BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp16 no 2 p. 3-4
  • Èske sa te fèt vre?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske sa te fèt vre?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI SA BON ENFÒMASYON YO MONTRE?
  • KI SA NOU KA DI KONSÈNAN REZIRÈKSYON JEZI?
  • Rezirèksyon Jezi a: Sa l vle di pou nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Rezirèksyon Jezi a: Èske l te fèt vre?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Rezirèksyon an se yon esperans ki solid!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Repons yon seri kesyon sou Jezi Kris
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
wp16 no 2 p. 3-4
Y ap retire kò Jezi sou poto soufrans lan e disip li yo ap gade nan yon distans

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | POUKISA JEZI TE SOUFRI E LI TE MOURI?

Èske sa te fèt vre?

Nan prentan ane 33 epòk nou an, yo te touye Jezi, moun Nazarèt la. Yo te lage fo akizasyon sou do l kòmkwa li t ap fè moun fè soulèvman, yo te bat li yon fason sovaj e yo te kloure l sou yon poto. Li te mouri nan gwo soufrans. Men, Bondye te resisite l, epi apre 40 jou, Jezi te monte nan syèl la.

Toule kat Evanjil ki nan Liv ki te ekri an grèk yo, yo konn rele Nouvo Testaman, rakonte n istwa estrawòdinè sa a. Èske bagay sa yo te rive toutbonvre? Se yon kesyon ki apwopriye e ki enpòtan anpil. Si bagay sa yo pa t rive, se pou granmesi kretyen yo gen lafwa e esperans yo genyen pou yo viv pou toutan nan Paradi a se t ap tou senpleman yon bèl rèv (1 Korentyen 15:14). Yon lòt bò, si evènman sa yo te rive vre, donk, gen yon bèl avni k ap tann limanite, yon avni ou menm tou ou kapab jwenn. Bon, èske istwa ki nan Evanjil yo se bagay ki te fèt vre oswa èske yo se lejann?

KI SA BON ENFÒMASYON YO MONTRE?

Kontrèman ak lejann yo ki se istwa moun imajine, yo ekri istwa ki nan Evanjil yo ak anpil presizyon e yo byen veye sou detay yo. Pa egzanp, yo bay non anpil kote ki reyèl, moun ka vizite anpil ladan yo jodi a. Yo pale de anpil moun ki te egziste toutbonvre, yon seri moun istoryen pwofàn yo montre ki te egziste. — Lik 3:1, 2, 23.

Gen ekriven pwofàn ki t ap viv nan premye syèk la ak nan dezyèm syèk la ki pale de Jezia. Fason Evanjil yo dekri yo te touye l la se fason Women yo te konn egzekite moun nan epòk la. Mete sou sa, yo rakonte evènman yo yon fason ki fyab e yon fason ki fran, yo menm montre yon seri disip Jezi ki te mal aji (Matye 26:56; Lik 22:24-26; Jan 18:10, 11). Tout bagay sa yo montre byen klè ekriven ki ekri Evanjil yo te onèt e sa yo te ekri sou Jezi yo egzak.

KI SA NOU KA DI KONSÈNAN REZIRÈKSYON JEZI?

Byenke an jeneral pifò moun aksepte Jezi te mouri e li te resisite, gen kèk moun ki te gen dout sou rezirèksyon Jezi. Menm apot li yo pa t kwè premye fwa yo te vin di yo Jezi tounen vivan ankò (Lik 24:11). Sepandan, yo te retire tout dout yo te genyen lè yo menm ak kèk lòt disip te wè Jezi apre l fin resisite nan plizyè okazyon. Anfèt, yon lè, te gen plis pase 500 disip ki te wè l. — 1 Korentyen 15:6.

Malgre disip yo te konnen gen risk pou yo arete yo e pou yo touye yo, avèk kouraj, yo te fè tout moun konnen Jezi resisite. Yo te fè menm moun ki te touye Jezi yo konn sa (Travay 4:1-3, 10, 19, 20; 5:27-32). Èske tout disip sa yo t ap gen kran konsa pou yo fè travay sa a si yo pa t sèten Jezi te resisite vre? An reyalite, rezirèksyon Jezi a, antanke yon bagay ki te fèt toutbon, se prensipal rezon ki fè krisyanis lan te gen enfliyans li te genyen sou monn nan nan tan lontan e ki fè l gen enfliyans sa a jodi a.

Istwa Evanjil yo rapòte sou lanmò ak rezirèksyon Jezi gen tout sa yon istwa bezwen pou l vrè. Si w li l avèk atansyon, l ap konvenk ou evènman sa yo te rive toutbonvre. Epi, lè w konprann poukisa yo te rive, sa ap fè w gen plis konviksyon toujou. Atik k ap vin apre a pral ba w esplikasyon sou sa.

a Tasit, ki te fèt ozanviwon ane 55 epòk nou an, te ekri pawòl sa yo: “Kristous, non mo sa a [kretyen] soti ladan l lan, te sibi yon santans ki egzajere, pandan rèy Tibè, anba men Pons Pilat, youn nan gouvènè yo.” Swetòn (premye syèk), Jozèf, yon istoryen juif (premye syèk) ak Plin, pi jèn nan, ki te gouvènè Bitini (kòmansman dezyèm syèk) pale de Jezi tou.

Poukisa pa gen plis prèv nan sous enfòmasyon pwofàn yo?

Lè nou wè gwo enfliyans Jezi te gen sou monn nan, èske nou ta dwe atann sous enfòmasyon ki te egziste nan premye syèk la, apa Bib la, t ap bay plis prèv pou montre Jezi te egziste toutbonvre e li te resisite? Pa vrèman. Premyèman, gen prèske 2 000 an depi yo te ekri Evanjil yo. Pa gen anpil lòt liv yo te ekri nan epòk sa a ki la toujou (1 Pyè 1:24, 25). Ansuit, sanble pakèt opozan Jezi te genyen yo pa t ap ekri anyen ki te ka fè moun kwè nan sa yo te rapòte sou li yo.

Men sa Pyè, youn nan apot Jezi yo, te ekri konsènan rezirèksyon Jezi: “Bondye te leve l sou twazyèm jou a, e li te pèmèt li parèt devan moun. Se pa devan tout pèp la li te parèt, men se devan yon seri temwen Bondye te chwazi davans, devan nou menm, ki te manje e ki te bwè ansanm avè l apre l te fin leve sot nan lanmò.” ​(Travay 10:40, 41). Poukisa Bondye pa t pèmèt Jezi parèt devan tout moun? Nan Evanjil Matye a, Matye di nou lè ènmi relijye yo te tande sa moun yo t ap rakonte sou rezirèksyon Jezi, yo te fè yon fason pou nouvèl sa a pa t gaye. — Matye 28:11-15.

Èske sa vle di Jezi te vle pou rezirèksyon l te rete sekrè? Non, paske apre sa Pyè te di: “Li te ban nou lòd pou nou preche pèp la e pou nou bay yon temwayaj konplè, pou nou di se li menm Bondye etabli pou jije ni moun ki vivan ni moun ki mouri.” Vrè kretyen yo te fè sa e yo kontinye ap fè l. — Travay 10:42.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje