BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/12 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Èske laverite toujou enpòtan?
    Kèk lòt sijè
  • Annou imite Bondye verite a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Ki jan nou ka koute Bondye?
    Koute Bondye pou w viv pou toutan
  • Fason laverite ka ede w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/12 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Èske nou ka konnen laverite sou Bondye?

Yon Temwen Jewova k ap preche yon mesye ki chita sou yon ban sou yon plas piblik

Poukisa Bondye vle w konnen laverite? Li Jan 17:3.

Bondye te konn kominike ak lèzòm. Li te sèvi ak lespri sen li oubyen fòs aktif li a pou l mete panse li nan lespri moun ki t ap ekri Bib la (2 Pyè 1:20, 21). Nou ka vin konnen laverite sou Bondye lè nou li Bib la. — Li Jan 17:17; 2 Timote 3:16.

Nan Bib la, Bondye fè nou konnen anpil bagay sou li. Li aprann nou poukisa li te kreye lèzòm, ki sa li pral fè pou limanite e li fè nou konnen ki jan li vle pou nou viv (Travay 17:24-27). Jewova vle nou konnen laverite sou li. — Li 1 Timote 2:3, 4.

Poukisa Bondye atire moun ki renmen laverite yo?

Jewova se Bondye verite a, epi li te voye Jezi, Pitit li a, sou tè a pou l anseye limanite laverite. Konsa, Jezi te atire moun ki renmen laverite yo (Jan 18:37). Bondye vle pou moun sa yo vin adore l. — Li Jan 4:23, 24.

Satan Ledyab anpeche anpil moun aprann konnen Bondye lè l gaye fo ansèyman sou Bondye (2 Korentyen 4:3, 4). Fo ansèyman sa yo atire moun ki pa renmen sa ki byen (Women 1:25). Men, gen plizyè milyon moun ki sensè ki jwenn laverite sou Bondye lè yo etidye Bib la. — Li Travay 17:11.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 1 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje