Montre w se yon zanmi lè yon amitye an danje
Gianni ak Maurizio gen anviwon 50 an depi yo zanmi. Men, yon lè, amitye yo te manke kraze. Men sa Maurizio te esplike: “Pandan yon epòk difisil, mwen te fè kèk erè grav ki te lakòz nou vin separe.” Men sa Gianni te ajoute: “Se Maurizio ki te kòmanse etidye Labib avè m. Li te vin tankou yon gid pou mwen nan domèn espirityèl. Se sa k fè m pa t ka kwè l te fè sa l te fè a. Se kòmsi tout lavi m te fini paske m te konnen nou t ap oblije separe. Mwen te santi li te lage m.”
BON zanmi gen anpil valè, e se pa konsa konsa yon zanmitay rete l dire. Si yon zanmitay prèske kraze, ki sa k ka ede n pwoteje l? Nou kapab aprann anpil bagay nan egzanp kèk moun Bib la pale de yo ki te zanmi toutbon, men annapre, amitye yo te manke kraze.
LÈ YON ZANMI FÈ YON ERÈ
Se sèten, David, ki te yon bèje e ki te yon wa, te gen bon zanmi. Petèt, nou sonje Jonatan se youn nan zanmi sa yo (1 Sam. 18:1). Men, David te gen lòt zanmi, pa egzanp pwofèt Natan. Bib la pa di ki lè yo te vin zanmi. Epoutan, yon lè, David te fè Natan konn sa k nan kè l menm jan w ta ka fè yon zanmi w konn sa k nan kè w. David te anvi fè yon kay pou Jewova. Siman wa a te bay opinyon Natan anpil valè antanke zanmi e antanke moun ki te gen lespri Jewova. — 2 Sam. 7:2, 3.
Sepandan, gen yon bagay ki te pase ki te menase amitye yo. Wa David te fè adiltè ak Batcheba, epi l te fè touye Ouri, mari Batcheba (2 Sam. 11:2-21). Pandan plizyè ane, David te fidèl ak Jewova e l te soutni sa ki jis. Men annapre, li te fè peche grav sa a! Ki sa k te pase bon wa sa a? Èske se wè l pa t ka wè jan sa l te fè a te grav? Èske l te panse l te ka kache sa pou Bondye pa konnen?
Ki sa Natan t apral fè nan ka sa a? Èske l t ap kite se yon lòt moun k al pale ak wa a sou sa? Gen lòt moun ki te konn plan David te fè pou l fè touye Ouri. Bon, poukisa pou Natan ta vin met bouch nan koze a e pou l ta vin lakòz amitye yo te genyen depi byen lontan an kraze? Sa te ka menm fè Natan pèdi lavi l si l te pale. Dayè, David te deja fè touye Ouri ki te inosan.
Men, Natan se te yon pòtpawòl Bondye. Pwofèt la te konnen si l pa t di anyen, relasyon l ak David pa t ap menm jan an ankò e konsyans li t ap kale l. David, zanmi l lan, te pran yon wout ki pa t fè Jewova plezi. Wa a te vrèman bezwen èd pou l te ka retounen sou bon chemen an. Wi, David te bezwen yon bon zanmi. Natan te yon zanmi konsa. Li te sèvi ak yon egzanp pou l kòmanse pale sou sijè a ak David, yon egzanp ki te ka touche kè ansyen bèje a. Natan te bay David mesaj Bondye a, men l te fè sa yon fason ki te ede David konprann jan peche l te fè yo te grav e sa te pouse David aji. — 2 Sam. 12:1-14.
Ki sa w t ap fè si yon zanmi w ta fè yon gwo erè oubyen li ta fè yon peche grav? Ou ta ka panse si w pale avè l sou sa l fè a, sa ka kraze amitye nou. Oubyen w ta ka santi si w fè ansyen yo ki kapab ede l rejwenn relasyon l ak Bondye konnen peche l fè a, se kòmsi w te trayi zanmi w lan. Ki sa w t ap fè?
Men sa Gianni nou te pale de li pi wo a sonje: “Mwen te rann mwen kont gen yon bagay ki te chanje. Maurizio pa t alèz avè m jan l te ye anvan sa. Mwen te deside al pale avè l, byenke l te difisil anpil pou m fè sa. Mwen te mande tèt mwen: ‘Ki sa m ka di l li pa t konnen deja? Li ka mal reyaji!’ Men, lè m sonje tout sa nou te etidye ansanm, mwen te jwenn fòs pou m pale avè l. Maurizio te fè menm bagay la pou mwen lè m te bezwen èd. Mwen pa t vle pèdi l kòm zanmi, men m te vle ede l paske m te enkyete pou li.”
Men sa Maurizio ajoute: “Gianni te sensè, e l te gen rezon. Mwen te konnen se pa ni li menm ni Jewova ki te responsab move chwa m te fè yo. Se sa k fè m te aksepte disiplin nan, e pi devan mwen te vin reprann mwen espirityèlman.”
LÈ YON ZANMI NAN PWOBLÈM
David te gen lòt zanmi ki te kanpe bò kote l fidèlman nan moman difisil yo. Youn ladan yo se te Ouchayi, e Bib la pale de li antanke “zanmi David”. (2 Sam. 16:16; 1 Kwo. 27:33.) Petèt li te yon fonksyonè nan palè wa a e l te yon zanmi ak yon konpayon pou wa a, e pafwa wa a te konn ba l egzekite yon seri lòd konfidansyèl.
Lè Absalon, yon pitit gason David, te vle fè dappiyanp sou twòn nan, anpil Izrayelit t al suiv Absalon, men Ouchayi pa t fè sa. Lè David t al nan mawon, Ouchayi t al avè l. Sa te fè David mal anpil pou se pwòp pitit gason l ki trayi l, yon moun li te fè konfyans. Men, Ouchayi te ret fidèl, li te yon moun ki te dispoze riske lavi l pou l fè yon misyon ki t apral kraze konplo ki te fèt la. Ouchayi pa t sèlman fè sa nan kad travay li antanke fonksyonè nan palè a. Li te aji antanke yon zanmi ki fidèl. — 2 Sam. 15:13-17, 32-37; 16:15–17:16.
Sa vrèman touchan pou n wè tèt ansanm frè ak sè nou yo genyen jodi a depase kèlkeswa wòl oswa asiyasyon yo gen nan kongregasyon an. Nan aksyon yo, se kòmsi yo t ap di: “Mwen pa zanmi w paske m oblije zanmi w, men, mwen zanmi w paske w enpòtan pou mwen.”
Se eksperyans sa a yon frè ki rele Federico te fè. Grasa èd bon zanmi l, Antonio, li te rive fè fas ak yon sitiyasyon difisil nan lavi l. Men sa Federico rakonte: “Lè Antonio te vin nan kongregasyon nou, nou pa t pran tan pou n vin zanmi. Nou toule de te sèvitè ministeryèl e nou te kontan travay ansanm. Yon ti tan annapre, yo te nome l ansyen. Nonsèlman l te zanmi m, li te yon egzanp pou mwen nan domèn espirityèl.” Annapre, Federico te fè yon fo pa. Tousuit, li te chèche èd espirityèl, men li pa t ranpli kondisyon pou l sèvi kòm pyonye ak sèvitè ministeryèl ankò. Ki jan Antonio te reyaji?
Lè Federico te nan yon sitiyasyon difisil, zanmi l, Antonio, te koute l e l te ankouraje l.
Men sa Federico sonje: “Mwen te kapab wè Antonio konprann soufrans mwen. Li te fè tout sa l kapab pou l ede m ak santiman m genyen yo. Li te enkyete anpil pou sante espirityèl mwen e l pa t janm abandone m. Li te ankouraje m rejwenn fòs nan domèn espirityèl ankò e pou m pa t abandone.” Men sa Antonio esplike: “Mwen te pase plis tan ak Federico. Mwen te vle pou l santi l alèz pou l pale avè m sou nenpòt bagay, menm sou sa ki te fè l tris yo.” Erezman, pi devan, Federico te vin rejwenn ekilib li e annapre li te vin nome pyonye ak sèvitè ministeryèl ankò. Men sa Antonio di: “Byenke kounye a nou chak ap sèvi nan yon kongregasyon, nou vin pi pwòch toujou.”
ÈSKE W T AP SANTI SE TRAYI YO TRAYI W?
Ki jan w t ap santi w si yon bon zanmi ta vire do ba ou lè w plis bezwen l lan? Pa gen bagay ki te ka fè w pi mal pase sa. Èske w t ap kapab padone l? Èske relasyon w avè l t ap janm vin sere ankò, jan l te ye anvan sa?
Reflechi sou sa k te rive Jezi pandan dènye jou li te pase sou tè a. Li te pase anpil tan ak apot fidèl li yo, e yo te gen yon relasyon espesyal youn ak lòt. Jezi te gen rezon rele yo zanmi l (Jan 15:15). Epoutan, ki sa k te pase lè yo te arete Jezi? Apot yo te kouri. Pyè te di byen klè li pa t ap janm abandone Mèt li a, men, nan menm nuit lan, Pyè te di li pa rekonèt Jezi! — Mat. 26:31-33, 56, 69-75.
Jezi te konnen li t apral andire dènye eprèv la poukont li. Aktout sa, li te gen rezon pou l te santi yo abandone l, e sa te menm fè l mal. Men, nan konvèsasyon li te gen ak disip li yo kèk jou apre rezirèksyon l, pa t gen okenn siy ki montre li te santi yo abandone l, oswa l te fache oubyen l te regrèt. Jezi pa t wè l nesesè pou l ap rakonte tout erè disip li yo te fè, san wete erè yo te fè nan nuit yo te arete l la.
Okontrè, Jezi te ankouraje Pyè ak lòt apot yo. Li te montre yo byen klè jan l fè yo konfyans lè l te ba yo enstriksyon pou yo fè travay fòmasyon ki pi enpòtan nan listwa lèzòm nan. Pou Jezi, apot yo te toujou zanmi l. Lanmou l te genyen te gen gwo enpak sou yo. Yo t ap fè tout sa yo kapab pou yo pa janm abandone Mèt yo a ankò. Vrèmanvre, yo te reyisi fè travay li te kite pou disip li yo fè a. — Tra. 1:8; Kol. 1:23.
Yon sè ki rele Elvira sonje trè byen lè l te gen yon ti pwoblèm ak yon bon zanmi l ki rele Giuliana. Men sa l te di: “Mwen te sezi anpil lè l te di m mwen te fè l yon bagay ki te fè l mal. Li te gen tout rezon l pou l fache. Men, sa k te plis touche m se paske l te plis bay tèt li pwoblèm pou mwen e pou sa k te ka rive akoz konpòtman m. M ap toujou genyen l rekonesans paske li pa t ret sou bagay mal mwen te fè l la, men, li te konsantre l sou mal mwen t ap fè tèt mwen. Mwen te di Jewova mèsi dèske m te gen yon zanmi ki te met enterè m anvan pwòp santiman l.”
Kidonk, ki jan yon bon zanmi ap reyaji lè yon amitye an danje? L ap dispoze pale byen klè e avèk jantiyès ak zanmi l lan lè sa nesesè. Zanmi sa a ap tankou Natan ak Ouchayi, ki te ret fidèl menm nan moman difisil, e l ap tankou Jezi, ki te dispoze padone. Èske w se yon zanmi konsa?