BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp18 no 3 p. 6-7
  • Èske Bondye konprann ou?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Bondye konprann ou?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SA KREYASYON AN APRANN NOU
  • SA BIB LA APRANN NOU SOU KAPASITE BONDYE GENYEN POU L KONPRANN NOU
  • BONDYE GEN ANPIL KONPASYON
  • Bondye konprann ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Èske Bondye konn mete l nan plas moun?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
  • Nou fèt “ yon fason ki estrawòdinè ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Rezon ki fè lavi a gen sans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
wp18 no 3 p. 6-7
Foto yon moun lè l te piti, lè l vin tigason, lè l marye, ak lè l ak madanm li ak pitit li.

“Ou te wè m ak je w lè m te nan vant.” — SÒM 139:16.

Èske Bondye konprann ou?

SA KREYASYON AN APRANN NOU

Fè yon ti reflechi sou youn nan relasyon ki pi entim lèzòm kapab genyen: relasyon ki egziste ant moun ki jimo. De jimo vrèman pwòch youn ak lòt. Selon sa Nancy Segal ki se yon jimo e anmenmtan ki se direktris Sant etid sou jimo fè konnen, gen kèk jimo ki menm “konn di yon jimo parèy li yon bagay san l pa menm ba l okenn detay epi jimo a rive konprann egzakteman sa l vle di”. Men ki sa yon dam di konsènan relasyon ki egziste ant li menm avèk jimo l: “Pa gen anyen nou youn pa konnen sou lòt.”

Ki jan jimo yo fè rive konprann youn lòt byen konsa? Etid yo fè montre byenke anviwònman ak paran yo gen enpak sou sa, men sanble yon bagay ki jwe yon gwo wòl nan sa se lefètke jimo yo gen menm ADN.

FÈ YON TI REFLECHI: Se sèten Sila a ki kreye ADN nan byen konprann fason nou chak fèt. David, youn nan moun ki te ekri Sòm yo, te gen rezon di: “Ou te pwoteje m nan vant manman m. Ou te wè tout zo m nan kachèt kote m te pran fòm nan [...]. Ou te wè m ak je w lè m te nan vant. Tout pati m yo te ekri nan liv ou a.” (Sòm 139:13, 15, 16). Se sèl Bondye ki konnen e ki kapab byen konprann nonsèlman ADN nou, men tou, tout ti bagay ki pase nan lavi nou ki vin fè nou moun nou ye a. Lefètke Bondye konnen nou nan pwen sa a e li konnen ADN nou, sa ban nou asirans li vrèman byen konprann nou.

SA BIB LA APRANN NOU SOU KAPASITE BONDYE GENYEN POU L KONPRANN NOU

Men ki priyè David te fè: “O Jewova, ou egzamine m e w konnen m. Ou konnen lè m chita, ou konnen lè m leve. Ou byen konnen tout sa k ap pase nan lespri m detan w byen lwen. Anvan yon pawòl soti nan bouch mwen, o Jewova, gade, ou gentan konnen l byen.” (Sòm 139:1, 2, 4). Mete sou sa, Jewova byen konnen jan nou santi nou pa anndan, e li menm “konnen panse [...] ak entansyon” nou (1 Kwonik 28:9; 1 Samyèl 16:6, 7). Ki sa vèsè sa yo aprann nou sou Bondye?

Menmsi nou pa rive di Bondye tout sa k nan panse nou oswa tout sa n santi lè n ap priye l, Kreyatè nou an nonsèlman ka wè sa n ap fè, men tou, li ka konprann rezon ki pouse nou fè sa. Sa k pi enpòtan an, li konprann nou vle fè sa ki byen, menmsi nou pa toujou rive fè sa akoz limit nou. Se sèten, kòm se Jewova ki mete lanmou nan nou, li chèche wè kèlkeswa lanmou nou genyen ki parèt nan fason nou panse ak nan entansyon nou genyen, e li bay sa anpil valè. — 1 Jan 4:7-10.

Pa gen anyen Bondye pa wè. Li menm wè soufrans nou menm lè lòt moun gendwa pa wè yo oswa yo pa fin konprann yo.

Men ki asirans nou jwenn nan Bib la

  • “Je Jewova sou moun ki jis yo e zòrèy li ap koute siplikasyon yo fè.” — 1 PYÈ 3:12.

  • Men pwomès Bondye fè: “M ap fè w gen bon konprann e m ap fè w konnen ki chemen pou w pran. M ap ba w konsèy toutpandan m ap fikse je m sou ou.” — SÒM 32:8.

BONDYE GEN ANPIL KONPASYON

Lefètke n konnen Bondye konprann sitiyasyon nou ak santiman nou, èske sa ka ede nou fè fas ak pwoblèm nou genyen? Ann wè sa k te rive Anna ki soti nan peyi Nijerya. Men sa l di: “Mwen t ap mande tèt mwen si sa vo lapèn pou m kontinye viv tèlman sitiyasyon mwen t ap viv yo te difisil. Mari m te mouri e mwen t ap pran swen pitit fi m nan ki te sou kabann lopital akoz yon maladi ki rele Idwosefali (yon ogmantasyon nan kantite likid ki nan sèvo a) lè yo te fè m konnen mwen gen kansè nan tete e mwen te dwe fè operasyon, chimyoterapi ak radyoterapi. Sa te vrèman difisil pou m te rete lopital pandan pitit fi m nan te lopital tou.”

Ki sa k te ede Anna fè fas ak sitiyasyon sa yo? Men sa l di: “Mwen te konn medite sou plizyè vèsè, tankou Filipyen 4:6, 7 ki di: ‘Lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou.’ Chak fwa vèsè sa yo vin nan tèt mwen, mwen te santi m vrèman pwòch ak Jewova paske m konnen li konprann mwen pi byen pase pwòp tèt mwen. Epitou, frè ak sè m yo nan kongregasyon an te ankouraje m anpil.

“Se vre, jiska prezan mwen toujou gen pwoblèm sante, men sitiyasyon m ak sitiyasyon pitit fi m nan amelyore. Etandone Jewova ansanm avèk nou, nou aprann pou n pa panse yon fason ki negatif lè nou devan sitiyasyon ki difisil. Men ki asirans nou jwenn nan Jak 5:11: ‘Nou konsidere moun ki andire yo kòm moun ki byennere. Nou tande pale de andirans Jòb, e nou wè ki jan Jewova te fè bagay yo fini pou li, sa ki montre Jewova gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd.’” Jewova te byen konprann sitiyasyon Jòb. Se sa k fè nou mèt gen asirans li konprann kèlkeswa sitiyasyon difisil n ap viv.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje