokennchenn linivè nou an ki gen yon pakèt galaksi ki chaje ak zetwal moun pa ka konte. Se li menm tou ki kreye tout bagay ki gen sou bèl planèt nou an ki gen yon kokennchenn kapasite pou l kenbe divès fòm lavi ki pa sispann repwodui selon espès yo. Bib la pale de zanj yo antanke “lame syèl la”, e yo te la lè Bondye t ap kreye tout bagay sa yo (1 Wa 22:19; Jòb 38:4, 7). Anplis de sa, avèk imilite, zanj yo fè volonte Bondye lè yo sèvi “moun ki pral jwenn delivrans yo”. (Ebre 1:14.) Ala yon bèl egzanp zanj yo kite pou nou antanke moun k ap sèvi Jewova nan inite tankou yon lame ki byen antrene! — 1 Kor. 14:33, 40.

10. Ki sa n aprann nan fason Bondye te boule ak Abraram?

10 Apre sa, Levit yo te fikse atansyon yo sou fason Bondye te boule ak Abram, ki te gen 99 an lè sa a, e ki potko gen menm yon sèl pitit ak madanm li Sarayi ki pa t ka fè pitit. Se nan menm moman sa a Jewova te chanje non l pou l rele l Abraram, ki vle di (NW) “papa yon bann nasyon”. (Jen. 17:1-6, 15, 16.) Bondye te pwomèt Abraram semans li an t ap gen pou l eritye peyi Kanaran tou. Byen souvan, lèzòm konn bliye pwomès yo te fè, men, Jewova pa konsa. Men sa Levit yo te di nan priyè yo a: “[Jewova], se ou menm Bondye ki te chwazi Abram, ki te fè l kite lavil Our nan peyi Kalde. Ou chanje non l, ou rele l Abraram. Lè ou wè li te soti pou l kenbe pawòl li ak ou, ou pase yon kontra avè l. Ou pwomèt w’ap ba li peyi moun Kanaran yo [...] pou li ak pou pitit pitit li yo. Ou te kenbe pwomès ou yo paske ou pa janm nan bay manti.” ​(Ney. 9:7, 8). Nou menm tou, annou imite Bondye nou an ki jis lè n toujou fè tout sa n kapab pou n kenbe pawòl nou. — Mat. 5:37.

YO TE RAKONTE TOUT SA JEWOVA FÈ YO

11, 12. Ki sa non Jewova vle di, e ki jan siyifikasyon non sa a te parèt aklè nan fason Jewova te boule ak desandan Abraram yo?

11 Non Jewova vle di “Li fè vin tounen”, sa vle di, Bondye ap reyalize pwomès li yo grasa yon seri aksyon li fè tikras pa tikras. Siyifikasyon non sa a te parèt aklè nan fason Bondye te boule ak desandan Abraram yo lè yo te esklav Ejipsyen yo. Nan moman sa a, sanble li te enposib pou tout nasyon an nèt te vin lib epi pou yo antre nan Latè pwomiz. Sepandan, Bondye te reyalize pwomès li te fè a grasa yon seri aksyon li te fè tikras pa tikras. Konsa, li te bay prèv ki montre li diy pou se li menm sèl ki pote non Jewova a.

12 Men sa nou li konsènan Jewova nan priyè nou jwenn nan liv Neyemya a: “Ou te wè jan zansèt nou yo t’ap soufri nan peyi Lejip. Ou te tande jan yo t’ap rele mande sekou bò lanmè Wouj la. Ou te fè anpil mirak ak mèvèy pou pini farawon an, moun ki t’ap sèvi l yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la paske ou te konnen jan moun sa yo t’ap maltrete pèp ou a. Depi lè sa a, y’ap nonmen [non] ou jouk jòdi a. Ou louvri yon chemen nan lanmè a pou pèp la pase san pye yo pa mouye. Moun ki t’ap pousib yo, ou neye yo nan fon lanmè. Yo fè fon tankou wòch nan gwo lanmè.” Apre sa, nan priyè a, Levit yo te kontinye pale konsènan lòt bagay Jewova te fè pou pèp li a. Men sa yo te di: “Ou fè moun peyi Kanaran an bese tèt devan yo. [...] Pèp ou a mache pran tout lavil ki te gen gwo fò pou defann yo, ak tout bon venn tè moun yo. Yo pran tout kay yo ansanm ak tout byen ki te ladan yo. Yo jwenn sitèn tou fouye, jaden rezen, jaden oliv ak pyebwa k’ap donnen an kantite. Yo manje, yo plen vant yo, yo vin gra. Yo pran plezi jwi tout kantite bèl bagay ou te ba yo.” — Ney. 9:9-11, 24, 25.

13. Ki fason Jewova te pran swen pèp Izrayèl la nan domèn espirityèl, men, ki jan pèp la te reyaji?

13 Tikras pa tikras, Bondye te fè anpil lòt aksyon ankò pou l akonpli objektif li. Pa egzanp, yon ti tan apre pèp Izrayèl la te kite peyi Ejip, Jewova te pran swen yo nan domèn espirityèl. Men sa Levit yo te sonje nan priyè yo te fè Bondye a: “Ou soti nan syèl la, ou desann sou mòn Sinayi a pou pale ak yo. Ou ba yo regleman ki pou fè yo mache dwat, lwa ki gen verite ladan l. Ou ba yo bon prensip ak bon kòmandman.” ​(Ney. 9:13). Jewova te eseye anseye pèp li a yon fason pou yo te ka pote non l ki sen antanke moun ki t apral eritye Latè pwomiz, men, yo te bliye tout bèl bagay yo te aprann yo. — Li Neyemya 9:16-18.

LI TE NESESÈ POU JEWOVA TE DISIPLINE YO

14, 15. a) Ki fason Jewova te montre l gen pitye pou pèp li a? b) Ki sa nou aprann nan fason Bondye te aji ak nasyon li te chwazi a?

14 Nan priyè a, Levit yo te pale konsènan de peche byen presi Izrayelit yo te fè yon ti tan apre yo te fin pwomèt y ap kenbe Lwa Bondye te ba yo sou Mòn Sinayi a. Akoz peche sa yo, yo te montre yo merite pou Bondye kite yo mouri nan dezè a. Men, Levit yo te fè louwanj pou Jewova nan priyè a, yo te di: “Ou pa [t] vire do ou kite yo nan dezè a, sitèlman ou te gen anpil pitye pou yo [...] Pandan karantan, ou pran swen yo [...] yo pa janm manke anyen! Rad sou yo pa janm fini, pye yo pa janm anfle.” ​(Ney. 9:19, 21). Jodi a, Jewova ban nou tout sa n bezwen tou pou n sèvi l fidèlman. Nou pa dwe janm vin menm jan ak plizyè milye Izrayelit ki te mouri nan dezè a akoz dezobeyisans yo e paske yo te manke lafwa. Dayè, bagay sa yo “se egzanp yo ye pou nou menm fen sistèm yo rive sou nou an e yo te ekri yo pou sèvi nou avètisman.” — 1 Kor. 10:1-11.

15 Malerezman, apre Izrayelit yo te fin antre nan Latè pwomiz, yo te lage kò yo nan adore dye kananeyen yo, yon adorasyon kote moun yo te konn ap fè imoralite epi yo te konn ap sakrifye moun. Pou rezon sa a, Jewova te kite nasyon ki te ozalantou yo maltrete nasyon li te chwazi a. Lè yo te repanti, Jewova te konn padone yo e l te konn sove yo anba men ènmi yo piske l te gen pitye pou yo. “Se pa ni de ni twa fwa” sa te konn fèt. (Li Neyemya 9:26-28, 31.) Men ki sa Levit yo te di: “Pandan lontan lontan, ou pran pasyans ak yo, ou voye lespri ou sou pwofèt ou yo pou avèti yo. Men, yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande. Lè sa a, ou lage yo nan men moun lòt nasyon yo.” — Ney. 9:30.

16, 17. a) Apre pèp Izrayèl la te fin sot ann egzil, ki jan fason yo te aji a te diferan ak fason zansèt yo te aji lè yo te fèk antre nan Latè pwomiz? b) Ki sa Izrayelit yo te rekonèt, e ki sa yo te pwomèt y ap fè?

16 Menm apre Izrayelit yo te fin sot ann egzil, yo te rekòmanse dezobeyi Bondye ankò. Ki rezilta sa te bay? Men ki jan Levit yo te kontinye priyè yo a: “Jòdi a, nou tounen esklav nan pwòp peyi nou, nan peyi ou te bay zansèt nou yo, pou yo te ka pwofite rekòt tè a bay ak tout lòt richès ki ladan l. Nou tounen esklav lakay nou! Tout rekòt peyi a al nan pòch wa ou mete sou kou nou. Tou sa, paske nou te fè peche [...] Aa! Gade nan ki mizè nou ye non!” — Ney. 9:36, 37.

17 Èske Levit yo te vle fè konprann Bondye te enjis lefètke l te kite yo soufri konsa? Non. Men ki sa yo te di: “Nan tou sa ki rive nou an, ou te gen rezon ou nan pla men ou. Paske, ou menm ou toujou kenbe pawòl ou. Se nou menm ki toujou ap fè sa ki mal.” ​(Ney. 9:33). Apre sa, pou Levit yo fini priyè a, yo te pwomèt Bondye nasyon an t ap obeyi Lwa li a apati moman yo fin fè priyè a. (Li Neyemya 9:38; 10:29). Pou yo te respekte pwomès sa a, gen 84 chèf Juif ki te met so yo sou yon dokiman pou siyen dokiman an. — Ney. 10:1-27.

18, 19. a) Ki sa nou bezwen pou nou ka antre nan monn nouvo Bondye a? b) Pou ki bagay nou pa dwe janm sispann priye, e poukisa?

18 Nou bezwen Jewova disipline nou yon fason pou n ka antre nan monn nouvo l la ki jis. Apot Pòl te mande: “Ki pitit ki pa jwenn disiplin nan men papa l?” ​(Ebre 12:7). N ap montre nou aksepte Bondye dirije lavi nou lè n andire fidèlman nan sèvis n ap ba l la ak lè n kite lespri sen l fè n vin yon pi bon moun. Si nou komèt yon peche grav, nou kapab gen asirans Jewova ap padone nou si nou repanti toutbonvre epi, avèk imilite, nou aksepte disiplin li ban nou.

19 Talè konsa, Jewova pral fè non l vin pi gran pase jan l te fè sa lè l t ap delivre Izrayelit yo ann Ejip (Eze. 38:23). Menm jan pèp Jewova a nan tan lontan an te sèten yo t ap antre nan Latè pwomiz, se menm jan an tou, tout kretyen ki andire antanke moun k ap adore Jewova fidèlman pral gen lavi ki pap janm fini an nan monn nouvo l la ki jis (2 Pyè 3:13). Piske nou gen tout bèl bagay sa yo k ap tann nou, annou pa janm sispann priye pou sangtifikasyon non Bondye, yon non ki gen anpil glwa. Atik ki vin apre a pral pale konsènan yon lòt priyè nou dwe aji ann amoni avè l pou n ka jwenn benediksyon Bondye depi kounye a e pou toutan.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje