BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp16 no 5 p. 3
  • Nou tout bezwen konsolasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou tout bezwen konsolasyon
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Konsolasyon nou jwenn nan moman difisil
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Konsole moun ki nan lapenn
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Ann konsole moun ki viktim abi seksyèl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • ‘Konsole tout moun ki nan lafliksyon’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
wp16 no 5 p. 3

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI KOTE NOU KA JWENN KONSOLASYON?

Nou tout bezwen konsolasyon

Yon manman k ap konsole ti pitit gason l

Èske w sonje yon lè ou te tonbe lè w te timoun? Petèt ou te blese nan men w oswa ou te blese nan jenou w. Èske w kapab sonje jan manman w te konsole w? Petèt li te netwaye blese a pou ou, epi li te mete yon pansman sou li. Ou te kriye, men pawòl dous manman w te di w yo epi jan l te anbrase w te fè w santi w byen apre sa. Nan moman sa a nan lavi w, li pa t janm difisil pou w jwenn konsolasyon.

Men, pandan n ap grandi, lavi a vin pi konplike. Pwoblèm yo vin pi gwo, e li vin pi difisil pou n jwenn konsolasyon. Malerezman, li ka ra pou w wè pwoblèm yon granmoun genyen rezoud ak yon pansman ak yon akolad manman w ba w. Annou egzamine kèk egzanp.

  • Èske w te janm fè move eksperyans sa a kote w te pèdi travay ou? Lè Julian te pèdi travay li, li di sitiyasyon sa a te fè l santi l boulvèse anpil. Li t ap di tèt li: ‘Ki jan m pral fè pran swen fanmi m? Apre tout ane mwen fè ap travay di, poukisa konpayi a twouve m pa itil anyen?’

  • Petèt ou santi w nan gwo lapenn paske maryaj ou kraze. Men sa Raquel fè konnen: “Lè mari m te kite m sanzatann, sa gen 18 mwa, mwen te santi yon sèl tristès anvayi m. Se tankou kè m te fann de bò. Doulè a pa t sèlman afekte m nan domèn afektif, men li te tou afekte m tou nan domèn fizik. Sa te boulvèse m.”

  • Petèt w ap fè fas ak gwo pwoblèm sante kote w pa jwenn amelyorasyon. Gende lè ou ka gen menm santiman ak patriyach Jòb. Lè l t ap plenyen, li te di: “Mwen rayi lavi m, mwen pa vle kontinye viv.” (Jòb 7:16). Petèt ou gen menm santiman ak Luis, yon mesye ki nan plis pase katreventan. Men sa l di: “Pafwa, mwen santi se tann m annik ap tann lanmò m.”

  • Oubyen li posib pou se lanmò yon moun ou renmen ki fè w santi w bezwen konsolasyon. Men sa Robert te rakonte: “Lè pitit gason m nan te mouri nan yon gwo aksidan avyon, premye santiman m te genyen, m pa t vle kwè yon bagay konsa rive. Apre sa, se te yon doulè m te santi, doulè Bib la konpare ak yon epe byen long ki travèse yon moun.” — Lik 2:35.

Robert, Luis, Raquel ak Julian te jwenn konsolasyon, menm nan sitiyasyon sa yo ki difisil anpil. Yo te jwenn pi bon Moun ki te ka ba yo konsolasyon: se sèl Bondye Toupisan an. Ki jan l bay konsolasyon? Èske l ap ba w konsolasyon ou bezwen tou?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje