BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/10 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/10 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Poukisa nou dwe priye pou Wayòm Bondye a vini?

Jezi Kris ap galope sou cheval li pou l al venk ènmi Wayòm Bondye a

Èske w ta renmen konnen plis bagay sou Wayòm Bondye a ak sou sa l pral akonpli?

Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki nan syèl la. Jezi te di disip li yo pou yo priye pou Wayòm nan vini paske Wayòm nan pral fè gen jistis ak lapè sou tè a ankò. Pa gen okenn gouvènman lèzòm ki ka retire vyolans, enjistis ak maladi nèt, men Wayòm Bondye a ka fè sa e li pral fè sa. Bondye chwazi Jezi, Pitit li a, kòm Wa nan Wayòm nan. Mete sou sa, Jewova chwazi yon gwoup moun pami disip Jezi yo pou yo dirije ak Jezi nan Wayòm nan. — Li Lik 11:2; 22:28-30.

Talè konsa, Wayòm Bondye a pral elimine tout moun ki opoze ak dominasyon Bondye a. Kidonk, lè nou priye pou Wayòm Bondye a vini se mande nou mande pou gouvènman Bondye a ranplase tout gouvènman lèzòm yo. — Li Dànyèl 7:13, 14; Revelasyon 11:15, 18.

Poukisa Wayòm Bondye a ap pwofitab pou moun yo?

Jezi se yon Wa ideyal paske l gen konpasyon. Anplis de sa, antanke Pitit Bondye, li gen pouvwa pou l ede tout moun k ap rele Bondye pou l pote yo sekou. — Li Sòm 72:8, 12-14.

Wayòm Bondye a ap pwofitab pou tout moun k ap priye ak tout kè yo pou l vini e ki viv ann amoni ak volonte Bondye. Ou pap janm regrèt dèske w te aprann sa Bib la di sou Wayòm Bondye a. — Li Lik 18:16, 17; Jan 4:23.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 8 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje