BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/4 p. 4-7
  • Yon pwogram etid biblik pou tout moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon pwogram etid biblik pou tout moun
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • REPONS KÈK KESYON MOUN POZE SOUVAN SOU PWOGRAM ETID BIBLIK NOU AN
  • Ki sa etid Labib Temwen Jewova yo ofri a ye?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Ki kote nou ka jwenn repons pou kesyon enpòtan moun poze sou lavi a?
    Ki kote nou ka jwenn repons pou kesyon enpòtan moun poze sou lavi a?
  • Èske w renmen sa w aprann yo?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Premye leson pou w etidye Labib
  • Èske w ta renmen konn Bib la pi byen ?
    Èske w ta renmen konn Bib la pi byen?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/4 p. 4-7
Yon etid biblik

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE W TA RENMEN ETIDYE LABIB?

Yon pwogram etid biblik pou tout moun

Tout moun konnen Temwen Jewova yo pou travay predikasyon y ap fè an piblik la. Men, èske w te konnen yo gen yon pwogram pou yo etidye Labib ak moun tou, e yo fè sa toupatou sou tè a?

Yon mesye k ap etidye Labib kote l ap travay la

An 2014, te gen plis pase 8 000 000 Temwen nan 240 peyi ki te kondui anviwon 9 500 000 etid biblik chak mwaa. Anfèt, kantite moun k ap etidye Labib ak nou depase popilasyon anviwon 140 peyi!

Pou Temwen Jewova yo rive fè travay ansèyman sa a, chak ane, yo pibliye prèske 1.5 milya Bib, liv, peryodik ak lòt piblikasyon ki baze sou Bib la yo konn itilize pou yo etidye Labib, nan anviwon 700 lang! Efò sa a yo fè a ki san parèy pèmèt moun etidye Labib nan lang yo vle.

“Lè m te lekòl, mwen pa t janm renmen etidye, men etid biblik la te enteresan. Epi bagay mwen te aprann yo vrèman ankourajan!” — Katlego, Afrik disid.

“Nan etid la, mwen te jwenn repons tout kesyon m te genyen ak repons anpil lòt kesyon ankò.” — Bertha, Meksik.

“Yo te fè etid la lakay mwen nan lè m te wè ki bon pou mwen an. Ki sa m te ka mande ankò!” — Eziquiel, Brezil.

“Pafwa etid la te konn dire ant 15 a 30 minit, dèfwa li te konn pi long, selon sa ki te bon pou mwen.” — Viniana, Ostrali.

“Etid la te gratis, sa te vrèman etone m!” — Aimé, Benen.

“Moun ki t ap fè etid avè m nan tèlman te gen pasyans ak jantiyès. Nou te vin bon zanmi.” — Karen, Ilann dinò.

“Gen anpil moun ki etidye Labib ki pa janm vin Temwen.” — Denton, Angletè.

REPONS KÈK KESYON MOUN POZE SOUVAN SOU PWOGRAM ETID BIBLIK NOU AN

Ki sa nou etidye ak moun yo?

Nou pran divès sijè ki soti nan Bib la epi nou egzamine vèsè biblik ki gen rapò ak sijè sa yo. Pa egzanp, Bib la bay repons kesyon tankou: Kiyès Bondye ye? Ki kalite moun li ye? Èske l gen yon non? Ki kote l ap viv? Èske n ka pwoche bò kote l? Kounye a, pwoblèm nan se konnen ki kote nan Bib la n ap jwenn repons kesyon sa yo.

Pou n ede moun yo jwenn repons kesyon sa yo, an jeneral, nou sèvi ak liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? ab ki gen 224 paj. Nou fè liv sa a sitou pou n ede moun yo konprann ansèyman fondamantal ki nan Bib la. Li gen chapit ki pale sou Bondye, Jezi Kris, soufrans lèzòm, rezirèksyon, lapriyè ak anpil lòt sijè ankò.

Ki lè yo ka fè etid la avè m e ki kote?

Yo ka fè etid la nan yon lè ak yon kote k ap bon pou ou.

Konbyen tan chak etid dire?

Gen anpil moun ki rezève inèdtan oubyen mwens chak semèn pou yo etidye Labib. Men kantite tan nou pran pou n fè etid la ka varye. N ap fè l yon fason pou l koresponn ak pwogram pa w. Gen kèk moun ki fè etid la pandan 10 minit oubyen 15 minit sèlman chak semèn.

Konbyen kòb m ap peye pou etid la?

Ou pap peye ni pou etid la ni pou piblikasyon w ap itilize yo. Sa ann amoni ak enstriksyon Jezi te bay disip li yo ki di: “Se gratis nou te resevwa, se gratis pou nou bay.” — Matye 10:8.

Konbyen tan etid la ap dire antou?

Kantite tan etid la ap dire a depann de ou. Liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a gen 19 chapit ladan l. Ou ka egzamine nenpòt nan chapit sa yo oubyen tout chapit yo selon vitès k ap bon pou ou.

Èske m oblije vin Temwen Jewova?

Non. Avèk respè, nou rekonèt chak moun gen dwa pou l chwazi nan ki sa l ap kwè. Sepandan, moun ki gen konesans sou ansèyman fondamantal ki nan Bib la ka fè yon bon chwa.

Ki kote m ka ale pou m jwenn plis enfòmasyon?

W ap jwenn enfòmasyon ki egzak sou kwayans Temwen Jewova yo genyen ak sou aktivite yo fè sou sit Entènèt jw.org/ht.

Kòman m ka mande yon etid biblik?

  • Moun yo konn mande yon etid biblik plizyè fason: sou Entènèt, nan lèt yo ekri, nan telefòn

    Fè yon demann sou sit Entènèt www.jw.org/ht.

  • Ekri nou nan adrès ki pi pre lakay ou, lis la nan paj 2 peryodik sa a.

  • Kontakte yon Temwen Jewova ki toupre lakay ou.

a An jeneral, nou fè etid biblik ak yon sèl moun oubyen ak yon ti gwoup moun.

b Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a. Yo enprime plis pase 230 milyon ladan l nan plis pase 260 lang.

YON ÈD POU FANMI YO

Eziquiel

“Lè madanm mwen te kòmanse etidye Labib, mwen te remake gwo chanjman lakay li. Lavi fanmi nou te amelyore. Piske m te anvi wè sa l ap etidye a, mwen te kòmanse etidye tou. Sa m te aprann yo te fè m vin yon pi bon moun. Lefètke nou etidye Labib sa fè fanmi nou vin pi pwòch.” — Eziquiel.

Karen

“Lè m te kòmanse etidye Labib, mwen te sispann pran dwòg, mwen pa t bwè twòp ankò e mwen te aprann kontwole kòlè m. Kay mwen vin pi pwòp e li pi annòd. Mwen apresye fanmi m plis e mwen renmen fè aktivite k ap fè yo kontan. Mwen vrèman pi kontan.” — Karen.

Viniana

“Gen kèk moun ki t ap kritike m paske m ap etidye Labib. Men mari m te soutni desizyon m pran an, li di m: ‘Sa moun di pa enterese m. Sa k pi enpòtan pou mwen se lè m wè jan w chanje, jan w vin yon bon moun. Kontinye fè sa w ap fè a.’ Lavi fanmi nou pa t janm pi bon pase sa!” — Viniana.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje