BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/10 p. 15
  • Padone lòt moun ak tout kè w

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Padone lòt moun ak tout kè w
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Se pou youn padone lòt ak tout kè l
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Sa sa vle di padone?
    Repons Bib la bay
  • Se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan kesyon padone
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • “Jewova padone nou ak tout kè l”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/10 p. 15

YON ANSYEN PAWÒL SAJÈS KI ITIL MOUN JODI A

Padone lòt moun ak tout kè w

PRENSIP KI NAN BIB LA: “Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, [...] se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou. Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an.” — Kolosyen 3:13.

Yon dam ki ki leve men l bay yon lòt dam epi li vire l ale

Sa pawòl sa a vle di? Nan Bib la, yo konn konpare peche ak dèt yon moun genyen pou yon lòt moun e yo konpare padon ak pase moun nan pase sou dèt la (Lik 11:4). Gen yon liv ki fè konnen nan Ekriti yo, mo grèk lè yo tradui l ki bay “padone” a gen sans “pase sou yon dèt, pa egzije yo peye l.” Konsa, lè nou deside padone yon moun ki fè nou yon bagay mal, nou pa atann anyen nan men moun nan anretou. Lefètke nou dispoze padone yon moun, sa pa vle di nou dakò ak bagay mal li te fè a, ni nou pa minimize jan sa fè n soufri. Okontrè, nou tou senpleman deside pa kenbe rankin, menmsi nou ta gen yon rezon valab ‘pou n plenyen’.

Èske sa aplikab jodi a? Antanke moun ki enpafè, nou tout fè peche (Women 3:23). Se sa k fè li saj pou nou toujou prè pou n padone lòt moun, paske towouta n ap bezwen lòt moun padone nou tou. Mete sou sa, lè nou chwazi padone lòt moun, sa pwofitab pou nou tou. Nan ki sans?

De medam k ap anbrase

Lè n ret an kòlè, nou kenbe rankin e nou pa vle padone, nou fè tèt nou mal. Santiman negatif sa yo ka fè nou pa gen kè kontan, yo ka redui sou lavi nou e yo ka fè nou vin deprime. Anplis de sa, yo ka mete sante nou an danje. Doktè Yoichi Chida ak Andrew Steptoe, yon pwofesè sikoloji, fè yon rapò ki parèt nan yon jounal (Journal of the American College of Cardiology). Men sa yo di pou yo fini rapò sa a: “Dènye dekouvèt ki fèt yo montre lè yon moun fè kòlè e l gen rankin sa ka fè l fè maladi kè.”

Yon lòt bò, annou konsidere byenfè nou jwenn lè nou padone. Lè nou padone lòt moun ak tout kè nou, sa fè toujou gen inite ak lapè nan mitan nou, konsa nou pwoteje relasyon nou genyen avèk yo. Sa ki pi enpòtan, nou montre nou se moun ki imite Bondye ki padone moun ki repanti yo ak tout kè l e ki atann pou nou fè menm jan an. — Mak 11:25; Efezyen 4:32; 5:1.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje