BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/9 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Kiyès oswa ki sa zanj yo ye?
    Repons Bib la bay
  • Ki jan zanj yo ka enfliyanse nou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Zanj yo : Ki wòl yo anrapò ak nou ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Zanj yo ‘se yon bann lespri Bondye voye pou ede moun’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/9 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Èske zanj yo ka ede nou?

Gen yon zanj k ap pwoteje Dànyèl nan twou lyon an

Menm jan nan tan lontan zanj yo te ede Dànyèl, yon sèvitè Bondye ki te fidèl, se konsa tou yo ede moun jwenn byenfè nan bon nouvèl la jodi a.

Jewova te kreye plizyè milyon zanj byen lontan anvan l te kreye lèzòm (Jòb 38:4, 7). Zanj yo se yon seri kreyati ki pisan k ap sèvi Bondye. Pafwa, Bondye voye yo pou yo gide sèvitè l gen sou tè a e pou yo pwoteje yo (Sòm 91:10, 11). Jodi a, zanj yo ap ede moun yo jwenn byenfè grasa bon nouvèl disip Jezi yo ap preche a. — Li Revelasyon 14:6, 7.

Èske nou dwe priye zanj yo pou yo ka ede nou? Non. Lapriyè se yon jès adorasyon, e se sèl Bondye nou dwe adore (Revelasyon 19:10). Etandone zanj yo se sèvitè Bondye, se enstriksyon Bondye ba yo yo obeyi, se pa enstriksyon lèzòm. Kidonk, se Bondye nou dwe toujou priye nan non Jezi. — Li Sòm 103:20, 21; Matye 26:53.

Èske gen move zanj?

Bondye te kreye zanj yo avèk libète pou yo deside, yo ka chwazi fè sa ki byen oswa fè sa ki mal menm jan ak lèzòm. Malerezman, gen anpil zanj ki rebele kont Bondye (2 Pyè 2:4). Premye zanj ki te rebele a se Satan. Apre sa, gen lòt zanj ki suiv li nan rebelyon sa a e yo vin tounen demon. Pa gen twò lontan, yo te mete Satan ak demon yo deyò nan syèl la e yo te pimpe yo nan vwazinaj tè a. — Li Revelasyon 12:7-9.

Pil mechanste ak vyolans k ap ogmante sou tè a depi 1914, se prèv ki montre, talè konsa, Bondye pral mete Satan ak demon yo nan yon eta kote yo pap ka fè anyen ankò. Apre sa, Bondye pral fè tè a tounen jan l te ye okòmansman an. — Li Revelasyon 12:12; 21:3, 4.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 10 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje