BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 15/4 p. 32
  • Èske yon pyebwa yo koupe ka boujonnen ankò?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske yon pyebwa yo koupe ka boujonnen ankò?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Jòb te gen konfyans nan esperans rezirèksyon an
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • ‘Ala anpil sajès Bondye anpil!’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 15/4 p. 32
Yon pyebwa ki koupe ki boujonnen ankò.

Èske yon pyebwa yo koupe ka boujonnen ankò?

YON pye oliv gendwa pa parèt enpresyonan an konparezon ak gwo pyebwa ki rele sèd Liban an. Sepandan, pye oliv yo gen yon kapasite ki bèl anpil anpalan de kapasite yo genyen pou yo kontinye viv menm nan kondisyon ki difisil. Gen kèk nan yo yo panse ki gen 1 000 an. Etandone rasin yon pye oliv antre byen fon nan tè a, menmsi yo ta koupe l l ap boujonnen ankò toutotan rasin nan kontinye ap viv.

Patriyach Jòb te gen konviksyon menmsi l ta mouri li t ap retounen viv ankò (Jòb 14:13-15). Li te sèvi ak egzanp yon pyebwa, petèt yon pye oliv, pou l te montre jan l gen konfyans nan kapasite Bondye genyen pou l resisite l la. Men sa Jòb te di: “Gen espwa menm pou yon pyebwa. Si yo koupe l, chouk la ap boujonnen ankò.” Lè vin gen lapli apre yon gwo sechrès, chouk yon pye oliv ki sèch kapab boujonnen ankò, e konsa, li ka fè “branch menm jan ak yon plant ki fèk ap pouse”. — Jòb 14:7-9, NW.

Menm jan ak yon kiltivatè ki swaf pou l wè yon pye oliv yo te koupe boujonnen ankò, se konsa tou Jewova Dye swaf pou l fè sèvitè l yo ansanm ak anpil lòt moun ki te mouri retounen viv ankò (Mat. 22:31, 32; Jan 5:28, 29; Tra. 24:15). Se pa ti kontan nou pral kontan akeyi moun ki te mouri yo e se pa ti kontan nou pral kontan wè yo k ap pwofite bèl bagay ki gen nan lavi a yon lòt fwa ankò!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje