BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/2 p. 5-7
  • Vrè koupab ki kache dèyè lagè ak soufrans lan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Vrè koupab ki kache dèyè lagè ak soufrans lan
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SIY DÈNYE JOU YO
  • L AP KRAZE TRAVAY DYAB LA
  • Kat moun ki sou cheval yo: Kiyès e ki sa yo reprezante?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Yo depanse plizyè milya dola pou lagè — Èske se lajan sèlman gè yo koute?
    Kèk lòt sijè
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/2 p. 5-7

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | LAGÈ KI CHANJE MONN NAN

Vrè koupab ki kache dèyè lagè ak soufrans lan

Nan dat 11 novanm 1918, Premye Gè mondyal la te fini. Moun yo te fèmen biznis yo e te gen moun ki t ap danse nan lari. Men, kè kontan sa a pa t dire lontan. Tousuit apre Premye Gè mondyal la, gen yon lòt menas ki te lakòz plis moun mouri pase mitrayèz yo.

Nan mwa jen 1918, gen yon epidemi yo rele grip espayòl, ki t apral lakòz anpil moun mouri, ki te enfekte sòlda ki nan lame fransè a. Sa pa t pran tan pou viris sa a te lakòz yon bann moun mouri. Pa egzanp, nan kèk mwa sèlman, li te touye plis sòlda ameriken nan peyi Lafrans pase kantite sòlda ènmi yo te touye. Lè lagè a te fini, sòlda ki te chape yo te retounen nan peyi yo ak grip la, sa ki t apral fè grip la gaye nan monn nan byen vit.

Tousuit apre lagè a, gen grangou ki te frape moun yo e yo te nan lamizè. Lè konba yo te fini nan ane 1918, pifò moun ann Ewòp te nan gwo grangou. Ozanviwon ane 1923, lajan peyi Almay la pa t prèske gen okenn valè. Sizan apre, ekonomi mondyal la te fè fayit. Finalman, nan ane 1939, Dezyèm Gè mondyal la te eklate. Nan yon sans, se premye konfli mondyal la ki t ap kontinye. Ki sa k te dèyè seri katastwòf sa yo ki san parèy?

SIY DÈNYE JOU YO

Pwofesi ki nan Bib la ede n wè sa k dèyè kèk evènman istorik, e sa sitou vrè nan ka Premye Gè mondyal la. Jezi Kris te predi t ap gen yon tan kote ‘nasyon t apral leve kont nasyon’ e t ap gen rate manje ak epidemi toupatou sou tè a (Matye 24:3, 7; Lik 21:10, 11). Li te di disip yo kalamite sa yo t ap fè pati siy dènye jou yo. Liv Revelasyon an bay plis detay konsènan siy sa a e li montre gen yon rapò ant malè ki gen sou tè a ak yon lagè ki te fèt nan syèl la. — Gade kare ki gen tit: “Te gen lagè ni sou tè a ni nan syèl la.”

Nan menm liv sa a nou jwenn nan Bib la, yo pale de kat kavalye. Pafwa yo konn rele yo kat kavalye apokalips. Twa nan kat kavalye sa yo dekri menm malè Jezi te deja predi tankou lagè, grangou ak epidemi. (Gade kare ki gen tit: “Èske kat kavalye yo ap galope toutbonvre?”) Sa klè, Premye Gè mondyal la te deklannche yon peryòd ki bay lapenn e ki vin pi mal chak jou. Bib la montre, nan yon sans, se Satan ki te dèyè tout bagay sa yo (1 Jan 5:19). Èske l ap sispann gen pouvwa?

Anplis de sa, liv Revelasyon an ban nou asirans se ‘yon tikras tan sèlman Satan rete’. (Revelasyon 12:12.) Se sa k fè Satan dechennen konsa e li lakòz tout malè sa yo sou tè a, yon seri malè ki san parèy. Kidonk, malè nou wè sou tè a se prèv ki montre Satan pa ret anpil tan.

L AP KRAZE TRAVAY DYAB LA

Pa gen dout nan sa, Premye Gè mondyal la te lakòz gwo chanjman nan listwa. Depi lè sa a, vin gen gwo lagè, gen revolisyon epi lèzòm pèdi konfyans nan dirijan yo. Mete sou sa, lagè sa a se prèv klè ki montre yo mete Satan deyò nan syèl la (Revelasyon 12:9). Dirijan monn sa a, moun pa wè a, aji tankou yon diktatè ki konnen li rete yon ti tan tou kout pou l dirije. Lè tan sa a fini, epòk tètchaje Premye Gè mondyal la lakòz la ap resi rive nan bout li.

Dapre pwofesi ki nan Bib la, nou gen rezon pou n kwè, talè konsa, Jezi Kris, Wa nou an ki nan syèl la, pral “kraze travay Dyab la”. (1 Jan 3:8.) Depi kounye a, gen plizyè milyon moun k ap priye pou Wayòm Bondye a vini. Èske w konn fè sa tou? Grasa Wayòm sa a, finalman, moun ki fidèl yo pral wè volonte Bondye fèt sou tè a, se pa volonte Satan k ap fèt ankò (Matye 6:9, 10). Anba dominasyon Wayòm Bondye a, pap janm gen gè mondyal ankò, e pap janm gen lagè ditou (Sòm 46:9)! Aprann konnen Wayòm sa a, epi fè efò pou w ka la nan epòk kote pral gen lapè toupatou sou tè a! — Izayi 9:6, 7.

Te gen lagè ni sou tè a ni nan syèl la

Anviwon 19 syèk anvan Premye Gè mondyal la te eklate, Satan te ofri Jezi “tout wayòm ki nan monn nan”. (Matye 4:8, 9.) Jezi te rejte tantasyon sa a, men apre sa, li te pale de Dyab la antanke “chèf monn nan”. (Jan 14:30.) Anplis de sa, apot Jan te ekri “lemonnantye anba pouvwa Mechan an”. — 1 Jan 5:19.

Si Satan Ledyab gen tout pouvwa sa a sou monn nan, èske l pa t ap rezonab pou n di omwen li te jwe yon wòl nan Premye Gè mondyal la ansanm ak nan konsekans li te genyen? Se sèten, liv Revelasyon an montre gen yon rapò ant Satan ak kalamite k ap frape moun sou tè a depi ane 1914. Men yon ti rezime sou evènman nou jwenn nan liv Revelasyon an nan chapit 12 la:

  • Vèsè 7. Lagè te eklate nan syèl la ant Mikayèl (Jezi Kris) ak dragon an (Satan).

  • Vèsè 9. Yo pimpe Dyab la sou tè a, “li menm k ap twonpe lemonnantye”.

  • Vèsè 12. “Malè pou tè a ak lanmè a, paske Dyab la desann vin jwenn nou. Li an kòlè anpil, paske li konnen se yon tikras tan li rete.”

Kwonoloji Bib la ansanm ak evènman mondyal yo montre lagè sa a ki te eklate nan syèl la te fèt apre Wayòm Bondye a te fin etabli nan syèl la nan ane 1914a. Konsa, se nan menm ane enpòtan sa a lagè te eklate ni sou tè a ni nan syèl la.

a Gade chapit 8 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Èske kat kavalye yo ap galope toutbonvre?

Cheval blan an ak wa selès la k ap galope l

Se yon wa selès k ap galope cheval blan an. Se Jezi Kris ki Wa sa a k ap galope cheval la pou l defann kòz lajistis (Sòm 45:4). Premye misyon l genyen se mete Satan ak demon yo deyò nan syèl la. — Revelasyon 6:2; 12:9.

Cheval koulè dife a ak kèk sòlda ki nan lagè

Kavalye k ap galope cheval ki koulè dife a gen otorite pou l “retire lapè sou tè a”. (Revelasyon 6:4.) Depi 1914, lèzòm pa sispann soufri akoz lagè. Sèlman 21 an apre Premye Gè mondyal la, gen yon Dezyèm Gè mondyal ki te eklate ki te lakòz plis moun mouri toujou. Dapre yon estimasyon, Dezyèm Gè mondyal la te lakòz anviwon 60 milyon moun pèdi lavi yo. Depi 1945, yo plis fè lagè nan yon zòn, men lagè sa yo toujou lakòz anpil moun mouri. Selon estimasyon kèk istoryen fè, gen plis pase 100 milyon moun ki pèdi lavi yo nan lagè pandan 20yèm syèk la.

Cheval nwa a ak anpil timoun ki nan gwo grangou

Kavalye k ap galope cheval nwa a gen yon balans nan men l ki reprezante grangou (Revelasyon 6:5, 6). Pandan Premye Gè mondyal la, peyi alye yo te fè yon blokis ki te lakòz anviwon 750 000 moun mouri grangou nan peyi Almay. An 1921, te gen de milyon moun ki mouri nan peyi Larisi akoz gwo grangou, e tousuit apre, te gen trajedi menm jan an ki te rive lòt kote. Antou, yo estime gen 70 milyon moun ki mouri grangou pandan 20yèm syèk la. Chak ane, gen plis pase twa milyon timoun, ki gen mwens pase senkan, ki mouri akoz malnitrisyon.

Cheval koulè blèm nan ak kèk moun ki malad

Kavalye k ap galope cheval ki gen koulè blèm nan pote epidemi ki lakòz moun mouri (Revelasyon 6:8). Premye gwo epidemi ki te rive nan 20yèm syèk la se grip espayòl la. Chif yo varye anpil, men gen yon estimasyon ki fè konnen grip la te touye anviwon 50 milyon moun. Men sa yon liv fè konnen: “Pandemi sa a te youn nan pi gwo dezas ki rive nan listwa. Menm epidemi bibonik lan pa t touye tout moun sa yo rapid konsa.” ​(Man and Microbes.) Gen lòt maladi trapan tankou varyòl, malarya ak tibèkiloz ki lakòz plizyè santèn milyon moun pèdi lavi yo pandan 20yèm syèk la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje