BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 15/9 p. 23-27
  • Ki jan n ka montre nou renmen Jewova?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan n ka montre nou renmen Jewova?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • MONTRE W REKONESAN POU DISPOZISYON JEWOVA PRAN YO
  • BAY VERITE KI SOTI NAN BONDYE A ANPIL VALÈ
  • AKSEPTE KONSÈY AK DISIPLIN BONDYE BAY
  • KONTE SOU JEWOVA POU W JWENN PWOTEKSYON AK DELIVRANS
  • Renmen Bondye ki renmen w lan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • “Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Pa kite lanmou w genyen an vin rafredi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • “Se pou nou kontinye mache nan lanmou”
    Annou pwoche bò kote Jewova
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 15/9 p. 23-27
1. Yon frè k ap preche yon mesye ki chita sou yon ban nan yon plas piblik; 2. Yon papa k ap li Liv istwa biblik mwen an ak pitit gason l; 3. Yon sè k ap pale ak lòt moun de Jewova.

Ki jan n ka montre nou renmen Jewova?

“Nou demontre lanmou, paske li te demontre lanmou pou nou an premye.” — 1 JAN 4:19.

KANTIK: 56, 138

NAN KI SANS OU VIN GEN PLIS LANMOU POU JEWOVA LÈ W WÈ JAN LANMOU L PARÈT NAN...

  1. fason l pran swen w nan domèn fizik?

  2. manje espirityèl ou resevwa yo?

  3. konsèy ak disiplin li ba w?

1, 2. Selon sa apot Jan fè konnen, ki jan Bondye montre n fason pou n renmen l?

AN JENERAL, tout moun dakò pi bon fason yon papa ka anseye pitit li se pa mwayen egzanp. Apot Jan te ekri: “Nou demontre lanmou, paske [Bondye] te demontre lanmou pou nou an premye.” ​(1 Jan 4:19). Sepandan, sa klè, antanke yon Papa ki gen lanmou, Jewova ban nou yon gwo egzanp ki kapab ede n demontre lanmou pou li anretou.

2 Nan ki sans Bondye “te demontre lanmou pou nou an premye”? Men sa apot Pòl te di: “Men ki jan Bondye demontre lanmou li gen pou nou: Kris mouri pou nou pandan nou te pechè toujou.” ​(Wom. 5:8). Lefètke Jewova te fè gwo sakrifis sa a, sètadi lè l te ofri pwòp Pitit gason l lan kòm yon ranson pou moun ki kwè nan li yo, li te montre ki sa lanmou l lan ye toutbon. Lanmou sa a parèt nan sa l bay ak nan aksyon l fè ki montre l pa wè tèt li sèlman. Kokennchenn aksyon sa a Bondye te fè a fè l vin posib pou n pwoche kote l, pou n benefisye lanmou l epi pou n demontre lanmou pou li anretou. — 1 Jan 4:10.

3, 4. Ki sa lanmou pou Bondye gen ladan l?

3 Lanmou se kalite ki plis parèt kay Jewova, donk, nou ka konprann rezon ki fè Jezi te di yon moun premye kòmandman Bondye bay la se: “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou.” ​(Mak 12:29, 30). Selon sa Jezi di yo, nou aprann lanmou pou Bondye enplike kè nou anvan tout bagay. Yon kè ki pataje pa ka fè Jewova plezi. Sepandan, n ap remake lanmou pou Bondye enplike tout nanm nou, tout lespri nou ak tout fò nou tou. Sa vle di vrè lanmou pou Bondye a vle di plis pase yon senp santiman nou gen nan kè nou. Nonsèlman lanmou n gen pou Bondye a dwe sensè, li dwe enplike tout kapasite espirityèl nou ak tout kapasite fizik nou tou. Selon pwofèt Mika, se sa menm Jewova ap chèche nan men nou. — Li Mika 6:8.

4 Ki jan n ka montre nou renmen Papa nou ki nan syèl la toutbon? Nou dwe gen yon lanmou san pataj pou li. Jan Jezi te di sa a, nou dwe enplike tout kapasite fizik nou, santiman nou ak kapasite espirityèl nou. Nan atik ki te vin anvan an, nou te egzamine kat fason Jewova demontre kokenn lanmou l gen pou pitit li yo. Kounye a, ann wè kòman n ka montre n renmen Jewova ak kòman n ka vin gen plis lanmou pou li yon fason pou n parèt akseptab epi agreyab nan je l.

MONTRE W REKONESAN POU DISPOZISYON JEWOVA PRAN YO

5. Ki jan n ka montre nou renmen Jewova pou tout sa l ban nou?

5 Ki sa w fè lè w resevwa yon kado? Sandout gen kèk fason w konn montre jan w apresye l. Anplis de sa, se sèten w ap byen sèvi ak kado a e w ap ba l valè. Men sa disip Jak te ekri: “Tout bèl don ak tout kado pafè sot anwo, yo soti nan men Sila a ki Papa limyè yo ki nan syèl la, li menm ki pa chanje, kontrèman ak lonbray k ap chanje pozisyon.” ​(Jak 1:17). Jewova fè n jwenn tout sa n bezwen pou n viv e pou n gen kè kontan. Èske sa pa ta dwe pouse n renmen l anretou?

6. Ki sa Izrayelit yo te dwe fè pou yo te kontinye resevwa benediksyon Jewova?

6 Jewova te fè plizyè santèn ane ap pran swen Izrayelit yo avèk lanmou e l te vide anpil benediksyon sou yo ni nan domèn materyèl ni nan domèn espirityèl (Det. 4:7, 8). Sepandan, pou yo te kontinye resevwa benediksyon sa yo, yo te dwe obeyi Lwa Bondye a ki te gen ladan l kèk sakrifis yo te dwe fè bay Jewova regilyèman pou yo ofri l “sa k pi bon nan premye danre” yo te rekòlte nan peyi a (Egz. 23:19, NW). Konsa, Izrayelit yo t ap montre yo pa pran lanmou Jewova demontre anvè yo a ansanm ak benediksyon l vide sou yo a alalejè. — Li Detewonòm 8:7-11.

7. Ki jan n ka sèvi ak sa n “genyen ki gen valè yo” pou n montre nou renmen Jewova?

7 E nou menm? Byenke jodi a yo pa mande n ofri sakrifis yon fason literal, li toutafè nòmal pou n montre n renmen Bondye lè n onore l ak sa n “genyen ki gen valè yo”. (Pwo. 3:9, NW.) Ki kèk fason nou ka fè sa? Nòmalman, nou ka sèvi ak bagay materyèl nou genyen yo pou n soutni travay Wayòm nan k ap fèt nan zòn nou abite a ak nan lemonnantye. Vrèmanvre, se yon bon fason pou n montre nou renmen Jewova kit nou gen anpil byen materyèl kit nou pa gen anpil (2 Kor. 8:12). Sepandan, gen lòt fason ankò nou ka montre Jewova nou renmen l.

8, 9. Nan ki sans konfyans nou gen nan pwomès Jewova gen yon lyen ak lanmou n gen pou li? Bay yon egzanp.

8 Pa bliye Jezi te fè disip li yo sonje pou yo pa plede ap bay tèt yo pwoblèm pou manje ak rad, men, pou yo kontinye chèche Wayòm nan an premye. Li te di Papa a konnen sa n vrèman bezwen yo (Mat. 6:31-33). Fason nou demontre konfyans nou nan pwomès sa a se yon prèv ki montre jis nan ki pwen nou renmen Jewova paske lanmou ak konfyans se de bagay ki mache ansanm. Nou pap ka renmen yon moun toutbon si n pa fè l konfyans (Sòm 143:8). Kidonk, nou kapab mande tèt nou: ‘Èske objektif m ap pousuiv yo ak fason m ap viv la montre m vrèman renmen Jewova? Èske aksyon m fè chak jou yo montre m gen konfyans nan kapasite l genyen pou l ban m sa m bezwen?’

9 Gen yon kretyen ki rele Mike ki te demontre yon lanmou ak yon konfyans konsa. Lè Mike te jèn, li te kòmanse vin gen gwo anvi pou l al sèvi Bondye nan yon peyi etranje. Aktout li te vin marye e l vin gen de pitit, anvi a te toujou la. Grasa ankourajman Mike ak fanmi l te jwenn nan anpil atik ak kèk rapò yo te li konsènan al sèvi kote ki gen anpil bezwen, yo te deside senplifye lavi yo. Yo te vann kay yo a e yo t al viv nan yon apatman. Apre sa, Mike te redui nan gwosè antrepriz pou fè netwayaj li genyen an epi l te vin aprann kòman pou l jere biznis li aletranje grasa Entènèt. Fanmi an te fè deplasman an epi, men sa Mike te di apre l fin fè dezan ap sèvi ak kè kontan aletranje: “Nou te viv verite nou jwenn nan pawòl Jezi te di nan Matye 6:33 a.”

BAY VERITE KI SOTI NAN BONDYE A ANPIL VALÈ

10. Jan sa parèt nan ka wa David la, ki sa n ka jwenn lè n medite sou verite aprann konsènan Jewova?

10 Sa gen anviwon 3 000 an, wa David te santi l touche grasa sa l te wè nan syèl vizib la. Men sa l te ekri: “Syèl la fè konnen glwa Bondye genyen, syèl la montre travay li fè ak men l.” Apre sa, sajès ki gen nan Lwa Bondye a te tèlman touche l opwen l te di: “Lwa Jewova yo bon nèt, yo rebay fòs. Rapèl Jewova yo merite pou yo fè yo konfyans, yo fè moun ki pa gen eksperyans yo vin saj.” Ki sa kokennchenn apresyasyon sa a te pouse David fè? David te kontinye pou l di: “Se pou pawòl ki sot nan bouch mwen ak refleksyon m ap fè nan kè m fè w plezi, o Jewova, Mas Wòch mwen, Sovè mwen.” Sa klè, David te gen yon relasyon entim e ki fò anpil ak Bondye. — Sòm 19:1, 7, 14, NW.

11. Ki sa lanmou n gen pou Bondye a dwe pouse n fè ak pakèt konesans Bondye ap ban nou jodi a konsènan laverite ki nan Ekriti yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

11 Jodi a, nou santi n beni dèske n konn anpil bagay konsènan travay kreyasyon Jewova a ansanm ak fason objektif li ap reyalize. Monn nan ap fè pwopagann pou gwo etid ak gwo fòmasyon. Men, dapre eksperyans anpil moun fè, nou rann nou kont lè yon moun ap kouri dèyè bagay sa yo, byen souvan, sa lakòz yo vin pèdi lafwa ak lanmou pou Bondye. Sepandan, nonsèlman Bib la ankouraje n renmen konesans, men, li ankouraje n chèche gen sajès ak bon konprann tou. Sa vle di pou n aprann kòman pou n sèvi ak konesans Bondye ban nou an yon fason k ap ede nou menm ak lòt moun (Pwo. 4:5-7). Bondye “vle pou tout kalite moun sove e [pou] yo gen yon konesans egzak sou laverite”. (1 Tim. 2:4.) Nou montre n renmen Jewova lè n preche tout moun bon nouvèl Wayòm nan ak tout kè n ak lè n al ede moun yo konprann kokenn objektif Bondye gen pou limanite a. — Li Sòm 66:16, 17.

12. Ki fason yon jèn te montre l apresye sa l resevwa nan men Jewova yo?

12 Menm jèn yo ka montre yo renmen Jewova nan fason yo demontre apresyasyon pou manje espirityèl l ap bay la. Gen yon sè ki rele Shannon ki fè konnen lè l te gen 11 an li menm ak yon ti sè l ki te gen 10 an te asiste kongrè distri ki te rele “La piété” a ansanm ak paran yo. Nan youn nan sesyon kongrè sa a, yo te mande jèn yo pou yo vin chita nan yon seksyon ki te espesyal. Li te yon ti jan timid men l te fè sa. Apre sa, li te santi l kontan lè chak jèn te resevwa yon kado ki se yon bèl liv ki rele Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques. Ki efè liv sa a te genyen sou santiman Shannon te genyen anvè Jewova. Men sa Shannon fè konnen: “Se lè sa a m te resi rann mwen kont Jewova reyèl epi l renmen m anpil anpil.” Men sa Shannon te ajoute: “Se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova, Bondye nou an ki gran, ban nou bèl kado pafè sa a gratis!”

AKSEPTE KONSÈY AK DISIPLIN BONDYE BAY

13, 14. Ki sa fason n konsidere konsèy Jewova bay yo montre konsènan lanmou n gen pou li a?

13 Bib la di: “Jewova korije moun li renmen menm jan yon papa fè pou pitit li renmen.” ​(Pwo. 3:12, NW). Sepandan, kòman n ta dwe reyaji? Apot Pòl pa t nan manti lè l te di: “Pa gen okenn disiplin ki sanble bay kè kontan menm kote a. Sanble li bay lapenn pito.” Lè Pòl te di pawòl sa a, se pa minimize li t ap minimize enpòtans oswa valè yon disiplin genyen, paske, men sa l te ajoute: “Sepandan, pi devan, moun li fòme yo pral mennen yon vi dwat nan lapè.” ​(Ebre 12:11). Si nou renmen Jewova, nou dwe fè atansyon pou n pa vin twò kwè nan tèt nou oswa pou n pa koute konsèy li yo. Pou kèk moun, sa kapab yon gwo eprèv. Lanmou n gen pou Bondye a ka ede n anpil.

14 Nan epòk Malaki a, gen anpil Juif ki pa t apresye konsèy Bondye a. Yo te konn Lwa Bondye te bay konsènan fason pou yo ofri sakrifis yo, men, yo te vin tèlman neglijan opwen Jewova te oblije konseye yo yon fason fèm. (Li Malaki 1:12, 13.) Jis nan ki pwen sitiyasyon an te serye? Tande sa Jewova te di: “M ap lage malediksyon sou nou e m ap fè benediksyon nou yo tounen malediksyon. Wi, m ap fè benediksyon yo tounen malediksyon, paske nou pa bay [kòmandman m yo] enpòtans.” ​(Mal. 2:1, 2, NW). Sa klè, lè yon moun pran abitid chwazi fèmen je l sou konsèy Jewova bay avèk lanmou sa ka lakòz li sibi anpil gwo konsekans.

Yon jèn fi k ap gade kèk rad yo ekspoze nan vit yon magazen.

Suiv konsèy Bondye yo olye w suiv prensip monn nan! (Gade paragraf 15.)

15. Ki atitid moun nan epòk nou an genyen nou dwe evite?

15 Nan epòk sa a kote tout moun wè tèt yo sèlman, li pa fasil ditou pou n pale sou konsèy ak disiplin, sa k pi mal la, pou moun ta aksepte yo. Byen souvan, menm moun ki sanble pare pou aksepte konsèy oswa disiplin yo pa fè sa ak tout kè yo. Sepandan, antanke kretyen, nou jwenn avètisman pou n “sispann konfòme nou ak sistèm sa a”. Nou dwe chèche konprann “volonte Bondye, yon volonte [...] ki pafè” epi n dwe pousuiv li (Wom. 12:2). Pa mwayen òganizasyon l lan, Jewova ban nou konsèy nan bon moman nan anpil domèn nan lavi a tankou fason pou n konpòte n ak yon moun ki pa gen menm sèks avè n, konsènan frekantasyon ansanm ak divètisman. Lè n pran plezi aksepte epi aplike konsèy sa yo, n ap montre nou rekonesan anvè Jewova epi n vrèman renmen l ak tout kè n. — Jan 14:31; Wom. 6:17.

KONTE SOU JEWOVA POU W JWENN PWOTEKSYON AK DELIVRANS

16, 17. a) Ki sa k fè n ta dwe chèche konn sa Jewova panse lè n ap pran desizyon? b) Ki fason Izrayelit yo te montre yo manke lanmou pou Jewova e yo pa gen konfyans nan li?

16 Lè yon timoun santi l an danje, premye reflèks li se kouri al jwenn paran l. Tank timoun yo ap vin gran, yo aprann fè tèt yo plis konfyans toujou e yo aprann pran pwòp desizyon yo. Sa fè pati etap pou yo vin granmoun nan. Sepandan, moun ki gen yon bon relasyon ak paran yo toujou pare pou chèche konn sa paran yo panse epi chèche jwenn konsèy nan men yo anvan menm yo pran yon desizyon. Se menm bagay la tou nan domèn espirityèl. Jewova ban nou lespri l ki fè n vin gen “volonte [ak] fòs pou nou aji”. Sepandan, nou t ap montre n pa gen okenn lanmou ak okenn konfyans si n ta pran desizyon nou yo san n pa pran sa Bondye panse yo an konsiderasyon. — Flp. 2:13.

17 Yon lè, nan epòk Samyèl la, Izrayelit yo te pèdi yon gwo batay kont Filisten yo. Pèp Bondye a te vrèman bezwen èd ak pwoteksyon. Ki sa yo te fè? Men sa yo te di: “Ann al pran lach alyans Jewova a nan Silo, pou l ka ansanm avèk nou e pou l ka sove nou anba men ènmi nou yo.” Ki jan bagay yo te fini? Bib la di: “Moun Filisti yo te touye anpil ladan yo. Yo te touye 30 000 sòlda apye pami Izrayelit yo. Mete sou sa, yo te pran Lach Bondye a.” ​(1 Sam. 4:2-4, 10, 11, NW). Petèt sa te parèt kòmsi se chèche Izrayelit yo t ap chèche èd nan men Jewova lè yo te pran lach alyans Bondye a. Men, an reyalite, se pa direksyon Jewova yo t ap chèche, se te pwòp ide pa yo yo t ap suiv e bagay yo te fini mal pou yo. — Li Pwovèb 14:12.

18. Ki jan n ta dwe santi n anrapò ak chèche èd nan men Jewova?

18 Salmis la te montre ki bon atitid nou ta dwe gen nan kè nou lè l te ekri: “Se pou m ret tann Bondye. Paske, mwen gen pou m fè louwanj pou li kòm Sovè m. Bondye m, mwen dekouraje. Se sa k fè mwen sonje w.” ​(Sòm 42:5, 6, NW). Ala yon kokenn lanmou l te gen pou Jewova? Èske w chèche vin gen kalite lanmou sa a pou Papa w ki nan syèl la epi w chèche gen menm konfyans sa a nan li? Menmsi w pare pou w reponn wi, ou ka toujou dispoze chèche vin gen plis konfyans nan li ann amoni ak pawòl sa yo nou li nan Bib la: “Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, e l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w.” — Pwo. 3:5, 6, NW.

19. Ki fason w vle montre Jewova jan w renmen l?

19 Lefètke Jewova te renmen n an premye, li tou montre n kòman pou n renmen l. Annou toujou kenbe kokenn egzanp li ban nou an nan lespri n. Epi, ann pa janm sispann montre l jan n renmen l “ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou”. — Mak 12:30.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje