Kiyès ki responsab?
Si se pa Bondye ki responsab soufrans, kiyès menm ki lakòz gwo grangou, mizè ki pa janm ka fini, gwo lagè, gwo epidemi ak katastwòf natirèl? Labib, Pawòl Bondye a, bay twa prensipal rezon ki lakòz lèzòm ap soufri:
Egoyis, ava ak lahèn. “Moun ap domine sou moun pou fè yo soufri.” (Eklezyas 8:9). Byen souvan, rezon ki fè lèzòm ap soufri se paske yo enpafè, yo egoyis e yo mechan.
Move moman ak malè rive sanzatann. Byen souvan, lèzòm ap soufri “paske move moman ak malè rive sou yo [...] sanzatann”. (Eklezyas 9:11.) Sa vle di, swa yo te nan move kote nan move moman, swa aksidan te fèt, swa yo te fè neglijans, swa yo te fè erè.
Mechan an k ap dirije monn nan. Labib montre aklè rezon prensipal ki fè lèzòm ap soufri. Li di: “Lemonnantye anba pouvwa Mechan an.” (1 Jan 5:19). “Mechan” sa a se Satan Ledyab, yon kreyati espirityèl ki pisan e ki te youn nan zanj Bondye te fè men ki “pa t kenbe fèm nan laverite”. (Jan 8:44.) Te gen lòt zanj ki te vin met ak Satan e ki te vire do bay Bondye pou yo te ka satisfè dezi egoyis yo, e konsa yo te vin fè tèt yo tounen demon (Jenèz 6:1-5). Depi lè Satan ak demon l yo fin rebele, yo gen gwo enfliyans sou sa k ap fèt nan monn nan. E sa pi rèd toujou jounen jodi a. Kounye a, Dyab la an kòlè anpil e l ap “twonpe lemonnantye”, sa ki lakòz “malè pou tè a”. (Revelasyon 12:9, 12.) Vrèmanvre, Satan se yon diktatè ki mechan anpil. Li pran plezi pou l wè moun ap soufri. Se Satan ki lakòz lèzòm ap soufri, se pa Bondye.
FÈ YON TI REFLECHI: Se sèlman yon moun ki san pitye e ki pran plezi nan fè mechanste, ki ta ka lakòz inosan ap soufri konsa. Yon lòt bò, Bib la di: “Bondye se lanmou.” (1 Jan 4:8). Bondye tèlman gen yon bèl pèsonalite “li enposib pou vrè Dye a aji ak mechanste, pou Toupisan an fè sa ki mal”! — Jòb 34:10.
Men, li gendwa toutafè nòmal pou w mande tèt ou: ‘Konbyen tan Bondye Toupisan an ap kite Satan, Mechan an, kontinye dirije?’ Jan nou te wè sa, Bondye pa vle wè mechanste, e lè n ap soufri sa fè l mal anpil. Anplis de sa, Pawòl li a bay ankourajman sa a: “Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” (1 Pyè 5:7). Bondye renmen nou e li gen pouvwa pou l retire tout soufrans ak enjistis, jan atik ki vin apre a pral esplike saa.
a Pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou rezon ki fè gen tout soufrans sa yo, gade leson 26 nan liv Viv ak kè kontan pou toutan! an. Se Temwen Jewova yo ki pibliye liv sa a e w ka telechaje l gratis sou www.jw.org/ht a.