Èske konsyans ou se yon gid ki fyab?
“Objektif enstriksyon sa a se pou nou ka gen yon lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, nan yon konsyans ki klè.” — 1 TIM. 1:5.
1, 2. Ki moun ki pèmèt nou gen yon konsyans, e poukisa n dwe montre n rekonesan dèske n gen kapasite sa a?
JEWOVA DYE te kreye lèzòm ak libète pou yo deside, sa vle di libète pou yo chwazi ant yon posiblite oswa yon lòt. Bondye te bay premye gason an, premye fi a ak desandans yo t apral genyen yo yon gid ki gen anpil valè anpalan de konsyans lan ki se kapasite ki pèmèt yo distenge sa ki byen ak sa ki mal. Lè n byen sèvi ak konsyans lan, li ka ede n fè sa k bon epi evite sa k mal. Konsa, konsyans nou se yon prèv ki montre Bondye renmen nou e l vle pou lèzòm met tèt ansanm pou fè sa k bon.
2 Jodi a, lèzòm toujou gen yon konsyans. (Li Women 2:14, 15.) Aktout gen anpil moun ki vire do bay prensip Bib la bay sou zafè konduit, byen souvan, nou konn wè kèk moun k ap fè sa k byen e ki rayi sa k mal. Konsyans lan anpeche anpil moun komèt move zak. Imajine jis nan ki pwen kondisyon monn nan t ap mal si pèsonn pa t gen yon konsyans! Petèt nou t ap menm tande pale de bagay ki pi mal pase sa n ap fè kounye a. Se pa ti kontan nou dwe kontan dèske Bondye bay lèzòm yon konsyans!
3. Ki sa k fè konsyans lan se yon gwo fòs ki pouse moun fè sa k bon nan kongregasyon an?
3 Kontrèman ak tout moun, sèvitè Jewova yo vle fòme konsyans yo. Yo vle travay konsyans yo pou l vin ann amoni ak prensip Pawòl Bondye a bay konsènan sa ki bon ak sa ki mal. Yon konsyans ki byen fòme ap jwe yon gwo wòl nan pouse moun fè sa k bon anndan kongregasyon kretyen an. Sepandan, fòme konsyans nou antanke kretyen epi sèvi avè l pa sèlman yon aktivite mantal. Bib la fè yon lyen ant yon bon konsyans ak lafwa ak lanmou. Men sa Pòl te ekri: “Objektif enstriksyon sa a se pou nou ka gen yon lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, nan yon konsyans ki klè ak nan yon lafwa ki san ipokrizi.” (1 Tim. 1:5). Tank n ap fòme konsyans nou epi n ap koute l, se tank lanmou nou gen pou Jewova a ap grandi epi lafwa nou ap vin pi solid. Anfèt, fason nou sèvi ak konsyans nou montre nan ki nivo espirityalite nou ye, ki eta kè nou ak jis nan ki pwen nou anvi fè Jewova plezi. Vrèmanvre, vwa sa a nou gen anndan nou an montre ki kalite moun nou ye toutbon.
4. Ki jan n ka fòme konsyans nou?
4 Men, ki jan n ka fòme konsyans nou? Kèk bon fason nou ka fè sa se lè n etidye Labib regilyèman epi n priye sou sa n ap etidye a, lè n medite sou sa nou li a epi, annapre, nou met sa n aprann nan an pratik. Sa klè, sa enplike plis bagay pase annik gen konesans epi aprann kèk règ. Tikras pa tikras, etid nou fè nan Bib la ta dwe fè n gen yon ide ki pi klè sou Jewova, sou pèsonalite l, sou kalite l yo, sou sa l renmen ak sa l pa renmen. Konsa, konsyans nou ap vin ann amoni ak chemen Jewova Dye yo. L ap fè kè n chofe e l ap pouse n anvi sanble ak Jewova plis toujou.
5. Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?
5 Sepandan, nou kapab mande tèt nou: Ki fason yon konsyans ki byen fòme ka ede n lè n bezwen pran desizyon? Ki jan n ka montre n respekte desizyon kwayan parèy nou yo pran ki baze sou konsyans yo? Epi, ki fason konsyans nou pouse n zele nan fè pi gwo travay? Toutpandan n gen kesyon sa yo nan lespri n, ann egzamine twa domèn kote konsyans nou ka jwe yon wòl pozitif: 1) swen sante, 2) divètisman ak 3) ministè a.
SE POU NOU REZONAB
6. Bay yon domèn ki konn soulve anpil kesyon e ki mande pou yo pran desizyon?
6 Bib la ankouraje nou pou n evite pratike move bagay epi pou n modere nan kèk abitid tankou manje ak bwè (Pwo. 23:20; 2 Kor. 7:1). Menm lè laj ak pwoblèm enfimite ka toujou gen efè sou nou, lè n suiv prensip ki nan Bib la, n ap rive pwoteje sante nou nan yon degre. Gen kèk peyi kote l posib pou moun yo jwenn swen sante ak yon pakèt posiblite pou fè terapi. Detanzantan, biwo filyal yo konn resevwa lèt nan men kèk frè ak sè k ap egzamine yon fòm tretman oswa yon lòt. Gen anpil nan yo ki konn mande: “Èske yon sèvitè Jewova ka aksepte tretman sa yo?”
7. Ki jan n ka rive pran desizyon konsènan kèk tretman medikal?
7 Ni yon biwo filyal, ni ansyen nan kongregasyon yo pa otorize pou pran desizyon nan zafè swen sante pou yon Temwen menmsi l ta mande sa l dwe fè (Gal. 6:5). Nòmalman, yo ka atire atansyon moun nan sou sa Jewova te di ki kapab gen yon gwo enpak sou desizyon an. Pa egzanp, yon kretyen dwe sonje kòmandman biblik ki mande pou n “kontinye evite [...] san” an (Tra. 15:29). Yon fason klè, sa gen ladan l tout tretman medikal ki enplike san oswa nenpòt nan kat konpozan prensipal san an. Konesans sa a ka menm enfliyanse konsyans yon kretyen lè l ap pran desizyon konsènan ti fraksyon ki soti nan youn nan kat konpozan prensipal san ana. Men, ki lòt konsèy biblik ki ka ede n lè n ap pran desizyon konsènan yon tretman medikal?
8. Anrapò ak swen sante, ki fason Filipyen 4:5 ka ede n?
8 Pwovèb 14:15 (NW) di: “Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di, men, moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” Gen kèk maladi ki gendwa pa gen okenn tretman. Donk, nou bezwen fè atansyon ak kèk tretman ki popilè anpil alòske yo pa gen prèv. Men ki sa Bondye te pouse Pòl ekri: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” (Flp. 4:5). Lè n montre nou rezonab, sa ap ede n evite depanse anpil tan nan chèche swen sante toutpandan n bay bagay espirityèl yo dezyèm plas. Si n kite swen sante n pran premye plas nan lavi n, n ap riske konsantre nou sou tèt nou sèlman (Flp. 2:4). Se bagay espirityèl yo ki pi enpòtan, epi, anrapò ak sante, nou ta dwe toujou montre n rezonab nan sa n atann. — Li Filipyen 1:10.
Èske w fòse lòt moun aksepte pwennvi w? (Gade paragraf 9.)
9. Ki fason Women 14:13, 19 jwe yon gwo wòl sou kèk desizyon konsènan swen sante, e ki fason nou ka menase inite nou fòme antanke kretyen an?
9 Yon kretyen ki rezonab pap fòse lòt moun aksepte pwennvi l. Gen yon koup marye nan yon peyi ann Ewòp ki te zele nan fè moun konnen ki manje pou yo manje ak ki rejim pou yo suiv. Yo te rive konvenk kèk frè pou yo itilize kèk manje, men, gen lòt ki pa t fè sa. Pi devan, rezilta yo te pi piti pase sa moun yo te atann nan e sa te lakòz anpil moun fache. Koup la gen dwa pou yo chwazi pou tèt yo ki kalite manje yo vle manje ak ki rejim yo vle suiv, men, èske l rezonab pou yo menase inite ki gen nan kongregasyon an akoz swen sante? Pandan yon tan, kretyen ki t ap viv nan vil Wòm tan lontan an te gen kèk ide diferan pou konnen si yo dwe manje kèk manje epi obsève kèk jou. Ki konsèy Pòl te ba yo? Men sa l te di anrapò ak pwoblèm sa a: “Gen moun ki konsidere yon jou pi enpòtan pase yon lòt jou, gen lòt moun ki konsidere tout jou se menm. Se pou chak moun ret ak konviksyon pa yo.” Li enpòtan pou n pa met yon obstak pou fè lòt moun trebiche. — Li Women 14:5, 13, 15, 19, 20.
10. Ki sa k fè n dwe respekte desizyon lòt moun pran? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)
10 Si n pa ka fin konprann yon desizyon konsènan kèk pwoblèm pèsonèl yon kwayan parèy nou pran sou baz konsyans li, nou pa dwe kouri jije l oswa n pa dwe santi n oblije fè presyon sou li pou l chanje opinyon. Petèt konsyans li “fèb” epi l bezwen pou yo fòme l plis toujou, oswa l ka pi sansib sou kèk sijè (1 Kor. 8:11, 12). Yon lòt bò, nou gendwa bezwen egzamine konsyans nou ki petèt ka bezwen plis fòmasyon ann amoni ak prensip Bondye yo. Anrapò ak kèk sijè tankou swen sante, nou chak ta dwe pran pwòp desizyon nou epi n dwe aksepte responsablite ki mache ak desizyon sa a.
PRAN PLEZI NAN DIVÈTISMAN K AP FÒTIFYE NOU
11, 12. Ki konsèy biblik nou ta dwe kenbe nan lespri nou lè n ap chwazi divètisman?
11 Jewova te kreye lèzòm yon fason ki fè l posib pou yo rive pran plezi nan kreyasyon an epi pwofite l. Salomon te fè konnen gen “yon lè pou moun ri” epi gen “yon lè pou moun danse”. (Ekl. 3:4, NW.) Sepandan, se pa tout divètisman yo ki pote byenfè, ki detann moun oswa ki ankourajan. Anplis de sa, li pa bon pou n patisipe nan twòp divètisman oswa pou n ap detann nou twò souvan. Ki fason konsyans nou ka ede n pran plezi nan divètisman k ap fòtifye nou epi pou n jwenn byenfè nan yo?
12 Nan Ekriti yo, nou jwenn avètisman kont pratik yo rele “zèv lachè yo”. Zèv sa yo “se imoralite seksyèl, konduit ki pa pwòp, konduit derespektan, idolatri, pratik ki gen rapò ak movèzespri, rayisman, fè kont, jalouzi, kòlè san kontwòl, chirepit, divizyon, fè klan, anvi, bwè pou sou, banbòch ak lòt bagay menm jan an”. Pòl te fè konnen “moun k ap pratike bagay sa yo pap benefisye Wayòm Bondye a”. (Gal. 5:19-21.) Anrapò ak sa, nou kapab mande tèt nou: ‘Èske konsyans mwen pouse m evite spò ki vyolan, ki gen konpetisyon e ki gen zafè nasyonalis? Èske konsyans mwen ban m avètisman lè m anvi gade yon fim ki gen kèk sèn pònografi oswa k ap fè piblisite pou imoralite, eksè nan bwason ki gen alkòl oswa pratik ki gen rapò ak movèzespri?’
13. Ki fason konsèy nou jwenn nan 1 Timote 4:8 ak Pwovèb 13:20 yo ka ede n anrapò ak divètisman?
13 Anplis de sa, n ap jwenn kèk prensip nan Bib la ki kapab ede n modle konsyans nou anrapò ak divètisman. Gen youn nan prensip sa yo ki di: “Egzèsis fizik itil pou yon tikras bagay.” (1 Tim. 4:8). Gen anpil moun ki fè konnen yon ti egzèsis fizik regilyèman pèmèt moun gen bon sante epi l ede kò a ak lespri a. Si n ta vle jwenn yon gwoup moun pou n fè egzèsis, èske n ap chwazi nenpòt moun? Pwovèb 13:20 (NW) fè konnen: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès, men, moun ki annafè ak moun ki sòt, sa ap mal pou li.” Èske sa pa montre n ta dwe fè atansyon lè n ap chwazi divètisman e n ta dwe sèvi ak konsyans nou ki fòme grasa Bib la?
14. Ki jan yon jèn te aji ann amoni ak Women 14:2-4?
14 Christian ak Daniela se paran de adolesan. Men sa Christian fè konnen: “Nou te pale de divètisman pandan sware adorasyon an fanmi an. Nou dakò gen kèk fason moun pran plezi yo ki bon alòske gen lòt ki pa bon. Ki moun nou ka konsidere kòm bon frekantasyon? Gen youn nan pitit fi nou yo ki fè konnen pandan rekreyasyon nan lekòl li a, gen kèk jèn Temwen ki konn konpòte yo yon fason l panse ki pa bon. Epi l konn santi l anba presyon pou l aji menm jan an. Nou te rezone ansanm epi n te di chak moun gen yon konsyans e n dwe kite konsyans sa a gide n lè n ap chwazi sa n ap fè epi ak kiyès n ap fè l.” — Li Women 14:2-4.
Konsyans ou ki fòme grasa Bib la ka ede w evite danje. (Gade paragraf 14.)
15. Ki jan lè n konsidere Matye 6:33 sa ka ede n lè n ap planifye detant?
15 Li enpòtan tou pou n konnen nan ki moman pou n pran detant. Èske w planifye detant ou yo nan lè aktivite teyokratik yo tankou reyinyon yo, travay predikasyon an ak etid pèsonèl? Oswa, èske w konn ap eseye met aktivite teyokratik yo nan mitan moman plezi yo? Ki sa w bay plis enpòtans? Jezi te di: “Kontinye chèche Wayòm nan an premye e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou.” (Mat. 6:33). Èske konsyans ou pouse w bay aktivite ki gen rapò ak konsèy Jezi a plis enpòtans?
LI ANKOURAJE N TRAVAY AVÈK ZÈL
16. Ki efè konsyans nou ka genyen sou travay predikasyon nou an?
16 Yon bon konsyans ap fè plis pase avèti nou kont bagay ki mal. L ap ankouraje n fè bon travay tou. Pami bon travay ki pi enpòtan yo gen patisipasyon nou nan travay predikasyon kay an kay la ak pwofite tout posiblite n jwenn pou n bay temwayaj enfòmèl. Konsyans Pòl te pouse l fè sa. Men sa l te ekri: “Se yon obligasyon yo fè m. Wi, malè pou mwen si m pa t anonse bon nouvèl la!” (1 Kor. 9:16). Toutpandan n ap imite l, konsyans nou ap pale avè n, l ap ban nou asirans n ap fè sa ki bon an. Epi, lè n preche bon nouvèl la, nou touche konsyans moun n ap pale avè yo a. Pòl te di: “Toutpandan n ap fè verite a vin klè, n ap rekòmande tèt nou bay tout moun devan Bondye.” — 2 Kor. 4:2.
17. Ki jan yon jèn sè te aji ann amoni ak konsyans li?
17 Jacqueline te etidye byoloji nan lekòl li lè l te gen 16 an. Yo te egzamine teyori evolisyon an an detay. Men sa Jacqueline fè konnen: “Konsyans mwen te fè m santi m malalèz pou m patisipe nan konvèsasyon klas la jan m abitye fè sa nòmalman. Mwen pa ka soutni teyori evolisyon an. Mwen t al kot pwofesè a epi m te esplike l pozisyon m. M te sezi lè m te wè jan l konprann mwen epi l te ban m posiblite pou m pale sou sijè kreyasyon devan tout klas la.” Jacqueline santi l satisfè anpil lefètke l te koute konsyans li ki fòme grasa Bib la epi l te aji ann amoni avè l. Èske konsyans ou pouse w fè sa ki dwat menm jan an tou?
18. Poukisa n ta dwe chèche gen yon bon konsyans, yon konsyans nou ka konte sou li?
18 Se pa ti bon sa bon lè objektif nou se chèche viv plis toujou ann amoni ak prensip Jewova yo! Konsyans lan kapab jwe yon gwo wòl nan ede n atenn objektif sa a. Lè n etidye Pawòl Bondye regilyèman, nou medite sou sa n aprann nan epi n fè efò pou n pratike yo, se fòme n ap fòme konsyans nou. Konsa, l ap montre l se yon gid ki fyab nan lavi nou antanke kretyen!
a Gade “Kesyon lektè yo poze” ki nan Toudegad 15 jen 2004 la, paj 29-31, fransè.