Ou kapab viv pou toutan sou tè a
ALA YON BÈL POSIBLITE! Kreyatè nou an pwomèt nou l ap ban nou lavi ki pap janm fini an sou tè sa a menm. Epoutan, gen anpil moun ki twouve l difisil pou yo kwè sa. Yo di: ‘Tout moun gen pou yo mouri yon lè paske se konsa lavi a ye, moun fèt epi rive yon lè yo mouri.’ Gen lòt menm ki panse li posib pou nou viv pou toutan, men se pa sou tè sa a. Yo di se sèlman apre yon moun fin mouri epi li monte nan syèl l ap kapab viv pou toutan. Ki sa w panse?
Anvan w bay yon repons, li ta bon pou w gade ki repons Bib la bay pou twa kesyon ki vin apre yo: Nan fason lèzòm fèt, ki sa ki montre pou ki kantite tan yo te fèt pou yo viv? Ki objektif Bondye te gen pou tè a ak pou lèzòm depi okòmansman? Ki jan lèzòm fè vin mouri?
LÈZÒM FÈT YON FASON ESPESYAL
Pami tout kreyati ki sou tè a, se lèzòm ki pi espesyal. Sa k fè sa? Labib fè konnen se lèzòm sèlman ki fèt “pòtre” ak Bondye e “ki sanble” avè l (Jenèz 1:26, 27). Ki sa sa vle di menm? Sa vle di lèzòm fèt ak kalite ki sanble ak pa Bondye yo, tankou lanmou ak anvi yo genyen pou yo fè sa ki jis.
Mete sou sa, lèzòm fèt ak kapasite pou yo reflechi e pou yo rezone, yo kapab fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal, e yo kapab gen anvi pou yo konnen Bondye epi vin gen yon bon relasyon avè l. Se rezon sa a ki fè nou kapab apresye jan linivè enpresyonan, jan gen bèl bagay nan kreyasyon an ak jan nou ka apresye yon seri bagay nan domèn atistik, mizik ak pwezi. Sa k pi enpòtan an, se sèl lèzòm ki fèt ak kapasite pou yo adore Kreyatè a. Kalite sa yo lèzòm fèt avè yo a fè yo diferan nèt ak lòt kreyati ki sou tè a.
Donk, fè yon ti reflechi: Èske Bondye t ap fin fè lèzòm ak tout bèl kalite sa yo, san wete posiblite yo genyen pou yo devlope yon seri kapasite nan yon mezi moun pa menm ka imajine, si l te vle yo viv kèk ane sèlman? Donk, alaverite, Bondye te kreye lèzòm ak bèl kalite e ak kapasite sa yo pou yo viv ak kè kontan sou tè a pou toutan.
OBJEKTIF BONDYE TE GEN OKÒMANSMAN
Gen moun ki di, Bondye pa t janm gen objektif pou lèzòm viv sou tè a pou toutan. Yo fè konnen, Bondye te fè tè a pou lèzòm viv sou li pou yon ti tan sèlman yon fason pou l ka pase yo aleprèv pou l wè kiyès nan yo ki kalifye pou y al viv nan syèl la ansanm avè l pou toutan. Men si sa yo di yo se laverite, èske sa pa t ap vle di se Bondye ki responsab tout mechanste ak move bagay ki gen sou tè a? E si se ta vre, sa t ap depaman ak sa nou aprann nan Bib la sou Bondye. Bib la di: “Tout chemen l yo se jistis. Se yon Bondye ki fidèl, ki pa janm fè enjistis, se yon Bondye ki dwat e ki jis.” — Detewonòm 32:4.
Bib la montre aklè objektif Bondye te genyen pou tè a depi lè l te fè l. Men sa nou li: “Se pou Jewova syèl la ye, men li bay lèzòm tè a.” (Sòm 115:16). Wi, Bondye te kreye tè a vrèman bèl pou lèzòm te ka viv sou li pou toutan, e li te mete tout sa yo t ap bezwen pou yo viv ak kè kontan sou li. — Jenèz 2:8, 9.
“Se pou Jewova syèl la ye, men li bay lèzòm tè a.” — Sòm 115:16.
Objektif Bondye gen pou lèzòm byen klè tou. Li te bay premye gason an ak premye fi a lòd pou yo ‘plen tè a e pou yo gen pouvwa sou li ak sou tout lòt bèt k ap fè mouvman sou tè a’. (Jenèz 1:28.) Se pa ti privilèj yo te genyen pou yo pran swen Paradi Bondye te ba yo a epi fè tout tè a tounen yon paradi! Kidonk, nou vin konprann, Adan ak Èv ak pitit yo t apral genyen annapre yo pa t gen pou y al viv nan syèl la, okontrè, se sou tè a yo t ap gen pou yo viv pou toutan.
POUKISA NOU MOURI?
Donk, poukisa nou mouri menm? Labib montre youn nan pitit Bondye yo ki t ap viv nan syèl la, yo te vin konnen annapre kòm Satan Ledyab, te vire do bay Bondye e li te eseye kraze objektif Bondye te fè konnen ann Edenn nan. Ki jan l te eseye fè sa?
Satan te konvenk Adan ak Èv, premye paran nou yo, pou yo met ansanm avè l pou yo soulve kont Bondye. Lè Satan te fè yo konnen Bondye t ap anpeche yo jwenn yon bon bagay, anpalan de dwa yo genyen pou se yo menm ki pou deside sa ki byen ak sa ki mal, yo te chwazi pran pozisyon pou Satan e yo te vire do bay Bondye. Ki jan sa te fini? Rive yon lè, Adan ak Èv te mouri jan Bondye te di yo sa. Yo te pèdi posiblite yo te genyen pou yo viv pou toutan nan yon paradi sou tè a. — Jenèz 2:17; 3:1-6; 5:5.
Rebelyon Adan ak Èv la gen enpak sou tout moun, e jiska prezan n ap peye sa. Labib fè konnen: “Akoz yon sèl moun [Adan] peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun.” (Women 5:12). Rezon ki fè n mouri se paske nou eritye peche ak lanmò nan men premye paran nou yo, men se pa paske sa te nan plan Bondye.
NOU KA VIV SOU TÈ A POU TOUTAN
Rebelyon ki te fèt ann Edenn nan pap anpeche Bondye reyalize objektif li genyen pou lèzòm ak pou tè a depi okòmansman an. Lanmou san fay Bondye genyen ak jistis li gen lakay li te fè l jwenn yon mwayen pou l libere nou anba esklavaj peche ak lanmò nou eritye a. Men sa apot Pòl te esplike: “Sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò, men kado Bondye bay se lavi ki pap janm fini an grasa Kris Jezi, Seyè nou an.” (Women 6:23). Se lanmou ki te pouse Bondye “bay sèl Pitit Gason li fè a [Jezi Kris] [...] dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an”. (Jan 3:16.) Lefètke Jezi te dakò bay tèt li kòm yon ranson, l ap fè nou rejwenn tout sa Adan te lakòz nou pèdi yoa.
Talè konsa, pwomès Bondye fè pou tè a vin yon paradi a pral reyalize. Ou ka jwi bèl pwomès sa a si w suiv konsèy Jezi te bay la ak tout kè w, li te di: “Pase nan pòt ki jis la. Paske, pòt ki mennen nan destriksyon an se yon pòt ki laj, e wout ki mennen nan destriksyon an se yon wout ki gran, e anpil moun pase ladan l. Men, pòt ki mennen nan lavi a se yon pòt ki jis, e wout ki mennen nan lavi a se yon wout ki jennen, e se kèk grenn moun ki jwenn li.” (Matye 7:13, 14). Wi, avni w depann de sa w ap chwazi fè. Donk, ki chwa w ap fè?
a Pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou sa ranson an ka fè pou ou, gade leson 27 nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an. Se Temwen Jewova yo ki pibliye liv sa a e ou ka telechaje l gratis sou www.jw.org.