BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp17 no 5 p. 4-5
  • Laverite sou zanj yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Laverite sou zanj yo
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Kiyès oswa ki sa zanj yo ye?
    Repons Bib la bay
  • Zanj yo ‘se yon bann lespri Bondye voye pou ede moun’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Zanj yo : Ki wòl yo anrapò ak nou ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Zanj
    Reveye n! — 2017
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
wp17 no 5 p. 4-5
Akanj lan ak pakèt lòt zanj

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI SA BIB LA DI SOU ZANJ?

Laverite sou zanj yo

Èske w ta renmen konn laverite sou zanj yo, kiyès yo ye, kòman yo fè egziste e ki sa y ap fè? Pa gen pi bon kote pou nou jwenn repons sa yo pase nan Bib la, Pawòl Bondye a (2 Timote 3:16). Ki sa Bib la aprann nou sou zanj yo?

  • Menm jan Bondye se yon espri, zanj yo tou se espri ki envizib ki “pa gen chè ak zo”. Zanj ki fidèl yo ap viv nan syèl la, e yo konn parèt dirèkteman devan Bondye. — Lik 24:39; Matye 18:10; Jan 4:24.

  • Pafwa, zanj yo te konn parèt sou fòm moun pou yo te ka fè travay Bondye te voye yo fè sou tè a, e apre yo fin fè travay la, yo repran fòm zanj. — Jij 6:11-23; 13:15-20.

  • Byenke nan Bib la yo pale de zanj yo kòm gason, an reyalite zanj yo pa ni gason ni fi. Yo pa marye youn ak lòt e yo pa fè ti zanj. Mete sou sa, zanj yo pa t egziste sou tè a sou fòm moun anvan y al viv nan syèl, kit se sou fòm tibebe, sou fòm timoun oswa granmoun. Se Jewova ki kreye zanj yo, se sa k fè Bib la rele yo “pitit vrè Dye a”. — Jòb 1:6; Sòm 148:2, 5.

  • Bib la pale de “lang lèzòm ak [...] lang zanj”, sa ki montre zanj yo gen lang pa yo ak fason pa yo yo pale. Se vre Bondye itilize zanj yo pou pale ak moun, men li pa otorize nou adore yo oswa priye yo. — 1 Korentyen 13:1; Revelasyon 22:8, 9.

  • Gen plizyè santèn milyon zanj, petèt plizyè milya zanja. — Dànyèl 7:10; Revelasyon 5:11.

  • Zanj yo “chaje ak fòs”, yo gen plis fòs e yo pi entèlijan lontan pase moun. Li klè, yo deplase nan yon vitès nou pa ka imajine. — Sòm 103:20; Dànyèl 9:20-23.

  • Byenke zanj yo gen plis fòs e yo pi entèlijan pase nou, yo gen limit e gen bagay yo pa konnen. — Matye 24:36; 1 Pyè 1:12.

  • Bondye kreye chak zanj ak pèsonalite yo, ak kalite li genyen yo e ak libète pou yo chwazi. Donk, menm jan ak lèzòm, yo ka chwazi fè sa ki byen oswa fè sa ki mal. Malerezman, gen kèk zanj ki chwazi rebele kont Bondye. — Jid 6.

a Ekspresyon grèk yo tradui nan Revelasyon 5:11 lan pale de “plizyè dizèn milye ak plizyè milye”, sa ki montre gen posiblite pou gen plizyè milya zanj!

Ki jan zanj Bondye yo òganize?

Akanj lan, Mikayèl, se chèf zanj yo e li gen pouvwa ak otorite sou yo. Bib la montre byen klè Mikayèl se yon lòt non Jezi Kris genyen. — 1 Tesalonisyen 4:16; Jid 9.

Serafen yo se yon klas zanj ki resevwa anpil privilèj ak onè, e se bò kot twòn Jewova a yo ye. — Ezayi 6:1-3.

Cheriben yo yo menm tou nan gwo pozisyon e yo resevwa yon seri asiyasyon espesyal ki gen rapò ak Toupisan an ki gen anpil glwa. Souvan, yo montre yo ki toujou ap fè travay Jewova ba yo fè. — Jenèz 3:24; Ezekyèl 9:3; 11:22.

Plizyè santèn milyon lòt zanj k ap pote mesaj yo sèvi Jewova antanke reprezantan ak delege nan pote mesaj ki gen rapò ak volonte lb. — Ebre 1:7, 14.

b Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 10 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an ansanm ak nòt nimewo 23 ki gen tit “Mikayèl akanj lan”. Se Temwen Jewova ki pibliye l. Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje