BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 15/6 p. 8-11
  • Ede kwayan parèy nou yo ki divòse — Kòman?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ede kwayan parèy nou yo ki divòse — Kòman?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • TOUT KALITE SANTIMAN ANVAYI W YON SÈL KOU
  • YON LIT POU W REJWENN EKILIB OU
  • LÈ W SANTI W POUKONT OU AK LÈ W SANTI TOUT MOUN LAGE W
  • Lavi w pa fini apre w fin divòse
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Ki sa pou m fè si paran m ap divòse?
    Kesyon jèn yo konn poze
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 15/6 p. 8-11

Ede kwayan parèy nou yo ki divòse — Kòman?

Yon dam k ap konsole yon kretyèn ki divòse.

Petèt, ou konn yon moun ki divòse, e petèt, ou ka menm konn anpil moun konsa. Rezon an se paske divòs se yon bagay ki gaye toupatou. Pa egzanp, dapre yon rechèch ki fèt nan peyi Polòy, yo montre moun ki gen 30 an e ki gen ant twa a sizan depi yo marye yo, gen anpil chans pou yo divòse, epi, se pa moun ki nan laj sa a sèlman ki ka divòse.

Anfèt, men sa yon enstiti nan peyi Espay fè konnen: “Estatistik yo montre mwatye nan moun ki marye [ann Ewòp yo] gen pou yo divòse.” ​(Institute for Family Policy). Se menm bagay la tou pou lòt peyi ki devlope yo.

TOUT KALITE SANTIMAN ANVAYI W YON SÈL KOU

Ki sa sitiyasyon sa a anpil moun ap rankontre a konn lakòz? Men sa yon dam k ap viv ann Ewòp delès e ki gen anpil eksperyans nan zafè bay konsèy nan maryaj te di: “Divòs legalize yon bagay ki te deja la, anpalan de yon relasyon ki kraze ansanm ak separasyon sa vin lakòz. Se yon bagay ki fè moun soufri anpil.” Dam nan te fè konnen tou, byen souvan, annapre, moun nan konn santi se kòmsi l gen “yon gwo van tanpèt ki frape l, yon pakèt santiman ki anvayi l, sa vle di, li santi l an kolè, li regrèt, li santi l desi, li pèdi espwa epi l vin wont”. Dèfwa, moun nan konn menm anvi touye tèt li. “Lòt faz la kòmanse lè yo pwononse divòs la nan tribinal. Lefètke moun ki divòse a vin santi l gen yon vid pa anndan epi l santi l poukont li, li gendwa ap mande tèt li: ‘Kounye a mwen divòse, kiyès mwen ye menm? Poukisa m ap viv?’”

Men sa Ewa fè konnen lè l ap panse ak fason l te santi l sa gen kèk ane: “Apre divòs mwen, mwen te santi m wont anpil lè vwazen m yo ansanm ak kòlèg travay mwen yo te konn pale de mwen antanke ‘madanm ki divòse a’. Mwen te fache anpil. [Mari m] te kite m ak de timoun, konsa, mwen te oblije jwe wòl ni manman ni papaa.” Men sa Adam, yon frè ki gen 12 an depi l ap sèvi kòm yon ansyen tout moun respekte, te fè konnen: “Mwen tèlman pèdi konfyans nan tèt mwen, pafwa, mwen konn an kòlè anpil e m konn gen tandans pran distans mwen ak tout moun.”

YON LIT POU W REJWENN EKILIB OU

Akoz enkyetid kèk moun konn genyen konsènan lavni, yo konn ap mennen yon gwo lit pou yo rejwenn ekilib yo, e sa konn kontinye pandan plizyè ane apre yo fin divòse. Moun sa yo gendwa panse lòt moun pa enterese nan yo. Anplis de sa, gen yon jounalis ki fè konnen, nan moman sa yo, moun yo oblije “chanje fason yo te konn viv epi aprann kòman pou yo rezoud pwoblèm yo poukont yo”.

Men sa Stanisław fè konnen: “Lè m te divòse, ansyen madanm mwen te anpeche m wè de tifi m yo. Sa te fè m santi pa gen pèsonn ki gen sousi pou mwen ankò, e m te menm panse Jewova abandone m. Mwen pa t anvi viv ankò. Rive yon lè, mwen te vin rann mwen kont jan fason m te panse a pa t bon.” Gen yon sè ki divòse ki rele Wanda, ki te gen anpil enkyetid tou lè l t ap panse ak avni l. Men sa l fè konnen: “Mwen te ret kwè, apre yon ti tan, tout moun nèt, san wete kwayan parèy mwen yo, pa t ap montre yo enterese nan mwen menm ak timoun mwen yo. Sepandan, kounye a mwen kapab wè jan frè ak sè yo te kanpe la ansanm avè n, e yo te ede n toutpandan m t ap fè efò pou m leve timoun mwen yo yon fason pou yo vin adore Jewova.”

Pawòl sa yo, kèk moun konn di apre yo fin divòse, kapab fè w wè jan moun sa yo konn gen anpil santiman negatif ki anvayi yo. Moun sa yo ka vin mal wè tèt yo, yo ka panse yo pa gen valè epi yo pa merite pou moun ba yo atansyon. Mete sou sa, yo ka kòmanse ap kritike moun ki bò kote yo. Kòm rezilta, yo ka kòmanse panse moun ki nan kongregasyon an frèt epi yo pa gen sousi pou moun. Sepandan, jan egzanp Stanisław ansanm ak Wanda a montre sa, moun ki divòse yo kapab vin rann yo kont frè ak sè yo gen sousi pou yo toutbon. Anfèt, kretyen parèy nou yo toujou byen pran swen nou, menm lè okòmansman, nou gendwa pa toujou remake èd y ap bay la.

LÈ W SANTI W POUKONT OU AK LÈ W SANTI TOUT MOUN LAGE W

Nou bezwen sonje menmsi n ta fè tout sa n kapab, kwayan parèy nou yo ki divòse ap toujou santi yo poukont yo detanzantan. Se sitou sè ki divòse yo ki kapab panse pa gen anpil moun ki enterese nan yo. Men sa Alicja fè konnen: “Gentan gen uitan ki pase depi m divòse. Sepandan, pafwa, mwen toujou santi m pi ba pase lòt moun. Lè konsa, mwen konn gen tandans izole tèt mwen pou m kriye e pou m plenyen sò m.”

Se vre moun ki divòse yo konn fè fas ak santiman nou sot pale la yo, sepandan, Bib la ban nou konsèy pou n pa izole tèt nou. Lè yon moun pa suiv konsèy sa a, sa ka fè l vire do bay “tout sajès pratik”. (Pwo. 18:1, NW.) Men, moun ki santi l poukont li a bezwen konprann tou, lè l evite plede chèche konsèy ak rekonfò nan men moun ki pa gen menm sèks avè l, se yon prèv ki montre l gen sajès pratik. Konsa, sa ap anpeche l kòmanse vin gen santiman ki pa apwopriye pou yon lòt moun.

Kwayan parèy nou yo ki divòse gendwa ap fè fas ak yon seri santiman ki difisil. Se kapab enkyetid yo genyen konsènan lavni, se kapab lefètke yo santi yo poukont yo oswa akoz yo santi moun rejte yo. Lè n rann nou kont frè ak sè sa yo konn fè fas ak santiman konsa, epi anmenmtan, nou konnen jan l difisil pou yo venk yo, nou dwe imite Jewova lè n ede yo fidèlman (Sòm 55:22; 1 Pyè 5:6, 7). Nou mèt gen asirans moun sa yo ap vrèman apresye kèlkeswa èd nou ba yo. Vrèmanvre, y ap jwenn bon zanmi nan kongregasyon an pou ede yo! — Pwo. 17:17; 18:24.

a Gen non moun yo chanje.

Yon pwennvi ekilibre sou divòs

Sèvitè Jewova yo konsidere maryaj kòm yon bagay ki gen anpil enpòtans. Rezon an se paske fason nou konsidere maryaj chita sou sa Ekriti yo di. Pa egzanp, yon fason klè, nan Malaki 2:16, Bondye di: ‘Mwen rayi divòs.’ Sèl rezon Ekriti yo bay pou yon moun divòse, se si youn nan konjwen yo fè imoralite seksyèl. Kidonk, se t ap yon gwo erè sa t ap ye pou yon moun ta kòmanse ap panse pou l divòse san l pa gen okenn rezon biblik pou sa, toutpandan l deja planifye pou l marye ak yon lòt moun. — Jen. 2:22-24; Det. 5:21; Mat. 19:4-6, 9.

Men, lè yon kretyen divòse, pa egzanp apre moun li marye avè l la montre l pa fidèl anvè l, frè ak sè nan kongregasyon an ap toujou la pou li. Yo imite Jewova lè yo fè tout sa yo kapab pou ede moun ki fidèl la, paske moun sa a kapab santi “lespri [l] kraze” pandan yon ti tan. — Sòm 34:15, 18, NW; Iza. 41:10.

KI ÈD OU KA BAY?

Èske w ka yon sous ankourajman pou moun ki vrèman bezwen èd? Ki sa w ka fè pou w ede yon moun ki santi l menm jan ak moun nou pale de yo nan atik sa a? Ann wè ki sa Bib la di, epi gade ki fason kretyen fidèl yo konn ede kèk moun.

Montre w gen bon konprann nan fason w ap koute. (Pwo. 16:20, 23)

Ou kapab konprann apre yon moun fin divòse, li gendwa pa anvi rakonte tout ti detay konsènan sa k te mennen nan divòs la. Rezon an, se paske lè yon moun ap esplike sa l santi nan moman sa yo, sa kapab gen move efè sou li, e sa gendwa pa elimine enkyetid li genyen yo toutbon (Pwo. 12:25; Wom. 12:15). Michał, yon frè ki te ede Adam, frè nou te pale de li nan atik anvan an, fè konnen yon moun ka montre l gen konpasyon, e l ka montre l se yon moun ki gen bon konprann nan fason l ap koute san l pa oblije konn tout ti detay. Men sa l di: “Mwen te eseye ede Adam konprann nan moman feblès yo, lè l kite santiman negatif yo anvayi l, san reflechi, li gendwa di m yon bagay li regrèt annapre.” Konsa, Michał te montre aklè li pa t ap chèche konn tout ti detay. Sepandan, li te montre l se yon bon zanmi nan fason l koute. Li gendwa posib pou n fè anpil byen, anvan oswa apre reyinyon yo, lè n di yon ti bagay tou senp tankou: “Kòman bagay yo ye pou ou? Mwen panse w ap travèse yon moman difisil. Ou mèt konte sou mwen.”

Montre w enterese nan moun nan. (Fil. 2:4)

Men sa Mirosław fè konnen: “Mwen menm ak madanm mwen te rezève tan pou n ede yon sè ki te divòse. Pa egzanp, nou te ranje seri pòt kay li pou li. Nou te ba l woulib pou l al kay doktè tou.” Bagay sa yo ka parèt tou senp, men, yo pratik e sa te ede l. Tikras pa tikras, sè sa a koup la te ede a te kòmanse rejwenn ekilib li. Sa k pi enterese an, li te vin pran sèvis pyonye annapre, epi, pitit fi l la ki gen 11 an te vin batize.

Yon koup marye k ap ede yon kretyèn ki divòse.

Bay moun ki divòse a asirans Jewova konprann sitiyasyon l.

Si yon moun ap soufri paske l manke konfyans nan tèt li, ou kapab ba l asirans Bondye renmen chak sèvitè l yo. Se sèten nou “gen plis valè pase yon bann tikit met ansanm”, paske Bondye konsidere nou chak kòm yon moun espesyal, e nou gen anpil valè nan je l (Mat. 10:29-31). Jewova se Sila a “ki konn egzamine kè” a, donk, li kapab konprann moun ki divòse yo. Li pap abandone okenn nan sèvitè fidèl li yo (Pwo. 17:3, NW; Sòm 145:18; Ebre 13:5). Kidonk, toutpandan w ap montre w gen sousi pou moun nan, ba l asirans Bondye apresye lanmou l demontre pou laverite ansanm ak efò l ap fè pou l soutni vrè adorasyon an. — Fil. 2:29.

Ankouraje moun ki divòse a pou l ret atache ak kongregasyon an.

Gen kèk moun ki konn twouve l difisil pou yo asiste reyinyon lè yo gen yon pakèt santiman ki anvayi yo. Sepandan, reyinyon sa yo la pou fòtifye nou epi ankouraje nou, sa vle di, yo pèmèt nou “youn fòtifye lòt”. (1 Kor. 14:26; Sòm 122:1.) Nan ka sa a, lè ansyen yo pran inisyativ pou y al ede moun sa yo, sa gen anpil valè. Men sa Wanda, sè nou te pale de li a, fè konnen: “Nou toujou sonje bonte ki plen lanmou yo demontre anvè nou.”

Ankouraje moun ki divòse a pou l ranfòse relasyon l gen ak Bondye a pa mwayen lapriyè, etid pèsonèl ak meditasyon (Jak 4:8).

Aktout Jewova toupisan epi l abite nan syèl la, li wè tout ‘moun k ap soufri, ki gen tristès nan kè yo e k ap tranble devan pawòl li’. Fè moun ki divòse a sonje sa, epi, montre l kòman nou chak kapab jwenn èd lè n pwoche pi pre Bondye pa mwayen lapriyè ak etid pèsonèl. — Iza. 66:2, NW.

Mande l pou w preche oswa prepare reyinyon avè l.

De kretyen k ap preche ansanm.

Sa ap ede kretyen ki divòse a vin santi l gen plis konfyans nan tèt li toutpandan l ap viv. Men sa Marta, yon sè ki te ede yon lòt sè zele ki te vin santi l kraze apre divòs li, te di: “Nou patisipe nan travay predikasyon an ansanm regilyèman. Nou kontan anpil lè n wè nou atenn objektif nou te fikse yo. Pafwa, nou konn prepare reyinyon ansanm, epi annapre, nou gendwa prepare yon bon ti bagay pou n manje.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje