BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 15/6 p. 17-21
  • “Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KIYÈS MENM KI PWOCHEN NOU?
  • FASON NOU KA MONTRE NOU RENMEN PWOCHEN NOU
  • YON FASON ESPESYAL POU N MONTRE NOU RENMEN PWOCHEN NOU
  • BONDYE MONTRE N KI SA VRÈ LANMOU AN YE
  • KONTINYE RENMEN PWOCHEN W MENM JAN W RENMEN TÈT OU
  • Ki sa renmen pwochen nou siyifi ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Èske w ‘renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou’?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Ki sa Bib la di konsènan renmen tèt nou?
    Repons Bib la bay
  • Renmen Bondye ki renmen w lan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 15/6 p. 17-21
Bon Samariten an ki mennen yon mesye ki blese nan yon otèl.

“Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou”

“Men dezyèm [kòmandman an]: ‘Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou.’” — MAT. 22:39.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki moun ki pwochen nou toutbon?

  • Ki sa k fè w kwè nou kapab demontre lanmou pou pwochen nou e nou dwe fè sa?

  • Bay kèk bagay yo di nan 1 Korentyen 13:4-8 konsènan lanmou.

1, 2. a) Ki kòmandman Jezi te di ki se dezyèm pi gwo kòmandman ki gen nan Lalwa? b) Ki kesyon nou pral egzamine kounye a?

YON lè, pou yon Farizyen te teste Jezi, li te mande l: “Anseyan, ki pi gwo kòmandman ki gen nan Lalwa?” Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan an, Jezi te di l ‘kòmandman ki pi gwo a e ki premye a’ se: “Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, e ak tout lespri w.” Apre sa, Jezi te di l: “Men dezyèm nan, ki sanble avè l: ‘Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou.’” — Mat. 22:34-39.

2 Jezi te fè konnen nou dwe renmen pwochen n menm jan nou renmen tèt nou. Kidonk, l ap bon pou n mande tèt nou: Kiyès menm ki pwochen m? Ki jan m ka montre mwen renmen pwochen m?

KIYÈS MENM KI PWOCHEN NOU?

3, 4. a) Ki egzanp Jezi te pran pou l te reponn kesyon “kiyès menm ki pwochen m” nan? b) Ki fason Samariten an te ede mesye yo te vòlè tout afè l, yo te bat e yo te kite twaka mò a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

3 Nou gendwa panse yon moun ki pwochen nou se yon moun k ap viv toupre lakay nou, yon moun ki se bon zanmi nou e ki kapab ede nou (Pwo. 27:10). Sepandan, ann wè ki sa Jezi te di yon mesye ki te panse l se yon moun ki jis, e ki te mande Jezi: “Kiyès menm ki pwochen m?” Kòm repons, Jezi te bay egzanp bon Samariten an. (Li Lik 10:29-37.) Nou ta gendwa atann nou pou yon prèt Izrayelit ak yon Levit montre yo se yon bon pwochen, lè yo te wè yon moun vòlè te pran tout afè l, yo te bat li epi yo te kite l twaka mò. Sepandan, yo te pase pase yo san yo pa fè anyen pou mesye a. Se yon Samariten ki te ede mesye a. Samariten sa a te yon moun ki soti nan yon nasyon ki te respekte Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la, yon nasyon Juif yo pa t vle wè. — Jan 4:9.

4 Nan efò bon Samariten an t ap fè pou l ede mesye a geri, li te vide luil ak diven sou kote mesye a te blese yo. De denye Samariten an te kite nan men mèt otèl la pou l pran swen mesye a, te egal ak kantite lajan pou anviwon de jou travay (Mat. 20:2). Konsa, li fasil pou n wè kiyès ki te montre l se yon bon pwochen pou mesye ki te blese a. Pa gen dout nan sa, egzanp Jezi te pran an aprann nou pou n demontre konpasyon ak lanmou pou pwochen nou.

Temwen Jewova yo k ap bay èd apre katastwòf natirèl fin pase.

Sèvitè Jewova yo aji vit pou yo demontre lanmou pou pwochen yo. (Gade paragraf 5.)

5. Ki fason sèvitè Jewova yo te montre yo renmen pwochen yo pandan yon katastwòf natirèl ki pa gen lontan depi l te pase?

5 Byen souvan, li difisil pou n jwenn moun ki montre yo gen konpasyon menm jan ak bon Samariten an. Sitou nan “dènye jou” kritik sa yo n ap viv la kote anpil moun pa gen okenn afeksyon pou moun parèy yo, yo sovaj epi yo pa renmen sa ki byen (2 Tim. 3:1-3). Pa egzanp, gen yon seri sitiyasyon difisil ki ka rive pandan yon katastwòf natirèl. Ann konsidere sa k te pase lè siklòn Sandy te frape vil Nouyòk nan fen mwa oktòb 2012 la. Nan youn nan pati nan vil la kote siklòn nan te frape anpil, gen vòlè ki t al kase kay yon seri moun ki te deja ap soufri paske yo pa t gen kouran, li te fè frèt e san wete lòt pwoblèm ankò. Nan menm zòn nan, Temwen Jewova te òganize yon pwogram ki te pèmèt yo ede youn lòt, e ki te pèmèt yo ede lòt moun tou. Kretyen yo fè bagay sa yo paske yo renmen pwochen yo. Ki kèk lòt fason ankò nou ka montre nou renmen pwochen nou?

FASON NOU KA MONTRE NOU RENMEN PWOCHEN NOU

6. Ki jan travay predikasyon nou an montre nou se bon pwochen?

6 Ede moun yo nan domèn espirityèl. Nou fè sa lè n pran detèminasyon pou n atire atansyon yo sou “konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”. (Wom. 15:4.) Pa gen dout nan sa, nou montre nou se bon pwochen lè n pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun nan travay predikasyon nou an (Mat. 24:14). Se pa ti privilèj nou genyen pou n pwoklame mesaj Wayòm “Bondye ki bay esperans lan” ban nou an! — Wom. 15:13.

7. Ki sa Règ annò a ye, e ki benediksyon nou jwenn lè n suiv li?

7 Suiv Règ annò a. Nou jwenn prensip sa a nan pawòl sa yo Jezi te di nan Sèmon sou montay la: “Tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo. An reyalite, se ansèyman sa a ki nan Lalwa ak nan pawòl pwofèt yo.” ​(Mat. 7:12). Lè n trete lòt moun jan Jezi mande nou fè sa a, nou montre nou aji ann amoni ak rezon ki fè yo te bay “Lalwa” ​(soti nan Jenèz pou rive Detewonòm) ansanm ak pawòl pwofèt yo (liv pwofetik nou jwenn nan liv ki te ekri ann ebre yo). Pawòl ki ekri nan liv sa yo montre byen klè Bondye beni moun ki demontre lanmou pou lòt moun. Pa egzanp, men sa Jewova te di pa mwayen Ezayi: “Se pou nou fè sa ki dwat. Pa fè lenjistis. [...] Benediksyon pou moun ki fè sa.” ​(Eza. 56:1, 2). Anfèt, Jewova beni nou paske n aji yon fason ki jis ak pwochen nou e nou demontre lanmou pou yo.

8. Poukisa nou dwe renmen ènmi nou, e ki sa k ka rive si n fè sa?

8 Renmen ènmi nou. Men sa Jezi te di: “Nou tande yo te di: ‘Ou dwe renmen pwochen w, men ou dwe rayi ènmi w.’ Men mwen menm, men sa m di nou: Kontinye renmen ènmi nou, e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou, pou nou ka montre nou se pitit Papa nou ki nan syèl la.” ​(Mat. 5:43-45). Apot Pòl te di yon pawòl ki sanble ak pawòl sa a lè l te di: “Si ènmi w grangou, ba l manje, si l swaf, ba l yon bagay pou l bwè.” ​(Wom. 12:20; Pwo. 25:21). Selon Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la, yon moun te dwe ede yon ènmi delivre yon bèt li genyen ki kouche anba yon chay ki twò lou l ap pote (Egz. 23:5). Lè de moun ki te ènmi te travay ansanm nan sans sa a, yo te gendwa vin tounen bon zanmi. Lefètke n demontre lanmou antanke kretyen, gen anpil moun ki te ènmi nou ki vin konsidere nou yon lòt jan. Si n demontre lanmou pou ènmi nou, menm pou moun k ap pèsekite nou avèk raj yo, se pa ti kontan n ap kontan si kèk nan yo vin aksepte laverite!

9. Ki sa Jezi te di konsènan chèche fè lapè ak frè nou yo?

9 “Chèche viv anpè ak tout moun.” ​(Ebre 12:14). Nòmalman, frè nou yo fè pati tout moun sa yo tou, paske men sa Jezi te di: “Si w ap pote ofrann ou devan lotèl la, e pandan w la ou sonje yon frè w gen yon bagay avè w, kite ofrann ou an la, devan lotèl la, epi ale. Fè lapè ak frè w la anvan, apre sa, lè w tounen w a bay ofrann ou an.” ​(Mat. 5:23, 24). Lè n demontre lanmou pou frè nou yo epi n aji san pèdi tan pou n fè lapè avè yo, Bondye ap beni nou.

10. Poukisa n pa dwe ap chèche defo lakay moun?

10 Pa chèche defo lakay moun. Men sa Jezi te di: “Sispann jije dekwa pou yo pa jije nou. Paske, jan n ap jije a, se konsa y ap jije nou. E se ak mezi nou mezire pou moun y ap mezire pou nou. Donk, poukisa w ap gade pay ki nan je frè w la, men ou pa wè gwo bout bwa ou gen nan je w la? Oubyen, kòman w ka fè di frè w la: ‘Kite m retire pay ki nan je w la’, alòske ou menm ou gen yon gwo bout bwa nan je pa w? Ipokrit! Retire gwo bout bwa ki nan je w la anvan, apre sa, w a wè klè ki jan pou w retire pay ki nan je frè w la.” ​(Mat. 7:1-5). Ala yon gwo leson Jezi ban nou ki montre pou n pa kritike ti defo lòt moun gen lakay yo toutpandan nou menm nou gendwa chaje ak defo ki pi mal toujou!

YON FASON ESPESYAL POU N MONTRE NOU RENMEN PWOCHEN NOU

11, 12. Ki fason espesyal nou montre nou renmen pwochen nou?

11 Nou vle montre nou renmen pwochen nou yon fason ki espesyal. Menm jan ak Jezi, n ap preche bon nouvèl Wayòm nan (Lik 8:1). Jezi te bay disip li yo lòd pou yo “fè disip pami moun tout nasyon”. (Mat. 28:19, 20.) Lè n ranpli wòl pa nou nan travay sa a, se eseye n ap eseye ede pwochen nou yo pou yo kite wout ki laj e ki gran ki mennen nan destriksyon an yon fason pou yo ka vin mache nan wout jennen ki mennen nan lavi a (Mat. 7:13, 14). Pa gen dout nan sa, Jewova beni kalite efò sa yo.

12 Menm jan ak Jezi, nou ede moun yo rann yo kont yo bezwen Bondye (Mat. 5:3). Lè n jwenn moun ki byen reyaji, nou ede yo konble bezwen sa a lè n pataje “bon nouvèl Bondye a” avèk yo (Wom. 1:1). Moun ki aksepte mesaj Wayòm nan vin rekonsilye ak Bondye pa mwayen Jezi Kris (2 Kor. 5:18, 19). Kidonk, lè n preche bon nouvèl la, nou vrèman montre nou renmen pwochen nou yon fason ki enpòtan anpil.

13. Antanke pwoklamatè Wayòm nan, ki jan w santi w dèske w kapab patisipe nan aktivite nou genyen an?

13 Grasa bonjan vizit ansanm ak etid biblik nou fè, nou kontan ede moun yo konfòme vi yo ak prensip Bondye yo ki jis. Kòm rezilta, sa ka pouse moun k ap etidye Labib yo fè gwo chanjman nan fason y ap mennen lavi yo (1 Kor. 6:9-11). Anfèt, sa touche n anpil pou n wè fason Bondye ap ede moun ki nan “bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”, fè chanjman ki nesesè yo yon fason pou yo vin gen yon bon relasyon avè l (Tra. 13:48). Pou anpil nan yo, lajwa te vin ranplase dezespwa yo te genyen yo, epi, konfyans yo vin gen nan Papa nou ki nan syèl la te ranplase gwo enkyetid yo te genyen yo. Se pa ti kontan nou kontan pou n wè pwogrè nouvo yo ap fè nan domèn espirityèl! Antanke pwoklamatè Wayòm nan, èske w pa dakò se yon benediksyon sa ye pou n montre nou renmen pwochen nou yon fason espesyal?

BONDYE MONTRE N KI SA VRÈ LANMOU AN YE

14. Fè yon ti pale sou kèk bagay yo di nan 1 Korentyen 13:4-8 konsènan lanmou.

14 Lè n aplike sa Pòl te ekri konsènan lanmou an nan relasyon n ak pwochen nou, sa ap fè n evite anpil pwoblèm, n ap gen kè kontan, e Bondye ap beni nou (Li 1 Korentyen 13:4-8.) Ann fè yon ti pale tou kout sou sa Pòl te di konsènan lanmou an, e ann wè kòman nou ka aplike pawòl sa yo nan relasyon nou ak pwochen nou.

15. a) Poukisa nou dwe gen pasyans ak bonte? b) Poukisa nou dwe evite jalouzi e nou pa dwe vante tèt nou?

15 “Lanmou gen pasyans ak byenveyans”. Menm jan Bondye montre pasyans ak jantiyès nan fason l boule ak lèzòm enpafè, nou menm tou, nou bezwen gen pasyans ak bonte lè lòt moun fè erè, lè yo montre yo pa gen konsiderasyon ak lè yo aji yon fason ki di. Etandone “lanmou pa jalou sò moun”, vrè lanmou an ap fè nou pa anvye sa lòt moun posede oswa privilèj yo gen nan kongregasyon an. Anplis de sa, si nou gen lanmou nou pap vante tèt nou oswa nou pap gonfle ak ògèy. Dayè, Bib la fè konnen: “Fè awogans, gonfle lestonmak yo sou moun, se sa ase mechan yo ap chache fè. Tou sa se peche.” — Pwo. 21:4.

16, 17. Ki jan nou ka aji ann amoni ak pawòl nou jwenn nan 1 Korentyen 13:5, 6 yo?

16 Lanmou ap fè nou byen aji ak pwochen nou. Nou pap ba yo manti, nou pap vòlè afè yo, oubyen nou pap fè anyen ki ka pouse nou vyole lwa ak prensip Jewova yo. Lanmou ap pouse nou chèche enterè pa lòt moun olye nou chèche enterè pa nou sèlman. — Fil. 2:4.

17 Lè yon moun gen vrè lanmou an li pa fache pou nenpòt ti bagay yo fè l, ni “li pa note bagay mal yo fè l”, kòmsi l ta ekri tout sa yon moun fè l ki mal nan yon rejis (1 Tes. 5:15). Lè nou gen rankin nan kè nou, sa pa fè Bondye plezi. Se tankou yon dife nou panse ki etenn epi sanzatann nou byen sezi wè li boule ni nou menm ni lòt moun (Lev. 19:18). Si nou gen lanmou n ap pran plezi nan sa ki verite, men, nou pap “pran plezi nan enjistis”, menmsi yo ta ap maltrete yon moun ki rayi nou oswa yo ta fè l enjistis. — Li Pwovèb 24:17, 18.

18. Ki sa nou aprann nan 1 Korentyen 13:7, 8 konsènan lanmou?

18 Ann konsidere lòt pawòl Pòl te di pou l te montre sa lanmou vle di. Li te di lanmou “sipòte tout bagay”. Si yon moun fè nou yon bagay mal epi li mande nou padon, lanmou ap pouse nou padone l. Lanmou “kwè tout bagay” ki nan pawòl Bondye a epi li fè nou rekonesan pou manje espirityèl nou jwenn. Lanmou “espere tout bagay” nou jwenn nan Bib la epi li ankouraje nou pou n pataje ak lòt moun rezon ki fè nou gen esperans nou genyen an (1 Pyè 3:15). Nou priye Bondye lè n ap fè fas ak sitiyasyon difisil, e nou gen espwa n ap jwenn pi bon rezilta a. Lanmou ap ede n “andire tout bagay”, menmsi yo ta peche kont nou, yo pèsekite nou oswa nou ta jwenn lòt eprèv ankò. Anplis de sa, “lanmou pa janm fayi”. Moun ki obeyisan yo pral demontre lanmou pou tout letènite.

KONTINYE RENMEN PWOCHEN W MENM JAN W RENMEN TÈT OU

19, 20. Ki konsèy nou jwenn nan Ekriti yo ki dwe ankouraje nou kontinye demontre lanmou pou pwochen nou?

19 Lè nou aplike konsèy ki nan Bib la, n ap ka kontinye demontre lanmou pou pwochen nou. Nou pa demontre lanmou sa a pou moun ki menm ras ak nou sèlman, men, nou fè sa anvè tout moun. Nou bezwen sonje Jezi te di tou: “Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou.” ​(Mat. 22:39). Bondye ak Kris atann pou nou renmen pwochen nou. Si nou pa fin byen konnen sa pou n fè nan yon sitiyasyon ki konsène pwochen nou, se pou n mande Bondye pou l gide nou pa mwayen lespri sen l. Lè nou fè sa, n ap jwenn benediksyon Jewova epi sa ap ede nou aji avèk lanmou. — Wom. 8:26, 27.

20 Yo rele kòmandman nou jwenn pou nou renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou an: “Lwa wa a.” ​(Jak 2:8). Apre apot Pòl te fin pale konsènan kèk kòmandman ki nan Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la, li te di: “Men, pawòl sa a ki di: ‘Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou’ a rezime tout sa ki nan lalwa. Yon moun ki gen lanmou pa fè pwochen l mal. Donk, yon moun ki gen lanmou obeyi lalwa kòrèkteman.” ​(Wom. 13:8-10). Kidonk, nou dwe kontinye renmen pwochen nou.

21, 22. Poukisa nou dwe renmen Bondye ak pwochen nou?

21 Pandan n ap medite sou rezon ki fè nou dwe renmen pwochen nou, li bon pou n reflechi sou deklarasyon Jezi te fè lè l te di Papa l “fè solèy li leve ni sou moun ki mechan ni sou moun ki bon, e li fè lapli tonbe ni sou moun ki jis ni sou moun ki enjis”. (Mat. 5:43-45.) Kit pwochen nou se moun ki jis kit yo se moun ki enjis, nou dwe demontre lanmou pou yo. Jan nou te wè sa anvan, yon bon fason nou kapab vin gen yon lanmou konsa, se lè nou pataje mesaj Wayòm nan avèk yo. Se pa ti benediksyon y ap jwenn si yo montre yo vrèman apresye bon nouvèl la!

22 Nou gen anpil rezon pou n renmen Jewova ak tout kè nou. Gen anpil fason tou nou kapab demontre lanmou pou pwochen nou. Lè nou montre nou renmen Bondye ak pwochen nou, se montre nou montre nou respekte sa Jezi te di konsènan bagay enpòtan sa yo. Sa k pi enpòtan an, nou fè Jewova plezi, li menm ki se Papa nou ki nan syèl la e ki renmen nou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje