BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp16 no 2 p. 16
  • Ki sa Bib la di?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bib la di?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Kiyès oswa ki sa Dyab la ye?
  • Èske Dyab la ka gen pouvwa sou moun?
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Annou “ pran pozisyon kont Satan ” menm jan ak Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Kenbe tèt ak Satan, e l ap kouri !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Èske Dyab la kapab fè moun fè sa l vle?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
wp16 no 2 p. 16
Jezi reziste devan tantasyon Satan yo

Ki sa Bib la di?

Kiyès oswa ki sa Dyab la ye?

ÈSKE W T AP DI Dyab la se...

  • Yon espri?

  • Yon senbòl ki reprezante sa ki mal ki anndan yon moun?

  • Yon bagay moun imajine?

MEN SA BIB LA DI

Dyab la te pale ak Jezi e li te “tante” l (Matye 4:1-4). Donk, Dyab la pa yon bagay moun imajine, ni li pa tou senpleman yon senbòl ki reprezante sa ki mal. Li se yon espri mechan.

KI LÒT BAGAY NOU KA APRANN NAN BIB LA?

  • Okòmansman, Dyab la te yon zanj ki sen, men “li pa t kenbe fèm nan laverite”. (Jan 8:44.) Li te vin yon mantè e li te rebele kont Bondye.

  • Gen lòt zanj ki te suiv Satan nan rebelyon l lan. — Revelasyon 12:9.

  • Dyab la bouche lespri anpil moun, li fè yo pa kwè li egziste. — 2 Korentyen 4:4.

Èske Dyab la ka gen pouvwa sou moun?

GEN MOUN KI DI zafè Dyab la gen pouvwa sou moun nan se blag, alòske gen lòt moun ki pè pou movèzespri pa antre sou yo. Ki sa w panse?

MEN SA BIB LA DI

“Lemonnantye anba pouvwa Mechan an.” ​(1 Jan 5:19). Dyab la gen gwo enfliyans sou lèzòm, men li pa gen pouvwa sou tout moun.

KI LÒT BAGAY NOU KA APRANN NAN BIB LA?

  • Dyab la sèvi ak riz pou l ka gen plis enfliyans sou moun. — 2 Korentyen 11:14.

  • Nan kèk ka, espri mechan yo kapab gen pouvwa sou moun. — Matye 12:22.

  • Avèk èd Bondye, nou ka reyisi “opoze ak Dyab la”. — Jak 4:7.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 10 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje