BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp16 no 6 p. 3
  • Kesyon sou moun ki nan monn envizib la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kesyon sou moun ki nan monn envizib la
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Sou menm sijè a
  • “Syèl la te ouvri”
    Jewova retabli vrè adorasyon an!
  • Ki sa syèl la ye?
    Repons Bib la bay
  • Vizyon sou moun ki nan monn envizib la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Vizyon sou monn envizib la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
wp16 no 6 p. 3
Syèl la ki ble ak nyaj yo

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | VIZYON KI BAY LIMYÈ SOU MONN ENVIZIB LA

Kesyon sou moun ki nan monn envizib la

Èske w konn mande tèt ou ki jan monn envizib la ye e ki jan moun k ap viv ladan l yo ye? Si w konn poze tèt ou kesyon sa a, se pa ou menm sèl. Sa gen plizyè milye ane depi lèzòm ap pale met la sou kesyon sa a. Gen moun ki kwè monn envizib la se kote zansèt yo dwe onore yo ap viv. Gen lòt ki panse se yon kote ki rele syèl, yon kote ki gen yon lapè ki fè moun santi yo byen, e se la zanj yo ak bon moun ki mouri yo ye. Menm gen lòt moun ki panse monn envizib la se kote plizyè santèn milyon dye rete.

Gen anpil moun ki fè konprann nou pa ka konnen anyen sou monn envizib la, paske pa gen okenn moun ki t al nan monn sa a ki vin rakonte nou sa k ap pase ladan l. Sepandan, fason moun sa yo panse a pa kòrèk. Anvan Jezi Kris te vin sou tè a, li te egziste nan syèl la, nan monn envizib la. Li te fè chèf relijye nan premye syèk la konnen sa byen klè, men sa l te di yo: “Mwen pa desann sot nan syèl la pou m vin fè volonte pa m, men se pou m vin fè volonte Sila a ki voye m nan.” Sa vle di lè Jezi te di apot li yo “Lakay Papa m gen anpil plas”, se yon enfòmasyon li byen konnen li te ba yo. — Jan 6:38; 14:2.

Pa gen okenn dout Bondye, ki rele Jewova, se Papa Jezi, epi “lakay” Jewova se nan syèl la (Sòm 83:18). Kidonk, pa gen okenn moun ki ta ka dekri monn envizib la pi byen pase Jewova Dye ak Jezi Kris. Yo ban nou anpil enfòmasyon sou monn envizib la pa mwayen yon seri gwo vizyon yo te bay kèk moun ki te fidèl.

Atik ki vin apre a pale sou kèk pasaj nan Bib la kote yo pale sou sa kèk moun te wè nan yon seri vizyon. Pandan w ap egzamine vizyon sa yo, sonje monn envizib la se pa yon monn fizik, ki gen bagay moun ka manyen oubyen yo ka wè. Se sa k fè, olye Bondye chwazi esplike nou bagay sa yo fason espri yo pale, sa nou pa t ap ka konprann, li prezante vizyon sa yo yon fason nou ka konprann pou l dekri yon seri reyalite espirityèl. Vizyon sa yo ap ede nou konprann moun ki abite nan “anpil plas” ki gen nan monn envizib la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje