BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 15/10 p. 3
  • “Kontinye bay moun konsa anpil valè”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Kontinye bay moun konsa anpil valè”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa Kolèj santral Temwen Jewova yo ye?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Fason Kolèj santral la òganize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Ki jan Kolèj santral la fonksyone jodi a?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Nou ini grasa lanmou —Rapò sou reyinyon ànyèl la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 15/10 p. 3
Yon reyinyon youn nan komite Kolèj santral la.

“Kontinye bay moun konsa anpil valè”

DEPI 1992, Kolèj santral la nome kèk frè ki gen anpil eksperyans e ki gen matirite pou bay èd nan plizyè komite li itilize pou fè travay li gen pou l fèa. Frè sa yo k ap ede Kolèj santral la fè pati “lòt mouton” yo e travay y ap fè yo enpòtan anpil pou Kolèj santral la (Jan 10:16). Yo asiste reyinyon ki fèt chak semèn pou komite yo ladan l lan e yo bay enfòmasyon ak konsèy lè sa nesesè. Se manm Kolèj santral la ki pran dènye desizyon yo, men, frè ki la pou bay èd yo asire yo sa ki deside yo fèt e yo fè travay yo ba yo fè. Frè k ap bay èd yo konn akonpaye manm Kolèj santral la lè y ap asiste kongrè espesyal yo ak kongrè entènasyonal yo. Anplis de sa, yo ka mande frè sa yo pou yo vizite biwo filyal yo antanke reprezantan syèj mondyal la.

Men sa yon frè k ap travay nan youn nan komite yo depi lè yo te pran dispozisyon sa a fè konnen: “Lè m byen fè travay mwen, Kolèj santral la ka konsantre l plis sou bagay espirityèl yo.” Men sa yon lòt frè di lè l reflechi sou 20 an li genyen depi l ap bay èd nan youn nan komite yo: “Pou mwen menm, sa se yon gwo privilèj e sa depase tout sa m t ap atann.”

Kolèj santral la bay frè k ap ede l nan komite sa yo anpil responsablite e li bay sèvis frè sa yo, ki travay di e ki fidèl, anpil valè. Se pou nou tout “kontinye bay moun konsa anpil valè”! — Flp. 2:29.

a Gade kare ki nan chapit 12 liv Wayòm Bondye a ap dirije! a ki gen tit: “Fason Kolèj santral la òganize pou fè enterè Wayòm nan avanse” pou w wè responsablite sis komite Kolèj santral la ak ki travay yo fè.

Frè k ap ede nan sis komite Kolèj santral la

Komite kowòdonatè yo

  • John Ekrann

  • Robert Wallen

Komite pou pèsonèl la

  • Gerald Grizzle

  • Patrick LaFranca

  • Daniel Molchan

  • Ralph Walls

Komite edisyon

  • Don Adams

  • Robert Butler

  • Harold Corkern

  • Donald Gordon

  • Robert Luccioni

  • Alex Reinmueller

  • David Sinclair

Komite pou sèvis

  • Gary Breaux

  • Joel Dellinger

  • Seth Hyatt

  • Christopher Mavor

  • Baltasar Perla, Jr.

  • William Turner, Jr.

  • Robert Wallen

  • Leon Weaver, Jr.

Komite pou ansèyman

  • Ronald Curzan

  • Kenneth Flodin

  • William Malenfant

  • Mark Noumair

  • David Schafer

Komite redaksyon

  • Robert Ciranko

  • James Mantz

  • Izak Marais

  • Gene Smalley

  • John Wischuk

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje