BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp18 no 3 p. 3
  • “Poukisa Bondye kite sa rive?”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Poukisa Bondye kite sa rive?”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
  • Sou menm sijè a
  • Yon vi ki bay satisfaksyon nan sèvis Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Lè nou rete entèg, nou fè kè Jewova kontan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Entwodiksyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
  • Jòb : yon nonm ki te gen andirans e ki te entèg
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
wp18 no 3 p. 3
Yon gwoup moun ki tris anpil e ki kenbe balèn nan men yo.

“Poukisa Bondye kite sa rive?”

“SE TOUTAN MOUN AP MANDE TÈT YO: POUKISA BONDYE KITE SA RIVE?” — Pap Benwa XVI, lè l t ap vizite ansyen kan konsantrasyon nan Ochwits, nan Polòy.

LÈ YON MALÈ RIVE, ÈSKE W KONN DI: ‘POUKISA BONDYE KITE SA RIVE?’ OUBYEN ÈSKE YON LÈ NAN LAVI W YON GWO MALÈ TE RIVE W E SA TE FÈ W MANDE TÈT OU SI BONDYE GEN SOUSI POU OU?

Petèt ou santi w menm jan ak Sheila k ap viv Ozetazini. Sheila te leve nan yon fanmi ki bay relijyon anpil enpòtans, li te di: “Depi m toupiti mwen te enterese nan Bondye paske se li ki kreye nou. Epoutan, mwen pa t janm santi m pwòch avè l. Mwen te panse li t ap gade m, men a distans sèlman. Mwen pa t santi li te rayi m, men mwen pa t kwè li te renmen m nonplis.” Poukisa Sheila pa t ka kwè Bondye renmen l? Men sa l di: “Malè te tonbe sou fanmi m youn apre lòt, e sanble Bondye pa t fè anyen pou l ede nou.”

Menm jan ak Sheila, ou gendwa pa gen okenn dout Bondye Toupisan an egziste. Sepandan, ou gendwa ap mande tèt ou si se toutbon Bondye enterese nan ou. Jòb, yon moun ki te jis, ki te kwè Kreyatè a gen anpil pisans ak sajès, te gen dout menm jan an tou (Jòb 2:3; 9:4). Apre Jòb te fin viv yon seri kalamite youn apre lòt e li pa t wè okenn espwa, li te di: “Poukisa w kache figi w pou mwen epi w pran m pou ènmi w?” — Jòb 13:24.

Ki sa Bib la di menm? Èske nou dwe akize Bondye lè malè rive ? Èske gen prèv ki montre Bondye gen sousi pou nou e li enterese nan nou chak pèsonèlman? Èske nou ka rive konnen toutbon si Bondye wè nou, si l konprann nou, si l mete l nan plas nou oswa si li ka ede nou ak pwoblèm nou genyen?

Nan atik ki vin apre yo, nou pral wè jan kreyasyon an montre Bondye gen sousi pou nou (Women 1:20). Epi, nou pral wè jan Bib la montre Bondye gen sousi pou nou. Plis nou aprann ‘konnen Bondye’ grasa kreyasyon an e grasa Pawòl li a se plis n ap vin gen asirans “li gen sousi pou nou”. — 1 Jan 2:3; 1 Pyè 5:7.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje